Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot 6 Boosters Mascarade ...
Voir le deal

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

+7
Maximo
Le gros roseau
piporiko
Rico
ainsi ne soit-il
kami
Joel
11 participants

Page 3 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Dim 22 Mai 2011 - 18:53

Rappel du premier message :

Mwen sot tande sou cho FANMILAVALAS lan sou radyo solèy ke FONDASYON an ap fè yon leve fon pou mete èkondisyone lan yon lekòl ki tankou ansyen lekòl SANTRAL lan pou montre timoun lan la ri yo metye:
konpitè,mekanik ,menwizri ,kapantri elt...
Yo bezwen remete RADYO TIMOUN sou pye ankò.
Men sit fondasyon an:

http://aristidefoundationfordemocracy.org


https://www.youtube.com/watch?v=dbVHroQnNmw

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas


FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Thunder Mar 24 Mai 2011 - 1:24

Tankou jan ke w renmen di: Yo pat sanginè, kòman fè ke l te fè rete anvi jis li te vinn prezidan Question

Anplis, kòman fè lè ke lòt moun kounye a ap denonse kout sanginè pa lan, wou kanpe ankwa? Alò, se wou ki konnen sa k sanginè ak sa ki pa sa?

Si se wou menm ke Aristide te manje fanmi w oubyen zanmi w, eske se diskou sa ke w t ap genyen?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Mar 24 Mai 2011 - 7:53


Thunder a écrit:Tankou jan ke w renmen di: Yo pat sanginè, kòman fè ke l te fè rete anvi jis li te vinn prezidan Question

Anplis, kòman fè lè ke lòt moun kounye a ap denonse kout sanginè pa lan, wou kanpe ankwa? Alò, se wou ki konnen sa k sanginè ak sa ki pa sa?

Si se wou menm ke Aristide te manje fanmi w oubyen zanmi w, eske se diskou sa ke w t ap genyen?


Non THUNDER;
Se oumenm pou ""efè chok"" ap plede repete bagay diktatè sanginè sa a .Fanmi ki moun ARISTIDE te manje?
Ou gen dwa repete sa w vle,10 fwa,mil fwa ,sa pa p fè se la verite.

Si li te touye moun ,al pote plent.Mwen di nou pa kapab ,paske opozan l yo te touye plis moun sou gouvènman lan ke moun yo ta ka akize l te touye.
Lan awogans yo ,genyen ki te avwe ke yo te touye yo.
SE PA VRE,SE PA FOUT VRE ,LI PA T SANGINÈ

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  jafrikayiti Mar 24 Mai 2011 - 9:29

Pèsonaj tankou Thunder pap janm ezite denigre yon Ayisyen parèy li san prèv - se yon trè karakteristik nèg ki ewopeyanizazonbifye yo menm. Pandan tout listwa MAAFA a, se konsa sa te ye, lidè Nwa ki kanpe vètikal yo toujou deranje konsyans nèg ki abitye mache tèt bese nan lojik Uncle Tom yo. Si ou sonje nan Roots, Alex Haley te byen montre prototip nèg sa yo ak yon sèten Georges ki te toujou la pou li lage vèni sou nèg ki kanpe ankwa kont sistèm esklavajis la, kont enterè bouwo ki te kwè yo te toupisan yo. Pou nèg konsa kapab jistifye atitid kapon yo devan sistèm mechanste a, yo transfere tout kòlè yo, tout raj yo, tout rayisman yo sou yon manm menm kolektivite yo fè pati de li a - ki swadizan soulve kòlè mèt la, ki lakòz yo nan pwoblèm - trouble maker - se konsa yo wè Aristide.

Men, menm nèg sa yo ta twò kontan bay yon kriminèl tankou Georges Bush lanmen....sa ta onore yo.

Pa gen remèd pou maladi ewopeyanizazonbifikasyon saa, se tankou SIDA li fonksyone. Ou ka itilize tretman pou kalme sentòm yo men viris la kontinye ap fè dezòd anndan sitèm malere ki kontamine a.

Gras a eksperyans Titid, Mildred ak tilezanj yo sot fè nan peyi Zulu yo, peyi Xhosa yo, peyi Khoikhoi yo, peyi Ndebele yo, peyi Venda yo, peyi Setswana yo, peyi Swati yo, peyi Tsonga yo, peyi Sepedi yo....kote fanm ak gason k ap goumen kont dyab la, devlope tout kalite teknik liberasyon fizik ak mantal, mwen gen lespwa kontribisyon Ayisyen solid sa yo nan domèn edikasyon pral ede nou kase plis chenn nan tèt, pi vit...epi konsa nasyon an pral make gwo pwen kont maladi ewopeyanizazonbifikasyon an. Paske alafendèfen, nou tout merite gerizon. Si ou sonje nan fim Bhopa ki te montre aklè dega viris sa a te fè sou kèk nèg ann Afrikdisid, parekzanp polisye nwa Danny Glover te jwe nan fim nan....ki te toujou ap fè eksèdzèl pou bouwo blan yo, limenm tou li te merite jwenn gerizon...malgre tout mal li komèt kont pwòp tèt li, pwòp fanmi li, pwòp nasyon li....men, nan lojik Ubuntu a, se pa ravanj sosyete a dwe chèchè men reparasyon - osnon GERIZON. Daprè tradisyon kretyen yo, yo di Jezi te eseye pratike Ubuntu men malerezman filozofi Afriken sa a po ko rive ase lwen sou planèt la pou ede limanite chape anba vyolans bèt la.

Annatandan Doktè Titid ak Manzè Mildred ap feraye...e se nou tout ki gen patisyon pa nou pou nou jwe nan kokennchenn konbit sa a, Operasyon Bay Zonbi Sèl !

Wi, sèl latè, se sa nou ye!

Bilolo!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Mar 24 Mai 2011 - 9:56

Se yon bagay ekstrawòdinè wi JAF.

Mwen te tande MANZÈ MILDRED di lan entèvyou li te bay AMY GOODMAN lan ,ke li te ""editris"" JOUNAL "'AFRICAN RENAISSANCE"" think tank THABO MBEKI an.

Se ak yon ""bonb atomik"" konesans ,mesyedam sa yo tounen ak yo ,wi

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Invité Mar 24 Mai 2011 - 11:44

foknougoumin a écrit:Pou'm ka fè kè kriminel gnbiste santi di yo fè plis mové san, mwin fink voyé kob pam alé tou.
Bon mwin pa konpran kisa ban'n trèt sayo gin la, pouvwa yo nan min yo, yo gin blan avè yo, yo pa jam satisfè....bon olyé nou ap fè mové san konsà pou ki nou pa voyé kob bay présidan 100% KK nou an. Wou byen gin té vèvèn pou nou tou wi...

METE RESI A LA POU WE KONBYEN OU VOYE PASEKE MWEN FEK VOYE PAM TOUT.
DEPI OU METE RESI OU LA MAP METE PAM'

LOL LOL

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Mar 24 Mai 2011 - 12:58

ou beswen konn adress moun mouchard. poul al potel ba Valme. e nan SD.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Maximo Mar 24 Mai 2011 - 13:12

Le gros roseau a écrit:ou beswen konn adress moun mouchard. poul al potel ba Valme. e nan SD.


Valme pa la anko Wozo e pa wap depale mon frè.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Mar 24 Mai 2011 - 13:20

nou pa di nou pral mete FADH la sou pye.menmsi se pa Valme nou pral mete yon parey li pou bat ayisyen nan kasernes dessalines.Nou pral mete yon lot ti boule ankò.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Maximo Mar 24 Mai 2011 - 13:26

Le gros roseau a écrit:nou pa di nou pral mete FADH la sou pye.menmsi se pa Valme nou pral mete yon parey li pou bat ayisyen nan kasernes dessalines.Nou pral mete yon lot ti boule ankò.


Se sa ou ta renmen men ou pap janm wè sa, e pou ka konen Valme te mete papa'm nan prizon mon frè, lame pa Valme, Valme se te on endividi nan lame li pat enstitisyon an, tout moun tankou Valme pa sipoze nan lame, menm jan tout moun tankou Aristide pa sipoze prezidan.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Mar 24 Mai 2011 - 13:39

men se pa Valme selman ki te konsa nan lame a pa kek ekspetyon se preske tout ofisye swa disan sa nou te rele lame ki te yon bouro pou pep ayisyen an.mwen site yon ofisye ki pat ko genyen yon ane depi li soti akademi militè ki te jeremei li touye yon ti bononm yo di ki te volè anba kout baton yon maten. mwen sote nan domi lè mwen tande yon moun ap rele anmwe.lè m desann nan sal de gad la nan kaswern jeremi se li ki te ap bat yon nonm mwen konnen paske li te ale nan yon bal Versailles epi jeness la tap amise li ap fè yon lese frape epi neg la frape ak li; li arete nonm lan li vin nan kasern la ak li li fè nonm lan pipi sou li ak kout baton ak kalot si se pat Kolonel Chassagne ki vinn mandel grass pou nonm lan li tap touye l anba baton jou swa.mwen ba w plisyè ekzanp kote neg sa yo tap maltrete ayisyen.Alò lè nap mande pou yo mete FADH la sou pye se menm bagay yo nou vle ki kontinye.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Maximo Mar 24 Mai 2011 - 13:48

Le gros roseau a écrit:men se pa Valme selman ki te konsa nan lame a pa kek ekspetyon se preske tout ofisye swa disan sa nou te rele lame ki te yon bouro pou pep ayisyen an.mwen site yon ofisye ki pat ko genyen yon ane depi li soti akademi militè ki te jeremei li touye yon ti bononm yo di ki te volè anba kout baton yon maten. mwen sote nan domi lè mwen tande yon moun ap rele anmwe.lè m desann nan sal de gad la nan kaswern jeremi se li ki te ap bat yon nonm mwen konnen paske li te ale nan yon bal Versailles epi jeness la tap amise li ap fè yon lese frape epi neg la frape ak li; li arete nonm lan li vin nan kasern la ak li li fè nonm lan pipi sou li ak kout baton ak kalot si se pat Kolonel Chassagne ki vinn mandel grass pou nonm lan li tap touye l anba baton jou swa.mwen ba w plisyè ekzanp kote neg sa yo tap maltrete ayisyen.Alò lè nap mande pou yo mete FADH la sou pye se menm bagay yo nou vle ki kontinye.


Ou byen konen ke tout pat konsa, e ou menm pèsonèlman bay on pakèt ekzanp de ofisye ki pat konsa. Eske Wozo te konsa?
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Thunder Mer 25 Mai 2011 - 0:21

jafrikayiti a écrit:Pèsonaj tankou Thunder pap janm ezite denigre yon Ayisyen parèy li san prèv - se yon trè karakteristik nèg ki ewopeyanizazonbifye yo menm. Pandan tout listwa MAAFA a, se konsa sa te ye, lidè Nwa ki kanpe vètikal yo toujou deranje konsyans nèg ki abitye mache tèt bese nan lojik Uncle Tom yo. Si ou sonje nan Roots, Alex Haley te byen montre prototip nèg sa yo ak yon sèten Georges ki te toujou la pou li lage vèni sou nèg ki kanpe ankwa kont sistèm esklavajis la, kont enterè bouwo ki te kwè yo te toupisan yo. Pou nèg konsa kapab jistifye atitid kapon yo devan sistèm mechanste a, yo transfere tout kòlè yo, tout raj yo, tout rayisman yo sou yon manm menm kolektivite yo fè pati de li a - ki swadizan soulve kòlè mèt la, ki lakòz yo nan pwoblèm - trouble maker - se konsa yo wè Aristide.

Men, menm nèg sa yo ta twò kontan bay yon kriminèl tankou Georges Bush lanmen....sa ta onore yo.

Pa gen remèd pou maladi ewopeyanizazonbifikasyon saa, se tankou SIDA li fonksyone. Ou ka itilize tretman pou kalme sentòm yo men viris la kontinye ap fè dezòd anndan sitèm malere ki kontamine a.

Gras a eksperyans Titid, Mildred ak tilezanj yo sot fè nan peyi Zulu yo, peyi Xhosa yo, peyi Khoikhoi yo, peyi Ndebele yo, peyi Venda yo, peyi Setswana yo, peyi Swati yo, peyi Tsonga yo, peyi Sepedi yo....kote fanm ak gason k ap goumen kont dyab la, devlope tout kalite teknik liberasyon fizik ak mantal, mwen gen lespwa kontribisyon Ayisyen solid sa yo nan domèn edikasyon pral ede nou kase plis chenn nan tèt, pi vit...epi konsa nasyon an pral make gwo pwen kont maladi ewopeyanizazonbifikasyon an. Paske alafendèfen, nou tout merite gerizon. Si ou sonje nan fim Bhopa ki te montre aklè dega viris sa a te fè sou kèk nèg ann Afrikdisid, parekzanp polisye nwa Danny Glover te jwe nan fim nan....ki te toujou ap fè eksèdzèl pou bouwo blan yo, limenm tou li te merite jwenn gerizon...malgre tout mal li komèt kont pwòp tèt li, pwòp fanmi li, pwòp nasyon li....men, nan lojik Ubuntu a, se pa ravanj sosyete a dwe chèchè men reparasyon - osnon GERIZON. Daprè tradisyon kretyen yo, yo di Jezi te eseye pratike Ubuntu men malerezman filozofi Afriken sa a po ko rive ase lwen sou planèt la pou ede limanite chape anba vyolans bèt la.

Annatandan Doktè Titid ak Manzè Mildred ap feraye...e se nou tout ki gen patisyon pa nou pou nou jwe nan kokennchenn konbit sa a, Operasyon Bay Zonbi Sèl !

Wi, sèl latè, se sa nou ye!

Bilolo!

Jaf

JafrikAristide,

Wou nan erè! Mwen rekonèt ke genyen gran gason kanson nan mond lan. Sèl bagay, mwen baze sou batay ke yo mennen kont kelkeswa enjistis lan san mwen pa teni kont de "RAS" yo, ni pou ki gwoup ke yo t ap goumen. Depi ke kòz lan nòb, m ap toujou ka di Ayibobo pou yo.

Sèl pwoblèm, se ke moun tankou w yo pran yon vòlò, asasen, machann dwòg tankou Aristide epi yo mete l pami granzòm ki t ap, oubyen k ap goumen pou yon kòz ki nòb. Jan de moun sa yo fè pati de zonbi tèt nan fouk ki te bwè nan pòsyon Sò Ann nan nan Tabarre.

Anplis, koze ke se "blan" an ki responsab tout mizè moun nwa sou latè an, mwen pa ladann paske mwen estime ke jan de moun ki panse alanvè sa yo bay "white supremacists" yo rezon lè ke moun fou saa yo di ke moun nwa manke yon kwomozòm. Bon jan estatistik montre ke moun genyen plis tandans pou yo touye moun ki genyen menm koulè po, ki genyen menm nivo sosyo-ekonomik ak ki sòti nan menm ethnicity ak yo.

Mwen pa kwè nan okenn ras radòt, mwen jije moun selon aksyon yo. Pou m repete Viktor Frankl, men nan kisa ke mwen kwè:

...From all this we may learn that there are two races of men in the world, but only these two - the "race" of the decent man, and the "race" of the indecent man. Both are found everywhere; they penetrate into all groups of society. No group consists entirely of decent or indecent people. In this sense, no group is of "pure race" - and therefore one occasionally found a decent fellow among the camp guards...

Mwen pa konnen si w konnen nan ki sikonstans ke Viktor Frankl te ekri saa. Men sa ke mwen rele yon granzòm.

Donk koze ke se "depi nan Ginen ke nèg ap ede nèg" lan, mwen t ap pito di ke "se depi lantikite ke bon moun ap ede moun". Wi! moun ka di ke "nèg" gen dwa vle di "moun" an kreyòl, men laa li vle di moun nwa.

Alò, se pa okenn ewopeyanizazonbifikasyon k ap fè ravaj sou fowòm nan, se pito yon Aristido-Afrikanizasyonzonbifikasyon ki dedwi selil sèvèl anpil moun isi an.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  foknougoumin Mer 25 Mai 2011 - 0:45

Non Zouke,
mwin pa dwé'w okin'n prèv
pouki rézon pou'm ta al menen fal mwin bay youn ban'n assassin kriminel tankou'w

foknougoumin
foknougoumin
Star
Star

Nombre de messages : 229
Date d'inscription : 02/12/2006

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Mer 25 Mai 2011 - 1:04

fok nougoumen

sa neg yo pa konprann Aristide pa beswen lajan moun poul milyonè, jou Aristide ekri memwa li se tankou pate cho ke liv saa ap vann wi.Mwen pa ka tann poul pibliye li.se yon liv ki pral tradwi nan plisyè lang.mnem jan mwen genyen biografi mandela, fidel castro. Collin powell ,Charles de Gaule mwen pa ka tann pou mwen achte liv biografi Arisitde la tou.Ki donk mwen gran moun mwen fè sam vle ak lajanm; menm pitit mwen yo pa ka dim sa poum fè ak lajanm mwen pa beswen di w pou yon ti zouke moucha ah ah ah ah

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  foknougoumin Mer 25 Mai 2011 - 1:23

Rozo, Sa ké mwin pa ka konpran pa gin moun ki mandé yo voyé kob bay ti pè

pouki sa sa fè yo youn bagay ké mwin voyé ou pa...

mwin pa konpran yo gin kob, yo gin blan pou yo, yo toujou gin mim pouvwa yo té toujou ginyin pou touyé moun, jan yo vlé nan péyi ya.
Epi Présidan Aristide, pa mim palé
sé ta dwé kité mélé yo, moun voyé kob pou fondasyon Aristide.
Yo ta siposé kontan, loské yap bay prochin koudéta ya, yap kapab toujou mété toute étidian Ayitien déyo nan lékol pou yo bay milité étranjé rété...
foknougoumin
foknougoumin
Star
Star

Nombre de messages : 229
Date d'inscription : 02/12/2006

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Mer 25 Mai 2011 - 1:44

se pè yo pè enfliyans Arisitde ka vinn genyen plis sou jeness la.se pousa menm yo te mete jandam etranje nan lekol de medsinn lan.e nan lycee martissant.ou pat wè menm ban ak fenèt yo pat mete nan Lycee haut du cap la.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Thunder Mer 25 Mai 2011 - 5:14

Se gwo non ki touye ti chen. Sanginè an pa menm yon pip tabak nan moman ke nou ye laa. Nou pa an 1991 ankò, kote Ayisyen ki te fè Brooklyn Bridge yo tranble yo? Sa ki te konn fè fredi manje nan Kanada yo? Moun Site Solèy ki te konn brave danje pou fè manifestasyon yo?

Lavalasyen yo toujou an reta (lol). Mezanmi, pa genyen remèd ki ka geri nostalji.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Mer 25 Mai 2011 - 7:31

Thunder a écrit:Se gwo non ki touye ti chen. Sanginè an pa menm yon pip tabak nan moman ke nou ye laa. Nou pa an 1991 ankò, kote Ayisyen ki te fè Brooklyn Bridge yo tranble yo? Sa ki te konn fè fredi manje nan Kanada yo? Moun Site Solèy ki te konn brave danje pou fè manifestasyon yo?

Lavalasyen yo toujou an reta (lol). Mezanmi, pa genyen remèd ki ka geri nostalji.


Jan w aji kontredi sa w di.
Si moun nostaljik ;ou se pi gwo nostaljik lan .Ou nonmen non ARISTIDE plis ke tout moun sou sit lan .Petèt ou kapab ekzeko ak ZOUKE.
Si w fè 10 pòs,8 ladan yo ou nonmen ""diktatè sanginè"" an.
Fè m konprann ,si li irelevan jan w di an ;kouman fè ou kontinye ap voye monte sou do l konsa

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  jafrikayiti Mer 25 Mai 2011 - 8:34

Mwen sipoze lesklavaj rasyal ki pèmèt pandan plis pase 4 syèk yon gwoup moun byen patikilye pwofite travay, swè ak san yon gwoup moun byen patikilye sou planèt la, se yon bagay ki te fèt sou baz "decent people" vs "indecent people" - koze ras irrelevant! Mwen sipoze "Le Code Noir" la sete "le code des indécents"....mwen sipoze KKK se pou lod ak disiplin yo t ap anpeche kominote moun "indecent" yo devlope ekonomi yo nan vil tankou Atlanta kote pitit Lafrik yo te koumanse devlope yon ekonomu solid ki t ap fè konkirans ak blan yo.... mwen sipoze se yon aza, Lewop, ak elit blan ki nan amerid yo toujou sou menm bo, kit se sou dosye Ayiti, Kotdivwa, Kongo osnon Zimbabwe...

Wi, tankou Morisseau Leroy te di gen yon ekip nèg ki toujou ap mande padon fè eskiz pou blan yo. Anvan anyen se "la fraternité humaine"..."tan lonan pa tan jodi"....epi an reyalite se fout lach yo lach. Uncle Tom yo ye, tout fos vyolans yo, tout awogans yo, tout enpasyans yo se sou nèg parèy yo sa ka ekzibe, paske se konsa yo drese yo, kit se sou ban lekol, kit se sou ban legliz. Yo rele sa EWOPEYANIZAZONBIFIKASYON - EVANJELIZAZONBIFIKASYON.

Yo ta two kontan voye lajan bay fondasyon Clinton-Bush. Men, sa deranje yo tande Ayisyen ap voye lajan Ayisyen travay di pou yo pataje ak Ayisyen parèy yo, nan yon fondasyon Ayisyen mete kanpe ak fos kouraj, vizyon, ak detèminasyon Ayisyen. Ki sa ki konplike pou konprann la a mesyedam. Willy Lynch te bay sekrè a depi byen lontan.

Pa gen mistè nan fè kola. Men, non plis pa gen mistè nan fè zonbi!

BA YO SÈL!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Thunder Mer 25 Mai 2011 - 9:24

Joel a écrit:
Thunder a écrit:Se gwo non ki touye ti chen. Sanginè an pa menm yon pip tabak nan moman ke nou ye laa. Nou pa an 1991 ankò, kote Ayisyen ki te fè Brooklyn Bridge yo tranble yo? Sa ki te konn fè fredi manje nan Kanada yo? Moun Site Solèy ki te konn brave danje pou fè manifestasyon yo?

Lavalasyen yo toujou an reta (lol). Mezanmi, pa genyen remèd ki ka geri nostalji.


Jan w aji kontredi sa w di.
Si moun nostaljik ;ou se pi gwo nostaljik lan .Ou nonmen non ARISTIDE plis ke tout moun sou sit lan .Petèt ou kapab ekzeko ak ZOUKE.
Si w fè 10 pòs,8 ladan yo ou nonmen ""diktatè sanginè"" an.
Fè m konprann ,si li irelevan jan w di an ;kouman fè ou kontinye ap voye monte sou do l konsa

Epoutan, mwen konn fè plizyè semèn, menm mwa, mwen pa entèveni sou fowòm nan, mwen pa janm wè ni wou, ni konpayèl wou yo sispann voye sanginè an monte.

Se yon sèl jan pou m sispann demanti nou, se sispann bay manti. Se nou ki sòti pou nou fè chat mimi myaw lan pase pou yon viktim. Mwen pa ka kite sa pase konsa paske mwen te viv rejim nan an dirèk.

Se sèl kote ki genyen kèk lavalasyen sèlman, tankou sou fowòm saa, ki kontinye ap bay chen konsa kanson. Mwen ba w defi ale Ayiti laa pou w ka wè foto ki moun ki sou tout miray, nan dèyè otobis, sou mayo moun elatriye... Bagay saa t ap fè ni wou, ni kòkòday wou yo tonbe malkadi dan sere.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Thunder Mer 25 Mai 2011 - 9:40

jafrikayiti a écrit:Mwen sipoze lesklavaj rasyal ki pèmèt pandan plis pase 4 syèk yon gwoup moun byen patikilye pwofite travay, swè ak san yon gwoup moun byen patikilye sou planèt la, se yon bagay ki te fèt sou baz "decent people" vs "indecent people" - koze ras irrelevant! Mwen sipoze "Le Code Noir" la sete "le code des indécents"....mwen sipoze KKK se pou lod ak disiplin yo t ap anpeche kominote moun "indecent" yo devlope ekonomi yo nan vil tankou Atlanta kote pitit Lafrik yo te koumanse devlope yon ekonomu solid ki t ap fè konkirans ak blan yo.... mwen sipoze se yon aza, Lewop, ak elit blan ki nan amerid yo toujou sou menm bo, kit se sou dosye Ayiti, Kotdivwa, Kongo osnon Zimbabwe...

Wi, tankou Morisseau Leroy te di gen yon ekip nèg ki toujou ap mande padon fè eskiz pou blan yo. Anvan anyen se "la fraternité humaine"..."tan lonan pa tan jodi"....epi an reyalite se fout lach yo lach. Uncle Tom yo ye, tout fos vyolans yo, tout awogans yo, tout enpasyans yo se sou nèg parèy yo sa ka ekzibe, paske se konsa yo drese yo, kit se sou ban lekol, kit se sou ban legliz. Yo rele sa EWOPEYANIZAZONBIFIKASYON - EVANJELIZAZONBIFIKASYON.

Yo ta two kontan voye lajan bay fondasyon Clinton-Bush. Men, sa deranje yo tande Ayisyen ap voye lajan Ayisyen travay di pou yo pataje ak Ayisyen parèy yo, nan yon fondasyon Ayisyen mete kanpe ak fos kouraj, vizyon, ak detèminasyon Ayisyen. Ki sa ki konplike pou konprann la a mesyedam. Willy Lynch te bay sekrè a depi byen lontan.

Pa gen mistè nan fè kola. Men, non plis pa gen mistè nan fè zonbi!

BA YO SÈL!

Jaf

Dapre lojik wou wa, tout blan pandan epòk esklavaj lan se "endesan"?

Kijan ke w rele kòmandè yo menm?

Kijan ke w rele Arab ki te youn nan pyonye nan komès esklav Afriken yo?

Kijan w rele Ayisyen nwa ki jiska prezan ki genyen ti esklav pa yo lakay yo, menm apre 200 lane endepandans?

Kijan ke w rele vyolans Nazi yo ki te touye plizè dizèn milyon blan parèy yo avanyè laa?

E Afriken ki jiska prezan k ap masakre Afriken parèy yo nan plizyè peyi Afriken?

Kijan ke w rele vòlò nwa k ap foure pat yo nan kòb leta pou peye blan, pandan ke pitit pèp lan ap manje biswit labou?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Thunder Mer 25 Mai 2011 - 9:53

Fòk wou ta di tou kijan ke ta rele blan ki t ap sipòte e menm mouri pou Civil Rights Movement lan Ozetazini?

Eske se "ras" yo ke yo trayi?

Li ta bon si w ta fè yon rale sou kesyon saa.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Joel Mer 25 Mai 2011 - 10:04

THUNDER;

Al gade sa w ekri depi w kòmanse entèvni sou fowòm.
Tankou pòs sa a ;eske w te wè te gen moun ki t ap pale politik .Se te de FONDASYON ARISTIDE lan nou t ap pale.Se yon fondasyon pou EDIKASYON.
Rayisman w pou ARISTIDE rive nan yon pwen tèl ,se pou wou ak konpayèl ou yo monte sou chwal nou pou nou denigre FONDASYON an.
Sensèman ,si m ta wè DIVALYE ta monte yon fondasyon pou l amelyore kondisyon AYISYEN yo e mwen ta wè l ap bay rezilta ;mwen pa t ap kritike fondasyon sa a.

Nou pa di ki maladi nou soufri;nou pè pou fondasyon an pa reyisi e ke enfliyans ARISTIDE pa vin pi gran.

Zafè foto nou wè sou mi yo ,sa vle di kisa?Ann gade lan 2 zan ankò ,si n ap wè foto sa yo.
Epitou ,pa gen yon chefdeta lan istwa DAYITI ki te resevwa yon matrakaj medyatik tankou ARISTIDE apre l te kite pouvwa.Si yon moun te gen yon bagay pozitif pou l te di a pwopo ARISTIDE ,radyo yo pa t ap bal la pawòl.

Mwen di w tou ke zafè ""diktatè sanginè"" w lan ,ou mèt sispann li ,paske se pou ""chanm a eko"" w lan sèlman w ap di l.

A PRE SA OU TE MÈT REPETE SA MIL FWA,YON MILYON FWA;ou pa p konvenk lòt moun.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Le gros roseau Mer 25 Mai 2011 - 10:13

Hello Rodrigue Lamadieu,

This email confirms that you have donated Aristide Foundation for Democracy US $50.00 USD using PayPal.

This credit card transaction will appear on your bill as "PAYPAL *ARISTIDEFOU".

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  jafrikayiti Mer 25 Mai 2011 - 11:11

Ou ekri "Dapre lojik wou wa, tout blan pandan epòk esklavaj lan se "endesan"?" - Thunder ou vegle, kidonk, se pa oumenm ki ka defini lojik mwen. Moun tankou John Brown se blan li te ye alepòk lesklavaj rasyal e li te kanpe an kwa kont lesklavaj rasyal. Sa ki te pèmèt li fè sa se pa "denial" karaktè rasyal lesklavaj la. Okontrè, li asime kouraj sa mande pou li gade mal la ekzakteman jan li ye a epi li konbat li. Se konsa tou, zanmi m mwen yo ki fenk bay pitit fi yo pote non Dessalines nan se 2 blan je vèt yo ye wi. Ni manman, ni papa. Yo pa gen okenn koneksyon vizib ak ni Ayiti, ni Lafrik. Men, sa pa anpeche yo konprann reyalite lagè rasyal ki deklare sou planèt la depi plizyè syèk epi yo konprann lagè saa pa bon pou limanite e yo aji kont sa. Kidonk, lojik mwen an fè diferans ant endividi epi kolektivite, nasyon epi sektè nan yon peyi....tout konsèp sa yo fòk ou ka konprann yo pou ou pa tonbe nan reyaksyon reyaksyonè.

Diskisyon an tanmen osijè Fondasyon Aristide pou Demokrasi ki ap aji pandan zòt ap fè konferans pou laprès, pwomès manti moun fatige tande. Ou estomake paske Joel, Wozo, Foknougoumin anonse yo voye kontribisyon pa yo pou kore travay Fondasyon Aristide ap fè nan peyi a. Poze tèt ou kesyon nan kisa sa diminye ou dèske yon koup Ayisyen ap ede peyi yo epi gen lòt Ayisyen ki apresye travay yo? Ki plim sa retire sou do ou? Èske sa anpeche ou fè kontribisyon pa ou, jan oumenm ou konprann lap pi bon an? Èske sa ap anpeche ou respire? Pou kisa sa deranje ou si se pa yon bagay sikolojik?

Jean-Bertrand Aristide se yon moun li ye. Malere a tou piti onivo fizik. Kontrèman ak sa anpil moun ap mache di, mwen pa kwè li gen anyen anplis okenn nan nou ki la a, kit se onivo fizik kit se onivo entèlektyèl. Sa vle di kapasite sèvo li, se menm kapasite laplipa moun sou planèt la genyen. Men, se yon nonm ki fè efò ak sa Bondye ba li a. Li travay, li pa parese. Pou kisa tout rayisman sa a?

èske se nèg la ki anpeche nou aprann chante? èske se limenm ki anpeche nou bati pati politik nou? èske se limenm ki anpeche nou ale etidye keseswa sa ki nan enterè nou? Èske se limenm ki anpeche nou vin politisyen, epi eseye genyen pwòp patizan pa nou? èske se limenm ki anpeche nou gen yon madanm ki bèl ni fizikman, ni entèlektyèlman? èske se nèg la ki anpeche nou bati yon fanmi? èske se nèg la ki anpeche nou merite respè prèske tout entèlektyèl nwa serye sou planèt la?

Pou ki tout rayisman sa a?

Viv mesyedam epi kite lòt moun viv! Mande èd pou nou ka retire epeng k ap fè nou mal nan do nou an!

Kiriku est petit mais il est vaillant!


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI - Page 3 Empty Re: FONDASYON ARISTIDE POU DEMOKRASI

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 3 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum