Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

5 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Joel Dim 24 Juil 2011 - 12:44

Sa a se yon atik manch long ki parèt jodi an sou BOSTON GLOBE a pwopo de travay
MICHEL DE GRAFF ap fè ann AYITI.

There is an ""ideology of disrespect and degradation"" surrounding CREOLE.
ARTHUR SPEARS


http://www.boston.com/bostonglobe/ideas/articles/2011/07/24/the_power_of_creole/?page=full

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Le gros roseau Dim 24 Juil 2011 - 21:12

Joel mwen manke pa li teks saa wi.Mon chè si sante m te bon epi vagabon pat mete ensekirite saa ki genyen nan peyi ya fok mwen te al ba profesè Desgraff yon kout men wi.Janm te soufri anba kalot nan men blan franse paske mwen pat ka konprann sa yo tap dim yo.genyen yon bagay desgraff di ki fèm ri anpil ;li di menm moun ki pa konn gbd an franseu pa vle ke yo anseye pitit yo nan lang ke yo pale.ah ah ah ah Jesi, pwoblem nou red anpil wi.They fucked up our brain for good.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Joel Lun 25 Juil 2011 - 8:24

ROZO;

Se de bagay ki pou fèt dapre mwen.Se monte prestij lang KREYÒL lan ,an menm tan diminye prestij lang franse an.
Se poutèt sa mwen kont enfliyans franse yo ann AYITI.
An tan ke SAVAN,MICHEL DE GRAFF ap fè plis ke w ka espere de li.
Misye bezwen pòtèkolè ak li

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Invité Ven 29 Juil 2011 - 16:13

Why aren't we able to apply the scandinavian model to the haitian educational system? French and Creole are really close,we cannot deny this fact. This said I don't see to much connections between swedish and english but did you ever heard a scandinavian speaking english? Most of them are fluent, more than that, they speak almost speak like english was their mother tongue.If they are able to handle a foreign language like this, why aren't we able also?

http://www.thetranslationpeople.com/blog/language-focus/why-do-scandinavians-speak-such-a-high-standard-of-english/

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Ven 29 Juil 2011 - 16:27

Mwen pense ke rantre nan lage kont lang pap avanse nou non plis. Elev aysien deja pale kreyol lakay li, li tande li nan lari ak nan medya, si wap fe ledikasyon se di li ke lang kreyol se tankou tout lang, bali enstriksyon a trave youn kou kreyol kote li ka aprann lang nan e sevi ak lang nan le ekspplikasyon nan lot difisil, men lekol la kap montre pale lot lang ka mande li pendan li nan lekol fe staj pale e byen prononse swa an franse, angle ou espagnol. Pa genyen anyen nan sa, pale lot lang sa yo lajounen nan lekol pap fe li bliye Kreyol kote lap benyen nan tout lot enstans. Mande diminye enpotans franse, angle, espagnol se mare sevo timoun nan paske li pwal devan franse kom lang ofisyel anpil oganizasyon entenasyonal, lang angle lang komesyal inivesel nan mond nan ak espagnol kise lang preske tout vwazen li! Nan kite emosyon ak fanatism monte pinga nou vinn enfrajele e brouye tet timoun yo non! Pale sa nou vreman metrize tande!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Joel Ven 29 Juil 2011 - 16:53

DILIBON;

Ou metrize pwoblèm lan pi byen ke moun tankou DE GRAFF ou byen DEJEAN?
Nèg sa yo se 24 sou 24 ;y ap reflechi sou pwoblèm sa yo.
Ou gen dwa pa dakò;men tout kesyon ou poze ,mesye sa yo gen repons pou yo

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Ven 29 Juil 2011 - 17:28

Joel a écrit:DILIBON;

Ou metrize pwoblèm lan pi byen ke moun tankou DE GRAFF ou byen DEJEAN?
Nèg sa yo se 24 sou 24 ;y ap reflechi sou pwoblèm sa yo.
Ou gen dwa pa dakò;men tout kesyon ou poze ,mesye sa yo gen repons pou yo

Joel,

Mwen gneyn preske 10 zan depi mwen tre proch de pwoblem edikasyon an andedan peyi'a. Mwen genyen elev ayisien ke mwen prepare ki pendan tout syk detid yo ap fe 30 sou 300 pou lan Kreyol ke yo apwnan nan klas, men ki pale angle, franse ak espagnol ak led logisyel ki ede yo tre byen ak pwofese plis kom gid ou fasilitate transfe konesans. Mwen pap fe retorik a trave rechech nan laboratwa, men mwen sou plas. Genyen ansyen elev mwen ki ap milite nan lot peyi e apre tranbleman an, intendant youn school district nan Miami ak youn lot nan NY te di si kesyon sekirite a te ameliore yo tap vinn we ak kisa nou prepare jan de elev konsa. Lite tradisyon depi elev aysien apret nan sistem ameriken se voye yo deye ou byen ovye yo nan klas pou angle kom 2iem lang. Pa elev nou yo.

Rezilta sa yo ka rive apske nou pa nan zafe fe lage kont lang, nou pa nan zafe etidye youn ekip radotri pa ke, benchmark tout sa wap fe ak lot kote ki fe sikse e rekonet ke aysien tankou ameriken an ou byen novejyen ka pefome byen si ou ba li menm strikti a ak plis disiplkinn san baton pa landan li! Moun ki ka pense e imajinen e rive nan denye limit aptitid yo pemet yo. Sa posib... Mwen pa kont travay moun sa yo non, men mwen selman di ke Kreyol, lang manman timoun ak papa yo ka sevi de baz men fok nou mete aksan sou lang etrnaje tankou angle, franse ak espagnol ki ak ede yo anpil nan lavi nan lit pepetyel ki eksiste nan vilaj global la e nan travay kom ajan devlopman dirab tout kote komansan pa peyi yo!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Le gros roseau Ven 29 Juil 2011 - 17:51

Men nanpren janm moun ki vle pou ti ayisyen pa aprann lot lang non.ou vle mete deba a sou yon lot teren.nou di li pi fasil pou yon ti moun konprann yon konsep nan lang ke li pale.e si 99% ti ayisyen pale kreyol li fè plis sans ke se nan lang saa ke yo anseye yo dabor.apre yo ka aprann nenpot lot lang yo vle a pati klass sekondè.di ke pwoblem la pa nan lang lan se manti.Pran nenpot ti ameriken epi komanse anseye l an franseuu nan maternel pou wè sa ki ap rive l.

Avan yè mwen pa ka sispann ri lè Rhebu tap bay interview nan radio metropl la.depi li kole li foure kreyol li kareman pase se lang pa li.men konpleks la fè l tounen nan franseuuu paske sil pa pale an franseuu li pa edike.ka nou grav anpil wi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Ven 29 Juil 2011 - 17:59

Le gros roseau a écrit:Men nanpren janm moun ki vle pou ti ayisyen pa aprann lot lang non.ou vle mete deba a sou yon lot teren.nou di li pi fasil pou yon ti moun konprann yon konsep nan lang ke li pale.e si 99% ti ayisyen pale kreyol li fè plis sans ke se nan lang saa ke yo anseye yo dabor.apre yo ka aprann nenpot lot lang yo vle a pati klass sekondè.di ke pwoblem la pa nan lang lan se manti.Pran nenpot ti ameriken epi komanse anseye l an franseuu nan maternel pou wè sa ki ap rive l.

Avan yè mwen pa ka sispann ri lè Rhebu tap bay interview nan radio metropl la.depi li kole li foure kreyol li kareman pase se lang pa li.men konpleks la fè l tounen nan franseuuu paske sil pa pale an franseuu li pa edike.ka nou grav anpil wi.

An nou pa defonse youn pot ki deja ouve! Mwen ka jwenn anpil fwa ke mwen konn di sa deja ke lang kreyol dwe baz tout refom edikasyon an Ayiti paske preske tout aysien pale lang nan! Sa'a pa genyen okenn deba ladan li. Nou dako sou sa epi se fini. Men genyen fanatik kreyol ki ap prone absans ou diminisyon prestij franse kom panace mwen di non an plis de kreyol kom baz pou edikasyon de baz fok gneyen anpil anfaz sou franse kise youn eritaj kiltirel enpotan ak lot lang konsideran enpotnas e kapasite yo ka bay nan mond nan nap viv la. Jiska prezan map fome tet mwen nan lang Kreyol la ke yo pat montre mwen menm le mwen te piti... se younlang ki genyen anpil fos. okay

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Amoph Ven 29 Juil 2011 - 18:03

Chèr ami DILIBON nap profite salue w byen ba. Entèrvansyon w yo depwi prè dUn semèn, kalifye par nou, de grand kalite.

Dilibon, w chwazi lapèzman, la serenite, a travèr diferan sujè de diskusyon (evitan sistematikman leskalad). Par là, w fè preuv dun konpOrteman afine.

Mèrsi pour tou.

--------------------------------------------------------------------------------------------------------------

San dout, DE GRAFF, DEJEAN, e byen dotr ap akonpli yon travay admirabl an AYITI pou ke LANG KREYOL la, okupe yon plas de chwa, jwe dan la kour dè gran, o nivo akademik.

An komunikasyon : "Le mot " EKOUT vo son pezan dOr.

Pou yon meyèur efikasite nan inisyativ sa a : Li ta swetabl ke pèrsonalite nou site yo montre yon reèl volonte pou chita travay avèk yon baz bokou plu zelarji isu de divèrs profesyon.

Avèk sajès, objektivite, konpetans, ... nap fini par trouve yon solusyon satisfezant.

Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Ven 29 Juil 2011 - 18:11

Amoph

Mesi anpil, pawol sa yo ale dwat nan ke nou men se nan frote sevo nou ak tout moun ki sou sit la sa dwe soti ou byen se tan nou sot pase nan peyi'a kote nou sot pale ak martelis fanatik aveg, tankou moun ki vle manyen Martelly menm ak oyun pol byen long telman yo rayi li kelkeswa sal fe, pa fe, manke fe. Pa genyen plas pou ere, pa genyen plas pou moderasyon. Se tankou youn match Racing kont Violet pendan selksyon nastional ap deperi... Nou rete kwe pa gneyen youn aysien ki pa renmen Ayiti men yo we devlopman de fason diferant. Anpil fwa, li ta bon si ta genyen youn vwa ki pou la pa des choses.

Mwen te nan Radyo Levekanpe nan Hinche, kote youn avocat jounalis tap fe youn entrevi ak nou. Msie te komanse blame palemante yo ki antinational e ki pa vle we peyi a kap bloke peyi ak aksyon prezidan an. Le mwen di msie eske li te ede depite lakay li pase, li dim wi, wmen dil eske li espere youn bagay de depite a, li dim ah wi menm youn job pou youn moun pa mwen. Mwen dil eh byen depite a ap negosye lajan kanpay li dwe ak lot bagay plsi job pou li ou zanmi ou fanmi li anvan li signen ratifikasyon youn premye minis. Le sa'a selman, kan pwoblem nan vinn devan pa pot ke li komanse pa konpwann pozisyon palemante yo.

Pa genyen zanj nan lanfe, pa genyen anyen ki nwa ou blan. Konn genyen kek rezon nan 2 kan yo, men fok nou ka negosye youn fason nan mitan tout ti intere pou Ayiti ka benefisye youn bagay!

Se mwen ki pou remesye w o non de patri nasyon ke nou pataje e ke nou renmen si nou ta kwe nan wout diferan fok nou pa mare konsyans ak larezon nan sak malfezans...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Ven 29 Juil 2011 - 18:15

Depi nan lane 75 nou tap travay ak gran aman ak travaye pou avans lang Kreyol tankou defen Reveran Pe Georges Mathelier. Sak toujou bloke emejans ak akseptasyon lang Kreyol la an Ayiti se le moun kap mande pou lang kreyol sevi de bax ledikasyon voye pitit yo aletrnaje ou byen nan lekol ameriken ki pale angle selman ou byen nan lycee franse. Sa fe manman ak papa pitit ki vle youn edikasyon ki ka ede pitit yo jwenn mobilite sosyal toujou twouve ke alge pitit yo nan kesyon Kreyol ka sevi de barikad kont elev yo. Menm palemante ki pwal signen lwa sa yo pa kwe nan lang Kreyol pou pitit pa yo...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Le gros roseau Ven 29 Juil 2011 - 18:24

Chak moun genyen opinyon yo sou zafè lang saa.Yè swa map tande ii jan Charles ap pale an angle epi nan kèm map mande sil tap kapab eksprime osi a lez an franseuuu ke jan li eksprime li an angle ya.ou pa tande li nan mamote ni nan reflechi anpil anvan li di 2 ti mo tout kout tankou Preval,alor pou mwen fok yo ta ba tout ayisyen dwa etidye lang etranje yo vle apre ke yo te finn pran fomatyon de base yo nan lang pa yo.sak vle etidye franseuu se dwa yo men sak ta vle etidye angle ou byen panyol kom 2eme lang yo te dwe ka chwasi sa yo vle. Ayisyen ki swa disan edike toujou ap ba moun manti di ke ayisyen genyen yon kilti franseuuu se fout manti.99%ayisyen pa konn anyen de literati franseuu.yo pa pale franseuu. yo pas genyen menm mers ak franseuu yo pa danse menm misik ak franseuu.yo pa manje menm manje ak franseuu.yo pa genyen menm relijyon ak franseuu.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Ven 29 Juil 2011 - 18:35

Le gros roseau a écrit:Chak moun genyen opinyon yo sou zafè lang saa.Yè swa map tande ii jan Charles ap pale an angle epi nan kèm map mande sil tap kapab eksprime osi a lez an franseuuu ke jan li eksprime li an angle ya.ou pa tande li nan mamote ni nan reflechi anpil anvan li di 2 ti mo tout kout tankou Preval,alor pou mwen fok yo ta ba tout ayisyen dwa etidye lang etranje yo vle apre ke yo te finn pran fomatyon de base yo nan lang pa yo.sak vle etidye franseuu se dwa yo men sak ta vle etidye angle ou byen panyol kom 2eme lang yo te dwe ka chwasi sa yo vle. Ayisyen ki swa disan edike toujou ap ba moun manti di ke ayisyen genyen yon kilti franseuuu se fout manti.99%ayisyen pa konn anyen de literati franseuu.yo pa pale franseuu. yo pas genyen menm mers ak franseuu yo pa danse menm misik ak franseuu.yo pa manje menm manje ak franseuu.yo pa genyen menm relijyon ak franseuu.

Ki kote ou vle ale menm? Sanble ke ou vle reponn lot moun kounye'a? Sanble wap voye pwent. Men kite'm di'w tou senpleman ke mwen genyen youn laboratwa lang an Ayiti kote nou genyen 198 lang ki genyen youn nonm de leson ki pemet anplis de lang ke nou mete kom priorite yo ke timoun nan ka rantre e aprann nepot lang ke yo vle. Wap sezi we koman sa mashe tre byen. Youn lang rete youn lang, youn veyikil pou kominike ak moun ki pale e konpwnan lang wap pale. Kit ou vle li kit ou pa vle tande sa, genyen ayisien ki leve nan kek fanmi kote yo te konn pale franse sleman lakay yo, nan lekol ak lot anvironman ke yo te ye. Genyen sa wi, ou pa ka denye li kan se youn fait, youn bagay ki ekziste, men kom ou di sa pa anpil. Majorite ayisien leve nan kilti Kreyol menm si yo ekpoze ak lang franse nan lekol selman. Pwiske anpil ti lekol ou byen lekol bolet pa ansegne franse, se repete elev yo repete sak soti nan bouch pwofese ki yo menm pa tro bon. Men le se youn lojisyel kote franse ap montre youn youn natif lang nan intonasyon ak aksan vinn diferan... Mwen si ke wap ka jwenn ayisien ki leve pi pre de kilti franse ke lot, men sa pa anpil!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Le gros roseau Ven 29 Juil 2011 - 21:32

mwen pa pretann genyen eksperyans w nan edikatyon non.men ke vyej pete jem napren oken moun ki ka dim ke si w pran yon ti ameriken ki pa janm tande panyol nan zorey li epi ou voyel lekol nan yon lekol kote met la se panyol lap pale e liv yo se an panyol yo ye sa pap retade devlopman l. saa vre menm si se bon dye ki tap dim saa map dil pale sal konen paske mwen fè eksperyans lan lèm te ti moun e se pa mwen menm sel ki te nan kondityon saa.Mwen kwè ke tout moun ki genyen bon sans ka konpran ke yon ti moun pi fasil konprann yon konsep si se nan lang li pale ke w eksplike li.dayè met Dejean pwouve sa an ayiti ,e Dejean se pa yon ti novis nan edikatyon.se pa yon dasoman tankou mwen kondi dezagreyab(lol)

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Invité Sam 30 Juil 2011 - 2:18


The power of creole ...
Well,how about ...
The power of ANY LANGUAGE in its milieu ....What's the beef ?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Joel Sam 30 Juil 2011 - 7:37

[quote="Amoph"]Chèr ami DILIBON nap profite salue w byen ba. Entèrvansyon w yo depwi prè dUn semèn, kalifye par nou, de grand kalite.

Dilibon, w chwazi lapèzman, la serenite, a travèr diferan sujè de diskusyon (evitan sistematikman leskalad). Par là, w fè preuv dun konpOrteman afine.

Mèrsi pour tou.

--------------------------------------------------------------------------------------------------------------

San dout, DE GRAFF, DEJEAN, e byen dotr ap akonpli yon travay admirabl an AYITI pou ke LANG KREYOL la, okupe yon plas de chwa, jwe dan la kour dè gran, o nivo akademik.

An komunikasyon : "Le mot " EKOUT vo son pezan dOr.

Pou yon meyèur efikasite nan inisyativ sa a : Li ta swetabl ke pèrsonalite nou site yo montre yon reèl volonte pou chita travay avèk yon baz bokou plu zelarji isu de divèrs profesyon.

AMORPH',

DE GRAFF se pwofesè LENGWISTIK lan MIT.Se yon inivèsite ki toujou klase kòm youn lan 5 meyè inivèsite sou planèt lan.
DE GRAFF travay ak NOAM CHOMSKY ki revolisyone LENGWISTIK .
Mwen kwè ke w rete an BELJIK.Bidjè MIT kapab plis ke bidjè tout inivèsite BELJIK yo konbine.

DE GRAFF vwayaje ann AYITI tout tan.Ou wè ke se pa lan vil yo li ale ;se lan kanpay rekile yo;tankou LA GONAV.

Pou nèg tankou DEGRAFF ak DEJEAN ;sepa pa romantism ya p voye KREYÒL monte;se yon nesesite


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Invité Sam 30 Juil 2011 - 7:51

Antouka sepa jodya ke yap batt bourik la e li di li li pap bwe dlo yo paka fose li bwe dlo.Toute une vie !Ganle gan yon bagay kipa bon lan mesaj la oswa pedagoji a pwatrine .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Sam 30 Juil 2011 - 10:48

DE GRAFF se pwofesè LENGWISTIK lan MIT.Se yon inivèsite ki toujou klase kòm youn lan 5 meyè inivèsite sou planèt lan.
DE GRAFF travay ak NOAM CHOMSKY ki revolisyone LENGWISTIK .
Mwen kwè ke w rete an BELJIK.Bidjè MIT kapab plis ke bidjè tout inivèsite BELJIK yo konbine.

DE GRAFF vwayaje ann AYITI tout tan.Ou wè ke se pa lan vil yo li ale ;se lan kanpay rekile yo;tankou LA GONAV.

Pou nèg tankou DEGRAFF ak DEJEAN ;sepa pa romantism ya p voye KREYÒL monte;se yon nesesite Joel

Mwen pa tap adrese pati sa'a nan post oua men mwen santi youn obligasyon pou mwen ka fe youn bagay kle pou ou. Mwen pa vle retire anyen nan fomasyon, eksperyans ak rechech Degraff ak Dejean sou kesyon kreyol la. Men, genyen youn ensten ayisen genyen depi se youn ekriven koni tankou Corneille, Rousseau, Sartre kite di se fini, e yo ssanti ke yo pa genyen dwa ak lespri ase pou kesyon moun sa yo. Men le yo te konn pale yo te nan tan e menm le sa a te gneyn moun kite pwan kontrepye sa yo tap ekri e di. APresa, genyen youn ensten depi se nan les grandes ecoles en France ou byen Ivy league schoools Ozetazini tout sa yo di e fe se fini se tankou Aristote dixit yo ye. Men menm moun ki soit nan nenpot gwo inivesite konnen ke yo pa genyen denye mo sou tout koze! Menm mesye s ayo ka diw ke yo ka genyen anyen pou aprnan de youn neg ki apse tout lavi li ap pale Kreyol, aprann ekriti Kreyol e menm nivo pi avanse nan lang nan inviesite e ki al chita nan peyi andeyo tankou pwovens ap fe rechech sou lang nan ak fason yo ka sevi ak li pou alfabetize e/ou edike pep la! Yo ka we youn bagay e yo ka sevi ak eksperyans lot moun tou. Pa genyen moun ki se Aristote dixit nan mond nap viv la. E mwen ta rnemen anpil fre nou pa kite nom inivesite imobilize yo pou kanpe tout deba sou youn kesyon. Genyen kank ki soti nan kek gwo inivesite konsa tou gneyen des genies ki soti nan yo tou! Konpliman pou travya mesye sa yo e remake ke mwen selman te ajoute sa mwen konpwann selon eksperyans mwen san mwen pat rantre nan kritik. SI mwen genyen di plis mwen gneyen moyen pou kontakte yo e pataje ak yo!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Invité Sam 30 Juil 2011 - 11:14

miami herald ak ti jacqueline charles touche pou sa .Mwin te konen atak sa a ta pwal fett .Sepa anyen naturel ak konstriktif ki te feltt la a .KE neg sote paske yo te investi lan Preval ak Bellerive .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Le gros roseau Sam 30 Juil 2011 - 12:31

Dili

mwen byen kontan ou di ke genyen kankre ki soti nan grandes ecoles yo tou.Mwen ba w kredi saa ou pa ka mete Dejean ak desgraff pami kankre sa yo jis pou rezon politik.mwen pose yon kestyon ou pa janm reponn mwen direk ou pase pa latanjant pou vag sou li map repose w li ankor :eske w panse ke si w pran ton ti mareiken ou byen yon ti laman ki pa jnam tande moun ap pale panyol nan vil epi ou voyel lekol nan yon lekol kote met la liv yo se panyol ki lank ke yo itilise sa pap retade devlopman l?se la tout kestyon kreyol kont franse nan aprantisaj a ba zaj la rete.siw onet se pou rekonet sa Dejean ak desgraff di ya.

sa se pa politk ni de ekonomi nap pale la.se yon bagay ke nou ka pwouve pa demonstratyon ke Dejean ak dfesgraff fè deja an ayiti.e ke napil nan ou ki pat genyen paran ki te konn pale franseuu lakay nou deja konnen.Mwen deja di w li tap pi fasil pou mwen poum konprann si profese artimetik mwen yo te mandem si manman w ba w 50 kob li voye al achete 10 kob lwil doliv ,10 kob bè chalonè,10 kob pat tomat konbyen kob pou Degras remet w.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Joel Sam 30 Juil 2011 - 12:35

DEJEAN ak DE GRAFF gen 2 background diferan.DE GRAFF rele DEJEAN ""PAPA IV""

Ou ta gen dwa pase lan IVY LEAGUE e ou pa jeni ;men pou w pwofesè LENGWISTIK lan MIT ;se pou w se yon bagay espesyal.
Konn gen omwens 10 a 20 PRI NOBEL ki pwofesè lan MIT.
PRI NOBÈL ,lan tout espesyalite.
DEJEAN gen plis ke 50 an rechèch sou KREYÒL lan ,dèyè l e DEGRAFF limenm genyen pwa MIT ak tout sa enplike ,dèyè bannan li.
Mesye sa yo ;konn de ki sa y ap pale.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  dilibon Sam 30 Juil 2011 - 12:36

Gros ROseau,

Mwen te kwe ou te li kote mwen te dako ak ou sou sa, kote mwen te diw ke nenpot moun ki vle fe ledikasyon nan peyi a dwe sevi ak Kreyol kom baz epi mwen te avanse sou enpotans kek lto lang nan ledikasyon an tou.

Mwen pa genyen okenn pwoblem ak konpetans, fomasyon e bonn lentansyon des messieurs Degraff aj Dejean sou travay yap fe andedan peyi'a. Remake ke mwen pa menm ka evalye, jije, kritike som travay yo pwiske mwen pa okouran de tout travay yo ak dimensyon travay la.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Le gros roseau Sam 30 Juil 2011 - 12:50

wi se vre ou te di sa men ou toujou rete ak yon resèv sou zafè enpotans kreyol nan edikatyon de baz lakay.kom mwne di w deja mwen pa genyen pretantyon konnen plis pase w nan anyen men sam ka di w e mwen ba w yon ekzanp kote genyen konsep ke yo ta ka mete nan tet ti ayisyen pi fasil si se te lang yo yo te itilise.mwen kwe yon moun entelijan tankou w ki pa avegle pa vye prejije ridikil ka konprann sa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Invité Sam 30 Juil 2011 - 13:57

wi se vre ou te di sa men ou toujou rete ak yon resèv sou zafè enpotans kreyol nan edikatyon de baz lakay...


Se an franse mett dilibon tap bay esplikasion le sa a ? Mwin poko janm li mett dilibon poum soti ak konklizyon sa a .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE. Empty Re: POUVWA LANG KREYÒL LAN-THE POWER OF CREOLE.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum