Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
5 participants
Page 1 sur 1
Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
http://ca.news.yahoo.com/wyclef-jean-squandered-haitian-relief-funds-report-214108289.html
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
WYCLEF should have known better.
Si w gen charite epi w ap anpoche lajan an ,ou ka manje prizon pou sa wi.
Y ap pran w tout jan ;si se yon bagay ""non profit"" epi w wap boule gra ;yo gen dwa pran w pou ""tax evasion"".
Sitou se yon jounal ekstrèm dwat tankou ""NEW YORK POST"" ki lan dengonn WYCLEF.
ANN GADE!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Depi yon óganizasyon komanse sanble ak yon antrepriz familyal, jounalis pa' manke lan degonn w. Sitou Ozetazini kote fisc pa gen padon pou pèsonn. Wyclef te dwe koule kafe'l klè si li pa an koz paske moun sa yo pa renmen fóm tèt li menm menm menm. Yo toujou vle ke se yo ki pou vin kanpe bay la charite an Ayiti.
Byen ke m'pa kwè lan vag mizisyen bluffer sa yo ki gen anbisyon prezidan men si li rete main prop lan kestyon yo, m'ap toujou aplodi sa Wyclef seye fè an Ayiti.
N'ap gade e nou toujou gen rezèv sou sa n'ap tande paske depi misye te foure tèt li lan zafè politik blan a, sètadi Ayiti, se pa de kout jounal li pa pran. Men'm lè l'te fè kouvèti Time magazine, se lan rizibl yo te bezwen pase'l. Y'ap fè lajan ak w paske w fè la nouvèl, an mèm tan y'ap tou profite desand w.

Dernière édition par martine la tourmente le Lun 28 Nov 2011 - 12:08, édité 1 fois
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
An tou ka sa pa etonem .ki moun ki janm mande sa tontonl fè ak lajan li te kolekte nan Washington lan?Kote lajan sa yo pase?raymond jospeh pa janm pibliye sa li fè ak lajan ke moun te bay apre tranbleman de tè.se pa premye fwa non Wyclef site nan bagay saa pa genyen anpil ayisyen onet non.Mwen pa pran plezi poum di sa men se la verite.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Yo toujou di la fimen pa soti san dife. La familia!!! (lol)
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
E le pli souvan se la verité.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Hum! Tout cela reste un jeu (une guerre) de vilains.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Mwen pa di se toujou la verite non paske kom mwen konn di deja genyen moun ki ap denigre ,difame tou men lè w tande non ayisyen site nan volè lajan swa nan administratyon piblik ou byen nan zafe kolekte lajan pou charite mon chè se rar pou se pa la verite.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
LGR, mwen t'ap pense sa itou. I'm positive, YELE ak lót la, se deu boul grenn. Gen lót nom nou ka tande. Se yon gwo dezód ki fèt wi an Ayiti lè 2 nèg sa yo te vin foure nen yo lan zafè politik. Se yon kokenn manipulasyon. Nou pran lan mafia, m'pa pè di'l.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Ala traka, reste à savoir si ces accusations sont fondées
Nickie- Star plus
-
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
an nou gade ki reyaktyon Wyclef ap genyen.Pou mwen nenpot ayisyen ke yo akise de vol e ki pa ka pwouve pa A+b ke se manti li koupab paske tout moun konnen peyi dayiti byen ki donk depi wap deal ak lajan an ayiti se mete ledger a jou pou depi yo akise pou asiyen moun lan pou difamatyon.paske depi yon ayisyen genyen lajan leta ou byen lajan kominote ke lap dirije li tou konnen ke yo pral lonje dwet sou li.Alor se wou ki pou kontwole tout lajan ki rantre e tou sa ki soti.Lè w peye fanmi w yon paket lajan ou pa fouti di ke w pa pran pa w .zafè lap di li pa janm pran lajan Yele pou zafè pal se bobinn.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Sil ka défann tèt li, sé poul fè sa pi vit ke posib avan yo fini ak repitasyonl. Si li pa an mezi fè sa, konen li koupab
Nickie- Star plus
-
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Volè pa kont wont mezanmi.
JCD ak effeuilleuse li a pa't ranmase on pil lajan sou do póv an Ayiti. Wyclef, Tèt Marto, tout se nèg ki te al lekol janklodist.
Tout se magouyè. Tankou m'te tande yon nèg ao di: "si bon dye ekziste, se le moman pou l'prouve sa an Ayiti." Kote k'gen l'Eta yo pa ka defèt mafia pa pale pou Ayiti kote l'Eta pa ekziste.
Peyi a fini pou Ayisyen men sa pa an-yen pou ta fè Martine la tourmente vand nanm li bay dyabl la.
JCD ak effeuilleuse li a pa't ranmase on pil lajan sou do póv an Ayiti. Wyclef, Tèt Marto, tout se nèg ki te al lekol janklodist.
Tout se magouyè. Tankou m'te tande yon nèg ao di: "si bon dye ekziste, se le moman pou l'prouve sa an Ayiti." Kote k'gen l'Eta yo pa ka defèt mafia pa pale pou Ayiti kote l'Eta pa ekziste.
Peyi a fini pou Ayisyen men sa pa an-yen pou ta fè Martine la tourmente vand nanm li bay dyabl la.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Ki jan pou volè ta konn wont kan sosyete ya pa beswen konnen sa w te fè pou rive depi w genyen la mama tout pot ouvri pou wou.sitou an ayiti lè se lajan leta ou byen lajan kominote ya ou volè.Siw volè yon ti kabrit ya meprise w bat w men yo di volè leta pa volè.ki donk nap toujou jwen volè sa yo tout kote.Men sa ki grav se lè yo fè yon bagay konsa yo fè tout moun ki ta vle fè charite esite.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Mwen rele sa du capitalisme métamorphosé. Talè w'ap tande gen lajan k'ap blanchi lan kanal sa yo itou.
ainsi ne soit-il- Super Star
-
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010
Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Wozo ekri "lè yo fè yon bagay konsa yo fè tout moun ki ta vle fè charite ezite". Sa ou di a se vre.men, an reyalite se pa charite k ap itil peyi a anyen non plis. Konsèp charite sa a alabaz fèt pou ankouraje teyat, chobiznis, blOf! Mesye ki grandi nan zantray Hollywood konnen teren sa a fen-e-byen. Depi sou konsè 1997 la Wyclef ap fè move kou sa yo. Menmsi, mwen sispèk moun k ap choute sou misye nan New-York Post yo, se move grenn yo ye tou, Wyclef pa bay moun rezon defann li. Dènye espektak misye remèt nan kad Eleksyonaval 2010-2011 yo se dènye kou ki touye koukou a, nan liv pa m. Sa gen ekzakteman 1 ane....ekip move komedyen sa yo lakoz pèp Ayisyen monte lesyèl pa do, nan yon move teyat. Jou 20 mas la menm, Wyclef deklare li pran bal nan men. Nou sonje sa....? Talè ou pral wè misye devan kamera ap kriye...gen twop hollywood nan koze a !
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: Wyclef Jean serait encore dans l'argent chaud... pardon, dans l'eau chaude.
Ayiti genyen twop kameleyon.anvan yon moun ba yon ayisyen glwa fok ou blije vire lang w 7 fwa nan bouch a wi paske ou pa konnen ki lè wap tande l nan yon salopri.tankou lot la te di ya plis mwen wè lom plis mwen renmen chyen mwen.se deseptyon sou deseptyon wap pran nan men ayisyen.
Le gros roseau- Super Star
-
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010
Sujets similaires
» Michaelle Jean dans l'eau chaude...
» Wyclef Jean blessé dans une fusillade (PAS CONFIRMEE)
» Wyclef Jean président d'Haïti? UN AUTRE JEAN APRES NOS 2 JEAN DE MALHEUR
» Missions diplomatiques dans l'eau chaude !
» Le commissaire Claudy Gassant dans l'eau chaude ?

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum
|
|