Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Réassort du coffret Pokémon 151 ...
Voir le deal

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

5 participants

Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  revelation Ven 6 Jan 2012 - 12:28

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires 1625910_6_9c3f_cours-de-fitness-dans-un-club-de-luxe-a

Nan yon peyi Dayiti kotè majoritè popilasyon an mal nourri e anpil nan yo ap mourri grangou, e viv anba tant,
Lelite la li memm ap pete fyel yo nan fe exersis e achte pwodui diet pou yo sa pedi pwa!!

Kom di lot la Ayiti se yon peyi a lanver!
Yo metè chemiz yo devan deyè!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  Sasaye Ven 6 Jan 2012 - 12:38


Kôm di la chanson: yon pôtre vo mil mo.

Pôtre saa montre reyalite Ayiti an.

Gade monitè yo epi gade kliyan yo na wè diferans lan.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  revelation Ven 6 Jan 2012 - 12:50

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires 1625912_6_d4bf_dans-un-salon-de-beaute-chic-de-petion-ville

Sasaye!
Foto saa pi di ato!
Gade potre moun ki sou mi salon de bote saa!
Se konsa ke ti milatress Ezili Freda saa vle vini.

Li gen 3 esklav!

Yyon nan men'l, yon nan pyel'l e yon nan cheveu'l e iphone li nan men'l.

Nou kap ekri yon dissertasyon ak foto sa ki retrasse istwa peyi nou depi nan Ginen jiska no jou, e prolonje dan le futur si nou pa mete yon frein ak sa!

Sanble ke Jaf pap preche dan le desert!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  Le gros roseau Ven 6 Jan 2012 - 13:02

Sassaye

Mwen pa genyen oken pwoblem ak foto saa non.O mwen se yon nwa ki monitè e klib la sanble li byen modern.Depi moun a po klè yo peye taks yo dwe leta regilyèman e sispann fè kou deta mwen dakor pou yo jwi lajan yo paske yo travay di pou fè li.Mwen te ka nan yon klib konsa tou an ayiti jodya.Lotrejou martelly di yon bagay ki enpotan li di genyen anpil moun an ayiti ki pa peye yon gouden taks.e marc bazin te di 3/4 kay an ayiti pa anrejistre nan kadastre leta.Ki donk se gouvenman sankoutya yo ki responsab.menm 4 teren mwen genyen nan Florida chak ane mwen peye taks pou yo koulyè ya yo fem peye menm pou storm sewer yo mete nan la ri ya.san ke mwen pankor bati sou yo.poukisa chak karo tè an ayiti pa anrejistre pou met yo peye taks normalement?Se pa mande pou nou ap mande tou tan pou nou fè peyi ya mache se gress ko=-chon ki pou kwit li.Depi se mande nap mande nou pap janm genyen souverente e endepandans.

Wi nou ka blame anpil moun rich paske yon pa fè anyen pou malere se eksplwate yo eksplwate plis se vre.men nou konnen byen ke moun sa yo la plipa nan yo se souse yo te vinn souse manmel bef la.se nou ki te pito ap goumen pou pouvwa pandan ke yo menm ap monopolise ekonomi ya. alor se tet nou pou nou blame.poukisa se Accra yo duvalier te bay monopol vann rad pou lame.Li te konn menm mande enrole li fè ofisye pou yo al achte uniform yo ka Accra.Philippe Vorbes di yon bagay yon fwa ke mwen pa janm bliye.li di :Nwarism pa vle di natyonalism. e se vre.Neg ki ap pale de koulè ya depi li pran fil li vle amelyore la ras kondi yon dyal mwen te di lè m tal an ayiti mwen te mandel ki jan piti fi li fè klè konsa.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  revelation Ven 6 Jan 2012 - 20:57

Rozo di: Depi moun a po klè yo peye taks yo dwe leta regilyèman e sispann fè kou deta mwen dakor pou yo jwi lajan yo paske yo travay di pou fè li.
Lelite Ayisyen pa peye ase tax!
Ameriken Warren Buffett multimillione di ke sekrete'l peye plis tax pase li. Pafwa se pa paske Lelite la se volo, se paske tax system yo pa jist. Lelite Ayisyen lan pafwa pa peye tax sou valeur pwodui yo (add volarem).
Kote ke malere a ki soti achte diriz ak pwa an Dominikani, Leta pete fyel malerez la ak tax.
Lelite la kap soti an Dominikani avek kof machine li bourre ak bijou, diaman, l'or, pafwa drug, Leta pa fe 5 kob nan jwet sa. lelite la pase sou fontyer a dous comme une lettre a la poste.
Si te gen jistis tout bon vre, gen ase lajan tax pou fe peyi Dayiti develope.


Rozo di: menm 4 teren mwen genyen nan Florida chak ane mwen peye taks pou yo koulyè ya yo fem peye menm pou storm sewer yo mete nan la ri ya.san ke mwen pankor bati sou yo
Ti koulout kankou nou kompte lajan nan fe nwa e siveye stock chak jou.

Si Leta Floride pat mete bonjan kontrol e bon konpa sou w, w tap passe anba radar la san ke persepte taxman pa we w.
W pa tap jamb paret tet w evolonterman dispose pou ranpli devwa sitwayen w.

Nou byen kontan ke se nan peyi blan ke w ap viv paske si w te an Ayiti, w tap fe priz komberland elektrek, w tap konnekte tuyo dlo sou vwazin w, w tap achte kredi san ke w pa peye, w tap gen zanmi chef ak makout pou intimide konpetiter w, w tap gen 2 e 3 restavek lakay w etc...

Se pa w selman Rozo, nou tout ak fanmi nou te nan ka saa le nou tap viv an Ayiti,
Sosyete prejije saa te fe nou avegue. Nou pat gen je pou nou we ti Saintaniz nan gwoliv yo.

Mamzel etait le cadet de nos soucis. Kite mele nou! Si yo we milat anba la ville ap fe la charite e jouyer au bon samaritain gouvenman ap di ke se ou byen'l fou ou byen li se activist kominist ki soti pou andoktrine ekale je pep la.

Nou mande Bondye padone sosyete a pou sa.
Gwo season tax saa se yon bon okasyon pou nou repanti e fe yon bon donation a fre e se Ayisyen nou yo!


Dernière édition par revelation le Ven 6 Jan 2012 - 21:28, édité 1 fois
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  Sasaye Ven 6 Jan 2012 - 21:23

Rev di:

Sasaye!
Foto saa pi di ato!
Gade potre moun ki sou mi salon de bote saa!
Se konsa ke ti milatress Ezili Freda saa vle vini.

Li gen 3 esklav!

Yyon nan men'l, yon nan pyel'l e yon nan cheveu'l e iphone li nan men'l.

Nou kap ekri yon dissertasyon ak foto sa ki retrasse istwa peyi nou depi nan Ginen jiska no jou, e prolonje dan le futur si nou pa mete yon frein ak sa!


Amen!!!!


Ti koulout kankou w kompte lajan e siveye stock chak jou. Si Leta Floride pat mete bonjan kontrol e bon konpa sou w, w tap passe anba radar la san ke persepte taxman pa we w.
W pa tap jamb paret tet w evolonterman dispose pou ranpli devwa sitwayen w.

Nou byen kontan ke se nan peyi blan ke w ap viv paske si w te an Ayiti, w tap fe priz komberland elektrek, w tap konnekte tuyo dlo sou vwazin w, w tap achte kredi san ke w pa peye, w tap gen zanmi chef ak makout pou intimide konpetiter w, w tap gen 2 e 3 restavek lakay w etc...


Men monche ou pa ta bezwen voye woch pèsonèl sayo sou Wozo.

Malgre ke sa w di laa se vre:
Se pa w selman Rozo, nou tout ak fanmi nou te nan ka saa le nou tap viv an Ayiti,
Sosyete prejije saa te fe nou avegue. Nou pat gen je pou nou we ti Saintaniz nan gwoliv yo.

Mamzel etait le cadet de nos soucis. Kite mele nou! Si yo we milat anba la ville ap fe la charite e jouyer au bon samaritain gouvenman ap di ke se ou byen'l fou ou byen li se activist kominist ki soti pou andoktrine ekale je pep la.

Nou mande Bondye padone sosyete a pou sa.
Gwo season tax saa se yon bon okasyon pou nou repanti e fe yon bon donation a fre e se Ayisyen nou yo!


E li merite yon ayibobo !
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  ainsi ne soit-il Ven 6 Jan 2012 - 21:42

Nou kómanse depriman ak jan de kritik sa yo mezanmi. Se pa paske nou pa't gen yon nivo de vi an Ayiti pou n'ap kritike sa k'ap konsome. Moun ki lan foto yo gen dwa pa jis Ayisyen. Si m'ta businessman e ke m'ta konstate ke m'ka ekplwate yon kliyantèl etranje ou lokal, pa gen anyen ki t'ap anpeche'm ouvri yon club pou fè lajan an mèm tan ke m'ka envesti lót kote pou ede Ayisyen.

Si se pou sa, Rèv la, se pou kritike tout Ayisyen sa yo ki ap frekante plaj an Ayiti jodi a. Mezanmi, tchenbe grap nou tande, lè se aletranje moun al depense lajan nou fache, e ale wè nou konn al fè touris lót kote.

Ki sa ki di ke yon moun pa gen dwa byen al peye manucure ak pédicure. Pou ki sa, w vini ak foto sila komsi se jis moun po lanvè an Ayiti ki konn al pran soins de beauté. So what, madanm anplwaye a pa gen pitit pou'l bay manje. Sa se pa travay restavèk li ye non mezanmi. Se yon sèvis ke yo bay nenpót moun pou lajan'l. E pi si w'al verifye, propriyetè salon a gen dwa se yon Nèg ou yon Nègès tipik.

Ki sa nou vle bay moun tchenbe la? E byen nou melanje bagay yo nèt ou byen nou de movèz fwa. Se pa jodi a salons de beauté ekziste an Ayiti. Swen pou fanm te toujou ekziste san yon kestyon de ras ou de koulè an Ayiti. Pi ga nou chita ap pense tankou aryere. Moun gen dwa fè sa yo vle ak lajan yo. Se pa tout ki volè e pi w pa bezwen rich pou al lan salons de beauté.

E pi, mesye dam, maucure ak pedicure se pa sèlman pou fanm sa ekziste. Mwen te gen yon girlfriend, se te toujou yon plezi pou li lè m'aksepte lese'l koupe zongl pye'm ak main'm.

Gen salons de beauté tout kote lan P-A-P. Mwen raple'm nou te al vizite yon madanm an Ayiti ki te tou menen'n al wè kote pitit fi'l te boss yon salon de beauté. E propryetè, e klyan se pa't nesesèman moun rich ou koulè mwen te kwaze la. An verite, gen yon ti-dam lan boutik la ki mete'm chita, li netwaye tout zongl mwen yo tankou lan nenpót gwo salon lan Kanada ou Ozetazini. Mwen ensiste pou m'peye pou sèvis la e pi m'lage yon koken' poubwa lan main manmzèl.

Lan P=A-P gen woulman lajan, nèg ki plen fanm ap fè yo tout kalite kado, lè se te epók lame ak makout menm, jan de komès sa yo te viv anpil anpil anpil. (lol) E pi depi lontan nèg te konn ap bat fè an Ayiti, se jis mwayen yo pa't genyen pou louvri club modèn yo.

Mezanmi, se vre ke majorite moun lanpeyi a ap viv mal, men nou sipoze lonje dwèt sou vrè kóz problèm la. Lan peyi n'ap viv la, se pa tout moun dayè ki gen mwayen pou achte carte de membre lan yon club.

Menm si gen endividi ki pran'm pou komilis, mwen toujou seye fè la part des choses. Nou pa ka diskite si n'ap pale ak tèt cho. Se lan tout domèn pou moun Ayiti aprand reaji avèk mesure.

Nou paka pwal siyen gwo ipotèk pou kay ak machin, nou pa ka ap itilize tout kalite sèvis bor isit e pi pou n'ap jije moun an Ayiti. E pi nou kontinye ap sible men moun yo lan jeneralize.

Pafwa m'ap tande janr moun P-A-P ak Ayiti ap pale de boujwa po klè ki refraktè ou reyaksyonè, poutan mwen viv yon peryod lan PAP lè m'te adolesan. Chak jou presk, m'te konn al lan galerie d'art (musée) St-Pierre entre autres; propryetè a ki te yon moun rouj te toujou akeyan, mwen te konn pase 20 a 30 minit ap gade tablo san ke misye pa janm deranje'm. Mwen pa't janm wè zanmi sou katye m'te vin konen pwal vizite plas sa yo tèlman. Propryetè te byen kontan ke omwen yon jèn kirye ki enterese a penti Ayisyen.

M'pa di pa gen prejije an Ayiti tankou tout kote, men gen yon seri de baryè, se nou ki mete yo devan'n. An verite, prejije an Ayiti ki fè peyi plis mal se souvan lan boujwazi Nwa a sa soti. Li pa miyó ke sa ki pi klè yo. Yon moun se jis konen kouman pou konpóte'w chak kote w pase.

M'pa janm ap fè elój kapitalism men gen de bagay ki inevitabl. Menm lan sosyete ki plis egalitè tankou bor isit ou ki a goch nèt yo, loisirs ak sèvis se biznis ki toujou ekziste.

On sèl bagay, mwen pa ta ka viv lan Kanada, si m'pa't janm seye fè aktivite ki prop a peyi a. Ivè a limen la a, men li pase vit pou mwen paske m'renmen fè aktivite dewo. Paten'm, rakèt mwen, ski'm byen pare la a. Kote m'ap viv la, a senk minit mwen lan gran espas en plein air ki pèmèt mwen fè tout aktivite sa yo.

Nou tronpe'n de sibl si se pou sa. Se politisyen yo pou n'fè mache SS. Ahan, medam ze mesye, nou wè kote ekspresyon fè moun mache SS sa a soti.

M'ale.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  Le gros roseau Ven 6 Jan 2012 - 22:15

Rev

wap pale pou tet w.Lè w di nou pat wè ti saintanys nan gwo liv yo.Mwen pa janm genyen mantalite boujwa menm ak ti moun ki te rete lakay mwen an ayiti.genyen anpil bagay ayisyen fè se paske gouvenman tolere yo.Genyen yon zanmim ki ap banm yon blag lè Bazin te minis finans li te leve deyè gwo antrepriz yo pou yo peye taks. se konsa benett pat vle peye taks bazin al pote plent pou li kote JCD ki dil fok li peye taks.se konsa li komanse peye taks de twa fwa apre li di kontab li ya di bazin fout boudal yon kote mwen pa genyne lajan poum peye taks.Sak fè li te ka fè sa se paske li te jwen sitirans sil te konnen yo te ka fout li nan prison menm jan ak Leona hemmsley ak maddoff eske li tap fè sa?

sa w di ya mwen te kal fè vre sim te an ayiti paske yo di :"quand on est a Rome il faut faire comme les Romains."men si te genyen yon gouvenman ki pa tolere taxe evasion mon chè fok tout moun ta konforme yo.Sak fem peye taks sou kay e revni se paske m konnen sim pa fel IRS ap pose sezi sou kay yo ak teren yo yap garnish pansyonm.e sosyal sekirity benfits mwen.yap menm ka sezi lajan mwen genyen la bank.Si pou gress ko-chon kwit li se pou tout moun a la won badè peye taks.Si w pa peye inpo lokatif leta dwe sezi kay la epi metel a la vant.Si w genyen kek karo tè ou fet pou peye taks pou yo.si w genyen yon teren ou fet pou peye taks pou servis ke leta mete nan zonn la.tankou dlo ,elekrisite, liy telefonn etc.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  jafrikayiti Sam 7 Jan 2012 - 10:30

Foto sa yo, san kontèks, pa ka ede pyès moun konprann anyen nan veritab pwoblèm anti-Ayisyen, anti-Nèg ki ekziste tout bon vre nan peyi a.

Itilizasyon mo "esklav" la an griyen dan konsa, pa itil ditou. Gen moun ki nan sitiyasyon move travay nan peyi a e kondisyon sa yo merite chanje tout bon vre. Se pa sitiyasyon travayè nan salon yo.

Rev chita sou sipèfisyalite ak foto sa yo ki nwaye yon sijè serye.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  revelation Sam 7 Jan 2012 - 10:42

sa w di ya mwen te kal fè vre sim te an ayiti paske yo di :"quand on est a Rome il faut faire comme les Romains."
Mesi Rozo!! Nou respekte honetete w!
W tap fe memm bagay ak Lelite la pa vre?
Nou panse ke si w tap viv an Ayiti, w tap rele chwal barre deye Lelite la memm jan ke w ap fe sou site la?


Rozo di: Sak fem peye taks sou kay e revni se paske m konnen sim pa fel IRS ap pose sezi sou kay yo ak teren yo yap garnish pansyonm.e sosyal sekirity benfits mwen.
yap menm ka sezi lajan mwen genyen la bank.

Nou te konprand ke w tap di ke: Sak fe ke w peye tax se paske se yon obligasyon sosyal e moral ke w genyen anver peyi w!
Nou pat kwe se paske w pè prizon ou byen pè pedi tout byen materyel e ekonomik ke w possede!

Mesi anko pou honnetete w mon fre!


Jaf di: Itilizasyon mo "esklav" la an griyen dan konsa, pa itil ditou.
Ti krik ti krak w itilize mô "esklav" le w vle, jan w vle, men le se yon lot moun ki itilize'l se nan gryen dent! Nwa, afriken, esklav etc.. sanble ke se w ki gen monopol itilizasyon mô sa yo?

Prochen fwa, nap mande w permisyon mon fre!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  Le gros roseau Sam 7 Jan 2012 - 11:22

Rev

Ban di w byen 'lè wap deal ak mwen ;What you see is what you get.Mwen pa moun ki ap pran poz pi onet pase personn.men mwen se moun ki fè respek tet mwen poum pa di sim te konnen.Mwen pa ta ka nan yon peyi kote moun rich genyen tout loophole pou yo pa peye taks poum ta di sim ta jwen poum evade taks mwen pa tap fèl tou.Se sak fè mwen di se gouvenman ayisyen ki tolere ke gran neg pa peye taks.paske nanpren moun vre ki vle peye taks a mwen ke w se bilyonè tankou Bill gates ,Warren Buffet.Walton yo etc.Mwen peye taks mwen regilyèman paske mwen konnen se yon devwa tou pou tout sitoyen peye taks pou leta ka jwen lajan poul fonktyone.sim jwen yon ti loophole map pranl tou.

Banm ba w yon ekzanp lotrejou mwen ak yon pitit gaosn m nou achte 2 teren yo voye yon taks bill ban mwen an Octobre la pou 2 teren mwen te genyen anvan yo ak 2 kay men yo pa voye pou yon nan teren ke nou achte dernyeman yo e byen lè mal peye taks la mwen pa pale de 2 teren sa yo ,yo vinn jwen ke se mwen ki mete teren sa yo yo voye bill lan ban mwen e mwen al peye li.Si gouvenman ayisyen tolere moun rich yo se li ki responsab.ki jan pou yon peyi ka mache si sitoyen pa peye taks.se pou leta pini tout moun ki ap evade taks ke yo dwe leta.se lè gouvenman a pran sanktyon tankou gouvenman ameriken pran kont tout moun ke moun rich an ayiti yo a peye taks ke yo dwe leta.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  revelation Dim 8 Jan 2012 - 15:32

Mwen pa ta ka nan yon peyi kote moun rich genyen tout loophole pou yo pa peye taks poum ta di sim ta jwen poum evade taks mwen pa tap fèl tou.
Se sak fè mwen di se gouvenman ayisyen ki tolere ke gran neg pa peye taks.

paske nanpren moun vre ki vle peye taks a mwen ke w se bilyonè tankou Bill gates ,Warren Buffet.Walton yo etc.Mwen peye taks mwen regilyèman paske mwen konnen se yon devwa tou pou tout sitoyen peye taks pou leta ka jwen lajan poul fonktyone.
sim jwen yon ti loophole map pranl tou.

Nou pa kwe ke gouvenman gen tolerans lakay li!! Pwoblem nan se ke le yo kenbe yon volo an fragran deli yo pa pini yo di ase. Mete yo nan prizon se yon, fe yo remet lajan sa plis intere, plis frais administrativ, e domaj pinitiv met sou li se yon.

Simw antre nan yon supermarchè m' al fe pwovisyon, si'm fofile ko'm nan yon "loophole" san ke'm pa peye, eske se fot magazin an?
Si 'm passe anba l'antouraj ou byen voltije yon mi e antre nan bal Septentryonal san ke'm pa peye, e 20 lot dasoman swiv exzanp mwen e fe'l tou, eske'm kap di se fot organizater bal la?

Si gen makout ki antre nan bal la par la grande porte san ke yo pa peye, pa gen differans. Yo koupab memm jan ak mwen. Fok gen yon frein ak sa. Statiquo sa pakab kontinye konsa.

Granneg rich ayisyen e ti machand anba la ville yo, si yo pa peye tax a Leta yo tou le 2 koupab devan la lwa fiskal.

zafe di ke "si w jwen yon loophole yon trou nan system lan w ap pran tou pa jistifyab e pa fe sans.

W se yon sitwayen honnet Rozo! fok w pa swiv ni bay move exzanp!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  Invité Dim 8 Jan 2012 - 20:49

En tout cas, on ne peut dire que Duvalier était idiot. Il a éliminé les mulâtres ou du moins mis en compétition ceux-ci en favorisant la naissance d'une nouvelle élite composée d'immigrant.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  jafrikayiti Dim 8 Jan 2012 - 23:45

Mais oui on peut dire que Duvalier était un IDIOT car, il aurait pu mais n'a pas favorisé l'émergence d'un secteur privé NATIONAL. Des idiots de la trempe de Francois Duvalier et Leopold Seda Senghor ont fait des discours creux qui autant que leurs actions trahissaient une haine de soi réprimée mais qu'ils n'ont jamais su maîtriser.

Ils ont fait semblant être nationalistes or pan-africanistes. Duvalier a massacré des innocents de toutes les couches sociales d'Haiti. Il a perverti le noble combat d'un modéré tel Dumarsais Estimé ou d'un Daniel Fignolé. Duvalier te yon move WOULIBÈ.

Les familles mulâtres assassinées à Jérémie ou ailleurs, ne furent pas moins innocentes que les multitudes familles noires décimées par ses hordes de Tontons Makout, Leopards et autres animaux dressés à broyer la chair d'Haitiens. Si aujourd'hui le Idi Amin d'Haiti - son gros patapouf de fils, peut se la couler douce dans les hauteurs de Petion-Ville, ce n'est que parce qu'il fait parti des "nantis d'Haiti' et que cette caste d'idiots bénéficie ces temps-ci de Lettres de Blancs leur conférant immunité et impunité totale...pour bons services rendus à leurs massa.


Jenn ki pa konnen listwa yo ki ap rele Viv Duvalier yo, se devwa nou pou nou retire fèy papye listwa anba kouch manti zot antere yo a, epi ede jenn yo aprann konprann lepoupoukwa ak lekoman.

Sa nou bezwen jodi a, se yonmoun ki ka remete peyi a sou bon ray Papa Dessalines te mete li nan ane 1804 la. PA GEN KESYON NÈG NWA. MILAT, KWATEWON, GRIMO...ak tout salopri blan yo te envante pou bay tèt yo valè yo pa genyen - kom mezi total pou konne "valè" yon moun. Alèkile TOUT AYISYEN se MOUN NWA. Sa vle di nou anbrase goumen pou jistis Pitit Lafrik yo te fè pou dekapote dezod blan yo e fè sou zile a.

M al domi tande konpatriyot!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  revelation Lun 9 Jan 2012 - 18:21

Sa nou bezwen jodi a, se yonmoun ki ka remete peyi a sou bon ray Papa Dessalines te mete li nan ane 1804 la.
A pa ke li te ale nan le Sud e masakre tout blan ak milat yo san defans, e deklare tet li empereur a vie, ki bon ray ke’l te kite boss Jaf ??
Alèkile TOUT AYISYEN se MOUN NWA. Sa vle di nou anbrase goumen pou jistis Pitit Lafrik yo te fè pou dekapote dezod blan yo e fè sou zile a.
Pale pou tet w Jaf, gen Ayisyen ki pa nwa!
Nou pa kwe ke tout Ayisyen se moun nwa pou Ayisyen!
Nou memm nou di ke Tout Ayisyen se moun!!

nou anbrase goumen pou jistis Pitit Lafrik yo te fè pou dekapote dezod blan yo e fè sou zile a.
Se vre ! Men pandan ke w vini ak sije l'Afrik saa, nou memm Afriken nan Amerik la pap jamb bliye ke se fre ak papa afriken nou yo ki te vand nou bay blan pou tafya, zam fand fwa, pouvwa, e vye miror kleye, kwaze !
Nou pap jamb bliye saa.
Bay kou pote mak sonje mon fre!
Se pa fot mwen map oblije di sa paske jiska no jou e experyans prouve ke De pi nan Ginen, neg rayi neg!

Le Ayiti tap fete 200 zan indepandans! Konbyen chef Deta Afriken kite vinn rand homaj a pep Ayisyen e a Heroes indepandans nou yo????
Pa yon grenn!!!

Pep latino Ameriken yo montre plis respe e rekonesans a pep Ayisyen!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires Empty Re: Les Riches Haitiens en Image...Accompagnant des Commentaires

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum