Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
Tefal Ingenio Emotion – Batterie de cuisine 10 ...
Voir le deal
59.99 €

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

5 participants

Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Joel Jeu 29 Mar 2012 - 11:55

Mwen swete ke JAF ki pi maton lan KREYÒL lan pase nou tout ;tradwi atik sa a pou mete al pòte de timoun nou yo ann AYITI .
Bann MALFRENDENG FRANKOFOU yo ,fè peyi an mal twòp ,li lè pou LAVAJ SÈVO sa a sispann.
Gen moun ki pran mo KON-GO an pou yon jouman e JOHN THORNTON eksplike pou ki sa.
Nèg tankou MACAYA e PREZIDAN PIERO te FYÈ dèske yo te KON-GO.
Sanble se ann AFRIK de moun tankou PIERROT te fèt .MACAYA limenm te definitivman yon KON-GO.Se te de SOSYETE sa yo ki te fòme kilti nou an ,ou te plis FÒME KILTI an.
KON-GO yo sou plan MILITÈ e YOROUBA yo sou PLAN RELIJYE ,byen ke te gen enfliyans KON-GO sou plan relijye an.
JOHN THORNTON trase ti resanblans ant KRISYANITE ak VODOU,SANTERIA, ou byen CANDOMBLE ,se pa lan AMERIK lan sa KÒMANSE NON ;se te deja ann AFRIK,lan WAYÒM KI-KONGO an.

THORNTON di tou ,poukisa li pèswade ke MAKAYA se te yon KON-GO paske te gen yon WA KON-GO ki te rele WA ANTONIO I;ou byen FRANCISCO DE MENEZES NKANKA MAKAYA.
THORNTON di mesye sa yo pa t sovaj jan gen de moun ap fè konprann li an ;se te de moun SOFISTIKE;
Misye di tou se manke dega pou moun ap di ke REVOLISYON AYISYEN an se pitit REVOLISYON FRANSE an ;SE MANKE DEGA.
Li pito ,mete l sou FAVORITES nou e ize GOOGLE TRANSLATE si nou vle:

http://www.uhpress.hawaii.edu/Journals/jwh/jwh042p181.pdf

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  jafrikayiti Ven 30 Mar 2012 - 0:03

Se yon dokiman ki enteresan anpil! Mèsi Joel. Mwen li tèks la san rete. Bon zouti!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Joel Ven 30 Mar 2012 - 7:13

JOHN THORNTON se pi gwo espesyalis sou gè SIVIL ki te gen lan WÒYOM KI-KONGO an .Te gen LESPRI REPIBLIKEN ki t ap travèse divès faksyon gè sivil ;ou pito genyen faksyon ki te vle yon MONACHI ABSOLI,gen FAKSYON ki te vle pou WA yo se ELI pou yo te ELI yo,se pwodwi KONSANSIS.
JOHN THORNTON reprann TÈZ sa a lan liv li an ""AFRICAN SOLDIERS IN THE HAITIAN REVOLUTION"".
Ou wè gen nèg ki ap vin di w se ak PIK ou byen PIKWA ke mesye sa yo te kòmanse goumen .Yo te fè sa lè yo pot ko gen aksè a FIZI .
Pa t gen okenn avans ke FRANSE ,PANYÒL ou byen ANGLE te genyen sou yo kòm SOLDA.Yo te deja konn manyen FIZI,PYÈS KANNO e THORNTON di TAKTIK yo te menm pi sofistike ke EWOPEYEN yo.Yo te konn adapte.
Lan liv li an JOHN THORNTON dekri TAKTIK ki te adopte lan GÈ SIVIL lan KI-KONGO an ,ke ISTOTRYEN PÒTIGÈ YO RELATE,ak sa ISTORYEN FRANSE yo di ;SE TE MENM TAKTIK yo.

REVOLISYON AYISYEN AN PA FOUT PITIT REVOLISYON FRANSE AN ,BANN MALFRENDENG

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Joel Ven 30 Mar 2012 - 9:14

Gen yon bagay ki entrige m ;lan FILOZOFI POLITIK youn FAKSYON dirijan KIKONGO yo.
JOHN THORNTON di ke te gen yon eritye WÒYÒM lan ke ye te refize ke l pran pouvwa a ,paske se PÒTIGÈ ki te le ve l .Mesye yo di ke kareman ,li pa ka WA ,paske se PÒTIGÈ ki te leve l e PÒTIGÈ pa extansyon EWOPEYEN pa konn pataje sa yo genyen.

ESKE SE LAN FILOZOFI sa a de nèg tankou DESSALINES ak CRISTOPHE te sòti ;byen ke mesye sa yo pa t fèt ann AFRIK;men gen anpil moun alantou yo ;se la yo te fèt?

The contrasting constitutional principles were cross-cut by LARGER MORAL IDEAS OF POLITICAL PHILOSOPHY,which held that whatever powers KINGS might have,they should use them IN THE PUBLIC INTEREST.
Thus no matter how absolute his rule ,a KONGOLESE KING was expected to rule fairly and to share unselfishly in his wealth and power

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  jafrikayiti Ven 30 Mar 2012 - 9:55

Kanmarad, travay rechèch Thornton yo solid e yo enteresan anpil. Aktyèlman la a m ap travay sou jeneyaloji ki natirèlman konekte ak listwa. Kalite travay sa yo ede nou konprann jan sosyete kolonyal la t ap fonksyone epi tout konpleksite ki te genyen nan relasyon moun yo.

Joel, gen lè fòk ou ta voye kèk bon referans pou mwen sou peryòd 1700-1804 la. An patikilye, mwen enterese nan bitasyon Leyogàn yo, kote Franse yo te premye tabli kò yo. M ap chèche lis moun ki te sou bato negriye ki te debake nan pò Leyogàn yo nan epòk sa a. Gen anpil dokiman ki nan achiv Aix-en-Provence. Malerezman, se pa tout ki dijitalize, ni ki gen kopi yo nan achiv ki nan lòt vil tankou Paris, kote mwen ta ka gen plis chans pase. Kidonk, si ou tonbe sou kèk referans osnon achiv ki nan Amerikdinò epi ki gen dokiman sa yo, souple pa neglije voye yo pou mwen.

An patikilye, mwen gen yon zansèt mwen ki te rele Impert Kouamin (Coimin - Kouamina)). Mwen remake non sa a konekte ak zòn yo te rele "Cote d'or" la epi ou ka jwenn Kouamin, Kouamina nan Burkina Faso ak Côte d'Ivoire, jouk jounen jodi a. Kanta pou Leyogàn menm, se la non sa a chita jiskaprezan.

Pou nou retounen sou koze Kongo nèg tèt cho sou fowòm nan t ap plede pale mal la, se yon ekzanp ki montre jan konesans moun ki pase sou ban lekòl Ayiti rete wòwòt anpil anskilsaji de listwa pèp nou. Mesye yo aprann tout vi prive Napoleon men yo pa aprann konprann kote yo soti tout bon vre. Ewopeyanizazonbifikasyon an, se yon travay ki te byen plante nan espas kolonyal ak neyokolonyal la. Men, n ap reyisi dechalbore viris sa a, pak an pak, ak bon jan travay jenerasyon apre jenerasyon.

Kenbe fèm!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Joel Sam 31 Mar 2012 - 11:55

Sou koze KONGO an ;GWOUP ETNIK sa a kontinye fasine m.
Gen anpil bagay ki kòmanse klè pou mwen.Pa egazanp poukisa ke fèt NOTRE DAM SODO an ,se youn lan pi gwo fèt VODOU yo ann AYITI.
Anpil nèg SAVAN ki etidye bagay sa a di ke KILT VYÈJ MARI an te ekziste lan KI-KONGO anvan trèt ESKLAVAY lan.PÒTIGÈ yo te debake lan fen 15yèm syèk lan e yo te konvèti anpil lan nobilite KI-KONGOLÈ an .
Men tou KI-KONGOLÈ yo te fè menm bagay ke EWOPEYEN yo te fè lè reliyon yo rele KRISYANISM lan te rive ann EWÒP.
Li pa t menm relijyon ki te ekziste lan MWAYENORYAN ,lan zòn JERIZALÈM lan .
Pou yomenm ,JEZI se te yon AFRIKEN yo te asosye l ak pwofèt ki te lan relijyon KI-KONGOLÈ yo.

Semèn sa a PAP lan te fè yon vizit lan KIBA.Li te fè yon mès lan KATEDRAL SANTIAGO DE KIBA an.BBC di KIBEN yo itilize Katedral lan ;KATEDRAL VYÈJ KOBRE,se pa sèlman pou adore VYÈJ MARI ,se pou rann OMAJ a OSHUN yon lwa ki tankou VYÈJ lan ke w jwenn lan SANTERIA KIBEN an ak VODOU AYISYEN an;ou jwenn li tou lan KANDOMBLE BREZILYEN an.
Dapre ESPESYALIS tankou JOHN THORNTON ak PETER BROWN 2/3 ESKLAV AYISYEN yo se te dorijin KI-KONGO ,menm jan ak KIBEN yo ak BREZILYEN yo.
Mesye sa yo se pa voye y ap voye monte ,yo jwenn ""grant"" dan lè santèn ,dè milyon dola pou fè etid sa yo
Lan KAROLIN DI SID ,anpil AFRIKEN AMERIKEN pale yon DYALÈK ki rele GULLAHki derive de lang KI-KONGOLÈ an.

Tankou JAF di l ;annou chèche ;petèt timoun nou yo a jwenn yon ti moso lan sa n ap di yo.

N A KONTINYE!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Doub-Sossis Lun 9 Juil 2012 - 23:14

Joel a écrit:Sou koze KONGO an ;GWOUP ETNIK sa a kontinye fasine m.

Fok nou li lak reflechi sou lot bagay ke mythes yo tou wi

http://books.google.ca/books?id=O6BpIZewfnMC&pg=PA211&lpg=PA211&dq=metissage+stdomingue&source=bl&ots=Ma45MBxZ9b&sig=rBVc0faCoBYpoR7HC9iIko44oOY&hl=en&sa=X&ei=7-LlT-TsEYTh0QHcrPD1CQ&ved=0CFEQ6AEwAQ#v=onepage&q=metissage%20stdomingue&f=false
Doub-Sossis
Doub-Sossis
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2429
Localisation : Montreal
Loisirs : cockfighting
Date d'inscription : 24/12/2007

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Joel Mar 10 Juil 2012 - 8:56

DOUB;

Se pa MIT non.Lan grann majorite lan nou ,nou konprann ke lè BLAN t al pran zansèt yo ann AFRIK ,se lan forè li t al pran yo ;yo pa t gen istwa.Se sa yo te aprann nou.
Nou konnen plis de SAINT LOUIS ROI DE FRANCE ke nou konnen de WOYÒM MIZILMAN GHANA ak MALI yo.Nou pa konnen de yo di tou.Se pa MIT.
JOHN THORNTON ekri anpil liv sou WOYOM KI-KONGO lan 16zyèm ak 17yèm syèk yo.
Gen anpil bagay yo aprann nou ki se MIT.Youn se sou zafè lang lan ;tankou FRANSE se te lang SENDOMENG ,alòs ke se pa t vre.
An palan de ""miscegenation"";pa janm pa gen de gwoup ki kowabite ansanm pou pa gen miscegenation ;men tou JOHN THORNTON pwouve ke 3/4 ESKLAV anvan 1789 yo ki te lan SENDOMENG te fèt ann AFRIK.
Nou gen dwa gade bagay yo san pasyon.
Epitou lan ANGOLA ak MOZANBIK ansyen koloni PÒTIGÈ yo,se kote ki gen pi gwo popilasyon SAN MELE ann AFRIK ,PÒTIGÈ te lan zòn sa yo depi lan 15zyèm syèk.
Sa pa fè peyi sa yo AFRIKEN ,kijan ou gen dwa rele yo.
Istwa LAFRIK tou pa t kòmanse ak penetrasyon EWOPEYEN yo ;tankou m di l ;nou gen dwa gade bagay yo san pasyon.
Epitou ,mwen kwè se RIGAUD ki te di ke manman l te sòti lan menm TRIBI ak papa TOUSEN ;ke li se te yon ARADA ;se pou l te eksplike ke l pa twò diferan de TOUSEN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Sasaye Mer 11 Juil 2012 - 16:15

Jaf,
Mwen te rankontre yon fanm Kotdivwa ki abite Abidjan.
Non fanmi l se KOUASSI. Li soti lan tribi BAOULE.
Li sanble kou de gout dlo ak yon fanmm Okap ke m te konnen ann Ayiti.

Mwen di w sa okazou ta genyen yon relasyon ant Kouamin ak Kouassi, lan rechèch ou yo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Nickie Mer 11 Juil 2012 - 18:14

uhmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmmm
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Joel Jeu 12 Juil 2012 - 9:24

Pou DOUB SOSIS ki ap pale de MIT.
Premyèman ,JOHN THORNTON pa AYISYEN ,li pa AFRIKEN AMERIKEN ;misye se yon ""EURO AMERIKEN"" ;misye se yon BLAN.

A pa de liv sansasyonèl ke misye te ekri an 2004 ki te rele ""AFRICAN SOLDIERS IN THE HAITIAN REVOLUTION"",liv ki te pwouve ke petèt TRIYONF REVOLISYON AYISYEN an ta ka pa posib san eksperyans SOLDA AFRIKEN ki te wè konba lan GÈ SIVIL lan KON-GO yo ak sila ki te konbat lan rezistans kont penetrasyon PÒTIGÈ yo.Misye te pibliye de liv tankou:

CENTRAL AFRICANS,ATLANTIC CREOLES AND THE FOUNDATION OF THE AMERICAS (1585-1660)
(STUDIES IN COMPARATIVE WORLD HISTORY)\

WARFARE IN ATLANTIC AFRICA (1500-1800)

THE KONGOLESE SAINT ANTHONY:DONA BEATRIZ KIMPA VILA AND THE ANTONIAN MOVEMENT (1684-1706)

JOHN THORNTON pou si ,li pa lan MIT;misye konnen de kisa l ap pale!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN. Empty Re: Pou moun ki ize mo KON-GO an pou JOUMAN.

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum