Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Pokémon EV06 : où acheter le Bundle Lot 6 Boosters Mascarade ...
Voir le deal

Lanmou Mary pi fò pase lanmò!

Aller en bas

Lanmou Mary pi fò pase lanmò! Empty Lanmou Mary pi fò pase lanmò!

Message  jafrikayiti Sam 21 Avr 2012 - 21:04

(ENGLISH BELOW...)


Lanmou MARY pi fò pase lanmò!


Ala sezisman, ala lapenn ki te anvayi mwen, lè zanmi mwen Kevin te anonse m gwo malè sibit ki frape fanmi li dimanch 15 avril ki sot pase a. Mary Skerrett, manman Kevin, fè travèse li lò bò lantouraj lavi a, san li pa klaksonnen pou avèti pyès moun. Dayè, si li te malad, li pa te konnen.

Mwen ekri 2 mo sa yo pou mwen di Mary mèsi epi RESPÈ pou bèl pataj lavi noumenm, nou te gen chans fè ak li depi ane 2004. Se lanmou li te toujou abitye manifeste pou sa ki byen, sa ki jis, ki pèmèt chimen 2 fanmi nou yo te kwaze.

Mary te yon konkennchenn militan pou lapè - manm "Raging Grannies" (Granmè Ki Dechennen yo). Men, noumenm Ayisyen, se sitou nan Canada Haiti Action Network (http://www.canadahaitiaction.ca/), nou konnen travay li.

Jodi a, Kevin, frè li, Brian, papa li, Brian, ak tout lakòd fanmi yo mèt konnen, frè ak sè yo nan kominote Ayisyen an p ap janm bliye Mary, yon bèl ganmè ki te gen anpil lanmou nan kè li, pou tout moun, toupatou.

Seremoni pou selebre lavi Mary ap fèt samdi 28 avril nan vil Guelph.
http://www.lifenews.ca/guelphmercury/profile/270683--skerrett-mary-emery-nee-bigelow

Vwayaje, vwayaje ou Mary, ou fin travay nan dimansyon sa a. E, grasadye, ou kite bèl tras!

Respè!

Jafrikayiti
"lanmou pi fò pase lanmò !"




TRAVEL WELL DEAR MARY !

It was a shock, it was painful, it was overwhelming when my friend Kevin told me over the phone about the sudden tragedy that befell his family on Sunday April 15. Mary Skerrett, Kevin’s mother has crossed over the other side of life, without warning. If she was ill, it was unbeknowst to her.

I write this note to say to Mary « mèsi anpil » (thank you) and « respè » (much respect!) for the beautiful time we had the opportunity to share with her since 2004. The paths of our families met, thanks to the great love and passion Mary has always shown for justice and decency in our world.

Mary was a dedicated activist. For world peace, she sang along with the "Raging Grannies". But, for us Haitians, it is for her leadership role within the Canada Haiti Action Network (http://www.canadahaitiaction.ca/) that we know, honour and thank our beautiful sister.

Today, Kevin, his brother Brian, his father Brian, and their network of family and friends should know that their brothers and sisters within the Haitian community will never forget the kind and beautiful raging granny who had so much love in her heart for all people from all places.

A celebration of Mary’s life will take place in Guelph, on Saturday April 28, 2012.
http://www.lifenews.ca/guelphmercury/profile/270683--skerrett-mary-emery-nee-bigelow

Travel on sister Mary. Your work in this dimension is done, well done !
« Ou kite bèl tras!» (Your beautiful footsteps are visible indeed)

Respè!


Jafrikayiti
"lanmou pi fò pase lanmò !"
(love is stronger than death!)

Lanmou Mary pi fò pase lanmò! Mary_i10


Mary seated by her son Kevin (first from the left, second row) - at World Social Forum, Caracas, Venezuela, 2006

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum