Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

17 Oktob 1806-17 Oktob 2013

2 participants

Aller en bas

17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Empty 17 Oktob 1806-17 Oktob 2013

Message  jafrikayiti Jeu 17 Oct 2013 - 22:16


17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Lettre11
17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Lettre10

Sous: Histoire d'Haiti, Tome 3, Thomas Madiou

Alexandre Pétion te yon veritab sèpan, yon trèt sanvègoy ki te sanwont, san santiman. Sinik lan fin sasinen byenfetè nasyon an epi li gen odas ekri Enperatris la pou tante li ak yon bann ak yon pakèt manti.

Listwa fè nou konnen ki jan Enperatris Claire-Heureuse Félicité Bonheur, te repouse avans endesan Pétion te fè nan lèt sa a.

Li klè, se manti Pétion t ap bay puiske se nan lendijans fanmi Anperè a te viv epi mouri, pandan plizyè syèk, menm Enperatris la ki kite tè a, nan ane 1858.

Pétion te yon lach, yon sinik, yon enbesil ki malerezman enspire anpil enbesil parèy li ki vin okipe gwo pozisyon nan peyi a.


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Empty Re: 17 Oktob 1806-17 Oktob 2013

Message  Joel Ven 18 Oct 2013 - 7:30

ENPERATRIS lan se te yon FANM ki te kenben DIYITE l tout VI l.
Li mouri sou AFMINISTRASYON SOULOUK lan ;li te refize tout FAVÈ ke SOULOUK te vle fè l paske li te tande ke SOULOUK t ap touye MOUN.
Epitou PWOPAGANN NÈG T ap fè ke DESSALINES te gen de dizèn ak dizèn GILDIV ou byen ke l te akapare de MILYE de KARO de TÈ.
Kote BYEN sa yo te pase?
Si nou konsidere ke te gen FANMI ki te akapare TÈ apre ENDEPANDANS ;yo te kenbe TÈ yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Empty Re: 17 Oktob 1806-17 Oktob 2013

Message  jafrikayiti Dim 20 Oct 2013 - 8:43

Lèt sa a pote dat 19 oktob, kidonk 2 jou apre zak sansinay la, e Pétion konnen se lame ki reprezante sèl pouvwa sou teritwa a ki gen monopol vyolans pou li fè-e-defè. Li ekri madanm defen an, li di:


"oubliez que vous fûtes la femme de Dessalines, pour devenir l'épouse adoptive de la nation la plus généreuse, qui ne connaît de haine que contre ses seuls oppresseurs".

Li kontinye pou li di:

"Vos biens, vos propriétés, tout ce qui vous appartient, ou sur quoi vous avez quelques droits, est un dépôt confié à nos soins pour vous le transmettre dans toute son intégrité".


Listwa fè nou konnen Pétion ak volè parèy li yo, pa te janm remèt Enperatris la anyen nan byen fanmi an, yo te volè apre sasinay la. Menm byen Claire-Heureuse te fè ak premye mari li, nan Leyogàn, li pa te ka jwenn pou li viv. Se nan mizè li te viv pandan tout vi li.

Pétion te konsyan li komèt yon krim grav, yon patrisid!

Lèt sa a, se yon tantativ malpwop pou Pétion rekrite madanm viktim nan (kidonk, viktim li tou), nan yon kanpay pwopagann pou jistifye krim li fè a, devan je popilasyon an.

Pa bliye, se nan ane1806 nou ye. Kidonk, sa fè sèlman 5 ane depi Pétion te retounen sou zile a, nan menm bato ekspedisyon esklavajis Napoléon voye ak Leclerc a. Pétion konnen yo te toujou sispèk entansyon reyèl li. Anpil nan salopri sa yo pa te janm vle aboli lesklavaj, se privilèj pitit kolon yo, yo te vle jui. Apre krim sa a, yo te vle kalme kolè popilasyon an. Apa zàm militè ki te nan men yo, yo te bezwen pwopagann ak fos enstitisyon yo pou yo te ka kenbe pouvwa ak privilèj yo fin volè yo.

Lè Pétion ekri:

"C'est au nom de toute l'armée, dont je me glorifie aujourd'hui d'être l'interprète, que je vous prie, Madame, d'agréer l'assurance des sentiments qui l'animent pour vos vertus dont les traits gravés dans tous les coeurs ne pourront jamais s'effacer"

Se yon sinik k ap itilize menas ansanm ak flatri pou li pwofite sal men vèv la nan san defen mari li. Konsa, li ta ka montre nasyon an, sa li fè a pa pi grav pase sa, puiske menm madan defen an apwouve li.

Move chans pou salopri yo, Claire-Heureuse sete yon bon fanm, yon fanm karaktè, yon ewoyin ekstraodinè ki krache sou pwomès endesan sinik yo te fè l yo.

Sa pa etonan, ni lèt sa a, ni reyaksyon madanm Dessalines pa nan kourikoulom lekol tèt anba Frères de la destruction chrétienne yo kontwole nan peyi a.

Sa pa etonan non plis, chak ane, leta tèt anba a kontinye "selebre" lanmo Dessalines, olye yo komemore dat patrisid la epi "fete" jou manman Dessalines te akouche a.

Yon lot lekol, yon lot leta pou yon nasyon geri, se pou sa n ap feraye jouk rèv Dessalines nan tounen reyalite!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Empty Re: 17 Oktob 1806-17 Oktob 2013

Message  Joel Dim 20 Oct 2013 - 11:20

JAF;

Mwen fè remak sou IZIN SIK ,GILDIV a milye KAWO TÈ yo te di ke DESSALINES te akapare e mwen kwè ki lan MADIOU pou montre lan ki pwen pwopagann lan te rive pou tè sal DESSALINES.

Misye te rasanble PWOPRIYETE sa yo paske yo te san TIT ,li pa t di se pou li yo te ye.Si l te kenbe yo desandan l yo t ap miltimilyonè.
Mwen konnen yon FANMI ""ansyen AFRANCHI"" ki te gen de santèn KAWO TÈ lan PLÈN LEYOGAN lan ak yon bann ak yon pakèt GILDIV ;sa ki di se pa lan epòk sa a yo te akeri yo .
Se te youn lan FANMI ki pi RICH lan peyi an e se sou sa FÒTIN yo te baze.
Mwen pa p di NON yo ,paske n ap rekonèt yo ;apre sa yo te antre lan komès ""IMPORT-EXPORT"".
Mwen te li de pasaj lan MADIOU kote gen NÈG ki te kontan ke LECLERC t ap vini ak ekspedisyon l lan pou retabli LÒD lan KOLONI an.Yo pa t konnen vrè entansyon FRANSE yo vre .
Nèg sa yo t ap satisfè si FRANSE yo te ba yo an pe plis LIBÈTE menm si LÒD ANSYEN an te retabli.Sa vle di LESKLAVAY

Sa te rive lan GWADLOUP tou ;gen yon NÈG ki te rele MAGLOIRE PELAGE ki te kontan lè FRANSE yo rive lan ZILE an ,an 1802.
Pwoblèm lan se ke lè FRANSE yo te vini an FÒS ;pa t gen zafè MILAT ou byen AFRANCHI ankò.
Si w pa t BLAN se ou sinon yo te TOUYE w ,ou byen ou te retounen ESKLAV.
CHWA pou ta retounen ESKLAV lan pa t yon chwa ;yo te pi vit touye w ;paske si w te gen LAJ ADILT ou te enfekte ak virus ""LIBÈTE"" an.
Se rezon sa a ki fè ke kelkelanswa sa NÈG te panse ;yo pa t dwe touye DESSALINES paske se LADRÈS li ki te fè yo AN VI

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Empty Re: 17 Oktob 1806-17 Oktob 2013

Message  Joel Dim 20 Oct 2013 - 12:49

Epitou JAF gade kijan yon AYISYEN ak yon AJANTEN pale de BATAY LA CRÈTE A PIERROT an?
Se yon bagay ekstrawòdinè.Anpil ISTORYEN LATINO AMERIKEN e menm AMERIKEN di ke BATAY sa a se youn lan BATAY ki te pi ENPÒTAN lan ISTWA AMERIK lan.
Gen yon NÈG ki rele DOMEÇANT lan LE NOUVELLISTE menm ki di ke DESSALINES te pèdi BATAY lan.
Menm si misye te li ISTORYEN anti-DESSALINES yo tankou MADIOU ak ARDOUIN te ap wè ke BATAY sa a te ""hors du commun"".
Gen yon ISTORYEN AMERIKEN ki dekri batay sa a ;an lon e an laj ak dokimantasyon ke li pran lan men FRANSE ki te la yo e sa yo ekri di ke yo pa t janm wè TAKTIK kon sa e se de FRANSE ki te veteran BATAY ann EWÒP.

Jèn NEG tankou w gen anpil travay pou yo fè toujou.Gade sa NÈG DOMÈÇAN an di.
DATES DE LA VIE DE DESSALINES :
MARS 1802:
DESSALINES à travers les dates (gade fen ATIK lan)

www.lenouvelliste.com/article4.php?newsid=122725.

Gade sa yon ISTORYEN AJANTEN di.Pou yomenm BATAY sa a chanje ISTWA AMERIK lan si se pa PLANÈT lan paske li mete an MIYÈT MÒSO ,MIT siperyorite EWOPEYEN an:
LA REVOLUTION HAITIENNE ET LA DECAPITATION DE L'IDEAL EUROPEEN par
FRANCISCO BUSCAGLIA SALGADO
www.elcorreo.eu.org/La-Revolution-Haitienne-et-la?lang=fr

Neg ki di DESSALINES te pèdi BATAY lan ;korije sa.Paske misye pa t menm gen 500 TWOUP lan FÒ an tandis ke te dè MILYE TWOUP FRANSE ki te asyeje l.
Epitou apre de anpil PÈT ke lame franse an te sibi ;DESSALINES ak twoup li yo te kite FÒ an e retrete lan MÒN yo ak minimòm PÈT.
SE TE DI JAMÈ VI!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

17 Oktob 1806-17 Oktob 2013 Empty Re: 17 Oktob 1806-17 Oktob 2013

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum