Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
-20% Récupérateur à eau mural 300 litres (Anthracite)
79 € 99 €
Voir le deal

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

2 participants

Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Dim 11 Mai 2014 - 7:37

YON LEKÒL TÈT ANBA LAN YON PEYI TÈT ANBA
Kounye a nou pral pran yon egzanp byen rapid sou pwoblèm ki genyen
lè n ap fè lekòl an franse pou timoun ki pa menm pale franse. E trè
souvan, ata pwofesè yo pa alèz an franse.
Sa se yon sitiyasyon mwen te obsève ak 2 je m an 2011 nan yon lekòl
Leta nan Lagonav. Nan yon klas 3èm ane lekòl fondamantal, pwofesè a
ekri yon ti devwa sou syans natirèl kote elèv yo gen chwa ant plizyè
repons. Men sa nou wè sou tablo a, an franse : « Qu’est-ce qu’un arbre ?
Les arbres sont des : a) êtres vivants ; b) êtres non vivants ; c) êtres
passedant des pieds. »
Nou ka poze tèt nou kesyon ki kote pwofesè a soti avèk pawòl « êtres
passedant des pieds » sa a ? « Passedant » se pa yon mo franse. Genlè se
yon erè pwofesè a fè lè li te vle ekri « possédant ». Men, kote « des
pieds » sa a soti ? Pou ki sa a kote « vivants » epi « non vivants », nou
jwenn « [possédant] des pieds » ki vle di « ki gen pye » ?
Esplikasyon an senp. An franse, lè yo di «un oranger », an kreyòl nou
di « yon pye zoranj ». An franse, lè yo di « un bananier », an kreyòl nou di
« yon pye bannann ». Epi, mo kreyòl ki koresponn ak mo franse « arbre »
se « pye bwa ». Ki fè, pou pwofesè a se ka yon bagay nòmal pou li mande
elèv yo èske yo defini yon « arbre » kòm yon bagay ki gen pye
(« possédant des pieds »).
An nou analize reyaksyon yon elèv ki bay repons B a : yon « arbre »
se yon « être non vivant ». Mwen te nan klas la, m al mande elèv la : « Yon
pye bwa, èske l ap viv oubyen èske li p ap viv ? » Elèv la reflechi,

(MICHEL DEGRAFF)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Dim 11 Mai 2014 - 7:48

li di : « Yon pye zoranj, li bay zoranj, li bay fèy, li mouri, li grandi. Enben,
l ap viv. » Donk elèv la konprann ki jan yon pye bwa se yon bagay k ap
viv. Nou wè ki jan elèv la byen konnen ki repons ki kòrèk. Men, pou ki sa
li te chwazi repons ki te di ke yon pye bwa se yon « être non vivant » ?
Enben, se dwe paske an kreyòl nou jwenn espresyon « kretyen vivan »
ki vle di « moun ». Lè kon sa, ki sa elèv la fè ? Li fè yon koneksyon nan tèt
li ant pawòl « kretyen vivan » an ak pawòl « moun » lan. Yon pye bwa se
pa yon moun, se pa yon kretyen vivan. Donk li bay yon repons
ki lojik pou li selon konesans pawòl « kretyen vivan » an : yon pye bwa
se pa yon « être vivant ». Repons elèv la baze sou konesans lang kreyòl
ki nan tèt li a. Li pa konnen ke an franse mo « vivant » an ka sèvi pou pye
bwa tou. Sa se nòmal : elèv sa a se yon timoun ki pale kreyòl sèlman
lakay li, se yon timoun k ap viv nan yon kominote kote pifò moun pale
kreyòl sèlman, yon kominote kote mo « vivan » an sèvi pou dekri moun,
li pa sèvi pou dekri pye bwa.
Ki sa nou wè ? Nou wè kit pwofesè yo kit elèv yo, yo sèvi ak konesans
yo genyen nan lang yo pale a lè pou yo ni bay devwa ni reponn devwa,
menm si travay la ap fèt nan lang franse. Se sa ki fè kolèg nou Yves
Dejean analize pwoblèm sa a nan yon liv ki rele « Yon lekòl tèt anba, nan
yon peyi tèt anba ». Se yon kokennchenn liv an kreyòl sou
pwoblèm sa yo. Nan liv sa a, Dejean fè 2 remak ki trè enpòtan nan
refleksyon n ap fè ansanm la a. Premyèman, lè nou gade peyi
ki endepandan depi plis pase 100 lane, Ayiti se youn nan ra peyi kote
gen yon grenn lang tout sitwayen pale, epi lekòl pa sèvi ak lang sa a kòm
lang prensipal pou ansèyman epi pou egzamen. Sitiyasyon sa a vin kreye
yon baryè ki anpeche elèv yo fè pwogrè, ki fè yo pa fouti jwenn bon jan
edikasyon.12 Dezyèmman, Yves Dejean remake kouman fason yo sèvi ak
lang franse nan lekòl ann Ayiti bloke devlòpman peyi a.

12 N ap jwenn plis enfòmasyon sou pwoblèm sa a nan yon dokiman UNESCO ki rele «World
Data on Education. Haiti » :
http://www.ibe.unesco.org/fileadmin/user_upload/archive/Countries/WDE/

(MICHEL DEGRAFF)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Dim 11 Mai 2014 - 8:03

BÀTISTÈ LANG KREYÒL ANN AYITI KA ESPLIKE VYE PREJIJE KONT KREYÒL
kreyòl
Ki jan pou nou rezoud pwoblèm sa a ? Ki jan pou nou fè pwogrè ? Ki jan
pou nou mete pi bon lekòl nan peyi a ? Ki jan pou etidyan nou yo vin pi
maton pou yo ka rezoud pwoblèm peyi a ? Ki jan pou peyi a vin pi bon
pou tout moun ?
Pou nou konprann pwoblèm sa yo pi byen, nou pral suiv pawòl Pierre
Bourdieu ak Michel Foucault. Se kon sa nou pral chache konesans de baz
pou nou wè kouman pou nou fè pwogrè. Se kon sa nou pral gade batistè
lang kreyòl la. Sa enpòtan pou nou sonje ki jan lang kreyòl la se youn nan
rezilta kolonizasyon ak komès esklav ann Ayiti. Pwojè enperyalis sa yo
te vin mete lang ewopeyen, lang amerendyen ak lang afriken yo an
kontak. Se nan XVIIyèm ak XVIIIyèm
syèk kreyòl premye parèt kòm yon
nouvo lang nan Sendomeng nan tan lakoloni. Chapant lang kreyòl
ayisyen an soti nan kontak pami dyalèk franse avèk lang afriken ki te soti
nan zòn Afrik de Lwès ak Afrik Santral. Se anbisyon ekonomik ki te fè
Ewopeyen yo konsidere Amerendyen ak Afriken yo pi ba pase yo.
Ewopeyen te deklare Afriken ak Amerendyen pa te moun tout bon.
Deklarasyon sa a se pou yo te ka jistifye esklavaj sou plan moral ak sou
plan entèlektyèl. Nan menm epòk sa a, Ewopeyen te deklare ke sèvo
moun enferyè se sèvo ki kokobe, epi yo di ke se sèvo kokobe sa yo ki fè
moun sa yo pale lang ki kokobe (sètadi : lang ki enferyè). Se kon sa
prejije kont kreyòl vin devlope tankou yon konsekans misyon komèsyal
Ewòp te mete sou pye ann Afrik epi ann Amerik.13 Men, èske prejije sa yo
ka vreman fè kreyòl tounen yon lang enferyè devan lòt lang tankou
franse oubyen angle ?
Sou kesyon sa a gen sa yo rele diskou dominan. Diskou dominan an se
diskou yon kategori moun « anwo », moun ki gen plis vwa pase lòt, moun
ki gen plis otorite pase lòt… Nou pral jis site kèk pawòl ki soti nan bouch
sèten zotobre ki te panse yo maton sou kesyon lang ak istwa d Ayiti—kit
se Ayisyen, kit se etranje. Nou gen Anténor Firmin, antwopològ ayisyen,
ki se yon poto mitan nan etid sou Ayiti. Li te pibliye yon liv an 1885
ki rele « De l’égalité des races humaines », kote li te vle pwouve ke nwa ak
blan egal ego sou plan entèlektyèl. E poutan, selon Patrick-Bellegarde
Smith,14 Firmin te panse se franse ki pou fè Ayisyen vin devlope
entèlektyèlman, pou yo vin egal ego ak blan franse. Li te di pa gen pi bon
zouti pase lang franse pou ede yon Ayisyen ki vle devlope mantalman. Sa
vle di : Tout Ayisyen ki pale kreyòl sèlman pa ka egal ak Franse. Ala vye
rezonnman nan yon liv sou « egalite » ant blan ak nwa ! Apre sa, nou gen
Aimé Césaire, ekriven matinikè, ki te di menm vye kalite pawòl sa yo
kont kreyòl. Aimé Cesaire te ekri yon bèl diskou kont kolonyalis. Men, se
menm Aimé Césaire sa a ki te di : « Youn nan rezon ki fè Matinik gen reta
nan kilti li, se akoz nivo kreyòl li a. Lang kreyòl la toujou rete nan yon
etap devlòpman brid sou kou. Li pa ka sèvi pou esplike lide ki abstrè. »
Gen yon lòt save ayisyen ki rele Hénock Trouillot ki te di : « [Kreyòl]
fèmen tèt li nan chapant ki etwat epi ki limite. ... Òtograf li pa fikse,
sentaks li pa fikse. » Li te ekri sa nan yon liv li te pibliye an 1980 : « Les
limites du créole dans notre enseignement ». E poutan, Hénock Trouillot
se tonton Michel Rolph Trouillot ki te pibliye, an 1977, yon bèl liv sou
istwa d Ayiti an kreyòl : « Ti dife boule sou istwa d Ayiti ». Liv Michel
Rolph Trouillot sa a, ansanm ak tout lòt travay ki te deja fèt an kreyòl, te
deja byen montre ki jan chapant kreyòl la djanm—li pa ni « etwat », ni
« limite ». Epi, an 1980, Hénock Trouillot, kòm gwo istoryen, te dwe
konnen te gen yon evènman istorik ki te fèt anvan piblikasyon liv li an :
an 1980, te deja gen yon òtograf ofisyèl kreyòl. Leta ayisyen te « fikse »
òtograf kreyòl la an 1979. Yon lòt moun nou dwe site se Raphaël
Confiant, yon lòt moun Matinik ki ekri anpil liv an kreyòl matinikè e
ki resevwa plizyè gwo pri pou liv li yo. Confiant ekri yon liv ki rele Eau de
café (ki vle di « Dlo kafe ») kote gen yon pèsonaj ki di : « [N]ou ka amize
nou ak Kreyòl la, nou ka sèvi avè l pou nou di sa yon fi gen nan kè li, epi
nou ka apresye kèk ti odyans tankou kèk fri ki ra e ki bon nan bouch. »
Kidonk, lang kreyòl nan Matinik se yon bèl zam pou file fanm ! Epi nan
yon entèvyou li te bay nan jounal Chronicle of Higher Education an 2000,

(MICHEL DEGRAFF)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Dim 11 Mai 2014 - 11:09

Kèk remak DR IV DEJAN fè pou yon PIBLIK AMERIKEN


5. Isn’t Haiti ISOLATED by Creole?
Among the Great Antilles (Cuba, Jamaica, The Dominican Republic, Puerto
Rico) Haiti is singled out by the fact that its [eight] million inhabitants speak
Creole and a tiny minority of them also speak French. But, Haiti is not
isolated by this situation. Linguistic isolation would be possible if and only
if nobody in the large Creole-speaking Haitian community could learn,
understand and speak any foreign language and if no speaker, say of
Spanish, English, French could learn and speak Creole. People travel from
and to Haiti. Commercial & diplomatic exchanges exist between Haiti and
foreign countries. Telephone, radio and television connect Creole-speaking
Haiti to the world, a fact that was readily observable during the June-July
1998 world cup soccer tournament as millions of Haitians in Haiti followed
play-by-play broadcast of the matches in Creole.


6. Isn’t Creole responsible for Haiti’s
underdevelopment?
Nobody would blame the poverty of Bolivia on Spanish or the dire conditions
of 19th century Ireland on English. It makes no sense to explain
underdevelopment by the use of a particular language. More accurate
explanations can come from a careful examination of historical and social
factors like genocide of indigenous populations, slavery, colonization, greedy
exploitation of natural resources, wars, political instabilities, internal
troubles, dictatorships etc.


7. Does Creole have a scientific and technical vocabulary?

Native speakers of a particular language can borrow and adapt words from other languages to express new experiences and new knowledge .It's the expansion of formal education in the native language of a community that favors the use of this language in differents domains of knowledge.


8. Can one conduct or carry scientific discussion in Creole?

For more than a century ,educated Haitians who became physicians ,architects ,lawyers,agronomists,pharmacists etc...have been conducting debates and discussions in Creole.Although higher education is still restricted in Haiti,it is obvious that the ten thousand or more students at the university level in the country ,constantly engage in lengthy Creole conversations in their various domains of studies.

(YVES DEJEAN)


www.palmbeachschools.org/multicultural/documents/HaitianCreole-Basicquestions-Basicanswers.pdf

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Dim 11 Mai 2014 - 13:16

CREATION DE L'ACADEMIE DU CRÉOLE HATIEN:FUTILITÉ OU UTILITÉ SOCIALE


S'il fallait se situer objectivement dans ce débat qui verse parfois plus dans l’idéologique que dans le scientifique, nous dirions pour notre part, que s’il y a une chose importante que nous partageons avec les Français, ce n’est sûrement pas la langue française. Utilisé par une infime minorité d’Haïtiens incapables pour la plupart de l’utiliser correctement dans toutes les situations de la vie courante, le français ne constitue pas une langue haïtienne. Affirmer que le français est une langue haïtienne présuppose que le peuple haïtien communique et s’identifie à travers cette langue, ce qui est une aberration. Sachant que la langue représente l’un des éléments les plus fondamentaux de l’identité collective culturelle, peut-on en toute objectivité soutenir que le français est une langue haïtienne? Dans quelle mesure le français remplit-il des fonctions de communication, d’expression et d’identité dans la société haïtienne? Le français est certes la langue que les quelques Haïtiens scolarisés utilisent à l’écrit. Il est vrai que notre littérature est majoritairement écrite et/ou transcrite en français. Mais cela ne fait pas du français une langue haïtienne puisque ces textes produits par une poignée d’écrivains francophones haïtiens ne s’adressent pas au peuple qui de toute façon ne les comprendrait pas.

En réalité, l’aspect culturel le plus important que les Haïtiens ont hérité de leurs anciens maitres colons français ce n’est pas la langue française. Ce sont plutôt les séquelles de la colonisation exprimées sous forme d’aliénation collective et d’un besoin persistant de domination de la masse par les élites haïtiennes. À ce sujet, le docteur Jean Price Mars déclare que «La domination économique du peuple par l’élite a pris dans le passé et se poursuit dans le présent sous la forme la plus odieuse et la plus tyrannique.» (1917, p. 45). Le 17 octobre 1806, quelques Noirs qui avaient des ambitions politiques ont prêté mains fortes aux Mulâtres pour assassiner Dessalines ainsi que son projet de création d’une nation où tous «les Haïtiens ne [seraient] désormais connus que sous le nom générique de Noirs» (Article 14, Constitution d’Haïti, 1805). L’article 14 de la constitution de Dessalines peut être vu comme une démarche visant à résoudre les problèmes d’identité, de couleur et de langue en Haïti.

Pourtant, après la mort de Dessalines, les élites haïtiennes composées de Mulâtres et de Noirs aliénés ont perpétué cette tradition de dichotomie sociale qui était bien ancrée dans le système colonial. Dans la société post-dessalinienne, les élites avaient tous les privilèges tandis que la masse paysanne, complètement défavorisée, était exclu de tout. Cette nation haïtienne, qui allait à l’encontre de la vision de Dessalines, se basait, et est encore basée jusqu’à présent, sur des rapports malsains opposant mulâtres et noirs; citadins et paysans; catholiques et vodouisants; francophones et créolophones. La société haïtienne n’a jamais pu venir à bout de ces pratiques institutionnelles héritées du système colonial principalement à cause de la mauvaise foi des élites haïtiennes aidées de leurs acolytes étrangers.

(FRENAND LÉGER-UNIVERSITY OF TORONTO)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Sasaye Dim 11 Mai 2014 - 20:08

Joel,
Mèsi pou atik saa.
Se yon aprôch ki genyen yon vizyon reyalis.
Mwen dakô ak pwendvi sayo.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Lun 12 Mai 2014 - 6:29

SASAYE;

Se pou nou li sa NÈG sa yo ap ekri.LÉGER t ap travay pou DEPATMAN EDIKASYON BAHAMAS.Li te an CHAJ prensipalman pou l entegre ti AYISYEN yo lan SISTÈM lan.
Teyori misye sou kesyon sa a sè ke 20% popilasyon BAHAMAS lan pale KREYÒL se 2zyèm LANG peyi an.
Misye di tou lan lòt bagay mwen wè li ekri ke AYITI pa gen 2 LANG.AYITI gen yon sèl LANG ,se KREYÒL.
Se yon bagay YVES DEJEAN toujou ap di tou.
FRENAND LEGER (prenon l se FRENAND pa FERNAND) ap ekri TÈZ DOKTORA l pandan ke li se ASISTAN lan DEPATMAN FRANSE lan INIVÈSITE TORONTO-CANADA


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Lun 12 Mai 2014 - 13:13

Kontinyasyon OPINYON FRENAND LEGER sou AKADEMI KREYOL lan


Il est temps que les élites haïtiennes comprennent que leurs privilèges sociaux impliquent des responsabilités sociales. Selon Jean Price Mars «Le seul étalon auquel on [peut] mesurer la valeur d’une élite c’est son utilité sociale.» (1917, p. 45). L’élite économique, pour se racheter, pourrait investir un peu de leur fortune amassée sur le dos du peuple, dans des projets sociaux visant à améliorer le sort des opprimés. Quant à l’élite intellectuelle, particulièrement ceux qui s’adonnent à l’écriture, il faudrait qu’ils assument leur responsabilité d’écrivains en évitant d’écrire exclusivement en français pour ensuite se justifier par des excuses maladroites telles que «une langue est un simple instrument de communication inter-humaine, un outil plus ou moins efficace, plus ou moins adapté à telle ou telle tâche.» (Métellus, 2003, p. 264). Plusieurs grands penseurs du 20e siècle tels que Sartre, Foucault, Barthes, et Fanon ont démontré, contrairement aux propos de Jean Métellus, qu’une langue n’est pas neutre; qu’elle ne constitue pas un simple moyen de communication passe-partout qu’on peut remplacer par d’autres langues sans aucune conséquence socio-économique et culturelle. La langue, chargée de valeurs symboliques essentielles, est le reflet de l'identité profonde de la communauté qui l’utilise. De ce fait, elle joue un rôle extrêmement important dans le développement économique, politique, culturel et social.

En ce qui concerne les arguments contre la création de l’Académie du CH, nous comprenons que les linguistes utilisant une approche descriptive se sont traditionnellement opposés aux travaux normatifs des académies de langues qui, selon eux, contribuent plus à appauvrir les langues qu’à les enrichir. Tout cela est vrai jusqu’à un certain point. Mais cela ne peut en aucune manière constituer un argument valable pour déclarer que nous n’avons pas besoin d’une académie de CH en Haïti. Premièrement, pourquoi faut-il absolument que l’Académie du CH soit calquée sur le modèle de l’Académie française ou de l’Office de la langue française du Québec? D’ailleurs, nous ne pouvons pas comparer la situation linguistique d’Haïti aujourd’hui avec celle de la France au XVIIe siècle. Il en est de même pour le CH en Haïti et le français au Québec puisqu’il s’agit de deux communautés distinctes; l’une sous-développée économiquement et l’autre super-développée. De plus, le CH en tant que langue a émergé et s’est développé dans un contexte socio-historique très différent de celui du français que ce soit en France, au Québec ou dans n’importe quel autre pays occidental économiquement développé. Il ne s’agit donc pas de créer une académie de CH qui va copier ou reproduire ce qui a été ou ce qui se fait dans les autres académies de langue à l’étranger. Mais cela ne signifie pas que nous ne pouvons pas nous inspirer de certains travaux utiles de ces institutions académiques tout en veillant à bien les adapter à la réalité linguistique haïtienne.

Le rôle d’une académie de langue ne se limite pas à un travail purement normatif et de codification et même si c’était le cas, il n’y en aurait pas que des inconvénients. Soulignons ici que le premier projet de l’Académie française, quand il a été fondé en 1635, a été de faire l’inventaire des ressources lexicales du français en vue de la production d'un dictionnaire monolingue exhaustif. Malgré tous les défauts que certains linguistes prêtent au dictionnaire de l’Académie française, l’élaboration d’un dictionnaire monolingue constitue néanmoins une démarche nécessaire au développement du code écrit de toute langue. C’est d’ailleurs ce qui manque le plus actuellement au CH pour qu’il puisse couvrir les usages administratif et éducatif que lui confère la Constitution de 1987. Nous sommes arrivés à un stade dans le développement du CH où il est urgent de promouvoir le code écrit de cette langue. Une institution comme l’Académie du CH peut aider en ce sens car comme dit Raphaël Confiant «On ne peut pas contraindre un locuteur à parler d’une manière particulière mais il est tout fait possible de l’amener à adopter progressivement une norme écrite» (2001, p. 15).

L’acquisition du code oral d’une langue maternelle est un processus naturel, mais l’apprentissage de l’écrit est culturel. Ordinairement, l’être humain, dans les premières années de sa vie, acquiert le code oral de sa langue maternelle tout naturellement sans l’intervention d’une institution quelconque. Mais de par sa nature culturelle, l’écrit s’apprend généralement à l’école à l’aide de matériels écrits didactiques et pédagogiques préparés à cet effet par des individus et/ou des organismes selon une norme écrite préalablement établie par une autorité quelconque. Sans l’intervention d’une autorité pour établir des bases de référence sur la façon d’écrire le CH, on risque de voir se perpétuer le problème actuel qui se situe à plusieurs niveaux dont nous ne mentionnerons que deux ici.

D’abord, il y a un certain nombre d’Haïtiens qui refusent d’utiliser certains aspects de l’orthographe officielle du CH pour des raisons idéologiques, mais aussi dans une certaine mesure pour des raisons scientifiques. Comme nous ne pouvons pas nous permettre d’avoir plusieurs normes écrites, il reviendrait à la future Académie du CH, en concertation avec tous les créolistes, linguistes, militants et professionnels de tous les domaines intéressés à la question du CH, de faire le point sur la norme écrite déjà existante. Tout le monde serait par la suite naturellement contraint d’utiliser cette norme une fois des textes d’importance sont produits suivant cette norme. Ensuite, il y a également un certain laisser-aller chez la plupart des scolarisés haïtiens qui se permettent d’écrire le CH avec des mots orthographiés en français sous prétexte qu’ils n’ont pas appris à lire et à écrire dans cette langue. L’orthographe du CH, comme nous le savons, peut être apprise en très peu de temps par les locuteurs natifs de cette langue qui ont été scolarisés en français. Pour résoudre ce problème, il faudrait d’abord exposer ces gens à une vaste gamme de documents de tous les jours écrits uniquement en CH pour les mettre dans une situation où ils n’ont pas d’autre choix que celui de fonctionner comme il faut en CH et d’utiliser correctement cette langue à l’écrit.

Considérant le contexte socio-historique particulier d’Haïti ainsi que la relation problématique de dominé symbolique que le CH entretient avec le français pendant trop longtemps; et vu le contexte actuel où il y a un discours national et international sur la reconstruction ou la refondation d’Haïti, il faut une réelle intervention linguistique dans tous les domaines de l’état car la langue joue un rôle fondamental dans la construction de tout état-nation. Nous assistons à l’exclusion du peuple haïtien, plus précisément de la masse paysanne et du prolétariat urbain, dans le projet de reconstruction de leur pays car ce sont des langues étrangères notamment le français et l’anglais qui dominent le discours écrit sur le projet de reconstruction d’Haïti. Cela signifie que la mise en place théorique du projet de reconstruction d’Haïti est en train de se faire selon une vision qui n’est pas celle du peuple haïtien. Et s’il en est ainsi c’est parce que les gouvernements haïtiens ont toujours joué un rôle quasi inexistant dans ce que l’on pourrait appeler aménagement linguistique en Haïti. Jusqu’à présent, il n’y a pas de consensus national sur les rôles à assigner au CH. L’application de l'Article 40 de la constitution de 1987 relève d'une décision politique. Cependant, l’état haïtien n’a aucune politique linguistique. Pour que la future Académie de CH puisse travailler à la revalorisation du CH et à son enrichissement linguistique afin de le permettre de couvrir tous les nouveaux domaines d’utilisation qui lui sont assignés par la constitution, il est impératif que le gouvernement actuel ait une véritable politique linguistique clairement déclarée.

En conclusion, nous dirions que s’il est important, dans un premier temps, d’investir dans la construction et/ou la reconstruction d’infrastructures matérielles, il est, à notre avis, encore plus important, et nous dirions même essentiel, d’investir dans un système politique, juridique, économique, éducative qui s’enracine dans la culture populaire tout en tenant compte des exigences du monde moderne. Le projet de reconstruction ou de refondation de l’état haïtien, pour ne pas échouer comme les autres projets sociaux précédents, doit nécessairement inclure tous les secteurs de la société haïtienne et particulièrement les paysans qui représentent près de 60% de la population. Ce projet devrait envisager une politique nationale de développement économique et sociale du milieu rural haïtien ainsi qu’une compagne nationale de revalorisation de la langue et de la culture populaire. Rappelons pour finir qu’une nation ne constitue pas seulement une construction politique. C’est aussi et surtout une entité culturelle dans son essence. Autrement dit, ce qui représente le fondement de tout état-nation c’est cette indispensable identité collective culturelle dont la langue représente l’élément le plus important.


Frenand Leger, PhD cand.
University of Toronto
Auteur de Pawòl lakay
frenand.leger@utoronto.ca


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Mar 13 Mai 2014 - 9:16

Apre lendependans ann Ayiti, vin gen yon elit lokal (yon ti ponyen
milat ak nwa) ki vin ranplase blan franse yo, e ki vin sèvi ak franse kòm
baryè pou yo asire dominasyon pa yo sou mas pèp la. E se kon sa
yo menm tou yo vin gaye yon pakèt vye prejije kont kreyòl pou eseye fè
mas pèp la ret « nan plas li ». Se kon sa pakèt vye prejije ki te deja egziste
nan tan lakoloni kont kreyòl vin gaye pi rèd toujou apre lendepandans.
Prejije sa yo te vin antre nan konsyans anpil moun nan tout klas
sosyal ann Ayiti, ata pami mas pèp la. Se kon sa moun sa yo menm (ki
pami « moun anba » yo) te vin konsidere tèt yo kòmkwa yo enferyè
devan moun elit yo (« moun anwo » yo) paske moun anba yo pa rive pale
franse. Se kòm si se entelijan elit la pi entelijan ki fè yo rive pale franse.
Men, sa se manti : rezon ki fè timoun elit yo rive pale franse, se paske yo
leve nan kay kote yo tande franse k ap pale tout lajounen ; epi tou, yo
jwenn bon pwofesè franse nan bon lekòl ki ka montre yo bon franse.
Timoun nan mas pèp la, yo pa jwenn ni youn ni lòt pou yo rive aprann
franse : yo pa jwenn bon franse lakay yo e yo pa jwenn bon franse nan
lekòl yo. Se sèlman yon ti kantite tou piti pami mas pèp la ki janm rive
pale franse, lè yo gen yon ti chans pou yo jwenn bon pwofesè epi yo gen
kokennchenn talan pou yo aprann lang (se sèlman yon ti ponyen kretyen
vivan ki ka gen talan sa a). Se pa sòt yo sòt ki fè majorite pèp la pa ka
pale franse : yo pa pale franse paske pifò moun nan kominote yo se
kreyòl sèlman yo pale tout bon, ata pwofesè lekòl yo. Menm timoun
pèp sa yo, lè yo rive Miyami oswa Nouyòk oswa Boston, yo aprann angle
kou rat paske y ap viv e y ap laye maten-midi-swa nan kominote kote yo
tande angle k ap pale tout lasentjounen.
Edikasyon pou tout moun—tout bon vre

(MICHEL DEGRAFF)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Mar 13 Mai 2014 - 14:17

Franchman ,sa ke FRANTZ FANON ki petèt EKRIVEN ANTIYÈ ki pi SELÈB lan MONN lan te di sa gen plis ke 60 an de sa rete DAKTYALITE.
Misye ki te deja wè valè LANG KREYÒL lan te di sa ke gen NÈG panse de LANG lan e si misye te vivan toujou li t ap jwenn ke gen NÈG ki kontinye panse menm jan.
FRANTZ FANON te rele mesyedam sa yo ""ALYENE"".
Lan liv li an TEMPS MODERNES ""HAITI-MARTINIQUE,GUADELOUPE"",JEAN PAUL SARTRE te di peyi sa yo ou byen KOLONI sa yo te gen pou yo abandone LANG FRANSE an.
MATINIK ,GWADLOUP te KOLONI ki vin DEPATMAN FRANSE.
E AYITI ki ENDEPANDAN,ki ENDEPANDAN dikdantan ;sa k pase menm?

Tankou FRANTZ FANON ta ka di l si l te vivan:

TRÒP ALYENE!

http://classiques.uqac.ca/classiques/fanon_franz/peau_noire_masques_blancs/peau_noire_masques_blancs.pdf

(PAJ 45,46,47)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Joel Mer 14 Mai 2014 - 9:22

Wi ,si nou li LIV FRANTZ FANON an petèt youn lan pi GRAN pami ,ou gen dwa di, 5 ENTELEKTYÈL NWA lan 20yèm syèk .
A pa de ANALIZ ANELYASYON moun NWA lan tan l yo e ENFLIYANS li te gen sou preske tout MOUVMAN LIBERASYON NWA lan MONN lan ;mwen sonje OZETAZINI lan lanne 1970s yo ,tout JÈN NWA ki te lan MOUVMAN AFWO-SANTRIK ou MOUVMAN DWA SIVIK yo pa t janm manke pa site FRANTZ FANON.
FANON tou se te CHE GUEVARA lan MOUVMAN LIBERASYON ALJERYEN an ""FLN"" ;misye pa t ALJERYEN ,li te MATINIKÈ men li te lan direksyon FLN lan ,anvan li te mouri TWÒ JÈN.

Gen yon bagay FANON site.Se te lè sèten MATINIKÈ ki t al etidye an FRANS  ,lè yo tounen lan PÒ MATINIK  yo ;yo tonbe ap pale FRANSE ak MOUN yo;yo te gen tan bliye pale KREYÒL.
Se kon sa mwen te tande yon AVOKA AYISYEN ki ap pale lan RADYO;chak kesyon yo poze misye an KREYÒL ,li reponn an FRANSE.
Tan kou sa FANON konn di ,ki sa misye vle pwouve?
Mwen kwè ke se NÈG sa a ,MATELI nonmen alatèt KONSÈY ELEKTORAL lan.
Ak yon NÈG konsa ,nou deja wè kote nou GAD!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan Empty Re: Kontinyasyon OPINYON DEGRAFF ak lòt espesyalis sou kesyon KREYÒL lan

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum