Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -28%
Brandt LVE127J – Lave-vaisselle encastrable 12 ...
Voir le deal
279.99 €

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

4 participants

Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Joel Ven 27 Juin 2014 - 8:02

Misye gen lè kite sa

Se pou yon ti tan pase anvan pou yon DISKISYON FRAN fèt sou sa misye kite.
Misye se youn lan NÈG ki te gen anpil ENFLIYANS sou yon JENERASYON .

Mwen ta renmen NÈG fè sa franchman.
Ka te gen pozitif ,gen anpil NEGATIF tou!

.


Dernière édition par Joel le Ven 27 Juin 2014 - 16:22, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Joel Ven 27 Juin 2014 - 12:30

Décès de l’ancien Président Leslie François Manigat
Plus de détails suivront

Publié le vendredi 27 juin 2014

Kiskeya a appris la terrible nouvelle de la mort de l’ancien Président Leslie François Manigat à l’âge de 83 ans aux petites heures de ce vendredi 27 juin 2014. Né à Port-au-Prince en août 1930, Leslie Manigat s’est illustré à plus d’un titre dans plusieurs domaines de la vie nationale. Enseignant, homme de lettres, orateur émérite et tribun politique passionné, un des grands intellectuels de sa génération, Leslie Manigat aura indéniablement laissé sa marque dans l’histoire nationale. Plus de details suivront HI/RK



Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Joel Sam 28 Juin 2014 - 19:00

Mwen pa konn pou ZÒT.Diskite sa ZÒT ap di se voye WÒCH pou konble lanmè.

Mwen ta renmen JÈN MOUN yo kesyone pakou MANIGAT.
Se pou pa gen sòt politisyen sa yo ankò.De NÈG ki vle pouvwa paske yo ""SAVE""

Te gen sòt politisyen sa yo lan rès AMERIK LATIN lan ,pèp yo vire DO ba yo.
LULA DA SILVA genyen 2 ELEKSYON lan BREZIL kont 2 NÈG ki gen DOKTORA .
LULA chanje ISTWA BREZIL ;misye fè BREZIL vin yon grann pwisans .
Se pa t lan plede ap di li KONNEN ;li montre ke l konnen.

Sou zafè LA SORBONNE lan ;se pa mwen ki ap di l se FRANSE yo yomenm ki ap di ke LA SORBONNE vin yon INIVÈSITE BÒLÈT.

Gen NÈG ki ap viv KANADA ;Mwen kwè ke LIONEL JOSPIN ,si m sonje ,t ap di se pou INIVÈSITE FRANSE yo vin menm jan ak INIVÈSITE KANADA yo.
Mwen li anpil bagay ke mesye yo ekri sou SORBONNE.Yo di ke l chaje ,ke l ranpli e mwen pa kwè ke SORBONNE menm lan sa yo rele SHANGAI LIS ,200 meyè INIVÈSITE sou PLANÈT lan.

Se lan bagay ""konnen "" sa a ki fè ke LEPANDYÈ ki prezidan CEP ;ki san dout yon FASIS ,vin prezidan CEP an.
Mwen te tande menm yon MOUN tankou DIEUSEL DERAS ki renmen voye FRANSE l monte tou ,pou l montre ke l konnen ap di ke NÈG sa a byen prepare paske l te a LA SORBONNE.

Nèg ki te etidye lan AFRIK DI SID lan ,misye osi edike ke ZÒT ,men mwen pa janm tande l ap di ke l konnen.
Misye ekri kont LIV li tou ke w ka wè sou AMAZON.com men misye rantre sòti AFRIK DI SID li jis ap sèvi pou l fè sa l dwe fè.

Epi gen MOUN ann AYITI ki toujou ap monte sou do l ;pou yo di l vòlò ,asasen epi se FLÈ yo toujou ap voye pou MANIGAT.

Mwen pa p kritike MANIGAT;li te petèt yon bon ENTELEKTYÈL men li pa t yon bon POLITISYEN.

Annou vire do bay PRATIK 19yèm syèk yo ke MANIGAT te reprezante ;annou modènize POLITIK lan ann AYITI!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Marc-Henry Sam 28 Juin 2014 - 23:30

Joel
Deba saaa ap fet kan mem sou FowomAyiti. Eske nou ka pale de projè Manigat konkretman ?
Apre obsèk nasyonal defun an , nap vini brase lide sou leritaj du professeur , quel eritaj ?
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Joel Dim 29 Juin 2014 - 9:25

Pou peyi an modènize fò k ta gen yon deba konsa ki fèt.

Zafè ""le pouvoir aux plus capables"" 19yèm syèk lan ,se pou l rive lan fen l.
""pi kapab"" lan ki SANS.
Zafè ""pi kapab"" lan se de sa sèlman ke NEO-FASIS SAUVEUR PIERRE ETIENNE ap pale.

Lan KONFERANS WANNSEE an ALMAY an 1942 .Se te konferans ke HEYNDRICH te OGANIZE pou SOLISYON FINAL lan.
Te gen 13 MOUN bò TAB KONFERANS lan ;7 ladan yo te gen DOKTORA ,Pwofesè lan INIVÈSITE.

Ann AYITI yo pa p kite DISKISYON sa a fèt.RADYO pito kontinye ap bay manti.

Se tankou bagay ""pédagogie du deuxième tour"" ke MANIGAT ak patizan l yo t ap pale.Mwen tande yon pèsonalite RADYO NOTWA anti-LAVALAS ap di se pou te gen 2zyèm tou.
Li menm di ke LULA te ale lan dezyèm tou,pouki sa li pa t kite AYISYEN yo fè 2zyèm tou an 2006.

Menm bagay lan te rive an DOMINIKANI an 2000.Chif yo la.
HIPOLITO MEJIA ki te genyen ELEKSYON pa t fè 50% .Yo konte e rekonte yo pa t ka jwenn 50% +1
Yo pa t kontinye ap gonfle BWAT VÒT ak VÒT BLAN tankou NEO-FASIS AYISYEN yo t ap fè non.

DANILO MEDINA ,ki prezidan kounye an ,te fè 24,96 %
Misye rekonèt ke li pa t kapab BAT MEJIA lan yon 2zyèm TOU e li te dakò pou t pa gen sa.
Kandida yo di yo dakò tou ke yon 2zyèm TOU t ap koute DOMINIKANI twòp LAJAN e yo dakò pou pa t gen sa.

SE MESYE SA YO KI PATRIYÒT.
Men rezilta ELEKSYON 2000 yo an DOMINIKANI:

http://pdba.georgetown.edu/Elecdata/DomRep/pres2000.html

Wi MAK;
Yon diskisyon a pwopo de MANIGA se pa sou vi pèsonèl li pou l fèt ,se sou sa te li reprezante.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Marc-Henry Dim 29 Juin 2014 - 23:08

Joel

Pa gen zafè vi pèsonèl kap pale la non . Mwen swete yon deba sur le politicien . Eske nou ka di ke Manigat kite kichoy pou nouvel generasyon an ? A l'instar d'un Alphonse Desjardins au Quebec ou du docteur Camille Laurin , Gerin lajoie ,etc. Eske nou ka pale de Manigat comme modèl pou jenerasyon kap vini yo ?.

En attendant , toutes mes sympathies à la famille.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Joel Lun 30 Juin 2014 - 7:09

-------- a écrit:Joel

Pa gen zafè vi pèsonèl kap pale la non .  Mwen swete yon deba sur le politicien  . Eske nou ka di ke Manigat kite kichoy pou nouvel generasyon an ? A l'instar d'un Alphonse Desjardins au Quebec ou du docteur Camille Laurin , Gerin lajoie ,etc. Eske nou ka pale de Manigat comme modèl pou jenerasyon kap vini yo ?.

En attendant , toutes mes sympathies à la famille.


MAK;

Misye se yon pèsonaj piblik.Ou konnen mwen te konn opine sou misye depi l te vivan.

Konbyen MOUN ki li  LIV MANIGAT ekri yo.
Pa gen anyen ki di ke MANIGAT t ap yon bon prezidan ke l t ap modènize peyi an jan NÈG ap di.
LEOPOLD SEDAR SENGHOR  ki te diplome SORBONNE anvan MANIGAT ,ki te MANM AKADEMI FRANSE pa t yon bon PREZIDAN pase sa.

SENGHOR te rantre lan KONPLO kont PATRICE LUMUMBA a,limenm ak HOUPHOUET BOIGNY.
Granpapa MANIGAT FRANÇOIS MANIGAT te diplome LA SORBONNE tou ;menm jan ak prezidan SALOMON  tou ,si gen MOUN ki pa t konnen.

Gen NÈG ki gen AVANTAJ pou yo voye MANIGAT monte.

Yo gen yon bagay ""le savoir"" rans.Sa le ""savoir"" lan ye ou pa konnen.
Pou ba w yon egzanp ,gen MOUN ki te dèyè madan MANIGAT paske l SAVE.

Mwen te tande yon diskisyon ke madan MANIGAT t ap patisipe ak K PLIM.Se lave EVANS PAUL te lave madan MANIGAT.
Madan MANIGAT pa t lan KLAS K-PLIM ki konnen DOSYE yo byen ;se pa lan LIV li te li yo!

Mwen pa kont pou yo bay MANIGAT FINERAY NASYONAL men lan POLITIK ,DOSYE misye pi NEGATIF ke POZITIF.
SE OPINYON M!


Mak;

Tikrik Tikrak ou tande NÈG ap pale w de SORBONNE,jis jounen jodi an.

Sa a se dènye SHANGAI LIST lan ;2013.
Se yon LIS CHINWA yo fè .se pou yo chwazi kote gouvènman CHINWA yo ap voye CHINWA pou yo etidye.
CHINWA yo depanse dè dizèn de MILYON DOLA pou sa .Yo pran sa trè o serye.
Pou NÈG ki kontinye ap di SÒBÒN,SÒBÒN yo ,kote LA SORBONNE?

www.shanghairanking.com/ARWU2013.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Rico Jeu 3 Juil 2014 - 11:11

bon koneskok di ki moun ki li liv Manigat ekri. Ebyen moun ki gen enterè an plis ki pa avèg . Mande ko pwofesoral Inagi ak tout etidyan Inivèsite sa e lot.

Maniga pa ekri roman ou bagay ti komik. Tonas enfome w byen ,  Se yon prof , fondatè premye ekol fomasyon politik, diplomatik an Ayit ZANSÈT INAGI SE MANIGAT KI TE OUVRI L SOU DIVALYE.i. An plis ekri anpil ouvraj  an kolaborasyon ameriken, lot ekriven latino.

Liv li depase peyi dAyiti kote lot inivèsitè itilize.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Joel Jeu 3 Juil 2014 - 12:21

Tankou m di l ,mwen okouran pasaj MANIGA;ke se politik ,ke se entelektyèl.
Byen anvan 1986.
Mwen di zòt sispann pèsonalize bagay yo ,tonnè fout.

Nou gen dwa diskite merit ak defo MANIGAT ki se yon pèsonaj piblik .
Jan politik lan ye kote NÈG ap repete bagay 19yèm syèk ,MANIGAT gen yon responsabilite lan sa.

Lepandyè sa a ki ap dirije KONSÈY ELEKTORAL lan ki plede ap voye FRANSE monte .Menm lè JOUNALIS poze misye yon kesyon ,se an FRANSE pou l reponn sa vini tou dwat lan LIYE MANIGAT.
Anvan 1986,mwen te konn li sa MANIGAT ekri ;mwen te konn tande misye sou RADYO AYISYEN yo tankou ""MOMAN KREYÒL"".

M ale!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Rico Jeu 3 Juil 2014 - 19:45

Ki koze sa pale franse tounen jouman. Poutan jan wou menm ak zot pwenti dyol yo pou ekri franse sou sit la.

Maniga ale nan inivèsite bolÈt pandan Tu tud kinan w lan se Afrik di Sid nan gwo Inivèsite zoulou li gen gwo plom.

Wou kraze Maniga, wou krache sou kadav li memn lè li mouri.

Otan se lahenn. mepri, mechanste ki nan kè w, ki nan zantray-ou

Wou menm di tout sali fè se negatif. À la kote gen moun sot pou lwanje, pale de yon moun.

Pandan gwo konèsko, lavalasyen ro nivo ti JOEL ESKIZE M GRAN JOEL SOTI GWO LIV, GWO AGIMAN POU DEMOLI MANIGA.

bravo jojo, mete pou li.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Marc-Henry Jeu 3 Juil 2014 - 20:33

Rico
Wou di ke Ayiti fome des diplomat , kote diplomat sa yo . Ou on en est avec la diplomatie haïtienne ? Wouy!
Yon bann diplomat tet chat ...tet kale.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Sasaye Jeu 3 Juil 2014 - 22:51

Tou pas, tou kas, tou las. (Riko, traduy pou yo.)

Maniga pase sou sèn nan. Kounyea lale.
Li ta kapab kite gwo eritaj ak gwo konesans li genyen, men konesans pa anpeche yon nèg fè magouy.
Konesans mande bonsans ak moralite ak sajès e bon jijman.

-Maniga pa t dwe al prezante l kòm kandida apre masak riyèl Vayan. E lè se sèlamn 10% votan ki mete vòt pou li, misye monte sou radyo ( mwen te tande l ak 2 zòrey mwen) poul di ke eleksyon yo valid e lejitim ak 10%.

-Misye te antre lan konsanti ak Nanfi pou pran pouvwa lan pòt dèyè.

-Nanfi te pi entelijan ke Maniga. Li kraze misye ak kalòt epi li ranvèse l paske Maniga te konpran li te pi entelijan lan eseye mòde men ki te mete l lan plas la.

-Ki sajès yon nèg konsa geyen, lè li ensilte tout yon popilasyon paske yo pat vote pou li.
Chen tounen al niche vomi yo!  

Anpasan, nèg OPL yo rele Sovè an, fenk komèt menm erè lè l di ke ayisyen pito medyokrite ke konpetans.
Misye chire, li mèt kite sa. Kouman pou yo ta vote pou misye apre sa.
Ayisyen pa sòt konsa e yo pa bliye.

Lerè è di domèn de lòm. ( Riko, traduy pou men, tanpri.)

Ke son nam repoz anpè.

Nouvèl jenerasyon politisyen anrout.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Joel Ven 4 Juil 2014 - 7:06

Se pou yon kritik fèt de MANIGA ,san voye monte paske misye te gen yon gran enfliyans sou kèk jenerasyon.
Lè de NÈG tankou JERA PYÈ CHAL antre lan magouy ,antre lan goumen ak ARISTID paske se yo ki gen le SAVWA ,se yo ki pou dirije ,ou gen dwa trase sa ka MANIGAT.
E bagay sa a ,pretansyon sa yo fè NÈG fè bagay yo pa t dwe fè ,si nou li dènye LIV ki ap ekri yo ;tankou ""DAMMING THE FLOOD"" ak ""PARAMILITARIES AND THE ASSAULT ON DEMOCRACY IN HAITI"".

Nèg sa a mwen kwè ke misye rele FRITZO CANTON ,ki plede ap grennen FRANSE ;yon NÈG ki misye toudenkou;ke yo pa t janm tande pale de li ;se lè li te AVOKA JANKLOD DIVALYE an.
Nèg sa a ,ou te konn tande misye ap di ke li te JIRIS ki etidye LA SORBONNE.Se lan KRITÈ sa a ke yo nonmen l PREZIDAN KONSÈY ELEKTORAL lan.
Ou ka trase sa de MANIGAT.
Wi SASAYE ,NÈG ki rele SAUVEUR PIERRE ETIENNE lan ,ou pa janm tande l ap pale pou l pa pale de ""le savoir"".Ki sa NÈG sa a janm fè ;anvan ti krik ti krak ,li se pwofesè,li gen le savwa.
Sòt de politik sa yo ,se de politik AKAYIK .Zafè ke yon NÈG tankou MANIGAT pa janm wè yon KOUDETA ke l pa renmen ,eksepte lè li se viktim lan ;se politik pou nou vire DO ba yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD! Empty Re: Sanble LESLIE MANIGAT KASE KÒD!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum