Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à ...
Voir le deal

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

2 participants

Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  jafrikayiti Mer 5 Nov 2014 - 6:49

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon!

Se ak yon melanj kè kontan ak kè sote mwen li atik Alterpresse pibliye madi 21 oktòb la, kote nou aprann idantite 33 manm Akademi Kreyòl la - yon enstitisyon ki nan pasaj depi 1987.

Daprèzavwa nou rekonèt plizyè nan non ki sou lis la e nou konnen se moun ki gen dikdantan depi y ap feraye pou byennèt Ayisyen, kilti Ayisyen, lang Kreyòl Ayisyen an, nou bat bravo lakontantman pou akouchman difisil saa ki reyisi fèt la. Mèzalò, depi sou tit atik Alterpresse la, gen yon kè sere ki makonnen ak koze a. M pa konnen si se premye rèl tibebe ki fenk soti a, osnon si se souf fanm ki kaselezo a n ap tande.

"Haïti : Les 33 membres de l’Académie du Créole attendent Martelly pour être installés"

Ala franse moun gen pou yo tande, mezanmi, nan peyi isit!

Ki fè, depi opa, n ap fè fo pa!?

Pi douvan nan atik la, Alterpresse fè nou konnen ki jan:
"Vu le statut et la place de l’Académie au sein de l’Etat, c’est le président qui devrait procéder à cette installation, en présence des représentants des trois pouvoirs, considère le comité.

« Nous préférons faire les choses en suivant la loi, les principes et le protocole. Même si nous devons prendre plus de temps », avance Deshommes, vice-recteur de l’Université d’Etat, déplorant que les démarches n’ont pas encore abouti"

Rete!

Mesyedam, franchman, si se konsa n ap bwete, nou mal pati! Akademi Kreyòl la ta dwe yon enstitisyon nasyonal ki tabli granmounalite li depi nan vant! Vwalatilpa, nou chwazi lage destine nou nan men yon plezidan ki bay 33 fanm ak gason poto, dekwa pou li te ale frite ann Ewòp, kote li pran san li, li avili tout pèp Ayisyen an, an bon franse mawon. Non mesyedam, nou po ko menm estat machin nan, nou gen tan kolboso li. Zòt ta di: "vous commettez dega" - gwo dega!

Èske gen yon lwa ki di se yon "Prezidan Repiblik" ki sètoblije inogire Akademi Kreyòl la? Antouka, si "prensip" osnon "pwotokòl" sa yo ekziste kèk kote, li ta bon pou Akademi Kreyòl la pibliye yon tèks kote li montre sa aklè. Epitou, se pa yon ti plenyen nan mouchwa an lang franse pou Akademi an ta fè nan jounal Alterpresse. M pa ta vle kwè Akademi Kreyòl Ayisyen an se franse ki lang fonksyonman li tou?

Ojis, poukisa, pandan Plezidan an te sou estand TV5 ap esplike dega "dyab" ap fè nan peyi l ap dirije a, noumenm, 33 fanm ak gason, nou pa te pwofite louvri yon JAA (Jounal Akademi Ayisyen an)? Wi! Pa gen tan pou gaspiye, nou deja anreta plizyè deseni. Moun tèt dwat k ap rale zòrèy leta delenkan nou an depi dikdantan pou li pibliye jounal Le Moniteur nan "sèl lang ki simante tout Ayisyen" an, fatige plenyen. Li lè li tan pou nou pwodui. Kounye a, Akademi an fòme, se TRAVAY pou nou ta ap travay, se pa "pwotokòl" ki ta sipoze preyokipasyon nou!

Konpatriyòt, pèp Ayisyen gen lontan l ap tann pitit nasyon an kreye zouti li bezwen prese prese pou retire nou nan kafou tenten kote nou anbreye la a. Gen yon katafal dokiman edikatif ki merite pwodui nan lang Kreyòl, gen lwa ki pou adopte, gen refòm serye ki pou fèt nan jan leta ofri Ayisyen sèvis nan sèl lang tout Ayisyen konprann tout bon vre a, gen yon dividal travay enpòtan - epi enteresan tou - ki merite fèt. Alòs, mwen pa ka konprann poukisa, 33 fanm ak gason kite yon cha kanaval plezidansyèl ap pase yo nan rizib.

Malgre gen youn nan konpatriyòt ki nan Akademi an ki te ekri yon ti nòt ki te fè m konnen li te pami Akademisyen yo, tout lòt yo se lè mwen li atik Alterpresse la mwen vin okouran yo fè pati ekip la. E, se kounye a mwen vin koprann rezon poulakyèl genyen pami sila yo ki ap viv nan dyaspora a, ki te ale Ayiti pou finisman mwa Oktòb la, kote 28 Oktòb, Jounen Entènasyonal Lang Kreyòl, te dwe koresponn ak inogirasyon Akademi Kreyòl la.

Kidonk, mesyedam, Miki bannou poto! Men, èske depi odepa nou pa te gen tan wè Miki pa enterese nan afè lang Kreyòl, afè edikasyon siperyè, elatriye...?

Pandan li te bandone nou Pòtoprens, tankou 33 lepandyè a (li manke nou dega kare bare!), Miki rive sou televizyon blan franse (TV5), li di moun yo pèp inyoran ak sipèstisye l ap dirije a "pa menm konprann kisa ki rele karantèn menm" - kidonk, mandedyepadon, se lapriyè (bon Kretyen) sèl ki pou ta sove nou anba Ebola! Nan yon chita pale Miki fè ak yon jounal Alman, sanbletil, li rapousuiv pou li di, limenm, ki pa menm gen yon diplòm nan salon lakay li, si li di "pèp li a" adwat, y ap fè adwat; si li di yo agòch, y ap fè agòch. Kidonk, mesyedam, se noumenm 33 fanm ak gason Ayisyen ki nan Akademi Kreyòl la ki va deside èske n ap rete tann Miki di nou adwat osnon agòch - tankou l te di blan franse yo: "depuis ce matin jusqu'à aujourd'hui".

Respè epi, sitou, bon kouraj!

Jafrikayiti
"Pawòl pale se van, pawòl ekri se dokiman. Se sèl aksyon konsekan ki pote chanjman!"







Haïti : Les 33 membres de l’Académie du Créole attendent Martelly pour être installés
5 femmes et 28 hommes choisis comme premiers Académiciens du Créole en Haïti
mardi 21 octobre 2014
http://www.alterpresse.org/spip.php?article17190#.VFoFCrfwtdg

P-au-P, 21 oct. 2014 [AlterPresse] --- L’Académie du Créole haïtien ne sera pas installée le mardi 28 octobre 2014, contrairement à ce qui était prévu, parce que les démarches visant à ce que le président Michel Martelly procède à ce geste historique n’ont pas encore abouti, annonce le comité pour établir l’Académie, ce mardi 21 octobre 2014.

Le 28 octobre prochain ramène la 31e célébration de la journée mondiale de la langue et de la culture créoles.

En raison de « quelques problèmes de protocole », l’Académie du Créole haïtien ne sera pas installée à cette date, fait savoir le professeur Fritz Deshommes, membre du comité.

Vu le statut et la place de l’Académie au sein de l’Etat, c’est le président qui devrait procéder à cette installation, en présence des représentants des trois pouvoirs, considère le comité.

« Nous préférons faire les choses en suivant la loi, les principes et le protocole. Même si nous devons prendre plus de temps », avance Deshommes, vice-recteur de l’Université d’Etat, déplorant que les démarches n’ont pas encore abouti.

Plusieurs secteurs ont accusé le président Michel Martelly d’avoir des préjugés à l’encontre du Créole haïtien, en raison de la lenteur observée dans la publication de la loi sur l’Académie.

Martelly n’a fait cette publication qu’un an après le vote du parlement, après avoir, dans l’intervalle, contesté ce vote, poussant les deux chambres à revoter la loi dans les mêmes termes.

Les 18 et 19 février 2013, lors de la 24e rencontre intersessionnelle de la Communauté économique des Caraïbes (Caricom) en Haïti, Martelly a fait la proposition du Français, comme langue de travail de l’organisation régionale, au lieu du Créole.

Un non-sens, tout de suite dénoncé par des universitaires et promoteurs du Créole, puisque seule la république d’Haïti a le Français pour langue officielle au sein de la Caricom, alors que plus de la moitié de la population de l’organisation régionale parle Créole.

Il a été, finalement, décidé d’introduire l’interprétation française, lors des réunions de la communauté caribéenne.

Par ailleurs, en attendant l’installation de l’institution, les Académiciens (5 femmes et 28 hommes) ont déjà été choisis.

Le processus de sélection a été assuré par un comité, composé de membres d’institutions impliquées dans la promotion du Créole qui ont analysé, suivant des critères stricts, les 48 dossiers soumis.

L’article 21 de la loi, publiée dans le Moniteur numéro 65, en date du 7 avril 2014, exige qu’il y ait au moins 33 académiciennes et académiciens, 55 au maximum.

Mais, dans la première cohorte, le comité n’a choisi que 33 académiciennes et académiciens.

Pour remplacer ou compléter l’académie jusqu’à 55 membres, c’est le conseil de l’Académie qui décidera.

Le comité a établi un budget annuel, qui a été transmis au bureau du premier ministre et au ministère de l’économie et des finances.

Le comité a demandé un montant de 75 millions de gourdes (US $ 1.00 = 46.00 gourdes ; 1 euro = 65.00 gourdes aujourd’hui).

Cependant, dans le projet de budget 2014-2015, retenu par le gouvernement, seulement 15 millions de gourdes figurent pour l’Académie de la langue Créole.

« Même si ces 15 millions sont peu, nous sommes contents. Plus tard, nous en aurons plus. Parce qu’il nous en faut plus. De plus, c’est la première fois que le budget national renferme une partie écrite dans la langue parlée par tous les Haïtiens (et Haïtiennes) », réagit le Comité pour l’établissement de l’Académie du Créole haïtien.

Créée par la Constitution, l’Académie du Créole haïtien a, entres autres missions, l’orientation de l’utilisation de la langue Créole, écrite et parlée, dans les institutions publiques et privées.

Elle aura aussi à prendre des dispositions pour que le peuple haïtien obtienne des services utilisant cette langue et que l’Etat respecte les prescrits de la Constitution reconnaissant deux langues officielles, Créole et Français. [kft apr 21/10/2014 14]

............

Le comité de sélection des Académiciens et Académiciennes du Créole haïtien était composé de :

- Emmelie Prophète du ministère de la culture (Mc)

- Franck Milbain du ministère de l’éducation nationale et de la formation professionnelle (Menfp)

- Chantal Noël de l’Université d’Etat d’Haiti (Ueh)

- Sony Estéus de la société d’animation et de communication sociale (Saks en créole)

- Junior Fils René de la Faculté de linguistique appliquée (Fla)

- Eddy Lubin de la Confédération nationale des vodouisants haïtiens (Knva en Créole)

- Abe Wildor Ménard du Jounal Bon Nouvèl

Voici la lite des 33 premiers Académiciens et Académiciennes du Créole haïtien :

1- Nicolas ANDRE, Linguiste, Créole Trans

2- Emmanuel M. BAZILE, Edikatè, Ministère de l’éducation nationale et de la formation professionnelle(Menfp)

3- Max Gesner BEAUVOIR, Anthropologue, Confédération nationale des vodouisants haïtiens (Knva en Créole)

4- André Serge BELLEGARDE, Traducteur, Université Notre Dame d’Haïti

5- Jean Grégory CALIXTE, Linguistique, Secrétairerie d’Etat à l’alphabétisation

6- Adeline Magloire CHANCY, Educatrice, société d’animation et de communication sociale (Saks en créole)

7- Jacques Philippe Christophe CHARLES, Professeur, Tanbou-literè

8- Pierre Michel CHERY, Gestionnaire, société d’animation et de communication sociale (Saks en créole)

9- Michel Frederic DEGRAFF, Linguiste-professeur, Université Caraïbes

10- Fritz DESHOMMES, Economiste- Professeur, Université d’Etat d’Haïti

11- Rogeda Dorcé DORCIL, Linguiste- Professeur, Faculté Linguistique appliquée

12- Wilner DORLUS, Linguiste-professeur, société d’animation et de communication sociale (Saks en créole)

13- Marie Rodny Laurent ESTEUS, Educateur-Traducteur, Créole Trans

14- Odette Roy FOMBRUN, Educatrices, Groupe de réflexion et d’action pour une Haïti nouvelle

15- Michel Frantz GRANDOIT, Prêtre catholique - Professeur, Secrétairerie d’Etat à l’alphabétisation

16- Michel Ange HYPPOLITE, Professeur, Groupe de réflexion et d’action pour une Haïti nouvelle/ Sosyete Koukouy

17- Gesner JEAN PAUL, Professeur, Faculté linguistique appliquée(Fla)

18- Jean Pauris JEAN-BAPTISTE, Pasteur-linguiste, Ministère de la culture

19- Samuel JEAN-BAPTISTE, Educateur, Kopivit-Laksyon Sosyal

20- Marky JEAN-PIERRE, Professeur, Ministère de l’éducation nationale et de la formation professionnelle

21- Joseph Sauveur JOSEPH, Linguiste- Professeur, Sant Na Rive

22- Rochambeau LAINY, Professeur, Faculté linguistique appliquée

23- Frenand LEGER, Professeur, société d’animation et de communication sociale (Saks en créole)

24- Jacques Max MANIGAT, Professeur, Sosyete Koukouy

25- Guy Gérald MENARD, Professeur, Fondation Anne Marie Morisset /Université d’Etat d’Haïti

26- Claude PIERRE, Professeur-Ecrivain, Ministère de la culture / Journal Bòn Nouvèl

27- Pierre-André PIERRE, Monseigneur-professeur, Commission épiscopale pour traduire la Bible

28- Christian Emmanuel PLANCHER, Prêtre l’église catholique, Journal Bon Nouvèl

29- Marie Marcelle Buteau RACINE, Professeur, Centre de Recherche et de Formation Economique et Sociale pour le Développement. (CRESFED)

30- Clotaire SAINT-NATUS, Sociologue-éducateur, Fondation Maurice Sixto

31- Joachim Gérard Marie TARDIEU, Educateur, Kopivit Laksyon Sosyal

32- Marie Jocelyne TROUILLOT, Professeur, Tabou Literè / Université Caraïbes

33- Féquière VILSAINT, Biologiste-éditeur, Educa-Vision


Dernière édition par jafrikayiti le Mer 5 Nov 2014 - 21:06, édité 3 fois

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  Joel Mer 5 Nov 2014 - 8:14

Wi JAF;

Mwen te sezi lè mwen tande DESHOMMES (mwen kwè) ki di ke yo ap tann PREZIDAN an enstale MANM AKADEMI an.

Se ALYENASYON zòt ki ap kontinye ,menm si yo gen bòn volonte.
Paske AKADEMI FRANSE se yon ògàn LETA ,AKADEMI FRANSE an dwe sa tou.
Pinga NÈG vin IMITE ki jan FRANSE  yo fè bagay yo ,sinon AKADEMI KREYÒL lan ap fè FOS KOUCH!
Akademi FRANSE an lè li te fonde an 1635, si m sonje se te yon jan pou pouvwa FRANSE an te fè OTORITE l chita.
An FRANS yo te pale menm 35 LANG DIFERAN ;se te yon jan pou FRANSE yo konprann yo youn lòt ;yon bagay ke yo pa t menm reyisi fè ke lan fen 19yèm syèk lan.

Ou gen yon gwoup nèg ki konprann ke peyi an ou byen yomenm gen KILTI FRANSE e ou vle NÈG sa yo ap fè JEFÒ pou AKADEMI KREYÒL lan kanpe sou 2 PYE MILITÈ l?
Konstitisyon an rekonèt ke se pou gen yon AKADEMI KREYÒL ,sa te dwe sifi pou NÈG!

Mwen kwè seryezman ,se lè NÈG ki di y ap ""panse"" ann AYITI yo e konsidere la FRANS se yon peyi tankou yon LÒT ke PWOGRÈ ap fèt.
Tout peyi ki pale PANYÒL yo gen AKADEMI pa yo ;pa egzanp REPIBLIK DOMINIKEN gen pwòp AKADEMI l ki pa gen anpil pou l wè ak sa ki gen ann ESPAY lan.
BREZIL gen pwòp AKADEMI PÒTIGÈ pa l;yo pa akòde okenn enpòtans ak jan MOUN pale PÒTIGÈ lan PÒTIGAL.
Pa egzanp BOUNDA ,lè nou di l ann AYITI .pou nou se betiz n ap di ,se yon mo NÒMAL lan PÒTIGÈ BREZILYEN an.
Se yon MO dorijin afriken.
Sa m ap di yo kapab divagasyon ,kapab digresyon ;men li lè pou nou kase kòd ;pou kase kòd ki pa p kapab remare ak yon peyi ki te kolonize nou sa gen plis ke 200 ZAN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  Joel Sam 8 Nov 2014 - 9:42

Yon lòt KESYON m ap poze.
Pouki sa NOMINASYON DANNY LAFERRIÈRE lan AKADEMI FRANSE an te fè TOUT BRI li te fè an epi tou FONDASYON AKADEMI KREYÒL lan pase preske inapèsi?
Menm si yon peyi ta adopte yon LANG ki pa pou li ki wè TÈT li jan lòt peyi wè li ,se kanmenm ""pekilye"".

M ap toujou repete ke ansyen KOLONI PANYÒL yo gen pwòp AKADEMI LANG pa yo ;ke yo te pòv kòm JOB tankou NICARAGUA ak rès peyi AMERIK SANTRAL yo ,menm PÒTORIKO gen AKADEMI LANG pa li.
Sa k pi RÈD lan ,mesyedam yo ki ""nominalman "" pale PANYÒL pa rekonèt OTORITE AKADEMI LANG PANYÒL lan ann ESPAY ;Yon AKADEMI ki la depi lan premye mwatye 18yèm SYÈK lan.
Te gen yon TANTATIV LESPAY pou li kowòdone diferan AKADEMI yo lan yon REYINYON ke li te fè ak yo lan MEXICO CITY lan lanne 1990s yo.
Yo te refize.
GABRIEL GARCIA MARQUEZ te di famezman ;pouki sa yon ENDYEN lan PARAGUAY ,si l ap pale PANYÒL dwe pale menm jan ak yon BLAN PANYÒL?

Bagay kote NÈG pa konn kote pou yo mete BOUNDA yo lè yo t ap bat BRAVO pou DANNY LAFERRIÈRE bay Pwofesè ALYSSA GOLDSTEIN SEPINWAL (INIVÈSITE KALIFÒNI) rezon.
Dr SEPINWAL di se 2 BAGAY ki te fè AYITI mouri lan FIM lan ;se peye sa yo rele DÈT ENDEPANDANS e se adopte FRANSE kòm LANG NASYONAL.
Youn te touye AYITI EKONOMIKMAN ,lòt lan KILTIRÈLMAN.
Pwofesè an di ,adopsyon lang FRANSE an te vin mete ,kreye DIVIZYON kote pa t dwe genyen ,paske AYITI te deja gen LANG li ke tout moun pale ki se KREYÒL!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  Joel Sam 8 Nov 2014 - 11:32

Pou kontinye sou menm WOULIB lan ;yon CHAPIT lan liv TONTONGI an yon "'pansè"" yon ""entelektyèl"" (mwen pa ize mo sa a fasil) sou bagay ""francophonie"" an .
Misye te ekri an FRANSE tou kote l te di ke nominasyon LAFERRIÈRE an lan AKADEMI FRANSE ,si yo pa pran l pou sa liye an,ap fè PLIS MAL KE BYEN!
Pou moun ki pa konnen GUY TOUSSAINT ki gen non OTÈ l ""TONTONGI"" te pibliye pandan dè ZANE yon REVI lan 3 LANG:
KREYÒL,FRANSE,ANGLE.

SÈL POU DEZONBIFYE BOUKI

Sou langaj ak idantite

Èske ou ka fonde yon idantite nasyonal lengwistik oubyen kiltirèl nan yon relasyon dominasyon yon lang pa yon lòt? Nan premye chapit liv mwen Critique de la francophonie haïtienne ki titre «Pwoblematik la ak istorik li», mwen montre foste ki kache dèyè idantite «frankofòn» yo kole sou non Ayiti ansanm ak ekriven ayisyen ki ekri an fransè. Nan ka Ayiti, ekspresyon «peyi frankofòn» oubyen peyi ki fè pati de «Frankofoni» ki pretann Lafrans se «manman patri», yon pwisans bon samariten, ki pwoteje w e ki ap pote ba w «inivèsalism», se yon jebede, yon mistifikasyon. Reprezantasyon romantik yo fè de Lafrans ansanm ak kilti fransè a kòm swadizan yo se faktè ki lejitime lòt pèp, se yon wonga poud-nan-zye klas dominan Ayiti ak Lafrans yo met sou pye pou kontinye yon sipè-reyalite neo-kolonyal (nan sans marxis de yon sipè-estrikti) ki la pou mentni yon Ayiti endepandan sou dominasyon.

Anplis, nou rejte avèk fòs nosyon ke ou ka fonde idantite nasyonal yon peyi—keseswa yon idantite politik, etnik oubyen lengwistik—apati de senk ak dis pou san de popilasyon peyi a. Se kòm ou ta rele Etazini yon peyi «espayofòn», «sinofòn» ouswa «arabofòn» paske gen yon minorite fò nan popilasyon l lan ki pale espayòl, chinwa oubyen arab. Se kouwè Yves Dejean di: «Pa gen ankèt ki pèmèt nou wè vrèman konbyen moun ann Ayiti k’ap babye ann anglè e ann espayòl sèlman ap degaje yo nan lang sa yo, oubyen pale yo kouramman. Men ankenn obsèvatè ki gen bon sans pap ka deklare lang pèp ayisyen an se anglè, espayòl oubyen fransè, sof nan dènye ka fransè a kote yo jwe sou yon konfizyon ant yon lang ou batize ofisyèl e legal daprè volonte yon ti ponyen de sitwayen (Konstitisyon 1918 la, Atik 24; e sa 1987 la, Atik 5) e yon lang tout moun ki fèt e elve ann Ayiti pale (7 a 8 milyon). [tradiksyon pa nou de fransè]1»

Se sèl yon reflèks neo-kolonyalis ki ka esplike deziyasyon Ayiti ak ekriven ayisyen yo ki ekri an fransè antanke «frankofòn» olyede «kreyolofòn» kan ou konnen nonsèlman totalite
popilasyon ayisyen an pale kreyòl, men tou plis ke katrevenkenz pou san ekriven ayisyen ki ekri an fransè pale kreyòl kòm lang matènèl yo pale nan lavi chak jou.

Natirèlman, itilizasyon yon lang nan limenm pa bay idantite, men ou pa ka gen yon idantite literè ou lengwistik otantik nan yon sitiyasyon kote lang matènèl yon pèp oubyen yon ekriven entèdi, devalorize oubyen siprime. Idantite se pa tou yon senp deziyasyon oubyen idantifikasyon avèk yon reprezantasyon senbolik dominan. Li dwe genyen tou sa Jean-Paul Sartre rele yon «otantisite», sètadi yon estaj nan konpletid yon kretyenvivan k’ap viv libète l nan chwa li genyen.

Epitou, nan sans kache tèm «frankofòn» lan, li siyifi non inikman yon moun ki pale oubyen ekri fransè, men tou yon antite lengwistik, kiltirèl e politik ki patisipe nan pwojè ejemoni kiltirèl e jeo-estratejik peyi Lafrans. Li siyifi adezyon nan «mission civilisatrice» neo-kolonyalis Lafrans, nostalji anvè glwa pase li, fwa nan yon kilti «klasik» siperyè, antouka, poze l kou yon altènativ, yon lòt «pèspektiv kilti» pou kontrekare itilitarism, materyalism ak globalism kilti dominan anglo-saksonn lan2.

Lang yon pèsonn* oubyen yon pèp se pa sèlman bann son, siy, imaj e enfleksyon vwa; li se tou e sitou reprezantasyon de fonksyon, ran, klas oubyen pouvwa moun lan oubyen pèp lan ekzèse nan relasyon endividyèl, sosyal oubyen entènasyonal li genyen ak lòt moun oubyen ak lòt pèp.


Revèy e reparisyon listwa ann Ayiti

An 1986, pèp ayisyen an leve kanpe e mande pou Jan-Klod Divalye—ki te ranplase papa li Papa Dòk—bat zèl yo. Olyeke yo bay pèp la pouvwa a, klas dominan yo ansanm avèk konplisite e sou direksyon Etazini ak Lafrans fè konplo e tabli yon Konsèy Nasyonal Pou Gouvènman (KNGP), sètadi yon

Aswiv…

Metamannyòk / Webmaster


www.potomitan.info/ayiti/tontongi/sel.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  Joel Jeu 20 Nov 2014 - 8:49

JAF;

W ap vin seleb wi!
FRITZ DESHOMMES ki an CHAJ FOMASYON akademi kreyol lan ,reponn ou sou POTOMITAN.
POTOMITAN ki se sit TOUT KREYOLIS sou PLANET lan ,komansan pa ZILE SECHEL yo,an pasan pa AYITI rive lan KARAYIB FRANSE yo.
Kom ou ka we misye di espesifikman ke se sou sa w te di sou FORUM HAITI an:

www.potomitan.info/ayiti/deshommes/academie2.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  jafrikayiti Jeu 20 Nov 2014 - 18:19

YON REPONS ANKOURAJAN, men se po ko tout!
http://www.potomitan.info/ayiti/deshommes/academie2.php
Èske se Prezidan Repiblik  la ki dwe enstale
Premye Akademisyen Lang Kreyòl Peyi d Ayiti yo?


Fritz DESHOMMES

Nan yon nòt pou laprès nou te siyen nan dat 21 oktòb 2014 nan non Komite Pou Tabli Akademi Kreyòl ayisyen an, nou te di:

«Nan lespri pa nou, lè nou konsidere Akademi an se yon enstitisyon tou nèf, yon enstitisyon Leta, ki soti dirèk dirèk nan Konstitisyon peyi a; lè nou konsidere sa li ye, sa l gen pou l fè, nannan travay li;  lè nou konsidere estati l, plas li nan chapant Leta a,  nou panse se Chèf Leta a li menm ki ta dwe enstale premye Konsèy akademisyen an, ki ta dwe louvri pòt enstitisyon Leta tou nèf sa a,  nan yon seremoni kote tout Pouvwa Leta yo ta dwe prezan1» .

Plizyè kòlèg pa twò dakò ak pozisyon sa a. Nan yon atik nou jwenn  sou sit «Forum Haiti: Des Idées et des Débats sur l’Avenir d’Haïti» Jafrikayiti eksplike ki jan li pran gwo «sezisman» lè l tande se Prezidan an n ap tann pou n enstale Akademisyen yo2. Li site  yon atik Alterpresse pibliye nan dat 21 oktòb 2014: «Les 33 membres de l’Académie du Créole attendent Martelly pour être installés»3.  Bagay sa a ba li «kè sere». Pou li menm: «Akademi Kreyòl la ta dwe tabli granmounalite l depi nan vant! Vwalatilpa nou chwazi lage destine nou nan men yon prezidan …»  Se pou sa li panse: «Depi  opa nou fè fo pa».

Pou ki sa se Prezidan an? Pou ki sa nou vle mete Prezidan an nan tout bagay? Èske pa gen yon danje nan sa? Èske sa pa bay Prezidan an yon okazyon anplis pou l bloke Akademi an? Sitou lè nou sonje jan l te fè objeksyon sou lwa a epi pakèt tan l te pran pou l te voye pibliye l nan jounal ofisyèl «Le Moniteur»?

Èske nou pa ta dwe tou pran dwa granmoun nou apre tout batay nou fin mennen pou n rive nan etap sa a?

Se tout kesyon sa yo anpil moun ap poze.

Se vre, tout pawòl sa yo t ap pale nan moman te gen anpil dout sou desizyon Prezidans lan sou kesyon louvri pòt Akademi an.

Dèske koulye a nou gen dizon Palè Nasyonal sou dat enstalasyon Akademi an (4 desanm 2014)4, nou ta ka di: ann kite sa, ann pa rete sou kesyon an, ann pouse pou pi devan.

Jan Jafrikayiti di l: Nou si tèlman gen bagay pou n okipe … «Pa gen tan pou gaspiye. Nou deja  anreta plizyè deseni».
Poutan nou panse kesyon an enpòtan anpil anpil. Li pa yon senp zafè pwotokòl, kòmkwa nou ta bonbe lestomak nou lè se Prezidan an ki ta fè enstalasyon an. Oubyen nou ta santi n pi alèz, paske se konsa alatèt peyi Lafrans yo fè pou Akademi franse.

Kesyon an al pi lwen pase sa. Li envite n reflechi sou chapant Leta a li menm, sou wòl ak estati Akademi an. Li ta menm mande n pou n rantre pi fon nan rezon ki fè manman lwa peyi a kreye enstitisyon endepandan yo epi ba yo anpil konsiderasyon.

Ki kalite enstitisyon Akademi an ye?

Ann sonje ki kote Akademi Kreyòl la soti: se Konstitisyon 1987 la menm ki kreye l. Se menm Konstitisyon sa a ki mande n pou n fini ak tout diskriminasyon, tout sitiyasyon miwo miba kèlkilanswa kiltirèl, relijye, lengwistik. Menm Konstitisyon sa a ki mete lang kreyòl kòm yonn nan de (2) lang ofisyèl peyi d Ayiti anplis  li se sèl lang nasyonal ki simante tout popilasyon an.

Menm konstitisyon sa a ki mande pou lajistis fonksyone an kreyòl tou, pou tout lwa, tout dekrè, tout arete, kominike, elatriye, yo bay yo an kreyòl tou. …

Epi pou n rive aplike tout mezi sa yo nan bon kondisyon, Konstitisyon an tou kreye yon zouti espesyal. Li rele Akademi Kreyòl. Zouti sa a gen de (2) gwo misyon. Yonn se: «fikse lang kreyòl la». Lòt la se: «fè l kapab devlope an fòm, ann òd epi selon prensip lasyans».

Sou premye misyon an, nou konnen anpil lengwis pa renmen mo «fikse» a. Paske yo panse sa ta ka bay kèk moun tandans pou bloke lang lan, anpeche moun pale, anpeche lang lan devlope, vin pi djanm. Erezman woumble5  nou te òganize nan mwa oktòb 2011 la: «Akademi kreyòl ayisyen: ki avantaj, ki pwoblèm, ki defi, ki avni?» rezoud pwoblèm nan. Tout patisipan yo mete yo dakò sou ki jan pou nou entèprete mo «fikse» a ak sou wòl ak misyon Akademi an. Epi  lwa 23 avril 20136 la  byen eksplike wòl Akademi an nan zafè gramè, sentaks, vokabilè, òtograf ak fonoloji lang lan.

Kidonk, Akademi Kreyòl la se yon enstitisyon Leta ki soti dirèk dirèk nan Konstitisyon 1987 la. Sa vle di, nan batay pèp  ayisyen an pou tabli yon lòt Leta, yon lòt peyi, yon lòt kalite relasyon ant alatèt yo ak popilasyon an. An nou sonje jan pèp ayisyen an te mobilize sou koze Konstitisyon sa a: nan elaborasyon l, nan diskisyon sou li, nan al vote l yon  dimanch 29 mas ki te sanble tèt koupe ak yon kokenn  jounen fèt nasyonal.

Men sa lwa sou  Akademi an di: «Akademi Kreyòl ayisyen an se yon enstitisyon Leta ki gen konpetans pou li travay sou lang kreyòl la jan Konstitisyon 1987 la mande l, egzije l. Li la pou garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la» (Atik 7).

Atik 8 la presize: «Leta  ayisyen dwe mete tout mwayen finansye ak tout resous nesesè pou Akademi Kreyòl ayisyen an fonksyone kòmsadwa».

Atik 10- Akademi Kreyòl ayisyen an ap jere finans ak resous li yo selon prensip kontablite piblik.

Akademi kreyòl la se pa yon enstitisyon prive. Se pa yon asosyasyon sosyete sivil. Se pa yon Fondasyon.  Se pa yon ONG. Se yon biwo Leta. Konsa, se yon  kondisyon nòmal pou se yon otorite Leta ki ba l envestiti.

Ki kalite otorite Leta?

Menmsi se Leta a, pou ki sa se Prezidan an li menm? Se pa sèl Prezidan an ki otorite nan Leta a! Li ta gen dwa Premye Minis lan, yon Minis, yon Sekretè d Eta. Pou ki Komite pou tabli Akademi an vle se Prezidan an atoutfòs?

Pou nou reponn kesyon sa yo, fòk nou al gade ki kalite sèvis Leta Akademi an ye, ki estati l, ki plas li nan chapant Leta a?

Lwa sou Akademi an klè: «- Akademi Kreyòl ayisyen an se yon enstitisyon Leta. Li endepandan e li kouvri tout peyi a». (Atik 5)

Nan Atik 7 la, nou jwenn: Akademi Kreyòl ayisyen an granmoun tèt li devan Lajistis, li responsab tèt li nan zafè jesyon, administrasyon ak finans.

Pwojè lwa sou bidjè 2014-2015 lan pa di lekontrè. Se nan mitan enstitisyon endepandan yo, yo mete Akademi Kreyòl la7.

Epi, Konstitisyon an li menm te deja rezoud kesyon an. Se nan tit VI sou «Sèvis Leta ki endepandan yo» li mete Akademi an, menm kote ak Konsèy Elektoral  (KEP), Koudèkont, Inivèsite Leta a, Biwo Pwoteksyon Sitwayen, elatriye.

Ki sa sa vle di? Sa vle di, Akademi an pa ni yon sèvis dekonsantre, ni yon sèvis otonòm, ni yon Ministè. Li  pa fè pati Gouvènman an.

Si l te yon branch nan Gouvènman an, li t ap sou kont Premye Minis la, oswa yon minis, oswa yon sekretè d Eta. Men se pa sa. Se pou tèt sa, se pa ni Premye Minis la, ni yon minis ki gen konpetans pou  louvri pòt Akademi an.

Se pou n di tou li pa yon branch nan Pouvwa Lejislatif la oubyen Pouvwa Jidisyè a. Li se yon enstitisyon endepandan.

Ki sa k  yon enstitisyon endepandan?

Yo kòmanse ap pale sou enstitisyon endepandan nan peyi d Ayiti depi nan lane 1957 (Konstitisyon 1957). Konstitisyon 1987 la ba yo gwo wòl nan chapant Leta a. Men jiska prezan poko gen yon lwa  ki di ki sa yo ye, ki pouvwa  yo genyen, ki relasyon pou yo tabli ak lòt pouvwa Leta yo.

Nan yon  liv nou pibliye sou Inivèsite Leta a («Université et Luttes Démocratiques en Haïti»)8, nou te sijere kèk pwen ki ta dwe makfabrik enstitisyon sa yo. Egzanp:

se pa yon sèl moun ki alatèt yo. Se yon Konsèy ki gen plizyè manm;
règ  jwèt pou yo deziye alatèt yo dwe bay bonjan  garanti transparans ak konpetans;
yo pa gen dwa ni  revoke ni arete  manm sa yo nenpòt ki jan, sitou lè y ap fè travay yo;
ni enstitisyon yo ni responsab yo pa sou zòd okenn ministè.
Nan yon pwojè lwa yon gwoup enstitisyon sa yo met ansanm pou prepare, yo adopte tout pwen sa yo9.

An reyalite, yon  enstitisyon endepandan  pa  yon ti Leta pou kont li. Li pa gen dwa fè sa l vle. Li anndan Leta a. Li gen kont pou l rann. Li gen yon misyon espesyal anndan Leta a. Men li se yon branch nan Leta a. Gen moun ki di enstitisyon endepandan yo se yon  4e  wòch dife Konstitisyon 1987 la mete pou kore Leta a kòtakòt ak 3 lòt pouvwa nou konnen yo: pouvwa Egzekitif, pouvwa Lejislatif, pouvwa Jidisyè.

Alòs, si akademi an se yon sèvis Leta tou nèf, ki pa depann de okenn lòt pouvwa, kilès ki pou louvri pòt li?

Sèl pèsonaj ki ka jwe wòl sa a, se Chèf Leta a limenm. Se li ki la pou fè Leta a fonksyone kòmsadwa. Se li ki dwe veyatif pou lòt enstitisyon Leta yo egziste, epi pou yo byen fonksyone.

(atik sa a ap gen yon 2èm pati)
Fritz Deshommes

Nòt

Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen, «Ayibobo pou 33 premye Akademisyen Lang Kreyòl Peyi d Ayiti», Nòt pou laprès, 21 oktòb 2014.

Jafrikayiti, «AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon» Forum Haïti: Des Idées et des Débats sur l’Avenir d’Haïti, 5 novanm 2014.

Alterpresse, Les 33 membres de l’Académie du Créole attendent Martelly pour être installés, 21 oktòb 2014.

N ap tou pwofite fè moun konnen dat sa a: 4 desanm 2014, 10 è nan maten.

Govain Renauld (sou direksyon), «Akademi kreyòl ayisyen: ki avantaj, ki pwoblèm, ki defi, ki avni?», Editions de l’Université d’État d’Haïti, 2012, Port-au-Prince.

Jounal «Le Moniteur», Lwa sou kreayasyon Akademi Kreyòl Ayisyen, 7 avril 2014.

Gouvernement de la République d’Haïti, Projet de Budget de l’Exercice 2014-2015, Juin 2014.

Deshommes, Fritz, Université et Luttes Démocratiques en Haïti, Editions Cahiers Universitaires, 2003; Editions de l’Université d’Etat d’Haiti, 2009, Port-au-Prince.

CSCCA-UEH-OPC-CEP, Avant-Projet de Loi-Cadre sur les Institutions Indépendantes, 2014.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  Joel Ven 21 Nov 2014 - 7:12

Youn lan pi gwo BLOF ki rete tankou IV DEJAN ak TONTONGI di l se ke AYITI se yon peyi FRANKOFON.
Se pou yon OTORITE tankou FRITZ DESHOMMES etidye jan lot peyi fe l.

An 1919 le VYETNAM te KOLONI FRANSE ;la FRANS te pran yon kominike pou fe FRANSE sel LANG EDIKASYON lan VYETNAM .
Sa te dire jis an 1945.Paske le sa a PATRIYOT VYETNAMYEN yo apre 2zyem ge mondyal lan te deside kwape FRANSE yo e yo te deja deside pou ranplase FRANSE pa VYETNAMYEN.
Yo te fe sa apre VIKTWA yo kont FRANSE yo an 1954.
Yo pa janm gad deye e vyetnamyen pa t yon lang AVANSE tankou KREYOL nou an.
Se te yon MELANJ CHINWA,KHMER elt ;ke tout zon lan VYETNAM pa t ka konprann ;men BAZ lang lan se te menm e yo pa t pran TAN pou yo estandadize LANG lan.

Nou pa gen 2 LANG ann AYITI;nou pa t janm gen 2 LANG e bagay sa a ki ap kontinye kote se pou yon ti MOUN aprann yon LANG lan LEKOL pou etidye ladan l,dwe sispann e dwe sispann VIT VIT.
Pa gen tan pou pedi

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  jafrikayiti Jeu 4 Déc 2014 - 19:31

CHAPO BA!

Mwen pwofite wete chapo pou felisite konpatriyòt ki fè enstalasyon manm
Akademi Kreyòl la, jodi 4 desanm 2014 la, malgre Miki te chwazi bayo poto
yon dezyèm fwa,

Miki pwouve li pa ka etone m. Vakabon di li se leta, men tout yon pèp pa dwe pran pòz li sou bòz !

Avèk yo ou san yo, Ayiti ap vanse!

http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/138284/Eske-se-Prezidan-Repiblik-la-ki-dwe-enstale-Premye-Akademisyen-Lang-Kreyol-Peyi-d-Ayiti-yo

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  Joel Ven 5 Déc 2014 - 11:12

Diskou FRITZ DESHOMMES lan ENSTALASYON AKADEMI KREYOL lan:

http://www.potomitan.info/ayiti/deshommes/academie3.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon ! Empty Re: AKADEMI KREYÒL: Felisitasyon men atansyon !

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum