Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

Reyalite ke nap viv la ka diferan pou chak moun.

Aller en bas

Reyalite ke nap viv la ka diferan pou chak moun. Empty Reyalite ke nap viv la ka diferan pou chak moun.

Message  Rodlam Sans Malice Ven 8 Juin 2007 - 9:49

Lotrejou mwen ekri yon teks an angle pou mwen te montre kontras ki genyen nan perspetyon 2 amriken nwa ki malgre edikatyon yo pa wè yon moun menm jan .Sak fè mwen te ekri teks saa se pou mwen te montre foste entolerans ayisyen anver moun ki pa pataje menm opinyon ke yo pa fè yo pi entelijan ni lot moun lan pi sot.Nou tout evalye yon reyalite selon jan nou kondityone.

Jodya map li kote yon gwoup ti boujwa malonet ap montre decheyans yon otel nan Portoprins pou yo denigre mouvman popilè ki rache diktati ya.Pou yo paske moun ki pa genyen kay pou yo reteki abite nan otel sa se yon move bagay men yo te pase 30 lane ap gouvène ;yo pat kontwole kwansans popilatyon ni yo pat bati ase lekol pou edike pep la, ni bati anpil site pou malere rete ,jodya yo vle montre feb despri ke se ti pepisme jan yo rele mouvman popilè ya ki la koz ke peyi ya nan eta sa.Eske se sot yo sot ou byen se kondityonman yo ki fè yo panse konsa .

Lè w tap byen mennen nan revolutyon kann kale ya, kote ou tap danse nan otel Simbi chak swa ,chek sou chek tap rantre nan kay la.kote ou te genyen dwa touye yon moun pou pran fanm li ou byen pou pran byen li.Kote moun ki pat dako ke papa yo te di li presidan a vi tap manje po patat nan Fot Dimanch ,kote abitan tap vinn mouri sou plaj florida ,kote ti moun tap mouri ak malnitrition nan tout kwen nan peyi ya.Se pa paske yo te nan paradi ki fè ke ayiti se te yon eldorado pou tout moun.

Jodya ke fredi ap kraze zo yo swa nan Kanada ou byen o Zeta Zuni ou an frans .tankou Theo Achille sot di ya lè yal gade ke se pep ke yo pat edike ,ni bati kay pou yo rete ki abite nan bel otel saa se yon deseptyon pou yo.E mwen ki pa tap danse nan otel simbi men ki tap gade ti moun ki ap mouri ak malnitrityon , ki tap gade moun ki abite nan yon ajoupa kote depi la pli ap tonbe se kanpe yo blije kanpe , kote ti moun pa genyen lekol pou yo aprann ,kote tè yo tap degringole nan lan mè paske pye bwa tap koupe pou kamoken pa traverse frontyè e pou fè chabon san ke yo pat janm panse ke se konsekans sa ki fe tout abitan ap rantre an vil yo paske la tè pa pwodwi anyen anko kote tout abitan ap peri nan yon misè nwa ,kote tout moun ki te genyen lespri tap kite peyi ya.kote menm dlo te komanse ra nan yon peyi lè sa se pat 9 milyon moun ki te genyen non.eske se bet mwen bet ki fè mwen wè bagay yo yon lot jan.Eske se bet mwen bet ki fè mwen pat tolere wè kadav Yvon laraque ekspose nan kafou grand rue ak wout delmas.eske moun ki ekri liv "le prix du sang " eske Gerard Pierre Charles. Lesly manigat. Gregoire Eugène. Otto Louis jacques ,Docteur Albert Chassagne ,Jacques Stephen Alexis,Rameau Estime.Hamilton Garout ak tout moun ki peri yo pou konbat diktati ya eske yo se enbesil?Ki les ki wè verite ya e ki les ki nan manti ki ap defann enterè peyi ya e ki les ki ap defann entérè personel yo ?

Foto sa yo ke yo montre la mwen te ka montre foto Otel Riviera,otel Beau Rivage tou ki te tounnen yon bwet fatrakote bo teyat de verdi te komanse tounen yon bidonvil depi sou revolutyon kann kale ya.Men moun ki pa konnen sa ki te pase ka kwè sa ti boujwa pretantye e presomptye sa yo ki ap montre foto otel Madan Gano ke se apre 86 peyi ya tonbe nan toubyoum; yo pap ka konprann degradatyon peyi ya komanse depi apre 56,men tou tan genyen plis moun pwoblem lan vinn pi red.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum