Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-45%
Le deal à ne pas rater :
WHIRLPOOL OWFC3C26X – Lave-vaisselle pose libre 14 couverts – ...
339 € 622 €
Voir le deal

Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè

3 participants

Aller en bas

Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè Empty Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè

Message  Joel Sam 29 Déc 2007 - 7:27

Gouvènman ayisyen an pa abil nan fè konnen ki sa l ap akonpli.Epitou Sit nouvèl ayisyen yo ,se yon sèl bagy yo konnen pou yo pale ,se de kidnaping ak ensekirite.

Nan optik sa a mwen tande gen de bon devlopman ki ap fèt ann ayiti se itilizasyon enéji solè.
Pa egzanp ,anpil nan la ri pètoprens kounye an ,toujou klere,paske poto limyè yo ,se enèji solè yo ize,alòs menm si rès vil lan nan blakawout,limyè la ri yo la tennfas.
Mwen tande tou sinyalizasyon yo ize menm enèji solè an.
Pwoblèm ki gen ak enèji solè an ,sè ke jenerasyon koute chè anpil,twa fwa plis ke izin petwòl ak mazout.

Se nan bagay sa ke nouvèl sa a enpòtan anpil;genyen yon konpayi nan Kalifòni ki jwenn yon mwayen jeneri enèji solè ak bon mache.

Se yon nouvèl ektrèman enpòtan pou Ayiti.Mwen ta konseye gouvènman ayisyen voye yon moun nan Kalifòni pou ankete sou bagay sa a.Vit,vit e prese.
De peyi ki pa gen solèy tankou lalmay ,deja ap siyen kontra ak konpayi sa a e noumenm ,menm si nou pa gen lòt bagay,solèy lan nou pa manke l:
http://www.nanosolar.com

http://www.guardian.co.uk/environment/2007/dec/29/solarpower.renewableenergy

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè Empty Re: Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè

Message  Sasaye Sam 29 Déc 2007 - 13:45

Plisyè fwa mwen mansyone ke gouvènman saa pa konn kominike epi fè pwomosyon pou sa la p fè.

Se yon move politik, paske si yo te anonse pwojè yo anvan yo komanse epi yo fè gwo piblisite lè travay la finn fèt, yo ta fè Ayisyen sispann kritike sayo pa konnen.

An menmtan tout moun ta kapab wè kisa yo ap reyalize.

Genyen plisyè pwogrè ki fèt lan menm kondisyon yo, ke moun pa konnen.

Se lan tanperaman TIKOULOUT ayisyen sa ye.

Menmjan, menm sou forom nan, manm yo pito lan zen politik pase nou diskite pwojè ki kapab fè peyi a avanse.

Map parye avè w.
Gade pou w wè konbyen repons ki pral fèt sou kestyon ENEJI SOLE A, san pagen yon moun kipral vinn pale de Lavalas oubyen politik GNBis.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè Empty Re: Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè

Message  Rodlam Sans Malice Sam 29 Déc 2007 - 20:32

Eske genyen youn ministè infomatyon toujou an ayiti? mwen pa patizan pou kreye youn paket ministè initil non. men eske se pa wol gouvenman pou li enfome moun de sa li ap fè.O lye nou genyen youn ministè de la kilti, ministè de la kondityon femininn ,ministè zafè sosyal ,ministè de la sante e de la population, ministè du tourisme sans touris, ministè zafè etranjè e ministè de 11 emem dpt pouki sa yo pa konsolide tou paket ministè sa yo pou nou genyen 6 ou 7 bon ministè ak sousekretè deta nan yo ki pou okipe de diferan depatman.Kom ekzanp pouki sa nan ministè zafè etranjè la pa genyen youn sektyon ki okipe de zafè 11eme lan.nan depatman zafè sosyal pouki sa pa genyen youn sektyon ki okipe zafè fanm .poukisa nou beswen ministè touris pou le moman.?

Bon anvan ti bononm lan dim bouke fè coq a l'ane an nou tounnen nan zafè jenerasyon panel solè.Mwen kontan anpil tande ke nan la ri poto elektrik yo se enerji solè ki alimante yo.Tankou Joel mande ya pouki sa gouvenman an pa delege youn nan mesye ki chita ap grate san ti Washington yo pou yo ale an kaliforni negosye youn kontra ak konpayi saa pou nou ba li anpil benefis pou yo te ka bati youn isinn an ayiti.men yo bagay ki merite ke nou bay franchiz.Eske gouvenman reyalise konbyen ed ke teknoloji saa ka pote pou peyi ya?

men se la pafwa lè mou ap kritike peyi devlope yo pafwa fok ou di en pe verite yo pa depanse tout lajan yo peye birokrat yo envesti nan recherch tou men depatman enerji ameriken sot bay konpayi saa 20 million dola. en pi moun ki genyen lajan nan peyi ya pa voye sere yo nan bank etranjè.yo fè gress kochon kwit kochon an.Men ki jan yo fè devlopman.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè Empty Re: Revolisyon nan Jenerasyon panèl solè

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum