Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

+2
Rico
revelation
6 participants

Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  revelation Lun 23 Fév 2009 - 12:30

Gouvenman repibliken GW Bush la ki gen ambassade Janet Sanderson kap fe bel bagay pou peyi d’Ayiti.
A koz de 4 cyclon ki sot pase la de Septamb ak Desamb gouvenman Bush la te bay gouvenman Preval la yon break e te proteje ayisyen yo kont deportasyon.

Gouvenman Repibliken an ale, e se gouvenman demokrat Obama ki la konnyen la.
Jiska prezan, gouvenman Obama poko di si lap bay stati tanpore a 30,000 Ayisyen ke US imigration pare pou voye an Ayiti.

Anpil aktivist imigration ki te travay pandan kanpagn Obama di ke yopa konprand ki jan ke Obama ap kite yon bagay konsa rive pou yo depote 30,000 ayisyen sa yo nan yon peyi ki déjà ap peri ak la mize.

Preval te vinn Washington pou vinn cheche $100 million pou kouvri defisi budgete 2009 la, e pou lite anba depote ki pral vini yo.
Obama pa bay 5 kob.

Nan peyi Venezuela memm, Hugo Chavez sot passe yon referendum ki bali dwa poul patisipe e gennyen tout reeleksyon kap fet nan peyi a.
Gouvenman Obama dako avek referandum sa e tout opozan Chavez yo mande anraje e ap di ke gouvenman Obama se yon gouvenman sosyalist ki mare kod lonbrit li ak ideoloji Chavez.

Demokrat renmen pov e gouvenman sosyalist Chavez la renmen pov tou, Piti Kennedy ap vand gas a bon mache pou CITGO bay malere. donk lelite venezuelyen yo mande anraje avek gaspyaj lajan pep venezuelyen ke Chavez ap itilize pou fe propagand.

Peyi d’Ayiti se yon peyi ki pov tou, pou kisa Obama ak kite ke yo voye 30,000 depote tounnen nan peyi d’Ayiti san ke li pa di annyen?

Haiti, Chávez are early tests
By David Adams, Times Latin America Correspondent

Published Friday, February 20, 2009
________________________________________
The Obama administration is getting an early reality check on some of the sticky issues facing U.S. foreign policy in this hemisphere.
Take just two recent examples: Haiti and Venezuela.
Immigration advocates, some of whom worked for the Obama campaign, are dismayed by growing reports of Haitians being deported to the hurricane-wrecked island, despite ongoing legal appeals.

Meanwhile, Venezuelan opposition activists are equally appalled by the State Department's endorsement of Sunday's controversial referendum in which President Hugo Chávez won the right to unlimited re-election.
While Venezuela and Haiti are not considered priorities in U.S. foreign policy — at least not compared with Iraq, Afghanistan or Iran — they are likely to pose significant challenges for the State Department during the next four years. History has proven that American presidents ignore them at their peril.

In Haiti a new political crisis is looming over presidential elections due in 2010 that are likely to be hotly contested. The country is in even more severe economic distress than usual after four hurricanes last year killed 800 people, flooded the country's second-largest city, and destroyed roads, bridges and crops.

Meanwhile, Chávez has over the last decade turned Venezuela into an ideological crucible of anti-U.S. sentiment in Latin America.
Venezuela still supplies more than 10 percent of U.S. daily petroleum needs, and is leading efforts at the Organization of Petroleum Exporting Countries to push prices higher.

The Bush administration halted deportations to Haiti between September and mid December. But they have since resumed, including four people on Jan. 23, only three days after Obama's inauguration. Thousands more are in detention and face similar fates.
Finn li rest atik la nan link sa.
http://www.tampabay.com/news/world/article977930.ece
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rico Lun 23 Fév 2009 - 13:29

Anpil aktivist imigration ki te travay pandan kanpagn Obama di ke yopa konprand ki jan ke Obama ap kite yon bagay konsa rive pou yo depote 30,000 ayisyen sa yo nan yon peyi ki déjà ap peri ak la mize.

Preval te vinn Washington pou vinn cheche $100 million pou kouvri defisi budgete 2009 la, e pou lite anba depote ki pral vini yo.
Obama pa bay 5 kob Revelasyon


Bon zanmi kisa w pa konprann la, ki parol aktivis sa.Bon mwen te kwe tout moun sayo se sibvansyon ak pwofi pèsonèl yo ap defann. Kite mele yo ak 30 000 moun yo gen pou retounen.

Eske te gen bon jan lobi ki te fèt avan ak pandan eleksyon yo. Se tann volo finn pase pou rele pote kod. Kote aktivis ki toujou sou beton an tankou Pè Jean Juste mwen pa te janm tande l ditou. Zanmi se yon kèksyon Tutud yo bezwen tounnen.

Gade koman zanmi blak koken ap travay pou retou mouche. Ki te mele mesye sayo pou 30 000 Ayisyen ki an difiklite. Yon bann moun san enterè pou koken. Podyab ti pèp sa pran anpil dola vèt pou gen bakop. Se enkredibilite sa ki fè nou pase sou kote vrè reyalite peyi sa.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Sasaye Lun 23 Fév 2009 - 14:00

Atansyon,
Ou pat ap kapab wè pè Janjis sou beton an sèjousi paske li malad lopital lan Florid depi ane an koumanse.
Mesye pa kouri pale san nou pa konnen.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rico Lun 23 Fév 2009 - 14:22

Sasaye a écrit:Atansyon,
Ou pat ap kapab wè pè Janjis sou beton an sèjousi paske li malad lopital lan Florid depi ane an koumanse.
Mesye pa kouri pale san nou pa konnen.

Mwen byen di avan ak pandan eleksyon merikenn yo. Sanble w byen branche Sasaye. Antouka mwen swete l retwouve sante.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  revelation Lun 23 Fév 2009 - 15:24

N’souwete ke pê Jean Juste jwen la sante’l

Men se pa pê jean juste selman ki met beton an pou zafe imigrasyon.
Si’l malad fok gen lot neg ki pou pran la relev. Se sa’m pa remen avek Lavalas !!
Yo individualize tout fenomemm.
Depi pa gen têt, kô pakab mache.

Memm Castro ki malad, peyi Cuba fonktione nomalman.

Fok Jean Juste passe lod bay lot kamarad nan Miami oganize 2 e 3 march pou’n montre Obama mekontantman nou sou zafe sa.

Memm George W. Bush te banou yon break apre cyclone yo. Janet Sanderson ak tout ekip li yo banou anpil jarret.
George Bush kite pouvwa an 20 Janvye 2009,
23 Janvye sou administration Obama, yo komanse voye Ayisyen lakay.

Jiska prezan Obama poko chwazi ambassade ameriken pou peyi d’Ayiti. Ayiti bezwen ed e fok democrat yo pa kite Ayiti mourri.

Si Obama okipe ak lot bagay ki pi ijan nan USA, ke li mande GG Kanada a, Michaelle Jean pou’l mete yon train ou byen yon karavan otobis a la dispozition 30,000 depote sa yo pou pran wout chemen Kanada an atandan ke bagay yo kle an Ayiti.

Gen lontan ke Kanada pa fe yon jes pou depote boatpeople sou zafe imigration.
Bato nou pa bon asse pou rive jis Kanada, men bwa kanada long asse pou rale nou vini.

An nou kenbe pressyon sou GG a. Lite fe yon kout pye nan peyi d'Ayiti e li we komman bagay yo ye.
Kanada gen asse plas pou pran 30,000 moun tanpore'rman.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  gwotoro Lun 23 Fév 2009 - 16:26

Quelques precisions et questions:

1) La reprise des deportations vers Haiti a commence en decembre 2008 si je ne me trompe. Donc, sous le mandat de Bush...

2) Pourquoi les USA ne pourraient pas pour une certaine periode surseoir a ces deportations. La crise economique est-elle terrible au point ou l'on doive absolument refouler ces 30.000 personnes ou au point "le Canada soit oblige de les heberger"?

Le president Preval a demande a plusieurs reprises au gouvernement americain d'accorder le status TPS aux illegaux haitiens (comme il le fait pour des illegaux en provenance d'autres pays) et il a renouvelle sa demande lors de son dernier passage a Washington. S'il y a pression a faire, c'est pour obtenir le status TPS pour les illegaux haitiens qu'elle doit etre faite.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  gwotoro Lun 23 Fév 2009 - 16:37

[...]For instance, Hondurans are still getting TPS from a natural disaster that occurred in 1999. In addition to Honduras, El Salvador, Nicaragua and Sudan have temporary protected status through 2010. Yet, Haiti has never been granted such a status.[...]

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 23 Fév 2009 - 16:50

Se pa pase map manje poul mouri ke ti nonm ki ap manje poul vivan te dim(lol) ki fè mwen pale konsa.Men Presidan meriken yan li pa genyen yon pouvwa diktatoryal ki pemet li chanje lwa peyi ya lè li vle .Menm ma tant Obama nan ka li pa ka fè anyen pou li.Se plis pase yon demi milyon meriken ki pèdi travay yo depi ane komanse e sa ap kontinye toujou.ki sa 30000 ayisyen sa yo pral fè pou yo viv nan yon moman kote chomaj la preske rive a 8% Florida.Eske presidan dwe ouvri frontyè ya poul di tout moun ki ap fè pitit tankou la pen kontinye fè yo lè nou pa kapab ak yo eta zuni ap pran yo pou nou.

nou ap kritike Presidan ameriken yan lè li foure dyol li nan zafè lot peyi men pep venezwelyen yan sot amande konstitutyon peyi yo nan yon referendum nou mande pou Obama ta di yon bagay.Obama nou ka wè se pwoblem peyi li ke li ap chache regle li pa vinn dirije mond lan.Ap plede depanse ti reseous pou nou danse nan kay sal epi kite pep nou grangou epi vinn kriye di yap refoule ayisyen.Se pou yo aksepte tout moun ki vle pran kanntè nan yon peyi ki nan yon kriz ekonomik. men jodya stock maket la desann de 50% de sa li te ye lane pase a parey è.Ki jan pou yon peyi ki nan kriz konsa ka asepte 30000 moun debake lakay li san yo pa observe lwa peyi ya.

yon nonm ki ap kritike demokrat yo pandan 2 mwa ke yo genyen o pouvwa pou sa ki te komanse depi lontan ou pa serye.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  revelation Lun 23 Fév 2009 - 17:01

Gwotoro a demandé : Quelques précisions et questions:

1) La reprise des déportations vers Haïti a commence en décembre 2008 si je ne me trompe. Donc, sous le mandat de Bush...
Entre Septembre et Décembre 2008 les déportations ont cessées.
George W. Bush n’était plus président, mais dans une période de transition.
Les déportations ont commencées 3 jours après l’inauguration d’Obama comme Président des USA.
Qwotoro a demandé : 2) Pourquoi les USA ne pourraient pas pour une certaine période surseoir à ces déportations. La crise économique est-elle terrible au point ou l'on doive absolument refouler ces 30.000 personnes ou au point "le Canada soit oblige de les héberger"?
OUI ! Les Etats Unies sont dans une période de crise économique et sociale jamais vue.
Ce serait la moindre des choses pour les Haïtien-Canadiens de demander a la GG du Canada de venir en aide a ses frères et sœurs haïtiens.

Est-ce que le Canada a une politique de TSP, statut d’asile temporaire aux immigrants qui fuient leur pays pour des raisons politiques, de guerres ou des désastres naturels??
Probablement oui.

Et si les déportés demandent d’aller au Canada au lieu de retourner en Haïti?
Il suffirait pour le GG d’envoyer quelques centaines d’autobus dans la frontière canado-américains, et le tour est joué.

Nous sommes entrain d’envoyer des lettres de demande au président Obama de faire la demande au prés du GG du Canada pour accorder Canadian TSP aux haïtiens.
Vous autres au Canada, pourquoi ne pas faire la même chose ?

Révélation
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  gwotoro Lun 23 Fév 2009 - 17:05

Rodlam,

Je vous rappele que les 30.000 personnes sont deja sur le territoire americain.

De plus, la plupart d'entre eux travaillaient/travaillent, donc ne demandent pas a l'etat de subvenir a leurs besoins...

Pourquoi le Honduras, le Nicaragua ont droit a cette protection et pas Haiti?

Pourquoi un cubain est recu aux USA avec les honneurs et l'haitien est foutu en prison?

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 23 Fév 2009 - 17:11

Men se pa sel ayisyen ke yap deporte. se chak jou yap deporte des milye de meksiken.Fok nou konprann ke meriken yan li defann enterè li si pa ekzanp yo aksepte kiben e yo refoule ayisyen genyen yon rezon pousa.se menm jan ak honduras yo genyen anpil gwo konpayi meriken ki nan honduras.Se menm jan tou nou pral wè ke nicaragueyen yo pral genyen yon pwotektyon menm jan ak kiben yo.la vi saa se banm ma ba w si w pa genyen anyen ou ka ofrim e byen ou pa enteresan.epi pi mal yo di ou soufri tout kalite maladi kontajyez.mwen pa di tout ayisyen yo konsa men eske si yo ta di nou genyen yon epidemi lep nan yon peyi nou ta aksepte ke moun ki sot nan peyi sa yo rantre an ayiti?
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  gwotoro Lun 23 Fév 2009 - 17:12

Les déportations ont commencées 3 jours après l’inauguration d’Obama comme

Selon cet extrait pris de l'article que vous avez vous-meme mis sur le Forum, les deportations ont recommence en decembre 2008.

[...]The U.S. government did halt deportations to Haiti for three months last year, starting in September. After resuming flights in December, the administration of then President George W. Bush denied Haiti's request for "temporary protected status." [...]

Entre Septembre et Décembre 2008 les déportations ont cessées. George W. Bush n’était plus président, mais dans une période de transition.

Ah bon? Donc les USA etaient sans president pendant la transition?

Je me demande donc a quel titre Bush a signe toutes sortes d' "executive acts" pendant la transition.

gwotoro
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3974
Localisation : Canada
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le balancier

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rico Lun 23 Fév 2009 - 17:20

Antouka se pi gwo sèvis meriken yo rann peyi dAyiti. Zafè grate santi, banbile, jwi volo lajan tout ti èd Kanada, Meriken , Inyon Eropeyenn ap bannou. E pi swadizan pou Ayisyen pran kouraj yo pou konbat opresyon, volo, piyajè ak tosyonè ap mande de preferans favè pou layite yo nan peyi blan. Non èd sayo dwe sèvi pou ede popilasyon yo ak bon jan devlopman. Finalman fok presyon an cho pou pran zam si nesesè pou gen lapè ak bann volo. Mwen di se kenbe presyon konsa pou reveye Ayisyen pou mache pran yo. NON LOUVRI POT LOT PEYI POU KITE NOU LESE PEYI NOU POU VOLO.


Nayan peyi sayo pa nan revolisyon endistriyèl yo te bezwen travayè de mas pou endistri manifaktirye. Yo fout kite sa pou peyi tankou Meksik, Lend ak latriye. Nou fout telman enbesil, sanzave bonaryen a kèlke kilomèt Etazini ak Kanada 2 pi gwo peyi nou pa profite mann sa. Kanada sitou se ti minorite zwit, eskolarize, moun pwofesyon rechèche ki enterese l Ayiti. O mwen si 30 000 moun sayo te ofri avantaj konsa. Podyab pi fo dorijinn peyizann ki pran kanntè, chomeko, souzeskolarize. Eske nou panse gen endistri konsa anko menm jan ak ane 70 yo pou konesko ap pale plan sovtaj ki pa kanpe sou anyen. Non se sou lèd sosyal moun konsa pral ateri dirèkteman vinn gonfle saki defavorize sou plan edikasyon ak pwofesyon nan kanada. Si Ameriken ak popilasyon 8 Fwa plis Kanada pa kap pran anko . Alos kisa nou panse kanada kap fè san kapasite Meriken yo. Wouyyyyyy kote ekonomis tèt shat sayo soti.

Non mete lod lakay nou, mande meriken louvri plis lwa Hope pou favorize kreyasyon danplwa lakay nou. Mande Kanada fè menm demach konsa pou ede peyi a. Mande gwo peyi nap mande favè mete plis bouch, bon jan presyon ak bon kontrol pou favorize yon meyè klima politik pou peyi nou byen fonksyonen.Sispann mande lenposib nan voye Ayisyen vinn lonje kwi w yo kay blan ki konnen yo pap pran chans konsa pou destabilize ekonomi yo. Se yon plezi fè edikasyon zanmi yo nan mete vreman fokis sou reyalite politik ak ekonomik yon tèl deba.


Dernière édition par Rico le Lun 23 Fév 2009 - 17:57, édité 2 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rico Lun 23 Fév 2009 - 17:37

gwotoro a écrit:Rodlam,

Je vous rappele que les 30.000 personnes sont deja sur le territoire americain.

De plus, la plupart d'entre eux travaillaient/travaillent, donc ne demandent pas a l'etat de subvenir a leurs besoins...

Pourquoi le Honduras, le Nicaragua ont droit a cette protection et pas Haiti?

Pourquoi un cubain est recu aux USA avec les honneurs et l'haitien est foutu en prison?


Gwotorose se vre moun sayo ap travay, Men pa ignore to chomaj Ozetzini preske nan 9 %. se yon fenomenn san presedan Nou refize konprann se tout mwayen kap pran pou estabilize ekonomi yo. Se yon long plan ki rantre nan kad asenisman ekonomi peyi a.

OBAMA PA GEN CHWA TOU PROFITE REDRESMAN SAYO KI KOMASE DEPI SOU BUSH. Zafè Ayiti a tou e yon signal yo voye, frè nou yo rive ak yon rapidite plis ke lè zot. Se sa wi tou ki yon faktè chans pou Ayiti je brake sou nou. Olye mande favè se mande regle pwoblèm lan ki POLITIK AK EKONOMIK A LA FWA. DAPRE SA MWEN TANDE AK KONPRANN SOLISYON AP DISKITE, SI PREVAL FINI MANDA L SE CHANS.


Dernière édition par Rico le Lun 23 Fév 2009 - 17:44, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 23 Fév 2009 - 17:43

nan yon peyi kote yap voye profesè lakay yo, yap fèmen pwogram spor , art ,misik nan lekol epi nap mande yo 100 milyon dola epi pou yo kite moun san paye lakay yo.Epi nou se gouyad nap bay nan madigra.'fè elektyon chak 2 zan ki koute 16 milyon dola men se meriken ki la koz ke nou nan misè.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rico Lun 23 Fév 2009 - 17:52

Rodlam Sans Malice a écrit:nan yon peyi kote yap voye profesè lakay yo, yap fèmen pwogram spor , art ,misik nan lekol epi nap mande yo 100 milyon dola epi pou yo kite moun san paye lakay yo.Epi nou se gouyad nap bay nan madigra.'fè elektyon chak 2 zan ki koute 16 milyon dola men se meriken ki la koz ke nou nan misè.

E byen se la tou je brake sou nou. 3 jou kanaval sayo se leta ki san mwayen ki finanse bann lobey sayo. Sa vle di 3 jou ekonomi peyi a bloke, leta pa rantre an plis yon klou. Ti malere nan ti manifakti pa touche yon goud pou jou konsa, Pwodiktivite leta a zero, menm si yo pase yon kominike gen travay 8 a midi. Men ak ki bann mou nou annafè. Koman w vle etranje pran nou oserye, bannou avantaj, Se lave en siye a tè.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 23 Fév 2009 - 18:05

Nou fout mete yon paket madigra ki pa genyen menm yon notyon elemantè ki jan pou yo jere yon boulanje byen epi nou mete yo pou yo dirije yon peyi ;ki jan fè se pa mande selman yo konnen pou yo mande.Yon moun pa beswen ekonomis ni ekspè an devlopman pou konprann ke ayiti pa ka peye gouvenman saa ni li pap ka nourri 15 milyon moun ke yo predi ki pral genyen nan peyi ya nan 20 tan ki mesi gouvenman pran poul kontwole kwasans demografik saa ki se yon epe damokles sou tet ayisyen.

Chita ap kale ptitit tankou la pen bay gouyad nan kanaval prentan ,kanaval ete;fè elektyon malatchyong chak 2 zan epi konprann ke moun ki ap kontwole kwasans demografik lakay yo pral aksepte ke nou pran kanntè lè nou vle pou nou vinn lakay yo vinn manje;gade konbyen kob nou pral depanse pou fè elektyon ak kanaval epi gade bidjè depatman agrikilti ak edikatyon na konprann pou ki sa nou nan misè konsa.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Rodlam Sans Malice Lun 23 Fév 2009 - 22:45

Anvan nou blame lot moun konpare dekad 46-56 ak dekad sa yo ki sot pase la yo na konprann poukisa grangou kloroks ap koupe triip ayisyen.Ki te popilatyon ayisyen ant 1946-1956 petet ape prè 3 a 4 milyon ayityen ki te produktyon natyonal ou GNP?an 1946 nou te konn vann kafe , kakao, koton , fig banann, sisal,sik ak anpil lot pwodwi artisanal.Nou di ke peyi dayiti se yon peyi agrikol depi apre chut Paul magloire ki gwo envestisman ki fet nan lagrikilti?menm kota sik ke yo te ba nou , nou pat ka ranpli li jis se dominiken yo bay en pe .

Jodya se nan men dominiken nap achte manje poutan se ayisyen ke nou te konn vann yo e meprise yo se yo ki ap travay pou ekonomi dominiken.ki sa nou fè pou edike, ankadre peyisan poul pwodwi plis?Gouvène yon peyi se prevwa sa ki pral rive ;eske yon moun te beswen konnen ke peyi dayiti pat genyen moyen poul te ba 9 milyon moun manje san ke nou pa ogmante pwodiktyon agrikol la.Sa nou te fè akk tout lajan ke yo te prete nou ant 1957 e 1986?se pat 8 jenero , ak gad presidanteyel, ak makout ke nou tap peye ak en pe epi voye en pe sere nan bank swiss.

Alor jodya nou vle bay ameriken pote chaj la?tou tan nou rete ap eli madigra kap danse Mickey nan kanaval epi ki ap vinn mande 100 milyon dola poul gaspiye nan elektyon risib ak kanaval e byen se pita pi tris.Sonje ke mwen te di nou sa si nou pa mete yon gouvenman revolutyonè nan peyi ki pou kontwole kwasans demografik la e ki pou envesti lajan peyi ya nan lagrikilti nan ven tan na di mwen te prevwa malsite ki pral genyen nan peyi dayiti.

Jodya ameriken ap fè recherch pou yo diminye enpotatyon lwil ,yap devlope enerji solè, enerji eolyenn. geothermal etc G.E ap fabrike tout kalite aparey pou yo ka kapte energy van ;recherch ap fet nan tout dommenn mwen sot tande ke yo pral kreye yon vaksen ke yon moun pran yon sel fwa epi ou pap janm genyen flu ankor ;yo kreye tout aparey medikal ki pou detekte maladi ke yap vann anpil kote. ki recherch ak devlopamn machinn nap fè pou nou vann kek bagay lot kote ?2 twa ti moso twel nap kole se sa nou konpran ki ka fè devlopman nan yon peyi.meriken pral envesti lajan yo pou yo konstwi machinn ki boule mwens gas yo pral mete tren ak grann vitess anpil lot kote pou yo bouke boule biofuel yon nonm rete lakay li ap ekri radot.Apre sa li vle fè moun konprann ke pep ki pemet tout moun kominike ak tout moun tout kote ke pep saa se mechan se eksplwatè, se yo ki koz tout misè sou la tè.Poukisa Castro pa di se yo tou ki rive nan la linn anvan tout moun, se yo ki kreye avyon, se yo ki kreye telephon , radio , televisyon, konpitè se yo ki mete limyè lakay yo an premye.se yo ki kreye machinn ki detekte maladi ka anpil moun ki fè jodya moun viv pi lontan se yo ki kreye otomobil ke yo te konn vann tout kote.Konbyen konpitè ke yo vann anvan lot peyi vinn fabrike yo tou?ki les ki mete satelit ki ap kontoune tè ya ki fè jodya tout moun genyen telefonn potab ke yo ka kominike ak moun tout kote.Se pa chita mande 100 milyon pou nou gouye nan madigra e fè vye elektyon initil ki ap pemet nou kreye bagay sa yo.se p[a rele lot konpayi vinn eksplwate sektè telefonn mobil kont enterè konpayi pa nou ki fè nou pral devlope peyi ya.se pou nou rekonet ke nou se yon paket bo palè ki pa kreye anyen.kontrèman a lot pep ki apresye ouvriye ,artisan nou se meprise nou meprise yo.Nou tap rele Thomas Edison ti elektrisyen ,frè Wright yo ti mekanisyen an.Benjamin Franklin nou tap dil se yon neg sot.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Thunder Mar 24 Fév 2009 - 3:33

M toujou di sa, pa genyen yon lot gwoup moun ki kraze peyi a apa de Ayisyen. Pa genyen lot pèp sou latè ki dwe nou anyen, epoutan san yo, pa t ap genyen Ayisyen anko sou ti bout tè sa a.

Imajine nou yon jou, si tout ONG an Ayiti mare pakèt yo, e kominote entènasyonal la di li lave men l nan koze Ayiti a ?

An verite etranje fè plis byen pou Ayiti, ke Aysyen fè pou pwop peyi l. Nou rete ap akize youn oubyen lot, pandan ke pwoblèm lan se nou menm.

Eske se entèlijan dirijan nou yo pa entèlijan, oubyen eske se movèz fwa ke yo genyen ?

Konbyen tan nou rete anvan peyi sa a anglouti ak tout sa ki ladann, si nou rete sou menm pant lan ? ...estimasyon pa m se 20 lane.

Nou mèt chita tann Obama toujou, nou genyen pou nou tounen pwa tann.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama. Empty Re: Pep Ayisyen ak Venezuelyen Fache Kont Gouvenman Obama.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum