Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -45%
PC Portable LG Gram 17″ Intel Evo Core i7 32 Go ...
Voir le deal
1099.99 €

Mizopwen rico sou 2 sijè

3 participants

Aller en bas

Mizopwen rico sou 2 sijè Empty Mizopwen rico sou 2 sijè

Message  Rico Dim 31 Mai 2009 - 15:38

Tout pale anpil otou 2 sijè mande ti eklèsisman. Mwen twouve tretman dosye Nickie manke dwate. Mwen bay opinyon m sou kèksyon sa. Se twouve prensipal konsènen vag yo. Antouka mwen pap di plis se domaj yo refize swiv mwen nan rezomnan sayo . Mwen vle raple tout moun Nickie se yon moun opoze a rico pou rezon apatenans politik li. Mwen pa ditou yon pwoch li sou forom lan. Menm si an tan ke Monreyalè mwen apwoche l plizyè fwa, li eskive m. Bon mwen di se nomal lè nou konnen koman nou gason anvayisan ap tounen souvan an ron dèryè medam yo.


Non se pa te ditou sa, se jis pa sanbiblite rejyonal pou yon Monreyalèz mwen te fè ti apwoch sa. Jounen jodyè a li nan yon enpas ak forom lan, mwen eseye onètman eksplike kisa mwen konprann nan reyaksyon l. Men se biza Nickie pa menm gen apwi klan politik li retiran Colo ki reyaji.

Gen menm yon kwidam fristre , yon majinal sou forom lan ki tonbe fè chou gra li. Pèsonaj disgrasye,misterye ki atake tout moun konfondi ak vye rago. Se sèl fason li pote yon patisipasyon negativ sou forom lan. Men nan mitan tout deriv sayo moun modere map redi anko mwen toujou konte sou bon sans ak pwofondè l Sasaye pa rache yon mo kom moderatè.

Poutan yon moun ki apresye Nickie kite kapab mete rola lakay kolaboratè l, rasire Nickie, li pa di yon grenn mo. Se biza, wi trè biza. alos se rezon mwen toujou di Colo, rico mal plase pou kalme aktè yo , ramnen lapè. Antouka Forom Haiti pa dwe pèdi yon fanm tankou Nickie.

Yon dezyèm mizopwen, mwen swete final. Pou mwen ki rive lotre jou sou forum lan mwen te toujou di e konprann se yon forum dobedyans lavalas. Dayè pou kwidam ki mande m mete m deyo. Sa te deja fèt , rico te bloke byen rèd, li te enposib pou bay dizon l pa bo isit, yo te mete l an karantenn. Se te yon erè fatal yo reyenvite rico, debloke aksè l sou forum haiti. Mwen pa fè kout kolè, vèkse pou kanpe lwen malonèt sa. Non, rico gen mesaj politik li pou pase, li pa vle zot fè politik pou li, alos li retounen pirèd.

Men nan lavi, pasyans gen limit. Se vre pase mesaj politik, men si pa gen vreman kondisyon pou sa se lave men siye a tè. Sa vle di yon moun entans tankou rico ou byen lot sou yon forom dezavantaje anpil nan pèdi tan yo, mete enèji. Pandan veritab madigra, moul mal nan po yo, move fristre vinn joure, atake , selman lot patisipan. Pran rico kom souf doulè yo e rezon prezans yo sou wèb la.

Se vreman yon radot pou yon endividi monte sou chak pos se denigreman, tripotaj kap voye monte. Se two fasil kanpe joure, san vreman yon patisipasyon ki mande yon ti travay dokimantasyon ak recherch. Se la mwen vle vini kote moderatè, ki te pwomèt yon patisipasyon san briganday konsa. Yo menm ekri byen anvi règ konpotman ak savwa viv sou forom lan, poutan yo disparèt tankou zeklè pou aplike regleman sayo . Pran lot pretèsk se adilt ki dwe regle zafè ant yo. Mwen di non sa pa mache konsa ak ti nèg kap aprann demokrasi. KOM DIRIJAN , MONTRE KAPASITE NAN YON APRANTISAJ SERYE TOU, APLIKE REGLEMAN MENM KONT YO.

Paske sakap deplwaye la kwidam ki annafè ak tout moun san distenksyon nan denigreman ak frekansite depase antandman. Jan pratik konsa dezavanteje rico ou tout lot moun ki vle siksè forom lan. Alos si pa gen lot chwa map tire reverans si mete fren nan briganday sayo. Wi yo twouve bout nou nan jwèt delwayal kote map pèdi tan entèvni sou tout sijè pou atire yon kliyantèl pou Haiti forum.

Yon ti sabotè fristre ap simaye la twoublay. Alos ki rezilta sa gen pou bay , raple nou byen Forum OPL kite nan vye trip konsa. Ak lot forom kote yo lese nenpot ti koken defoule yo, voye jilbrèt ki lakoz anpil moun ki gen bagay pou di kraze poul yo. ALOS LAGÈ AVÈTI PA TOUYE KOKOBE.


Dernière édition par Rico le Dim 31 Mai 2009 - 17:18, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mizopwen rico sou 2 sijè Empty Re: Mizopwen rico sou 2 sijè

Message  Invité Dim 31 Mai 2009 - 17:13

elephant


Dernière édition par lent=slow le Lun 7 Sep 2009 - 14:26, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mizopwen rico sou 2 sijè Empty Re: Mizopwen rico sou 2 sijè

Message  Marc H Lun 1 Juin 2009 - 10:54

Rico

Merci pour cette mise au point et je demande à la personne visée de passer à autre chose. Fe deba yo roule. Nickie va y revenir...un jour.

Allez ann brase lide.
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Mizopwen rico sou 2 sijè Empty Re: Mizopwen rico sou 2 sijè

Message  Invité Lun 1 Juin 2009 - 12:40

Marc a écrit:Rico

Merci pour cette mise au point et je demande à la personne visée de passer à autre chose. Fe deba yo roule. Nickie va y revenir...un jour.

Allez ann brase lide.

Yon jou Nickie va retounen?

Ki jou sa?

Eske ke genyen yon moun sou fowum sa a ki ka pran lidèchip li e ale ankouraje manzèl retounen?

Poukisa yon dal gwo manitou ki repite proche manzèl chwazi gade silans sou dosie sa a?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mizopwen rico sou 2 sijè Empty Re: Mizopwen rico sou 2 sijè

Message  dilibon Lun 1 Juin 2009 - 16:17

Lap tounen paske mwen li ansyen post li yo, dam nan sanble youn potorik fanm. Fok li tounen vinn dim boujou... gade nap we!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Mizopwen rico sou 2 sijè Empty Re: Mizopwen rico sou 2 sijè

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum