Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-21%
Le deal à ne pas rater :
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, Collection Botanique
39.59 € 49.99 €
Voir le deal

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

3 participants

Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

Message  dilibon Mar 8 Sep 2009 - 21:21

Men transcript mesaj President Obama a tout elev nan USA te delivre mardi nan lycee ki nan Arlington, Va., high school.

Prezidan'an: Alo tout moun!
Mesi!
Mesi,
Mesi tout moun net al kole!
Alright, tout moun met chita. Koman nou ye jodya? (Aplodisman) Koman Tim Spicer ye? (Aplodisman)

Lt. Col. Tim Spicer is a twenty year veteran of the British Army, a former Scots Guard officer, a Sandhurst graduate and a veteran of the Falkland's War, conflicts in Northern Ireland and Bosnia. He went from anti-war hippie in 1970 to returning to England to join up with the Special Air Service. His military career did not really take off and he stayed in the Scots Guard for most of his time. He served as the Brigade Major in 11 Armoured Brigade, based in Germany. The commander of 11 Armd Bde was the then Brigadier (later Major General) Jeremy J Phipps (late Queens Own Hussars), a former commanding officer of 22 SAS, and who later became Director, Special Forces.

Mwen ensemble ak elev ki nan Wakefield High School ki nan Arlington, Virginia. Mwen konnen genyen elev nan tout peyi'a kap gade e kap tande, elev ki nan kindergarten jis nan klas terminale. E mwen kontan anpil ke nou ka la jodya. E map di nou menm ki nan Wakefield pou jan nou resevwa mwen. Map mande pou nou aplodi tet nou byen fo. (Aplodisman)

Mwen konnen pou anpil nan nou jodya se premye jou lekol. Nou menm ki nan kindergarten, ou byen ki ki nan middle or high school, jodya se premye jounen nou nan youn nouvo lekol, alo tout moun ka konprann ke nou youn ti jan nevé. Mwen imajinen ke genyen kek elev ki nan dernye ané yo, seniors yo, ke nou senti nou en fom kounyea la -- (aplodisman) paske nou rete selman youn sel ané pou nou fini. Epi kelkeswa klas ke nou ye, anpil nan nou ap swete pou vakans nan ta kontinye, ta pi long toujou kote nou te ka rete nan kabann byen ta matin an anko! Mwen konnen koman nou senti nou tre byen! Le mwen te jen'n, fanmi mwen tap viv a letranje, mwen te ap viv le sa'a nan Indonezi pendan kek lane, epi manman mwen, ki pat genyen ase lajan pou voye'm nan menm lekol ke tout pitit ameriken yo te konn frekante men, li te konn fe'm kwe nan impotans pou'm genyen youn edikasyon amerikenn. Alo li te deside pou ensegne mwen plis leson li menm, depi nan lendi rive nan vendredi, men paske lite oblije ale travay se youn sel le lite ka fe sa, se a 4:30 di matin. Kounyea, kom nou ka imajine, mwen pat janm two kontan leve bone konsa, men chak fwa mwen fe ti plenyen, manman mwen te konn bann youn sel rega, epi li te konn di:"se pa youn piknik sa ye pou mwen non plis, buster". (tout moun tonbe ri.)

Alo, mwen konnen ke anpil nan nou ap eseye ajiste nou nan moman ke nap retounen lekol jodya. Men jodya mwen ak nou la paske mwen genyen kek bagay enpotant pou'm pale ak nou. Mwen la jodya poum ka pale ak nou de edikasyon nou ak kisa ke tout moun espere de nou tout nan nouvel ane lekol ki louvri la'a. Jodya, map di nou ke mwen fe anpil diskou deja sou edikasyon e mwen pale anpil de responsabilite. Mwen pale anpil de responsabilite profese yo pou inspire e pouse tout elev pou yo ka aprann. Mwen pale anpil de responsabilite paran yo pou yo asire yo ke nou rete en fom nan travay lekol nou yo e yap mande pou nou fe, pou nou ka fe devwa de mezon nou, epi pou nou pa pase tout tan ke zye nou kle devan TV ou avek Xbox nou. Mwen pale anpil tou nan diskou mwen yo de responsabilite gouvenman an genyen pou mete standa ki ro e sipote pwofese yo ak direkte lekol yo, pou yo ka ameliore randman lekol ki pap fonctione byen. Men a la fin des fins, nou ka genyen profese ki pi detemine, devwe nan tach yo, nou ka genyen paran kap sipote efo nou, nou ka genyen pi bon lekol ki ta ka genyen nan monde nan men, sa pap ka fe okenn diferans, sa pap vle di anyen si et seulement si, nou menm elev yo, nou rive pran responsabilite nou ak 2 men nou, se selman si nou deside ale lekol, se seulman si nou pwete atansyon ak sa profese yo ap montre nou, epi si nou travay red, paske se travay di ki repwezante kle reysit. Se sa mwen pral pale ak nou jodya: se responsabilite nou chak kila'a, nou dwe pran sponsabilite pou edikasyon nou. Mwen vle komanse avec responsabilite ke nou genyen pou tet pa nou menm. Nou chak ki la'a genyen youn bagay ke nou bon ladan li. Nou chak ki la'a genyen youn bagay nou ka ofri e se responsabilite nou, pou nou konnen e dekouvri kisa li ye et se opotinite sa'a ke youn bon'n edikasyon ofri.

Petet nou ka youn gwo ekriven ki ka ekri liv ou byen atik nan jounal men nou pap janm konnen sa tout tan nou pa ekri youn redaksyon ou byen youn disetasyon en angle nan lekol nou - se devwa angle sa yo ke profese angle yo ban nou fe. Petet nou ka youn inovate ou byen youn invente ki ka fo ase kote nou ka devlope pwochen iPhone ou byen youn medikaman tou nef ou byen youn vaksen men, nou ka pa janm rive konnen sa jiskaske nou fini proje nan klas syans nou yo. Petet nou ka bien ap vini youn majistra nan youn meri, ou byen youn senate ou byen enko youn jij - justice nan lang angle - nan lakou siprem men nou kapab pa janm konnen sa tout otan nou pa rantre nan gouvenman etidyan nan lekol nou, ou byen nan ekip kap aprann fe debat. Map di nou sa, kelkeswa sa nou vle fe ak lavi nou demen, mwen ap garanti nou ke nap beswen youn edikasyon pou nou ka fe li.

Si nou ta reve vini youn dokte, youn profese, ou byen youn polisye, kit nou vle vini youn infimye, youn achitek, youn avoka ou byen manm nan sevis milite nap besoin youn bon'n edikasyon pou chak grenn karye sa yo. Nou pa ka kite lekol bone, drop out of school, epi pou nou pense ke nap ka rive tonbe sou youn bon travay.
Fok ou pran entrennman, fok nou travay pou sa, fok nou aprann, pou nou ka rive la. E sa pa selman enpotan pou lavi nou ak preparasyon fiti nou, paske sa nou deside de edikasyon nou pral decide pa lot bagay ke avni peyi nou. Lavni yi ameriken depann de nou. Sa nap aprann jodya nan lekol pral determinen si peyi nou pral ka leve tout gran defi ki pral poze devan li dans le futur.

Nou pral beswen konesans ak aptitid nan solisyone pwoblem ke nou rankontre nan syans ak nan matematik pou nou ka rive geri anpil maladi tankou kanse ak AIDS, pou nou ka devlope nouvo teknoloji sou zafe eneji e pwoteje ekoloji a. Nou pwal beswen anpil konesans ak aptitid pou ka pense de fason kritik ke nou ka jwenn nan etid listwa ak syans sosyal pou nou ka goumen kont povrete ak pwoblem moun ki san kay, pou nou ka goumen kont krim ak diskriminasyon, epi pou nou ka fe peyi nou vinn pi jis e pi lib. Nou pral beswen kreyativite ak ingeniosite ke nou ka devlope nan tout lot klas nou yo pou nou ka bati nouvo konpayi ki ka kreye nouvo emplwa ki ka monte nivo ekonomi lakay nou.

Nou beswen chak grenn nan nou pou devlope talan nou, aptitid nou yo, ak intelek nou de moyen pou nou ka ede moun ki pi gwan pase nou yo pou rezoud youn seri de pwoblem difisil ki devan nou jodya. Si nou decide pa fe sa - nou kite lekol bone - nou pap selman fe tet nou mal men ou jis abandone devwa nou genyen a peyi nou. Kounyea la, mwen konnen ke li pa toujou fasil pou pefome nan lekol. Mwen konnen ke anpil nan nou chaje ak pwoblem nan lavi nou ki ka anpeche nou fokis nan travay nan lekol nou jodya. Mwen konnen, mwen konprann, - I get it! - mwen konnen kisa sa vle di. Pa bliye ke papa mwen te abandone fanmi mwen le mwen te genyen selman 2 zan kote se manmanm sel kite fe levasyon mwen, youn fanm kite oblije ap travay, ki tap goumen red anpil fwa pou peye bodro li yo, kote li pat kapab ban nou anpil bagay ke lot timoun parey nou te genyen. Anpil fwa mwen te pou kont mwen e mwen pat genyen okenn plas kite la pou mwen. Bagay sa yo te anpeche mwen focus sou sa mwen te genyen poum ta fe nan lekol, mwen te fe kek bagay ke mwen pa trop fye de yo, e mwen te genyen plis problem ke sa mwen te dwe genyen. Bagay sa yo te ka lakoz lavi mwen pran youn lot chimen pou pi mal. Men mwen te genyen anpil chans!

Mwen te rive genyen anpil 2ieme chans ak opotinite pou mwen te frekante univesite, lekol de dwa epi pou mwen te swiv tout rev mwen te genyen. Madanm mwen, kise premye dam peyi nou an, Michelle Obama, li genyen youn istwa parey. Pa genyen youn nan parent li yo kite ale nan universite, yo pat genyen anpil lajan, yo pat rich men yo te travay red, yo te travay di de moyen pou li te ale nan pi bon universite ki nan peyi a.

Anpil nan nou ka byen pa genyen menm avantaj sa yo. Nou ka byen petet pa genyen okenn gran moun nan lavi nou ki pou ban nou sipo ke nou beswen. Petet youn moun nan fanmi nou ka pedi travay li, kote pa genyen ase lajan pou fe sa yo vle fe. Petet nap viv nan youn katye kote nou pa senti nou en sekirite ou byen nou ka genyen zanmi ki ap fe presyon sou nou pou fe bagay ke nou konnen ki pa korek. Men a la fin des fins, ikonstans ki nan lavi nou, jan nou ye, sa nou sanble, kote nou soti, konbyen lajan nou genyen, sa kap pase lakay nou - pa youn nan bagay sa yo ka sevi kom ekzkiz pou nou neglije fe devwa nou ou byen pou nou genyen youn move atitid nan klas nou. Pa genyen ekzkiz pou nap bay professeur nou move repons ou byen pa ale nan kek klas ou byen kite lekol bone. Pa genyen ezkiz paske nou refize eseye. Kote nou ye jodya pa dwe deteminen kote nou prale. Pa genyen moun ki deja ekri destine nou pou nou, paske isit aux USA, se nou menm kap ekri prop destine nou. Se nou menm kap prepare prop demen nou. lavni nou, fiti nou. Se sa jen'n tankou nou ap realize chak jou nan tout peyi'a.

Jen'n moun tankou Jazmin Perez, ki nan Roma, Texas. Jazmin pat konn pale angle le li te komanse ale lekol, paran li pat ale nan univesite, men lite travay red, li fe bon not lekol, e lite rive jwenn youn bous detid nan Brown University -- jodya lap fe prepare tez doktora li nan sante publik, kote li pral devni Dr. Jazmin Perez.

Jodya map pense ak Andoni Schultz, ki nan Los Altos, California, ki te batay ak kanse nan sevo depi lite genyen 3 zan kote li te endire tout jan de tretman ak operasyon chirigikal, genyen youn kite rive afekte memwa li, sa vinn fe li pwan plis tan - des centaines d'extra d'heures - pou fe devwa li, men li pa janm dekouraje ni rete en dernye. Jodya li prale rantre nan univesite.

Genyen youn lot moun anko ki rele Shantell Steve, ki soti nan peyi mwen nan vil Chicago, Illinois. Malgre yo te mate li de youn foster home a youn lot foster home nan pi move katye ki nan ville la, li degaje kan menm pou li jwenn youn travay nan youn sant de sante nan zon'n li, li komanse youn pwogram ki la pou ede jen'n rete lwen de gangs, li nan wout pou li gradye nan high school avek one apre li prale nan univesite.

Jazmin, Andoni, ak Shantell pa diferan de okenn pami nou. Yo te genyen gro barikad kom defi kite kanpe devan yo tankou nou, men'm jan ak sa nou genyen devan nou jodya, men yo te refize kite sa. Yo pat give up. Yo te chwazi pran responsabilite yo pou lavi yo, pou edikasyon yo pou mete objektif ke yo te vle atten'n pou prop tet yo. E mwen ka di nou jodya ke mwen espere pou nou ta fe menm jan ak yo.

Se sak fe map mande nou jodya pou ke chak nan nou menm pou nou tabli objektif nou sou edikasyon nou - e pou nou fe tout sa nou kapab pou nou ka atten'n objektif sa yo. Objektif nou ka osi senp tankou fe tout devwa nou, swiv sa kap fet nan klas nou, ou byen pase youn ti tan pou nou li youn liv chak jour. Nou kapab byen petet deside rantre nan kek aktivite extrakourikoule ou byen ale kom volonte nan kominote nou. Petet nou ka deside defann elev ke lot timoun ap pase nan tenten, taquinen, ap pase nan betiz, ou byen defann elev ke lot elev mechan ap kale, ennuye poutet moun ke yo ye ou byen sa yo semble, poutet sa yo kwe tankou mwen, mwen pense ke chak jen'n moun merite youn environnman ki genyen bon jan sekirite pou yo ka etidye e aprann.

Petet ou ka vinn deside pou pran pi bon swen tet ou pou ka pi pare pou w aprann. Nan menm lod dide sa'a. en pasan, mwen espere ke nou tout ap lave main nou anpil, e ke nou ap rete lakay nou, pou nou pa ale lekol si nou pa senti nou byen de moyen pou nou ka anpeshe lot moun pwan nan flu ki pral rive nan szon otom ak live kap vini la yo. Sepandan, kelkeswa sa nou deside fe ak lavi nou, mwen ta renmen pou nou devwe tet nou ladan li. Mwen ta renmen pou nou ta travay red pou rev nou ka reyalize. Mwen konnen kelkefwa nou resevwa youn sans nan TV ke nou ka rich ou byen reyisi nan lavi san nou pa beswen travay di - ke ticket nou besen pou reyisit se nan fe rap ou byen basketball ou byen nan devni youn sta nan youn nan reality TV. Epoutan genyen anpil chans pou nou pa rive devni youn nan bagay sa yo. La verite se ke pou youn moun reysi nan lavi sa dificil. Nou pap janm rive renmen tout sije nap etidye nan lekol nou. Nou pap renmen tout profese ke nou genyen. Se pa tout devwa ke nap twouve ki genyen rapo ak lavi nap mennen kounye la'a, nan minute sa'a menm e nou pap neseseman reysi premye fwa ke nou eseye youn bagay.

That's okay. Ca va! Kek nan moun ki pi reyisi nan monde nan se moun yo kite genyen anpil defaites nan lavi yo. J.K. Rowling's -- auteur de Harry Potter -- premye liv Harry Potter li te ekri te jwenn rejeksyon 12 fwa anvan li te rive finalman pibliye li. Yo te retire Michael Jordan nan ekip basketball nan high school li poutet li te pedi anpil fwa e li te rate anpil tir nan panye basket la pandan karye li men lite di youn le: " Mwen te pedi anpil, anpil, anpil fwa nan lavi mwen e sak esplike reyisit mwen." Moun sa yo te reyisi paske yo te konprann ke ou pa ka kite defet nan lavi w defini ki moun ou ye, men se pou'w sevi ak defet kom eksperyans ki anseye w youn leson nan lavi. Se defet yo ki ka demontre a kle kisa pou w fe diferaman youn pwochenn fwa. Alo si nou tonbe nan pwoblem sa pa vle di ke ou se youn troublemaker, sa vle pito ke ou bezwen pou w eseye aji pi byen pi plis toujou. Si ou genyen youn movez not nan klas ou, sa pa vle di ke ou se youn moun ki sot, ki stipid pou sa, sa selman vle di ke ou bezwen pwan plis tan pou w ka etudye e prepare pi byen.

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty Re: tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

Message  dilibon Mar 8 Sep 2009 - 21:22

swit

Pa genyen moun ki fet tou fo nan tout branch. Moun vini fo nan kek branch se opri de gran efo, nan travay di. Ou pa tounen youn atlet sipesta premye fois ou esseye youn nouvo spo. Ou pap janm rive pwan tout not byen premye fwa ou eseye chante, fok ou pratike. Se menm prensip la pou aktivite nan lekol. Ou ka bien oblije fe youn pwoblem matematik plisye fwa anvan ou rive jwenn rezilta yo korekteman. Ou ka oblije li youn pwoblem plisye fwa anvan ou konpwann sa pouw fe ak li. Definitivman ou ka oblije ekri plisye fey bouyon anpil fwa, anvan ou fini youn rekasyon ou byen youn disetasyon. Pa janm pe poze kesyon. Pa janm pe mande ed le nou nan beswen.

Se sa map fe chak jou la kom prezidan. Le ou mande ed se pa sign febles sa ye, se youn sign ke ou genyen fos paske li demontre ke ou genyen kouraj pou admet sa ou pa konnen, le ou pa konnen e sa pemet aprann youn bagay nouvo. Alo bat pou'w jwenn youn granmoun ke ou ka fe konfyans tankou youn paran, youn granparan ou byen youn pwofese, youn antrene ou byen youn konseye pou mande ede'w rete nan bon chimen kote ou ka rive a objektif ke ou vize. E menm le wap batay, wap goumen red, men'm le ou senti ou ta vle dekouraje, menm le ou ta pense ke lot moun pedi lespwa nan ou menm, pa lage sa, don't ever give up on yourself, paske si ou lage sa sa vle di ke ou lage peyi w. Istwa Lamerik se pa se pa youn istwa moun ki kite sa tonbe, men se istwa le bagay yo red, le bagay yo difisil, sitwayen ameriken kontinye batay, kontinye fe plis efo, travay pi red toujou, se istwa moun ki renmen peyi yo twop pou fe mwens ke tout sa ki posib pou yo ka reyisi. Se istwa elev kite chita kote nou chita la 250 tan de sa, e ki te decide fe youn revolisyon pou fonde nasyon sa'a. E yo te tre jen'n. Elev kite chita kote nou ye la 75 zan de sa te mete kran pou batay kont youn gran'n depresyon e pou yo te genyen youn ge mondyal; se menm moun sa yo kite goumen pou dwa sivil e pou yo mete youn kretyen vivan sou la lin'n. Elev kite chita kote nou chita jodya 20 tan de sa se yo kite rive fonde Google ak Twitter ak Facebook epi yo rive chanje fason ke nou ap kominike youn ak lot jodya.

Alo jodya, mwen vle mande nou tout ki kontribisyon nou yo pral pote? Kijan de pwoblem ke nou pral solisyone prezidan ki vini nan 20, 50 ou byen 100 lane pi ta pral genyen pou di kisa nou tout te fe pou avanse peyi nou an?

Kounye la'a, fanmi nou yo, profese nou yo, ak mwen ap fe tout sa nou kapab pou nou ka asire nou ke nou genyen edikasyon ke nou beswen pou nou ka reponn kesyon sa yo. Map degaje mwen travay di, travay red, pou fikse sal de klas nou yo, ban nou liv ak ekipman, tout ordinate ke nou beswen pou nou ka aprann. Men fok nou menm nou fe pati pa nou tou. Alo mwen espere ke nou tout net pwal serye ane sa'a. Mwen espere ke nou pral fe meye efo posib nan tout sa nou pral antrepran'n. Mwen espere gwo bagay de chak nan nou la. Alo don't let us down. Pa fe'm desi! Pa desevwa mwen fanmi nou, pa desevwa peyi nou. E plis pase sa pa decevwa tet nou.

Fe nou fye de nou!

Mesi bokou tout moun!

Ke Bondye beni nou!

Ke Bondye beni Lamerik!

Mesi! (Aplodisman)

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty Re: tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

Message  Marc H Mer 9 Sep 2009 - 9:49

mèsi anpil Dilibon
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty Re: tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

Message  dilibon Mer 9 Sep 2009 - 10:28

De rien Marc!

Men kesyon an se kisa ki nan diskou sa ki lakoz leve kanpe de lel dwat pati repibliken an? Youn diskou san okenn mesaj politik aloske mesaj Ronald Reagan ak George Bush Papa te rantre politik nan diskou yo te fe nan diskou yo a elev nan peyi ameriken? Eske moun sa yo pat dwe pwan diskou al reli li byen e pou youn premye fwa aprann... Genyen youn pwoblem endemik de analfabetizasyon nan peyi isit tou.... Genyen youn paket ameriken stipid ki merite bon jan edikasyon men "denial" pwoblem sa'a ap lakoz youn seri de moun ekzibe tout ignorans yo.... OU gendwa pa dako ak oyun moun, ou menm genyen dwa rayi youn leader politik men le ou in dezagreyab nan distosyon se pa korek.

Pwoblem sa ekziste an Ayiti tou kote anpil moun neve le ou pale de mize fanm, mank prestij lang kreyol, pwoblem domistisite, koripsyon nan tout sosyete a ak paket ti moun ki lage nan lari san okenn sevis, nisipo, ni edikasyon.... Mwen toujou di ke pwoblem sa yo pa pwoblem Aristide yo ye, Aristide an bon entelijan ki antrene nan syans sosyal sevi ak pwoblem sa yo pou devlope oyun diskou demagojik san okenn lentansyon solisyon men ki an avans de faz de politisyen tradisyonel ki poko ka ajiste mesaj yo ak vre pwoblem pep la. Genyen moun ki pa vle we Aristide pa pou sal fe mal, sal manke fe, ak sa li tou senpleman pa genyen kalifikasyon pou li fe, men se paske li abode sije ke yo vle ignore ou pale de moun ki fe plis anvi vomi ke yo konsidere kom kokorat.... Distingo sa dwe rive fet a kle...

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty Re: tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

Message  Invité Mer 9 Sep 2009 - 16:30

Paragraff sa a merite li plizye fwa pou moun kap li a kapab sezi tout nyanss lan sa ki di a

Pwoblem sa ekziste an Ayiti tou kote anpil moun neve le ou pale de mize fanm, mank prestij lang kreyol, pwoblem domistisite, koripsyon nan tout sosyete a ak paket ti moun ki lage nan lari san okenn sevis, nisipo, ni edikasyon....

Mwen toujou di ke pwoblem sa yo pa pwoblem Aristide yo ye, Aristide an bon entelijan ki antrene nan syans sosyal sevi ak pwoblem sa yo pou devlope oyun diskou demagojik san okenn lentansyon solisyon men ki an avans de faz de politisyen tradisyonel ki poko ka ajiste mesaj yo ak vre pwoblem pep la.

Genyen moun ki pa vle we Aristide pa pou sal fe mal, sal manke fe, ak sa li tou senpleman pa genyen kalifikasyon pou li fe,
men se paske li abode sije ke yo vle ignore ou pale de moun ki fe plis anvi vomi ke yo konsidere kom kokorat.... Distingo sa dwe rive fet a kle...(dilibon)


Dernière édition par deza le Jeu 10 Sep 2009 - 8:25, édité 1 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty tradiksion

Message  travers Jeu 10 Sep 2009 - 5:53

monsieur dilibon tous mes compliments
vous avez jeté les bases sur ce forum de ce que tout pays devrait appliquer et de ce que chaque homme devrait penser au fond de lui même
tant qu il y aura dans votre pays des hommes tels que vous , la flamme brulera
gen espwoua toujou pou haiti
amities
travers
travers
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2130
Age : 72
Localisation : dans le petrin
Opinion politique : boulanger
Loisirs : hehehe!!les filles
Date d'inscription : 25/08/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: le cathare

Revenir en haut Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty Re: tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

Message  dilibon Dim 13 Sep 2009 - 14:53

Je vous en remercie, vos mots sont bienvenus! Mes amities!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an Empty Re: tradiksyon diskou Obama a elev ameriken yo an kreyol ayisien an

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum