Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -28%
Précommande : Smartphone Google Pixel 8a 5G ...
Voir le deal
389 €

Fanmi , Zanmi , Onè

Aller en bas

Fanmi , Zanmi , Onè Empty Fanmi , Zanmi , Onè

Message  Marc-Henry Sam 16 Jan 2010 - 12:02

Fanmi, Zanmi, Onè ak anpil respè,




Kouraj – Entèlijans – Konbit - Esperans!



Men repons kesyon nou ap resevwa depi 12 janvye 2010 la:



Kesyon: Kisa ou sikjere nou fè pou ede?

Repons: Kontribye nan keseswa inisyativ bon jijman ou di ou ap kapab ede sove lavi maksimum kantite Ayisyen.



K: Ki òganizasyon oumenm Jafrikayiti ap apiye nan moman an?

R: Nan Ottawa, n ap travay ak UNHO, AKASAN, tout emisyon radyo kominotè yo, Anbasad Ayiti nan Kanada epi yon latriye konpatriyot nan Ottawa-Gatineau pou kore inisyativ ki fokis sou konbit pou sove lavi Ayisyen. Nan UNHO, depi maten 13 janvye a, nou ap bay kout men nan yon sèvis enfòmasyon ak sipò ki ede anpil moun deja e k ap kontinye feraye pandan jou, semenn, mwa k ap vini yo. Pou plis detay suiv www.livestream.com/akasantv



K: Èske oganizasyon sa yo ap ranmase lajan ak materyèl pou voye Ayiti?

R:



1 - Komite kriz ki fome nan reyinyon 13 janvye ki te fèt nan lokal UNHO a ap reyalize yon seri aktivite pou ranmase lajan. Plis detay disponib nan kominike yo va kontinye pibliye nan jou k ap vini yo. Premye aktivite ranmase lajan an “Haiti Chérie” ap fèt vandredi 22 janvye nan Maison du Citoyen, Gatineau – 7 pm. Pou detay rele (613) 744-0876 (UNHO) epi (613) 238-1628 (Anbasad Ayiti nan Kanada).



2- AKASAN (Ayisyen Ki Ap soutni Ayisyen Nètalkole), Jafrikayiti, Jude Jean-François, Marcel Joseph (Twopik FM) ap pote kole ak yon latriye konpatriyòt pou reyalize “AYITI VIVAN” yon premye aktivite ranmase lajan samdi 20 fevriye 2010, apati 7-10 pm nan Bronson Centre, Ottawa. Fokis sware sa a se: Kore Enfrastrikti Sèvis Premye Sekou Ayisyen. Tèm sware a se “Lanmou pi fò pase lanmò”. Plis detay ap disponib nan kominike yo va kontinye pibliye nan jou k ap vini yo. Pou pote kole ak aktivite sa a rele mwen, Jafrikayiti nan (613) 266-0879 osnon Jude Jean-François nan (613) 292-5141



K: Èske gen lòt òganizasyon kredib k ap ranmase lajan ak byen pou Ayiti nan Ottawa

R: Sètènman! Nou va kontinye ede sikile enfòmasyon osijè aktivite k ap fèt yo ofiramezi atravè emisyon radyo yo epi www.livestream.com/akasantv



K: Èske oumenm ou prevwa rantre Ayiti pou fè suivi sou dosye sa yo?

R: Wi! Nan ren mwa mas la, nou prevwa ak sekou Granmèt la epi benediksyon Zansèt yo, rantre Ayiti ak kèk konpatriyòt pou nou kontinye pote kole nan konbit sove lavi Ayisyen an. Nou prevwa travay ak Minis Ayisyen k ap viv Aletranje a, M. Edwin Paraison pou nou dokimante ak videyo, son, foto ki jan sitiyasyon an ye, ki sa ki bezwen fèt, kisa ki deja ap fèt. An patikilye, nou bay tout fanmi ak zanmi garanti, n ap suiv sere sere ki jan konbit pou Kore Enfranstrikti Premye Sekou Ayisyen an ap devlope.



K: Èske ou gen fanmi ak zanmi ki mouri osnon blese nan tranbleman tè a:

R: Tout Ayisyen se fanmi. Kidonk, nou pèdi plizyè milye fanmi. Gen bèl sè mwen epi plizyè kouzen, kouzin nou aprann bon nouvèl yo chape. Genyen ki te aba blòk yo reyisi sove lavi yo. Men, tankou tout Ayisyen, gen yon dividal manm fanmi a nou poko konnen si yo vivan osnon travèse lantouraj lavi a. An patikilye, gen tonton mwen Constant Saint-Vil ki abite Tòland (tou pre Kafou) epi yon bon zanmi ki tankou ti frè mwen, Jean-François Complot (Heru Lutalo), ki reyalize toulekat CD seri Lafimen an. Jiskaprezan mwen poko pran nouvèl Heru ki te ale Ayiti 29 desanm pou li pase yon moman ak manman li epi sè li yo.



Annou kontinye feraye pou LANMOU kontinye pote laviktwa sou lanmò.



Kouraj – entèlijans – konbit!



Jafrikayiti






Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum