Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
399 € 649 €
Voir le deal

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

5 participants

Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Kiloutou Jeu 21 Jan 2010 - 6:31

Pou nou resi konstwi yon peyi fok nou ta........

1- Mete konstitisyon 1987 la an veyez an atandan nou abolil nèt.
Fok nou pa ta oganize eleksyon pandan 5 lane.
Fok nou ta gade preval kom prezidan, nome yon lot premye minis ak yon gouvènman ki gen moun onèt ak konpetan ladann.
Fome yon konsèy deta ak reprezantan chak depatman.

2- Redekoupe peyi a, gade depatman yo, kreye 4 rejyon, yon rejyon ki gwoupe depatman sid, nip ak grandans. Yon rejyon ki gwoupe depatman lwes, sidès ak ba latibonit. Yon rejyon ki gwoupe depatman latibonit, sant ak nodès. Yon lot depatman ki gwoupe depatman nò a nodwès.
Mete yon prefè nan chak depatman yo e yon prefè nan rejyon sa yo.

Fok nou ta panse yon dekoupaj konsa

Rejyon - Depatman - komin. lalwa a defini dekoupaj administratif ak dekoupaj elektoral. La lwa a defini konpetans chak teritwa, konpetans chak teritwa adminitratif.
Yon ko ame nan rejyon yo, ak yon fos polis.
Kapital ak grand vil yo pa ta dwe gen lame la dan yo. Leta afè apèl a yo si ta gen bezwen.

Fok nou ta mete anpil lajan nan edikasyon, nasyonalize tout lekol, ledikasyon ta dwe gratis ak obligatwa.
Fok nou ta mete anpil lajan nan sektè agrikol poun pwodwi anpil manje.
Kreyasyon travay volontè obligatwa nan rebwazman sou fom sèvismilitè.

Nan modèl peyi nou vle konstwi ya, nou dwe panse yon sistem edikatif solid pou prepare yon lot jenerasyon ki pou releve peyi ya nan je lemond antye.
Nou dwe panse yon sistèm sante pou tout moun, ki bati sou solidirate chak ayisyen, pa dwe gen yon asyisyen ki pa gen yon asirans sante nan peyi nou vle konstwi ya. Asirans sante ya dwe obligatwa. Nou dwe mete yon asirans obligatwa sou byen ak sèvis, ( asirans se yon lajan nou mete de kote an ka bezwen)

Nou kapab rekontwi vil potoprens fèl vin yon vil modèn du 21èm syèk a kondisyon ke nou videl de tout moun ki ladann ki pap fè anyen. Nou ta dwe achete mobil om pou nal mete tout moun ki pap fè anyen nan yon lot kwen nan peyi ya pandan ke nap kontwi potoprens. Nou ka kontwi bèl lojman sosyal pou moun sa yo nou deplase a. Lojman sosyal ki ekipe de tout bagay nan yon vil, fini ak kesyon latrin nan, nan potoprens ki se yon pwoblèm sante piblik grav.

Nan modèl peyi mwen ta swete nou konstwi ya, chak rejyon dwe genyen tout sal bezwen poul fonksyonen, yon rejyon de fonksyonen kom yon leta nan leta.

Vwala yon apèsi de modèl peyi mwen ta renmen nou panse ak konstwi. si tout milya sa yo ta rive vrèman, nou pa ka al pyese sak kase, nou pa ka al rakomode yon leta nou konstate ki pat mache. Fok nou redemrae a 0.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  revelation Jeu 21 Jan 2010 - 9:17

Julien di : Fok nou ta gade preval kom prezidan…….

nou pa ka al pyese sak kase, nou pa ka al rakomode yon leta nou konstate ki pat mache. Fok nou redemrae a 0
.

Si w vle redemare a zero, pou kisa w vle kenbe Preval ki déjà gen 2 term nan prezidans lan, san konte tan’l kom Premye minist????

Se sak fe ke nap mande si mesye Julien reflechi avan ke li fe tout voye monte sayo!!


Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  charlotin Jeu 21 Jan 2010 - 9:42

Se la mwen pa ka wè kouman yo ka aranje sityasyon gouvènman a. Manda Preval pwal fini e eleksyon ta dwe fèt. Antouka, lan sikonstans eksepsyonel, yo ta gen dwa kite misye la tankou se ta tranzisyon an atandan nou reoganize nou pou sa.

Men sa mwen te ekri ke mwen te retire menm si mkonen ke Agence France Presse te deja li'l. Nou va konstate ke deja gen de lide ke mwen pataje ak mèt mesaj sa a. Anfen anpil Ayisyen ap panse konsa depi lontan.

[quote]Gad jan media etranje fè chou gra sou sa ki rive nou. Pou nou se yon bon bagay? Mezanmi nou gen dwa travay ak Satan men sa pa vle di pou nou ap ankouraje ke li blayi sou nou nèt. Pou jenn gason pran la ri ap mande pou Ameriken vinn okipe Ayiti. Ki sa yo aprann neg sa yo. Wi patron, imilye'm, imilye'm ankor, silvouple.

Lan tout rekonstriksyon sa yo, agrikilti se pryorite wi. N'ap di pou la goch ak la dwat met tet yo ansanm. Men pi lwen ankor, moun ki renmen kale wès lan Potoprens blye ke vant popilasyon an se la men peyizan li te toujou ye. Men sa pat anpeche ke yo te abitye masakre yo. Se fot ki ès? Ayti te kon produi anpil diri, yo mete fren sou sa sou preteks ke nou dwe antre lan mache entènasyonal. Sa sa vle di: fo ke yo vann, fo ke yo fè dumping ak surplus salopri manje ki plen ormon ak sodium ak pestisid ak lot pwazon.

Lè m'tap grandi an Ayiti mwen pat janm wè yon moun obèz. M'al Ayiti, mwen tonbe pale ak yon bel dam super jantiy de grosès li, se kouzen mwen ki soufle'm ke manmzèl pat ansent. Men lajè pans gason, lontan yo te konn di ke se te yon sign anpil kob lè nèg fè vantr, jodi sa telman manje tout kalite salopri ke vantr yo gate. Gen yon seri de maladi ke nou pat janm genyen yo lakay nou men nou telman tonbe lan manje sa yo rele processed food ke nou devlope tout maladi zot.

Se pou nou pran oserye kestyon de rebwazman peyi a, se pou nou bay tout moun lan tout katye kour ijyèn pèsonèl e kolektif, se pou nou anpeche ke gen dlo ki ap koule à ciel ouvert lan katye ki deja neglije, se pou nou retabli sèvis sanitè. Se pou gouvènman Ayisyen an chita panse a yon seri de sèvis sivil ak projè a lon term ki ka angaje tout jenn moun sa yo. Si nou vle moun sa yo ede nou tout bon se pou nou konnen ki sa nou bezwen, sinon y'ap jis pase yon kouch penti sou dezód la e pi yo vire do yo. Manyè sonje ke gen yon kolektivite ki rele Repiblik d'Ayiti. Potoprens kraze jodi a. Bay lot vil yo yon chans.

Preval di li klè e se zafè sa ki pran poz yo pa konprann. Misye di; "Ayisyen, bagay yo serye, mwen di nou, se tout bon wi." Sa vle di ke si nou pa sispann aji tankou bèt, y'ap fini pa ekate nou nèt nèt nèt lan desizyon ki konsène prop peyi nou. Wi se pou tout moun ki gen vizyon kole zépol. Pandan ke zot ap fè sa li te deja konen li vin fè, se pou nou sèmante pou sa pa rive ankor, tranbleman de tè ou pa, inondasyon ou pa, ouragan ou pa. Se korèk ke yo ba nou èd men se fot nou avan tou si tout moun sa yo mouri san ke se pa pou yon koz valabl./quote]


Dernière édition par charlotin le Sam 23 Jan 2010 - 11:53, édité 1 fois

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Kiloutou Jeu 21 Jan 2010 - 11:09

Citation:
Julien di : Fok nou ta gade preval kom prezidan…….

nou pa ka al pyese sak kase, nou pa ka al rakomode yon leta nou konstate ki pat mache. Fok nou redemrae a 0.


Si w vle redemare a zero, pou kisa w vle kenbe Preval ki déjà gen 2 term nan prezidans lan, san konte tan’l kom Premye minist????

Se sak fe ke nap mande si mesye Julien reflechi avan ke li fe tout voye monte sayo!!

Revelasyon

Revelasyon, si nou pat konstwi yon peyi depi lendepansan, pou mwen se paske nou tez gen twop moun tankou w'. Pou se voye mwen voye monte, alo ki mode peyi ou pwopoze pou nou konstwi?

Blan an ki vle ede fè Preval konfyans, pou mwen fok nou ta twouve yon antant pou nou gade l, se sa anpil moun nan lot peyi ki ta nan yon mèd konsa ta fè.

si nou pral komanse dechire ki moun ki pou prezidan alo la nou chire.

Preval prezidan deja, nan yon ka konsa nou ta dwe gadel pou 5 lane anko.

se pozisyon pam, paske pozisyon pam se pa pou al fè lajan ni nan leta ni na dwog, ni nan mache nwa.

Gen anpil nan ki komanse ap reflechi koman li pral fè pou pran enpe.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Kiloutou Jeu 21 Jan 2010 - 11:20

Pou revelasyon, komanse a 0 se ta mete wiclef prezidan
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Sasaye Jeu 21 Jan 2010 - 12:03

Sa Jilyen di a, gen anpil sans ak refleksyon.
Se avèk lide konsa pou nou apwoche pwoblèm jodya.

Chalotin gen bon lide tou.
Mesye, kontinye diskisyon an memjan.

Mwen ta ajoute janm te deja di'l.

Kom tout estrikti gouvènman an kraze: Pale nasyonal ak tout ministè epi tout bilding piblik, tout enfrastrikti sayo dwe rebati yon lot kote.
Pa lan Potoprens.

Si syèj gouvènman an deplase, Potoprens pral dekongestyone epi lap vini kapital komesyal.

Repiblik de Potoprens va kaba.

Avèk tout lajan ki ap reyini, li posib.
Brezil te konstwi Brazilia lan forè Amazon.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Rico Jeu 21 Jan 2010 - 12:22

Komalbo gade koman bann ekip mouvans lavalaso-espwa-inite tonbe nan vye politik dilatwa. Yo vle pwofite yon dezas pou retounen ak yon Preval ki dwe rashe manyok li, bay tè blanch. Menm si pa gen eleksyon konstitisyon an prevwa koman yo ranplase yon prezidan. Alos ki zafè Preval fini manda li pou rete kroke nan palè.

Sayo pa konprann avan rekonstriksyon bagay yo pral difisil anpil. Anplwa ki pral genyen se pa ditou pou bann kad leta yo. Se sitou ti manyèl ak kad teknik tankou enjenyè, teknisyen. Alos bann chomeko leta sayo se yon nouvo gouvenman selman ki pral gen lejitimite pou di yo bann ministè ak biro leta pa operasyonèl, alos rete nan konje fose.

Preval kom koken ki te konn bayo manti, revoke anpil nan yo ilegalman deja pral genyen rounourounou nan dengwann li. E pwi bann Prevalus manyè ale dousman. Pou bon pèp pa rele nou bann malpowont, se fini, nan pwen jwe koken ni vle pwofite yon dezas pou rete sou pouvwa ilegalman. Se rale ko nou apre tèm manda nou, fèmen pot la flankle kle anba pot la.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Rico Jeu 21 Jan 2010 - 12:38

Article 134.1:
La durée du mandat présidentiel est de cinq (5) ans. Cette période commence et se terminera le 7 février suivant la date des élections.


Article 149:
En cas de vacance de la Présidence de la République pour quelque cause que ce soit, le Président de la Cour de Cassation de la République ou, à son défaut, le Vice-Président de cette Cour ou à défaut de celui-ci, le juge le plus ancien et ainsi de suite par ordre d'ancienneté, est investi provisoirement de la fonction de Président de la République par l'Assemblée Nationale dûment convoquée par le Premier Ministre. Le scrutin pour l'élection du nouveau Président pour un nouveau mandat de cinq (5) ans a lieu quarante-cinq (45) jours au moins et quatre-vingt-dix (90) jours au plus après l'ouverture de la vacance, conformément à la Constitution et à la Loi Electorale.
Si ta gen pou mete an veyez se atik 149 ki ta kenbe ranplasan prezidan rete plis 90 jou pou ekspedye zafè kourant. Preval se ta frekansite pou di se li menm ki pral rete sou pouvwa apre fen manda li. E pwi se yon kabinè ki dwe genyen lavalasyen, divalyeris, gnbis pou fè vrè linite. Non bann bizango ki sou pouvwa ki dwe kanpe sou moun.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  revelation Jeu 21 Jan 2010 - 12:46

Par princip demokratik, Preval fet pou ale!! Nou pa bezyen konnen si Blan renmemm ou pa!!
Nan politik pa gen zafe lanmou!!
Jan kamarad Rico di a"Se avek la lwa, jistis e konstitisyon pou yon peyi mache!!


Julien di: Blan an ki vle ede fè Preval konfyans, pou mwen fok nou ta twouve yon antant pou nou gade l, se sa anpil moun nan lot peyi ki ta nan yon mèd konsa ta fè.
si nou pral komanse dechire ki moun ki pou prezidan alo la nou chire.
Preval prezidan deja, nan yon ka konsa nou ta dwe gadel pou 5 lane anko.

Blan fe Preval konfyans paske tou o tan ke blan bali proteksyon, Preval ap fe tout sa blan di’l fe.
Kestion pou Julien ak Charlotin, Sasaye etc..

Eske tout sa Blan di Preval fe nan intere pep ayisyen ???

Yon nan policy and procedure ke Blan yo te taye met nan tet nou se zafe tourism ak faktory nan lakou PotoPrins.

Nou we ki dezast ke sa fe opoindevi demografik e destriktion agrikilti nou. Donk tout peyizan vinn gonfle PotoPrins e fe agrikilti kwaze. Rest evenman yo nou konnen yo.

Sasaye di: Kom tout estrikti gouvènman an kraze: Pale nasyonal ak tout ministè epi tout bilding piblik, tout enfrastrikti sayo dwe rebati yon lot kote. Pa lan Potoprens.
Si syèj gouvènman an deplase, Potoprens pral dekongestyone epi lap vini kapital komesyal.
Repiblik de Potoprens va kaba.

Se pa foseman vre sa w di la. Employe Leta ak job Leta ak repiblik PotoPrins ap deplasse!! men sa pa vle di ke PotoPrins pral dekonjestione poussa.

Poto Prins ap toujou rete yon gran ville e ap konjestione memm jan ak Rio de Janiero o Brezil, Miami, nan Floride, ou byen Santiago nan Cuba e anpil lot gwi city ki pa capital peyi sa yo.

Sa ke w pa di, fok ambassade Ameriken, Kanadyen, Franse etc..ak tout lot yo rete PotoPrins.

Yo pap jamb fe sa!! Depi gouvenman deplasse, yap deplasse deye’l. E vise versa.

Chyen toujou mache deye met li.

Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  charlotin Jeu 21 Jan 2010 - 13:06

Preval pa di ke se li pwal rete an plas apre fen manda'l. Antouka mwen panko tande misye di bagay konsa. Se nou ki ap anvizaje ki sa k pou ta fèt. An verite nou tro "konstitisyonis". Yon dokiman ki deja plen fay. Tout enformasyon itil se vre men se pa le moman pou nou ap pran poz jounalis ak kontitisyonalis.

Revelasyon, si pouvwa ak administrasyon desantralize se ap yon bon bagay. Se menm jan tou, fo ke envestisè ede nou tou lan projè enfrastrikti, se pou ankouraje moun sa yo al envesti lan lot vil yo pou tout main d'oeuvre pa konvèje ver Potoprens ankor.

O mwen senbolikman, Potoprens ki kraze a montre ke vil sa se yon gwo andikap li ye pou peyi a. Sa fè lontan m'ap pale pou yo ta deplase yon bann popilasyon.

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Rico Jeu 21 Jan 2010 - 13:20

charlotin a écrit:Preval pa di ke se li pwal rete an plas apre fen manda'l. Antouka mwen panko tande misye di bagay konsa. Se nou ki ap anvizaje ki sa k pou ta fèt. An verite nou tro "konstitisyonis". Yon dokiman ki deja plen fay. Tout enformasyon itil se vre men se pa le moman pou nou ap pran poz jounalis ak kontitisyonalis.

Revelasyon, si pouvwa ak administrasyon desantralize se ap yon bon bagay. Se menm jan tou, fo ke envestisè ede nou tou lan projè enfrastrikti, se pou ankouraje moun sa yo al envesti lan lot vil yo pou tout main d'oeuvre pa konvèje ver Potoprens ankor.

O mwen senbolikman, Potoprens ki kraze a montre ke vil sa se yon gwo andikap li ye pou peyi a. Sa fè lontan m'ap pale pou yo ta deplase yon bann popilasyon.


Se komisidire se Preval kap pale lè li te di konstitisyon se yon sous pwoblèm. Men poutan se sou konstitisyon li monte, prete sèman pou respèkte li. E byen ti mal li dwe rashe manyok li, lese pwochenn lejislati amelyore li, ou chanje li.


Men nan pwen anyen ki dwe anpeshe yon nouvo prezidan pwovizwa monte. Preval dwe rashe manyok li. Chans fini koken vle mete pye, nou vle pwofite sou mizè ak doulè yon pèp. Non se fini tout jeremyad
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  charlotin Jeu 21 Jan 2010 - 17:38

Nou pa lan diktati, se nómal pou yon nonm rache manyók li lè manda'l fini men mwen te presize ''lan sikonstans eksepsyonèl''. Sa ke mwen trouve ki ensipótabl sè ke gen neg ki ap bouskile misye pou anyen depi 2 jou. Detoutfason, nou mal pati, espekilasyon ou pa, nou pran tout bon.

charlotin
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 129
Localisation : montréal
Loisirs : sports et musique
Date d'inscription : 15/01/2010

Revenir en haut Aller en bas

POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........ Empty Re: POU NOU RESI KONSTWI YON PEYI FOK NOU TA........

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum