Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON ...
Voir le deal
1190 €

Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

4 participants

Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Rico Mar 2 Fév 2010 - 22:36

Ki koze sa mezanmi Prezidant Liberyen lonje la men bay frè Ayisyen li yo ki nan touman. Li deklare louvri pot teritwa Liberia pou refijye Ayisyen. Adyero se konnen ti mdanm Prezidan sa a konnen, Ayisyen se pa moun pou fè pwomès kraze kite sa.


Talè repiblik dayiti gen pou debake sou li. E pwi pa tout mwayen,men se ta yon veritab souflèt pou peyi a. Non nou pa dwe vide AYITI, KITE POU KOKEN, ALOUFA, BANN POLITISYEN SAN VIZYON TANKOU PREVAL KAP RADOTE.




Haïti-Séisme-Afrique

Le Libéria prêt à accueillir des sinistrés haïtiens



Une annonce de la Présidente Ellen Johnson Sirleaf en marge du sommet de l’Union Africaine d’Addis Abeba et dans la foulée des promesses de son homologue sénégalais Abdoulaye Wade bouleversé par les effets dévastateurs du tremblement de terre du 12 janvier



mardi 2 février 2010,

Radio Kiskeya


La Présidente libérienne Ellen Johnson Sirleaf a déclaré mardi que son pays était prêt à accueillir les sinistrés haïtiens du tremblement de terre qui le désirent, lors d’une conférence de presse à Addis Abeba dans le cadre du sommet des chefs d’Etat et de gouvernement de l’Union Africaine, rapporte EFE.
"Le Libéria a une population peu nombreuse et de vastes territoires inhabités", a fait ressortir le chef de l’Etat ajoutant que "nous sommes ouverts aux haïtiens qui souhaitent venir nous retrouver".

Insistant sur les liens de sang qui unissent l’Afrique et Haïti, Mme Sirleaf a aussi évoqué des "relations très fortes" existant entre la première république nègre du monde, proclamée en 1804, et le Libéria, premier Etat africain indépendant, fondé en 1847 par des noirs américains qui s’étaient affranchis de l’esclavage.

Après Abdoulaye Wade du Sénégal, Ellen Johnson Sirleaf est le deuxième dirigeant africain à proposer le territoire de son pays pour accueillir des haïtiens dont 1,3 million sont comlèteement sinistrés depuis le séisme destructeur du 12 janvier qui a fait au moins 200.000 morts.

Sans être précis, M. Wade, qui a l’intention de visiter Haïti prochainement, a appelé au sommet de l’UA à la création en terre africaine d’un futur Etat qui appartiendrait aux haïtiens souhaitant renouer avec l’alma mater. spp/Radio Kiskeya
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Sasaye Mer 3 Fév 2010 - 1:38

Se pa wouyyy pou nèg te dwe rele lè chèfdeta afriken ki frè ak sè nou vle lonje men banou pou aleje sitiyasyon kalamite kote noumem ak Ayiti ap kreve.

Se yon souf de soulajman ak ankourajman ke nou te dwe genyen devan gwo jès solidarite avèk jenerozite ke yo ap ofri ayisyen.

Eske se lespri kolonize a kife ke nou pa rekonèt konpasyon saa menmjan nou voye flè bay loksidan ki vinn ede pou lòt rezon?

Poukisa nèg pa janm pale de $5 million dola ke Nijerya voye bay Ayiti pou ede viktim tranblemandtè a?

Kijan nou pa janm pale de ekip Afrikdisid voye ki ap ede sinistre yo sou teren an?

Jodya lan kongrè Inyon Afrikèn lan Adis Abeba, tout eta yo eksprime chagren ak solidarite avèk Ayiti epi Ayisyen.
Yo kreye yon fon pou yo tout kontribye lan rekonstriksyon Ayiti.

Yo rekonèt Ayiti kòm yon pati elwaye de Afrik.

Lanpwen moun ki di se pou ayisyen devide Ayiti pou yo ale an Afrik, men yo kite pòt louvè pou sak ta vle ale.

Eske pwoblèm nan se yon pwoblèm nou genyen ak Afriken?
Se vre ke Ayisyen jodya se desandan afriken ke blan trennen al mennen Sendomeng kont volonte yo.
Yo pat chwazy pou yo ale an Amerik.

Kidonk, vle pa vle ansèt nou soti an Afrik e jodya afriken rekonèt ayisyen kòm fanmi yo.

Men gen ayisyen ki rejte lyen saa. Yo ta pito di yo se pitit pitit golwa.

Kounyea ayisyen oblije al frite lan tout peyi lan rejyon an ki pa vle recevwa yo.
Yo trete yo kòm endezirab keseswa Dominikani, Gwadloup, Bahamas.

Yap riske vi yo pou al Ozeta kote yo al ateri lan Krome anvan yo voye yo tounen tankou yon pil fatra.

La Dominik se yon ti peyi ke m vizite an plisye fwa.
Kapital yo, Rozo, pi piti pase Delma. Ayisyen al viv la kòm sitwayen dezyèm klas, se yo ki plantè bannann e koupè d kann.

Kijan nou fè ap ri, ranse, lè plizyè chèfdeta ofri lospitalite avèk tè pou vifv e travay?

Kisa nou ye?

Kisa nou vle?
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Thunder Mer 3 Fév 2010 - 1:57

Sasaye,

Genyen moun ki te remèsye tout èd kèlkeswa kote ke yo sòti. Se wou menm ak Charlotin ki leve yon gè espesyal kont Ameriken sèlman ki fè ke nou pap pote atansyon ak lòt sa moun ekri. M ap di tout Afriken yon gran mèsi ankò pou tout kout men ke yo vle ban nou. Men kit youn moun vle l ou pa, nou petèt se desandan Afriken, men nou pa Afriken.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Sasaye Mer 3 Fév 2010 - 9:16

Thunder,

Kelkeswa ideyoloji ke w adopte, mwen toujou rekonèt ke w plen bonsans avèk lojik.
Men sou kestyon meriken an, ou kite pasyon yon tijan deranje pozisyon yo.

Ma p di w yon lòt fwa.

Mwen pa lan lagè kont meriken.
Men m ap denonse move politik ke yo adopte vizavi Ayiti e ayisyen.
Apa sa, mwen genyen fanmi avèk zanmi lan Nouyok, Masachousèt, Florid.

Mwen gen anpil zanmi meriken nwa kou blan e mwen diskite menm bagay yo avèk yo, lè m al vizite oubyen lan telefòn, email etc...

Kòm mwen di w anvan tou, sous enfomasyon ke m poste se lan press meriken yo soti.
Kidonk mwen pakapab pi rwayalis ke le rwa pou pè kritike yo.

Lanpwen pesonn ki kapab demanti rapò ki fèt yo.
Men mwen kwè ke sa n panse sè ke si na p viv Ozeta, nou pa gen dwa pale yo mal, tankou nèg la ki di ke "ou paka chita sou pobèf pou wa p pale bèf mal".

Men si nou pa ipokrit nou konnen sant pobèf .

Mwen evite pale pawòl pèsonel, men kite m di w:
Lè m kite Ayiti lan ane 60 yo, se Nouyòk mwen te ateri.
Se la mwen marie, premye pitit mwen se Nouyòk li fèt.
Lè m antre lan NYU, se 5 grenn ayisyen sèlman ki te ladann.
Lan Kolombya pat genyen ditou.

Mwen te gen kay mwen lan Ozònpak e se mwen ki te sèl ayisyen lan tout zònn nan.
Mwen demenaje al viv Monreyal, paske mwen pat vle elve pitit mwen lan anbyans Nouyòk lè saa.

Kidonk, lanpwen moun ki kapab montre m sa m konnen byen.

Mwen se Ayisyen lan nanm mwen.

Mwen pa Afriken, mwen pa Kanadyen, ni Meriken.

Sa map mande se pou nèg pa ridikilize afriken ki ap lonje men yo avèk solidarite, sou baz mantalite kolonize.

E mwen konnen ke w pap fè sa.

Pou yon nèg ap rele Prezidan Sirleaf "Ti madanm" !!!
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Invité Mer 3 Fév 2010 - 15:25

Les sénégalais ne semblent pas chaud à l'idée..

http://dakarparis.blog.lemonde.fr/2010/02/01/comment-le-senegal-va-t-il-aider-haiti/

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Thunder Ven 5 Fév 2010 - 1:16

Sasaye,

Li pa fasil pou nou tonbe dakò, men mwen apresye lide w yo. Se pa kritike ke mwen ap anpeche w kritike, mwen jis pa dakò ak kèk pwen ke w soulve. E anplis si yon Ameriken ekri yon bagay sou pwòp peyi l, si mwen pa dakò sa pa vle di ke mwen pi rwayalis ke le rwa. Mwen jis vle ke si yon moun di ke Ameriken ap koupe manb moun de fason sistematik, fòk li pran an konsiderasyon reyalite a, Anplis fòk li ta fè yon minimòm de rechèch bò kote tout lòt peyi k ap ede nou, pou l konnen eske "rate" ke doktè Ameriken ap anpite moun, diferan de "rate" lòt doktè yo.

Si yon Ameriken ap denonse mal ke Amerika fè Ayiti, li pa ka "bliye" mete anbago total kapital ak envazyon 1994 lan. Si y ap pale de FAd'H ke yo te kite, fòk yo pale de Aristide ke yo te pote tounen an tou.

Si yon moun ap pale de tranbleman de tè "sispèk", fòk li montre sou kisa li baze pou l di yon bagay konsa, sinon se yon conspiracy theory kòm dabitid.

Se pa paske se yon Ameriken ki ekri l ki fè ke se Laverite, apa wou menm wou te mete yon sijè de sa ke yon pastè Ayisyen te ekri, eske se laverite? ...eske wou pa kritike l sevèman? Men se yon Ayisyen ki ekri l. Ebyen se menm jan, jan de atik ak kritik sa yo pa nouvo, genyen moun ki di ke se Bush ak Cheney ki mastermind 9/11, ki moun wou wè ki okipe yo? Demokrat kou Repibliken?

Avèk sa ke mwen pa dakò ak tout fòs mwen se lè ke moun ap pran movèz fwa ak enkonpetans nou ap mete sou do kèlkeswa etranje a. Mwen pa di ke yo se ti Jezi nan po krab, men si nou panse ke se ertranje ki mete nou nan eta sa a, konnen ke nou soufri konplèks enferyorite. Solèy la klere pou tout moun, lapli tonbe pou tout moun, si pèp nou grangou se pa fòt lòt moun
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  revelation Ven 5 Fév 2010 - 10:57

Wouyyyyy!!! Ki zafe Wouyyyy saaa boss Rico?? Anvan enyen tikrik tikrak se yon Wouyyyyy???
Il ne faut pas ridiculiser l’offre des pays africains. S’ils peuvent offrir des bourses d’études en génie civile, architecture, gestions etc..a nos professionnels et étudiants haïtiens, ce serait une très bonne idée.

Fok nou pa pran offre sa yo a la leger! Nou pa bezwen al fe pye long lakay yo men si yo kap offri ed yo pandan ke peyi d'Ayiti ak rekonstwi lekol universite, biwo leta etc.. Nou kap pran ed sa yo bwa ouver. Fok nou pran offre sa yo an konsiderasyon.

Etidyan ak professionel nou yo te met konmanse fe demach avek minister affairs etranje payi afriken sa yo e ouvri biwo pou enregistre moun ki ta remen al pran konnesan nan peyi sa yo.

Mon oncle'm tefe plis ke 20 tan kom ensegnan au Congo e sete yon bel experyans pou li e li pa jamb regret sa..
Revelasyon
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Sasaye Ven 5 Fév 2010 - 12:19

Thunder,

Ou di:
Mwen jis vle ke si yon moun di ke Ameriken ap koupe manb moun de fason sistematik, fòk li pran an konsiderasyon reyalite a, Anplis fòk li ta fè yon minimòm de rechèch bò kote tout lòt peyi k ap ede nou, pou l konnen eske "rate" ke doktè Ameriken ap anpite moun, diferan de "rate" lòt doktè yo.

Mwen mete repons komantè saa lan pòs:
Les secours médicaux américains ont l'allure d'une boucherie.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Wouyyyyy  Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien Empty Re: Wouyyyyy Proposition des chefs d'étât Africains, d'un futur étât Haitien

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum