Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-29%
Le deal à ne pas rater :
PC portable Gamer ERAZER DEPUTY P60 – 15,6” FHD 144Hz – i7-12è ...
999.99 € 1399.99 €
Voir le deal

Yon diskisyon nan Site Solèy.

3 participants

Aller en bas

Yon diskisyon nan Site Solèy. Empty Yon diskisyon nan Site Solèy.

Message  Thunder Mer 17 Mar 2010 - 5:47





Mwen ta renmen konnen kisa ke Ja-Frik ak Joel panse de videyo sa a? Men, byen antandi tout moun ka bay dizon pa yo si yo vle
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yon diskisyon nan Site Solèy. Empty Re: Yon diskisyon nan Site Solèy.

Message  jafrikayiti Mer 17 Mar 2010 - 8:52

Mwen byen kontan wè ou pa koupe veritab mèt videyo a, ki reprezante pa salopri ki pale nan finisman an ekstrè a:REGIS DEBRAY

Poze tèt ou kesyon: nan ki dat, nan ki kontèks, blan sa yo rantre anndan Site Solèy (swadizan zone dangeureuse) pou yo filme videyo sa a?

Si ou bezwen konnen sa mwen panse de tout kriminèl ki ekplwate mizè malere Site Solèy ak Bèlè pou yo volè pouvwa yo pa ka genyen ak bilten vot nan peyi a, ale gade sa mwen ekri sou sit pwopagann Ghost of Cité Soleil ak lot zouti pwopagann blan yo mete deyo pou jistifye krim yo te komèt e kontinye ap komèt kont moun ki pi vilnerab nan sosyete nou an.

M ap fè ou remake, sitiyasyon mangonmen sa a jenn gason ak jenn fanm nwa ap viv nan Geto Ayiti, ou jwenn li tou nan geto Washington, New-York, Montreal, Paris, Rio......èske se Aristide k ap dirije peyi sa yo?

Ou ta dwe ale li ki jan Black Panthers ozetazini te travay pou ede sove anpil jenn fanm ak jenn gason nan geto Etazini epi gouvènman ki ki gen menm karakteristik ak moun k ap dirije Ayiti (ilegalman yo) te fè sa li kapab pou li simen divizyon ak vyolans nan mitan jenn fanm ak jenn gason nwa nan geto Etazini yo, jiskaske fratrisid elimine ni yo, ni movman an. Se sa ki fèt nan Site Soley ak Bèlè. Gen nan jenn sa yo ki te ka tounen revolisyonè tout bon. E se sa blan an pa t vle rive.

N a pale pi devan...

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Yon diskisyon nan Site Solèy. Empty Re: Yon diskisyon nan Site Solèy.

Message  Joel Mer 17 Mar 2010 - 16:20

Wifout,
men THUNDER al defounen REGIS DEBRAY kounye an.Misye se te majOjon koudeta 2004 lan pou gouvènman franse an.
Annou serye monchè.Pyès sa a tèlman gwosye ou pa ka menm rele pwopagann.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon diskisyon nan Site Solèy. Empty Re: Yon diskisyon nan Site Solèy.

Message  Thunder Jeu 18 Mar 2010 - 1:03

Mwen te oblije rete tann nou 2 reponn anvan ke mwen di kichòy, e se ekzateman ak jan de repons sa yo ke mwen te atann. Mesye! Mwen rekonèt trè byen tout moun nou wè ki pale nan videyo sa depi anvan Aristide te vini ak koze chimè l lan. Sa vle di ke mwen te rekonèt yo anvan yo te konn kenbe zam. Mwen di nou sa paske mwen abitye chita e pale ak yo, pa genyen yon moun enfliyan anndan Site ki pa rekonèt mwen byen. Genyen anpil nan yo ki te kòmanse wè klè, Toupak pa ezanp ki te frè Billy, te fè tout sa li kapab pou l te ka kite peyi an. Li te mete T65 Aristide te ba li an a vann pou l te ka achte viza. Yo konnen ke jou yo te konte, paske yo pat konn pale san yo pa di ke yo konnen yo ka pa vinn pase jounen an. Mwen pat konn ba yo lajan, wou kwè se depale ke yo t ap depale ban mwen?

Si mwen byen konprann, nou ta vle fè moun konprann ke moun sa yo pa ka wè klè? Fòk se lajan pou yo jwenn pou yo reyalize ke yo nan mizè? ...Se Regis Debray ki ka montre yon Ayisyen ke se itilize ke rejim sanginè lavalas la t ap itilize yo? Fòk se pwopagann pou y ap fè pou blan franse pou yo wè ke kay yon chèf OP ap dòmi pa akseptab? Kidonk sèvèl yo pa devlope ase pou yo wè ke Aristide li menm genyen plizyè chato milyon dola pou l mete madanm ak pitit li dòmi? ...Yo pa genyen konprann pou yo wè ke tout bacha lavalas ap bati chato, voye ti mennaj al shopping a Paris pandan ke yo menm yo paka menm bouyi yon labapen pou timoun yo? Non! men se lòt moun ke nou rele rasis ak prejije. Tankou yon vye zanmi m ta di: Mèsi anpil!

Antouka, nou tou 2 ekri, men nou pa di anyen. Si non ta vle di yon bagay nou ta dwe montre ke apa de zam ke Aristide distribiye nan Site a, nou ta dwe montre yon latrinn ke li te fouye, yon sant sante ke li te menm repare, yon magazen leta pou soulaje grangou nan vant... kèl konyensidans! sa mwen site la yo, te ekziste sou Duvalier.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yon diskisyon nan Site Solèy. Empty Re: Yon diskisyon nan Site Solèy.

Message  jafrikayiti Jeu 18 Mar 2010 - 10:17

Se domaj ni Tupac, ni Bily, ni Wilme pa vivan...Vwala se moun ki te konn itilize yo pou fè kanpay politik yo - k ap itilize imaj ak son defen yo pou touye yon lot fwa ankò rèv jenn gason sa yo te fè pou sitiyasyon site a amelyore. Ti boujwa ka chita ap radote jan yo vle. Men, se paske reyaksyonè klas mwayèn ak ti boujwa pa janm pran konsyans wòl yo ta dwe jwe nan sosyete a, ki pèmèt blan rasis kapab pase pa yo, pou kòwompi jenn tankou Tupac ak Bily. Jenn gason sa yo konnen reyalite lavi nan site a pi byen pase ti boujwa yo. Men, si ti boujwa yo te gen yon minimòm konsyans, entilijans ak kouraj - se yo ki ta gen aksè a enfòmasyon pou ede Bily ak Tupac konprann ki jan teknik destabilizasyon blan an itilize nan lòt peyi - se limenm l ap aplike la a ann Ayiti. Konsa, anpil vi ta sove.

Ou pale osijè vòlè nan gouvènman Lavalas la ki t ap plen pòch yo. Se vre! Ojis, vòlè sa yo se menm manm klas mwayèn ak ti boujwa ak GNBis yo. Se mank konstans epi mank konsyans sa a ki travèse tout alejyans politik nan peyi a ki lakòz nou vilnerab konsa.

Men yon lòsyè nan sa mwen te reponn kèk pwopagandis GNBis sou kesyon sa a:

"How come the filmmakers had so much access in a place supposedly so dangerous - yet none of them got hurt?
Apparently, the so-called relief worker was supposed to be working on an AIDS prevention program, yet she was sleeping with the two brothers, the cameraman and who knows who else…Meanwhile at the end of the “film” Bily’s wife is left destitute and carrying HIV? What relief indeed!
After providing all this access to their lives, these young people end up dead…
Young men like 2Pac and Bily are dying in similar conditions in Cote d’Ivoire and other African countries… where politicians of all nationalities are exploiting their conditions. A poster mentioned the fact that this is a one-sided hit piece. That is because the role the U.S. embassy and other white supremacist forces that participated in the 2004 coup d’Etat which fueled these conflicts is never addressed by the so-called filmmakers. Who is hiding from the truth here?
If, based on his convictions, Bily was supporting the constitutional government of Haiti and its demonized president,Jean-Bertrand Aristide, who was 2Pac working for? Who organized this neat infiltration into their lives - with camera and all?
What is the other side of the story? Beyond the easy stereotypes on which the film seems to prey, who were the actors fueling all this recorded black-on-black violence?
Now that President Aristide has been confined to Africa by the CIA and its agents, who and what is fueling ongoing gang violence in Haiti?
Do these American filmmakers have the courage to investigate that also? Why not?
What is the nature of Eleonore Senlis’ real work? What is her relationship with the cameraman? What is their connection to Kosovo?
What has the financial “success” of this film meant for the black wife and kids Bily left behind? These impoverished people whose most intimate moments were used in the film…what are they to gain from this production?
These may not be questions you are interested to entertain but some of us find them pertinent and no amount of intimidation will stop people from raising them".
http://www.whudat.com/newsblurbs/more/ghosts_of_cite_soleil_this_aint_no_hollywood_movie_1680501073/

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Yon diskisyon nan Site Solèy. Empty Re: Yon diskisyon nan Site Solèy.

Message  Thunder Sam 20 Mar 2010 - 16:56

Pèmèt ke mwen di w sa, mwen pa wè diferans ant ti boujwa a ak wou menm, nan moman sa a. Wou ensinye ke ni Tupak Ni Bily paka wè klè. Alò fòk se peye pou yo peye yo pou yo ka wè ke apa de yon vye fizi, yo pa benefisye anyen dirèkteman de lavalas.

Mwen pa vinn defann ti boujwa la a, sèl sa mwen mande w se montre ki bò ke yo fè Bily ak Toupak bay manti pou yo ka "denigre" lavalas. Eske Bily ap bay manti lè li di ke tout moun sou manti an?

Jafrik! pou enfòmasyon w, Aristide pa bati menm yon latrinn nan Site Solèy. Lise a, se blan ameriken yo kite bati l.

Mwen pat mande w pou tout moun sa yo, jis demanti Bily. Paske pou genyen "pwopagann" fòk genyen manti. Alò boul lan nan pye w.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Yon diskisyon nan Site Solèy. Empty Re: Yon diskisyon nan Site Solèy.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum