Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Elden Ring Shadow Of The Erdtree édition ...
Voir le deal

DE GABRIEL BIEN AIME A MARC BAZIN LES PRIMAIRES SANG UN CONSEIL ELECTORAL !e

2 participants

Aller en bas

DE GABRIEL BIEN AIME A MARC BAZIN  LES PRIMAIRES SANG UN CONSEIL ELECTORAL !e Empty DE GABRIEL BIEN AIME A MARC BAZIN LES PRIMAIRES SANG UN CONSEIL ELECTORAL !e

Message  kakakok Jeu 17 Juin 2010 - 17:00

En Haiti on oh rat tout vu ! Aujourd'hui les lavlassiens de derniere heure parlent de Marc Bazin comme si YO TE SIPOTE LI LO LI TE OFWI TET LI NAN FANMI LAVALAS POU FE ARISTIDE RETOUNEN >>>>>> PAix a son ame ! Louis aussi Marc etait un coquin astrucieux.......Une campagne electorale en pentade que ni Marc Ni Joel dans leur bouzenderie politique n avait pas supporte......Ils supportaient plutot le begwe RENE PREVAL>>>>>>>byen yo konnen tre byen Preval ak Aristide pa te nan monte bourik Haiti a anko a deux !

Marc et Joel Laissez le vieux Marc en paix ! De toutes facons les lavalassiens opportunistes sang tea te toujou rekonet BAZIN kom yon machan n peyi ...Aujourd'hui yon vann peyi a beaucoup plus bien que Louis !

Louis voulait officiellement faire d'Haiti le Taiwan de la Caraibes ...
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

DE GABRIEL BIEN AIME A MARC BAZIN  LES PRIMAIRES SANG UN CONSEIL ELECTORAL !e Empty Re: DE GABRIEL BIEN AIME A MARC BAZIN LES PRIMAIRES SANG UN CONSEIL ELECTORAL !e

Message  Thunder Ven 18 Juin 2010 - 1:52

Kakakok,

Anpil nan mesye sa yo p ap janm reponn wou paske yo konnen ke w genyen rezon. Yo te konn toujou akize Bazin kòm moun ki te lakòz Koudeta 1991 lan.

Men yon nòt pou laprès ke bizango lavalas nan NY yo te mete deyò:



NÒT POU LAPRÈS
Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas Di: "Bare Vòlò nan Lakou Nouyòk”

Fanmi Lavalas nan Nouyòk, ap fè tout moun alaronnbadè konnen, li pap resevwa Marc Bazin nan lakou Nouyòk. Zak Marc Bazin ansanm ak swadizan manm dirijan Fanmi Lavalas ki sipòte l yo se yon vòl. Y ap seye vòlò non Fanmi Lavalas pou tronpe vijilans pèp Ayisyen.

Nan kad denonsyasyon vòl sa a, Fanmi Lavalas nan Nouyòk ap fè yon delegasyon pou delivre yon mesaj bay Bazin ak akolit li yo. Lèt sa ap fè l konnen:

1. Atik 8 Manman lwa Fanmi Lavalas derefize tout alyans Fanmi Lavalas ak kèlkeswa lòt pati politik. Magouy alyans Fanmi Lavalas / MIDH la pa p pase.

2. Atik 49 di se Reprezantan Nasyonal ak Kowòdinasyon Nasyonal pati a ki gendwa voye kandida nan eleksyon. Moun sa yo nan prison, nan kache oubyen an n ekzil - yo pa voye peson nan eleksyon.

Marc Bazin te di otan anfas zak sasinay ki t ap fèt sou pitit pèp Ayisyen an. Fanmi Lavalas apresye jès sa a. Men nou pako ka bliye rigòl san pèp la ki te koule lò Bazin te premyeminis nan epòk koudeta lame d Ayiti te fè kont Prezidan Aristid. Se pou Bazin koudeta 91 la te fèt.

Bazin te di otan lò tren lanmò a tap touye pèp la, men sa pa ase pou fè l yon lavalas. Pou Bazin ta Lavalas, fò l ta:

1. gen vizyon ekonomik ka p bay tout moun lavi. Lò Bazin te premye minis, li monte plafon monetè de(2) fwa pou distribye lajan bay zanmi l ak pouchis. Zak sa a ban n yon goud zorèy bourik, kraze kankès ekonomi peyi a, met malere nan plis pwoblèm.

2. gen yon vizyon politik ka p entegre pèp lan nan administrasyon leta a, ak nan chapant pati politik la. Bazin pa janm entegre pèp nan pati l li.

3. gen yon vizyon sosyal k ap reyini moun sou baz tout moun se moun. Bazin toujou mete pèp la akote.

Pwen sa yo pwal jwenn Misye Bazin lò l vin Nouyòk, men nou voye l nan laprès davans, pou tout moun konnen Fanmi Lavalas nan Nouyòk pa sipòte Bazin.

Yon sèl nou fèb, Ansanm nou fò, Ansanm, ansanm, nou se lavalas.

Pou Lavalas nan Nouyòk

Alina Sixto – Koòdinatè
Jacques Dossous – Emisyon Fanmi Lavalas
Pierre Florestal – Emisyon Fanmi Lavalas
Nector Lestin – Pou Komisyon Politik
*
Press Statement also posted at:
http://www.HaitiAction.net/News/HLL/10_27_4.html

Si se 3 rezon sa yo ki fè yon moun "lavalas", konnen ke pa genyen "lavalas" nan Fanmi Lavalas.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum