Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
-20% Récupérateur à eau mural 300 ...
Voir le deal
79 €

70%+ Dominiken dorijin afriken

+3
Sasaye
ainsi ne soit-il
Joel
7 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Ven 25 Juin 2010 - 8:48

http://www.dominicantoday.com/dr/local/2010/6/17/36042/Study-finds-Taino-genes-in-15-of-Dominicans

Mwen mete 70%+ paske dapre atik lan e jan yo mezire ""mithocondrial DNA"";lakay 70% sa yo ,jèn afriken an predomine ;sa pa vle di ou pa ka jwenn jèn afriken lakay 15% sila yo ki gen predominans jèn Ewopeyen yo lakay yo,san nou pa bezwen pale de sa ki gen jèn TAYINO yo..
Sa ki vle di ke Dominiken yo pa tèlman diferan rasyalman de nou;se yon bagay JEAN PRICE MARS t ap eseye di Dominiken yo depi lan ane 50s yo;lan liv li an ""LA RÉPUBLIQUE D'HAITI ET LA RÉPUBLIQUE DOMINICAINE""

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Invité Ven 25 Juin 2010 - 9:00

Si'w retire S-CURL ak bleaching yo pa si diferan ke nou, p-e 1 ou 2 shade pi klè.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  ainsi ne soit-il Ven 25 Juin 2010 - 9:32

Lan nenpót lopital isit, lan 5 minut, yo ka soti posantaj san nwa ak san blan ki lakay yon endividi Ayisyen ou Dominiken. E sa ki pi rèd la, se pa nesesèman koulè po. M'ap gade pitit Aysyen ak blen, gen yo ki soti blan aloske papa yo fonse. Gen lot menm, ki soti fonse w pa ta menm kwè ke se kwazman dirèk blan ak nwa. Gen yo pawol ki konn ap sikile lan milye afriken yo: on dirè ke plis nèg yo bleu se plis timoun yo grimo.

Si profesè Gates parekzanpl ta desann lan peyi sila, ala de koudje yo ta koupe'l. Al di Dominiken ke yo pa blan. Mwen pa konn a nivo plis entèlektyèl, men Dominiken toujou parèt superfisyèl pou mwen.

Sa ki enteresan an Dominikani, sè ke ke yo gen neg k'ap travay pou peyi yo. Si yo okipe marche'n, si se yo ki ap jere site touristik nou, si kominote entènasyonal la adrese a yo dabor sou kestyon Ayiti, yo frenk kare di ke yo se blan.

Mwen te rankontre yon enjenyè kiben nwa lan Kanada. Se nèg Castro te voye an Russie al etudye. Misye te jis pran yon fanm Russe e pi li te chape'l lan Kanada kom refujye. Mwen te ede misye ak enformasyon, men tout sa li te konen de Aysisyen, se te yon band moun ki te konn vinn chèche travay Kiba. Aysyen yo konn gen ti problèm itou lan Kiba.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Ven 25 Juin 2010 - 10:29

Inyorans se inyorans kelkelanswa kote w pase.Menm sou sit sa a gen nèg ki ap chache denye orijin afriken yo.
An Dominikani te gen yon kanpay pwenn fè pa pou yo diferansye yo de ayisyen.
Mèt kanpay lan se te TRUJILLO ak BALAGUER.
Se sa lan rechèch li te fè yon moun tankou JEAN PRICE MARS te vle kontrekare.Misye te anbasadè AYITI an DOMINIKANI.
Misye te jwenn ke anpil moun lan boujwazi dominiken an te gen orijin yo lan Pati lwès zile an ,an kòmansan pa TRUJILLO limenm.Grann misye bò manman se te yon kapwaz ki te imigre lan pati lès zile an pandan peryòd okipasyon BOYER an.
Si w al ekzamine tou kijan okipasyon ou si w vle inifikasyon lil lan te echwe ,se paske BOYER lan prejije l te kite anpil Dominiken klè yo an chaj.Lè w okipe yon kote e ou vle enpoze volonte gwoup ou an ,ou vini ak moun pa w ;se sa BOYER pa t wè e se rezon sa a ki fè Dominiken yo te separe fasilman konsa.
Mesye sa yo te toujou vle imite franse ;men lan enterè fondalnatal peyi an yo pa vle imite yo;paske yo ta wè ke lè franse yo okipe yon kote ,yo vini ak franse parèy yo pou yo mete yo an chaj!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  ainsi ne soit-il Ven 25 Juin 2010 - 11:24

Lane dènyè, mwen kwaze yon Dominiken ki te di'm ke granpè'l se Ayisyen. Mwen ta renmen jwenn yon liv istwa Dominikani pou wè ki sa yo ansenye yo.

Se konsa itou mwen te kontre yo Dominiken lè Fernandez te frenk parèt, misye te di'm ke prezidan jodi se yon nèg entèlijan, paske yo pat abitye gen yon lidè entèlektyèl k'ap pale de jistis sosyal lan peyi yo.

Dominiken yo supoze konen ke nou te ede yo e ke nou pat maltrete yo. Li lè pou yo konprann ke ekspansyonism Ayiti se te normal tankou tout peyi ki an ger e ki dwe proteje tèritwa yo.

Lè nou byen gade, rèy Boyer sila konporte tout fay ki pwal detèmine rès
istwa politik e ekonomik Ayiti. Eske kanpay tèt dur Soulouque yo se te mekontantman an reyaksyon a laxisme
Boyer a
?

Ekzakteman. Men gen yon seri de tares ke Ayisyen itou renmen trennen. Gen yo ki pi mal ke Dominiken si se pou sa.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Ven 25 Juin 2010 - 12:08

Non M...

Kanpay SOULOUQUE lan pa t tèt di paske pou jenerasyon mesye sa yo,pati lès lan se te pati entegral peyi an.Pou yo ,se te yon sèl AYITI ki te genyen.
An menm tan tou lè SOULOUQUE te rantre an kanpay pou reyinifikasyon an ,se pa t Dominiken yo ki te defèt li .Lame an te gen tan lan SANTO DOMINGO lè koudetayis ki jis jounen jodi an pa wè enterè peyi an anvan, te pwofite pou yo soulve kont li lan PÒTOPRENS.
Lè misye tande sa ,li te kase brid soukou pou l tounen e kanpay lan te fini an dezas.
Yon ofisye ki te distenge l lan kanpay sa a ,se te SYLVAIN SALNAVE.
Misye ki te yon patriyòt entegral pa t padonnen mesye yo.SALNAVE ki pa t vle aksepte fèt akonpli bagay sa a ,te gen pwojè retounen men li pa t gen yon chans paske mesye yo te anpeche l dirije.
Pou nèg tankou SALNAVE,SANTO DOMINGO se te tankou OKAP ak OKAY se te yon pati endivizib peyi an

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Invité Ven 25 Juin 2010 - 13:42

Mwen twouve pousantaj sa a yo eleve anpil pou yon peyi kote majorite moun yo sanble blan.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Ven 25 Juin 2010 - 13:53

De ki peyi w ap pale la a COLO?
Mwen sonje mwen t al an Dominikani an vakans lan ane 80s yo.Mwen te lwe yon oto e mwen te kondwi de Ayewopò an a otel lan ki te lan mitan vil Sendomeng lan.Preske tout moun mwen te wè yo se te moun nwa wi.
Mwen pa konnen de ki peyi w ap pale.
E prezidan FERNANDEZ;KI KOULÈ MISYE?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Invité Ven 25 Juin 2010 - 13:59




Jaf,

Moun ou te rankontre nan vizit ou a se te pitit ayisien.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Sasaye Ven 25 Juin 2010 - 14:40


Martine,
Men kek ekstre de "Istwa de la Repiblik Dominiken" .

Toudabo, le Desalin te declare Endepandans dAyiti, se t endepandans tout zile lan.
Ki fe dominiken yo te vin endepandan anba Desalin.


With the outbreak of the Haitian Revolution in 1791, the rich urban families linked to the colonial bureaucracy fled the island, while most of the rural hateros (cattle ranchers) remained, even though they lost their principal market.

Spain saw in the unrest an opportunity to seize all, or part, of the western third of the island in an alliance of convenience with the British and the rebellious slaves.

But after the slaves and French reconciled, the Spanish were defeated by the forces of the black Jacobin General Toussaint Louverture, and in 1795, France gained control of the whole island under the Treaties of Basel.

In 1801, L'Ouverture arrived in Santo Domingo, proclaiming the abolition of slavery on behalf of the French Republic. Shortly afterwards, Napoleon dispatched an army which subdued the whole island and ruled it for a few months.

Mulattos and blacks again rose up against these French in October 1802 and finally defeated them in November 1803.

On 1 January 1804 the victors declared Saint-Domingue to be the independent republic of Haiti.

Even after their defeat by the Haitians, a small French garrison remained in Santo Domingo. Slavery was reestablished and many of the émigré Spanish colonists returned.

In 1805, after crowning himself Emperor, Jean-Jacques Dessalines invaded, reaching Santo Domingo before retreating in the face of a French naval squadron.

In their retreat through the Cibao, the Haitians sacked the towns of Santiago and Moca, slaughtering most of their residents and helping to lay the foundation for two centuries of animosity between the two countries.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Sasaye Ven 25 Juin 2010 - 14:45

Men lot ekstre "Istwa Dominiken"


Haitian occupation

The twenty-two-year Haitian occupation that followed is recalled by Dominicans as a period of brutal military rule, though the reality is more complex.

It led to large-scale land expropriations and failed efforts to force production of export crops, impose military services, restrict the use of the Spanish language, and eliminate traditional customs such as cockfighting.

It reinforced Dominicans' perceptions of themselves as different from Haitians in "language, race, religion and domestic customs."[6]

Yet, this was also a period that definitively ended slavery as an institution in the eastern part of the island.

Haiti's constitution forbade whites from owning land, and the major landowning families were forcibly deprived of their properties. Most emigrated to the Spanish colonies of Cuba and Puerto Rico, or to independent Gran Colombia, usually with the encouragement of Haitian officials, who acquired their lands.

The Haitians, who associated the Catholic Church with the French slave-masters who had exploited them before independence, confiscated all church property, deported all foreign clergy, and severed the ties of the remaining clergy to the Vatican.

Santo Domingo’s university, the oldest in the Western Hemisphere, lacking students, teachers, and resources, closed down. In order to receive diplomatic recognition from France, Haiti was forced to pay an indemnity of 150 million francs to the former French colonists, which was subsequently lowered to 60 million francs, and Haiti imposed heavy taxes on the eastern part of the island.

Since Haiti was unable to adequately provision its army, the occupying forces largely survived by commandeering or confiscating food and supplies at gunpoint.

Attempts to redistribute land conflicted with the system of communal land tenure (terrenos comuneros), which had arisen with the ranching economy, and newly emancipated slaves resented being forced to grow cash crops under Boyer's Code Rural.[7]

In rural areas, the Haitian administration was usually too inefficient to enforce its own laws. It was in the city of Santo Domingo that the effects of the occupation were most acutely felt, and it was there that the movement for independence originated.

-----------------------------------------------------------------

Lot nwa rive tou.[

The Ten Years' War in Cuba brought Cuban sugar planters to the country in search of new lands and security from the insurrection that freed their slaves and destroyed their property.

Most settled in the southeastern coastal plain, and, with assistance from Luperón’s government, built the nation's first mechanized sugar mills.

They were later joined by Italians, Germans, Puerto Ricans and Americans in forming the nucleus of the Dominican sugar bourgeoisie, marrying into prominent families to solidify their social position.

Disruptions in global production caused by the Ten Years' War, the American Civil War and the Franco-Prussian War allowed the Dominican Republic to become a major sugar exporter.

Over the following two decades, sugar surpassed tobacco as the leading export, with the former fishing hamlets of San Pedro de Macorís and La Romana transformed into thriving ports. To meet their need for better transportation, over 300 miles of private rail-lines were built by and serving the sugar plantations by 1897.[12]

An 1884 slump in prices led to a wage freeze, and a subsequent labor shortage was filled by migrant workers from the Leeward Islands—the Virgin Islands, St. Kitts and Nevis, Anguilla, and Antigua (referred to by Dominicans as cocolos).

These English-speaking blacks were often victims of racism, but many remained in the country, finding work as stevedores and in railroad construction and sugar refineries.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Sasaye Ven 25 Juin 2010 - 15:05


Ulises Heureaux prezidan pwogresis dominiken, pitit ayisyen.
Misye dirije Dominikani pandan 20 tan.

Allying with the emerging sugar interests, the dictatorship of General Ulises Heureaux, who was popularly known as Lilís, brought unprecedented stability to the island through iron-fisted rule that lasted almost two decades.

The son of a Haitian father and a mother from St. Thomas, Lilís was distinguished by his blackness from most Dominican political leaders, with the exception of Luperón.

He served as President 1882–1883, 1887, and 1889–1899, wielding power through a series of puppet presidents when not occupying the office.

Incorporating both Rojos and Azules into his government, he developed an extensive network of spies and informants to crush potential opposition. His government undertook a number of major infrastructural projects, including the electrification of Santo Domingo, the beginning of telephone and telegraph service, the construction of a bridge over the Ozama River, and the completion of a single-track railroad linking Santiago and Puerto Plata, financed by the Amsterdam-based Westendorp Co.[14]

Lilís's dictatorship was dependent upon heavy borrowing from European and American banks to enrich himself, stabilize the existing debt, strengthen the bribe system, pay for the army, finance infrastructural development and help set up sugar mills.

However, sugar prices underwent a steep decline in the last two decades of the 19th century. When the Westendorp Co. went bankrupt in 1893, he was forced to mortgage the nation's customs fees, the main source of government revenues, to a New York financial firm called the San Domingo Improvement Co. (SDIC), which took over its railroad contracts and the claims of its European bondholders in exchange for two loans, one of $1.2 million and the other of £2 million.[15]

As the growing public debt made it impossible to maintain his political machine, Heureaux relied on secret loans from the SDIC, sugar planters and local merchants.

In 1897, with his government virtually bankrupt, Lilís printed five million uninsured pesos, known as papelitas de Lilís, ruining most Dominican merchants and inspiring a conspiracy that ended in his death.

In 1899, when Lilís was assassinated by the Cibao tobacco merchants whom he had been begging for a loan, the national debt was over $35 million, fifteen times the annual budget.

Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Invité Ven 25 Juin 2010 - 15:32

Martine sel sa mka di'w, yo rayi Dessalines à mort.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Rico Ven 25 Juin 2010 - 16:09

Se pa ditou yon sipriz 70% sitwayen Dominiken dorijinn Afro. Antouka istwa fanmy kote manman m ki soti yon kote yo rele LOSPALIS nan Plato Santral nan rejyon frontalyè. E kote Papa m, moun Wanament sou frontyè banm yon ide jeneral peyi Dominikani fen ane 40 yo.

E byen tout rejyon frontyè 2 peyi yo anpil Ayisyen te emigre avan zak ratibwazaj Trujiillo . Sa pa selman 70% ras Afro Dominikani tap genyen se preske 90%. Trujillo te fè sayo rele yon netwayaj etnik nan touye anpil Ayisyen, fose retounen anpil nan kouri chape poul yo.

Anpil nan yo se pa selman koupè kann, te genyen Ayisyen ki gen latè, gildiv, kay magazen an Dominikani ki kouri lese nan zak lach Truilllo. Gran papa m kote manman te yon komèsan ki abitye ekspote tabak an Dominkani. Komès si telman rapote l, li achte 3 karo tè, yon kay ak yon kontwa tabak nan rejyon Puerto-Plata. Li mennen tout fanmy li pou plante tabak.

Lè Truillo leve koken, li sove de jistes ak tout pitit li ak gran mè matènel mwen. Istwa oral manman ak sè l ki te pi gran aprann se pa pakèt ak pil yo touye Ayisyen. Papa m se te menm koze sa pwiske jenn gason li abitye travèse frontyè kote Wanament pou flanen an Dominikani. Yon istwa tris nan relasyon Ayiti-Dominikani, kote envazyon pasifik frè nou te yon menas.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Invité Ven 25 Juin 2010 - 16:44

Rico, gran papam fèt an dominikani, manman'l sete yon milatress men li menm soti nwa fonse ak cheve swa, fanmi li tap travay nan komes koupe ak vann kann, malandren ki rele Trujillo nan vle touye tou moun nwa, manman'l setoblije kite peyi moun yo ak 2 pitit ki pa menm pale kreyol retounen Ayiti jambe frontye vin tombe Tomazeau.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  ainsi ne soit-il Ven 25 Juin 2010 - 16:48

Se sa wi J... ak tout nèg ki entèvni pou porte plis presizyon pou mwen sou diskisyon a. Gen yon pati nou te aprann lan istwa d'Ayiti men ki pat ase devlope. Se lan sans sa a, pou yo pa pè eksplike jèn Ayisyen ki sa ekzakteman ki te pase, poukisa yo te touye Dessalines, poukisa nou pèdi Dominikani nèt. E lan ka echèk Soulouque la-menm, a la yon repons tranchan ki montre eta d'espri Ayisyen depi lontan.

Alor se pa fè la leson, men mwen kwè ke konsa nou va konprann kouman nou fè toujou rete kanpe. Se lan eksplikasyon istwa, pou nou konprann mantalite anpil pami nou, ki ap soutni dezód alós ke yo ta vle fè moun kwè ke yo serye lan zafè la paix sosyal.

Ayayay, gad jan la veriite ap rejwenn nou. Anyen pa nouvo anba solèy Ayiti a. Tankou mwen te remake, nou paka konte sou dwèt nou konbyen prezidan Ayisyen ki te pran rak si se pat yon lot fason yo te debarase yo de yo.

Pandanstan, mwen remake yun ki rele Kakofoni (Bzzz kow!) ki pa renmen bon brui Harmoni. (lol) Yo san lè pèdi tèt yo. Sa pa renmen cohésion, li pa vle renmen ke omwen pou yon fwa tout moun ka dakor sou yon paj istorik lan peyi a. Se tankou m'ta di w ke gen nèg, jan de travay ki ta bon pou yo se kreye dezód pou yo ka al met lód.

Dominiken yo pa renmen Dessalines se yun tankou gen Ayisyen ki pa jenen ap denigre misye itou. An pasan, jis ayè m'ap tande Michael Gorbachev k'ap di ke lè li t'ap leve, lè tout jenn Russes te komanse ap gen aspirasyon, lè yo te soti lan feodalite, se te Staline ke yo te konen. Alor, li trouve sa se yon non-sens pou gen k'ap reklame pou yo efase tras Staline lan istwa la Russie.

Antouka nou-men, nou renmen Dessalines.


ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Ven 25 Juin 2010 - 16:50

colocolo a écrit:




Jaf,

Moun ou te rankontre nan vizit ou a se te pitit ayisien.

Se pa JAF,se JOEL

Oumenm COLO ,sou kisa w baze ke pi fò moun lan DOMINIKANI gen koulè klè an ,alòs ke syantifikman li pwouve ke se pa vre.
Se menm jan w ta di ke majorite popilasyon BREZIL ou byen KIBA se blan ,paske lè w ap gade dirijan peyi sa yo yo gen tandans pou yo klè?
SASAYE;
Tranch istwa ou mete yo ,ou tou wè se yon moun ki anti-ayisyen ki ekri yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Sasaye Ven 25 Juin 2010 - 16:59

Joèl,

Se posib ke ekriven an te anti Ayisyen, men li rapote fè avèk yon pèspektiv ke anpil moun pa konnen.
Bagay sayo te dwe fè pati istwa dAyiti, men ayisyen pa konnnen yo.
Sitou istwa Ilis Hewo a ki dominen istwa peyi saa lan yon epok krisyal.

Nou pa konnen si kolonizatè ayisyen yo pat aji menmjan dirijan jodi yo ap fè.

Politik Bwaye te pratike an Ayiti se menm ke li te aplike an Dominikani.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Ven 25 Juin 2010 - 20:27

SASAYE;

Mwen ti jan pridan;sitou lè istwaryen di ke DESSALINES te masakre moun.Sitou noumenm ayisyen ,mwen te youn ladan yo tou,nou entènalize sa etranje ap di de DESSALINES.
An 1805,1806 NAPOLEYON te okipe LESPAY se misye ki premye lan moun ki mete moun lan kan konsantrasyon ann EWÒP.Se misye ke HITLER te imite.Se pa dizèn de milye ke moun yo te mouri grangou ak maladi lan kan sa yo;tou sa pou m di ke franse yo gade misye kòm youn lan pi gro si se pa pi gran ewo yo.

Pou okipasyon BWAYE an menm ;misye se te yon obskirantis sou tout pwen.Misye te fèmen lekòl yo ,menm jan li te fè l lan Pati lwès lan ,men kote misye te pi rèd;pase pou misye te nonmen Ayisyen ""nwa"" pou kòmande la plas yo;misye te kite dominiken klè yo alatèt zòn yo.
Se te koulè BWAYE te wè.
Lè w okipe yon kote ,pou yon tan ou enpoze kilti w ,lang ou ak mès ou sou moun ou okipe yo.
Se konsa Ewopeyen yo te prosede.Tankou franse il de FRANS yo ,lè yo te okipe BRETAY ,menm lang mesye sa yo ,yo te entèdi.
Se konsa Angle yo te pwosede,lè yo vin okipe LEKÒS,WALES e pita IRLAND .
Sa m vle di SASAYE.
Gen moun ki konn akize Ayisyen yo ke yo te di lan okipasyon PATI LÈS lan ;mwenmenm sa m ap di sè ke yo pa t di ase!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  revelation Ven 25 Juin 2010 - 22:16

Etid ke mesye sa yo fe la pa gen annyen pou we ak koule pou. Se de DNA ke yo pale! Popilasyon Dominiken an gen 15% DNA Tainos e Dominiken yo aksepte sa.
Yo rekonet tou ke 70% dominiken yo gen DNA afriken nan gene yo. Sepandan, sosiete Dominiken an e sosiyete Ayisyen an tou bay inpotans a koule po ke gene/DNA paske yo preferre politize e sosiyalize sitiyasyon oliye ke yo we li yon fason scientifik.
Nou we anpil blan ki sanble ak nwa e anpil nwa ki sanble ak blan a koz de pousantaj DNA ke yo gennyen nan sang yo.
Sasaye di: Se posib ke ekriven an te anti Ayisyen, men li rapote fè avèk yon pèspektiv ke anpil moun pa konnen.
Bagay sayo te dwe fè pati istwa dAyiti, men ayisyen pa konnnen yo.
Sitou istwa Ilis Hewo a ki dominen istwa peyi saa lan yon epok krisyal.
Sasaye fok w sispand defome la verite!
W etidye istwa peyi W. W konnen ke se tainos yo ki te konnen bay refij ak neg marron yo nan montagn Cibao.

Tainos yo te fe pitit ak neg maron ki banou "marabou" e anpil nan yo te kombat nan guerre indepandans peyi Dayiti. Se pitit Tainos yo ki te rebay peyi a mon indien "Ayiti" yon mô ke tout kolon yo te bani depi 400zan.

Heroe indepandans nou yo pat chwazi yon mon Afriken pou nouvo peyi yo, men yon mon Indien an souveni zanset yo e gran papa yo.
Peyi St. Domingue ak Ayiti gen anpil zonn ki gen nom indien toujou e fok nou konseve heritaj sa yo tou.
Pousantaj DNA nan ko'm pa fe'm ni blan ni nwa ni pa fe'm pi siperiye ke yon lot kamarad!

Se sosiyete a ak politik kap mete nou do za do nan moman seisme saa.
Fok nou fe atensyon pou pa kite sa jwe nan sevô nou.
An nou ambrasse tout ras tout koule pep Ayisyen reprezante paske nou tout gen mem DNA.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  ainsi ne soit-il Ven 25 Juin 2010 - 23:21

http://fr.wikipedia.org/wiki/Jean-Pierre_Boyer_%28pr%C3%A9sident_d%27Ha%C3%AFti%29

Men sa wikipedia Frans bay sou Boyer. Etan done ke mwen toujou renmen al verifye sa magazine franse konn ap ekri sou listwa an jeneral ak sou geo-politik, n'a di'm si nou dakor ak tout sa Lafrans ekri yo. Mwen pa blye ke se Boyer ki te aksepte peye yo tout lajan sa yo. Mwen ta sye di anpil bagay men mwen pap prese fè ipotèz. Gen moun ki gen plis eksperyans lan istwa e ki ka plis eklere'n sou sa.

An pasan, m'ap sonje lan yon liv Yves Lacoste, géo-politicien rekoni, te ekri sa fè 2-3 ane, misye te di ke se mulat ki te chef en tête revolusyon nou an. Misye ekri kareman ke se mulat ki t'ap komande esclav nwa yo wi. Bon, m'ap li lan wikipedia, ke Boyer te al jwenn Rigaud ak milat li yo pou li goumen kontr Toussaint ak nwa li yo...

(E pi kwè'm si n'vle, menm revue HISTORIA Fransè yo plen dat ki inekzakt wi).

Komisè franse yo te monte tèt Rigaud kontr Toussaint, se sa mwen te aprann lan ti livr Dorsainville la. Men lan istwa oral, mwen te aprann itou ke Rigaud te yon nèg (anfen milat) konplekse anpil paske tèt li te grenn. Donc, se yon nèg ki te rayi tèt li e ki te predispoze pou poze zakt trayizon ak dezobeyisans paske li te wont idantifye'l ak nwa yo. Sa vle di ke Boyer te pi entèlijan lontan pase Rigaud Lafoudre (lol). Non seryezman, si Rigaud te gen entèlijan e si li pat gen san sal, komisè a pata voye'l devan pou Toussaint ta manje'l.

Anvan Vertières se pa de rale nèg nou yo de dwe fè anba Lafrans ak pitit li yo. Ayayay, sa se bagay ki te ekri, se te yon kestyon de temps men chen lan te deja kase.

Mezanmi, se te jis yon parantèz pou vendredi aswè a.


ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Sasaye Sam 26 Juin 2010 - 7:06

Sasaye di: Se posib ke ekriven an te anti Ayisyen, men li rapote fè avèk yon pèspektiv ke anpil moun pa konnen.
Bagay sayo te dwe fè pati istwa dAyiti, men ayisyen pa konnnen yo.
Sitou istwa Ilis Hewo a ki dominen istwa peyi saa lan yon epok krisyal.

Sasaye fok w sispand defome la verite!

Revelasyon, montre ki kote la verite defòme.

Popilasyon Dominiken an gen 15% DNA Tainos e Dominiken yo aksepte sa.

Revelasyon,
Mwen wè ki kote w vle ale.

Alò, di nou:
Ki pousantaj DNA Taino Ayisyen genyen?
Mwen ta renmen wè ki kote enfomasyon saa soti tou.

Epi, ki pousantaj Taino ki te lan popilasyon Sendomeng lan epòk Endepandans lan?

Anfen, konbyen ki te lan pati lwès la?
Eske se lan Cibao sèlman yo te jwenn yo?

Konsa na wè kilès ki ap defòme la verite.


Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Sam 26 Juin 2010 - 7:50

Sasaye a écrit:Sasaye di: Se posib ke ekriven an te anti Ayisyen, men li rapote fè avèk yon pèspektiv ke anpil moun pa konnen.
Bagay sayo te dwe fè pati istwa dAyiti, men ayisyen pa konnnen yo.
Sitou istwa Ilis Hewo a ki dominen istwa peyi saa lan yon epok krisyal.

Sasaye fok w sispand defome la verite!

Revelasyon, montre ki kote la verite defòme.

Popilasyon Dominiken an gen 15% DNA Tainos e Dominiken yo aksepte sa.

Revelasyon,
Mwen wè ki kote w vle ale.

Alò, di nou:
Ki pousantaj DNA Taino Ayisyen genyen?
Mwen ta renmen wè ki kote enfomasyon saa soti tou.

Epi, ki pousantaj Taino ki te lan popilasyon Sendomeng lan epòk Endepandans lan?

Anfen, konbyen ki te lan pati lwès la?
Eske se lan Cibao sèlman yo te jwenn yo?

Konsa na wè kilès ki ap defòme la verite.



SASAYE;

Ou wè kijan REVELASYON anbrase eritaj TAINOS yo tandis ke misye lan abitid li ap denigre eritaj Afriken an ,ke nou vle l ,ke nou pa vle l,predominan lakay nou;e li predominan keseswa ann AYITI,an DOMINIKANI ,lan KIBA ou byen lan BREZIL.

Pou moun ki pa konnen 1 afriken sou 3 ;1/3 tout nwa ki te travèse ATLANTIK lan se lan BREZIL yo te debake.
Mwen pa wè ki apò REV. ap pòte lan diskisyon an.Lan youn lan pòs misye yo ,misye te repete youn lan bagay nou te konn wè lan TINTIN lè nou t ap grandi ;zafè ke Afriken yo te konn bouyi moun lan chodyè ou byen yo te konn gen zo lan nen yo.

Yon lòt bagay ,tankou w di l lan ;mesye yo di ke se Dominiken yo sèlman ki gen eritaj TAINOS;se kòm si se lan pati lès lan mesye yo t al gonfle kò yo.
E moun ki ap denye eritaj afriken an ;sa pa genyen anyen ak afwo-santrism ou pa ,se jis inyorans!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Thunder Sam 26 Juin 2010 - 8:00

Mwen pa wè pouki diskisyon sa a. Moun sòti yon sèl kote sou planèt lan se an Afrik. Kit se moun ki kwè nan Bondye, kit se moun ki kwè nan evolisyon. DNA nou tout a 99.9% idantik. Pouki rezon goumen ke sa a vle Tainos, sa a vle se Afriken pou nou ye.

Orijin tout moun se Lafrik, men nasyonalite tout moun pa Afriken.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Sam 26 Juin 2010 - 9:16

Wi THUNDER,

Nou tout se Afriken.E si w ap konsidere istwa ""lòm modèn"" se resaman ke li kite LAFRIK ant 55 mil a 75 mil an de sa.
Lan menm woulib lan ,gen yon seri de moun se eritaj ewopeyen an y ap voye monte ,paske sa regle zafè yo e sa pa gen anyen pou l wè ak nasyonalite.
Sa regle zafè yo.
Mwen sonje sa gen kèk ane de sa PELE ki te de retou de ETAZINI te di ke se pou brezilyen yo vote pou moun ki sanble yo.
Bagay sa a te fè yon branlba lan BREZIL si w konsidere ke se moun ""klè"" yo ki kontwole politik lan peyi sa a.
Brezilyen yo te gen tan ap di ke yo gen ""rasyal demokrasi"" ke yo pa menm jan ak ETAZINI,men tou lè w gade ,Senatè ,prezidan ,minis menm jeneral Lame yo ,gen tandans ""klè"".
Lè PELE te di sa a ,yo te gen tan ap rele misye tout non,yo te tèlman kritike l ,ke misye te blije fè bak.
Alòs si w pa kritike yon ""eta de choz"";moun ki ap benefisye de li an pa p chanje l ;y ap pito rasyonalize l!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum