Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-14%
Le deal à ne pas rater :
Apple MacBook Air (2020) 13,3″ Puce Apple M1 – RAM 8Go/SSD 256Go
799 € 930 €
Voir le deal

70%+ Dominiken dorijin afriken

+3
Sasaye
ainsi ne soit-il
Joel
7 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Ven 25 Juin 2010 - 8:48

Rappel du premier message :

http://www.dominicantoday.com/dr/local/2010/6/17/36042/Study-finds-Taino-genes-in-15-of-Dominicans

Mwen mete 70%+ paske dapre atik lan e jan yo mezire ""mithocondrial DNA"";lakay 70% sa yo ,jèn afriken an predomine ;sa pa vle di ou pa ka jwenn jèn afriken lakay 15% sila yo ki gen predominans jèn Ewopeyen yo lakay yo,san nou pa bezwen pale de sa ki gen jèn TAYINO yo..
Sa ki vle di ke Dominiken yo pa tèlman diferan rasyalman de nou;se yon bagay JEAN PRICE MARS t ap eseye di Dominiken yo depi lan ane 50s yo;lan liv li an ""LA RÉPUBLIQUE D'HAITI ET LA RÉPUBLIQUE DOMINICAINE""

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas


70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Invité Sam 26 Juin 2010 - 11:04

Jojo,

Bagay dominiken gen 70% afriken nan san yo a, se radott.

Si ya le pou di Obama se black, se pou nou konpran depi yon moun gen san afriken nan san li, blan yo rejete li.

Li rete klè, ke dominiken yo pi pre blan ke afriken.

Thunder, Rico ak T-Nèg,

Mwen kontan wè nou tou.

Kenbe di.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  revelation Sam 26 Juin 2010 - 12:21

Joel di:Mwen sonje sa gen kèk ane de sa PELE ki te de retou de ETAZINI te di ke se pou brezilyen yo vote pou moun ki sanble yo.
Prezidan Lula pa sanble avek majorite Brezilyen yo.
Prezidan Obama pa sanble avek majorite ameriken yo!
W pa vote pou yon neg paske li sanble ak wou. Fok wou vote pou li a koz de karakte li, kompetans li, integrite'l, tolerans li, sajess li, kompasyon'l pa paske li sanble avek nou. M.L.King di nou sa deja!

Se chwa sa yo ke nap pousse pep la fe pou yo chwazi moun ki sanble ak yo ki fe ke nou vinn genyen tout volo, konronpi nan tet peyi a paske yo sanble ak nou.
Dirijan nou yo sanble ak pep la, men yo pa fe annyen pou yo depi 200zan. An nou esseye chache bagay ki kap ini nou etan pep oliye ke nou konsantre nou sou bagay ki kap divize nou.

Eleksyon pral vini la fok nou pa chwazi neg ki sanble ak Joel. Fok nou bay Baker, Boulos, e tout lot Ayisyen entreprene yo ki ta renmen investi lajan yo, integrite yo, konpetans yo e amou pou peyi yo.
Fok nou sispand chwazi volo, konronpi, neg ki razer intelektiyelman, moralman, ekonomikman, moun ki selman vle fe politik pou fe lajan oliye ke yo ede peyi yo.
An nou bay yon lot group Ayisyen yon chans tou memm si yo pa sanble ok nou.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Sam 26 Juin 2010 - 15:56

colocolo a écrit:Jojo,

Bagay dominiken gen 70% afriken nan san yo a, se radott.

Si ya le pou di Obama se black, se pou nou konpran depi yon moun gen san afriken nan san li, blan yo rejete li.

Li rete klè, ke dominiken yo pi pre blan ke afriken.

Thunder, Rico ak T-Nèg,

Mwen kontan wè nou tou.

Kenbe di.

Li rete klè ke Dominiken pi pre blan ke Afriken;se radòt?
A lòs ou konnen plis ke ""fouyapòt"" ki fè 4 an ap etidye dosye an?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Sam 26 Juin 2010 - 16:22

[quote="revelation"]
Joel di:Mwen sonje sa gen kèk ane de sa PELE ki te de retou de ETAZINI te di ke se pou brezilyen yo vote pou moun ki sanble yo.
Prezidan Lula pa sanble avek majorite Brezilyen yo.
Prezidan Obama pa sanble avek majorite ameriken yo!
W pa vote pou yon neg paske li sanble ak wou. Fok wou vote pou li a koz de karakte li, kompetans li, integrite'l, tolerans li, sajess li, kompasyon'l pa paske li sanble avek nou. M.L.King di nou sa deja!
REV

Lè w ap pale de yon bagay ,li konn difisil pou m swiv lojik ou.Ki moun ki ap pale de AYITI?
Si se sou AYITI ou vle rete,se pa paske BAKER ou byen BOULOS pa sanble yo ke moun yo pa p vote pou yo;se paske mesye sa yo se koudetayis,se moun ki te fè negasyon vòt yo ,se rezon sa a yo pa p vote pou yo!
Pa vin ak zafè pèp ayisyen an;mouvman nwaris lan se te yon reyaksyon a mouvman milatris lan;men tou le de gwoup sa yo se senkant kòb ak de gouden.
Pa gen diferans ant MANIGAT ak BOULOS.
Palan de BREZIL ,lè gen yon prezidan ki sanble ak PELE,n a sispann pale de sa.
Se pou nou konn lwa peyi yo anvan n ap rablabla.Te gen yon lwa lan BREZIL ki te stipile ke si w se nwa ou pa t ka ofisye LAME ou byen ou pa t ka pè.
Se LULA ki vin enstitye ""affirmative action"" lan inivèsite yo;yon bagay ki ap fè anpil kontwovès lan BREZIL

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Invité Sam 26 Juin 2010 - 16:39

Joel,

Ou pa bezwen pran etid sa a o serye paske mesie sa yo pa sanble yo konnen sa wap di a.

Men sa depatman deta ameriken di sou RD.

Ethnic groups: Mixed 73%, European 16%, African origin 11%.

http://www.state.gov/r/pa/ei/bgn/35639.htm


Men sa istwa di tou:

To bring St. Domingue to this level of production, the French early on took a number of measures. The colonists on St. Domingue foresaw a growing world market for sugar, so they tried to maximize their profits by importing huge numbers of African slaves. By 1790, the Black population surpassed the Whites and a new demographic group was created: the mulattos. St. Domingue at that time had more than 500,000 Black slaves, compared to 30,000 Whites and 27,000 freemen, this last class of men containing both Black and mulatto individuals.

Li klè ke an Ayiti se yon dal afriken ki tap viv sou tè a.

Men sa istwa sou RD:

In Santo Domingo the Spanish colonists did nothing to develop sugar plantations. They were not motivated by the goal of supplying sugar to the European market like the French were. Since they were not as wealthy as their French counterparts, and less concerned with market pressures, these landowners did not import slaves in large numbers. This policy enabled the domestic labor force to practice subsistence agriculture as well as sugar cultivation. Thus by 1790, when St. Domingue was in the midst of a population explosion, Santo Domingo consisted of 125,000 White landowners, 25,000 Blacks or mulattos, and about 60,000 Black slaves. Clearly, on Santo Domingo, the Blacks were a minority. This was the demographic basis for the present composition of the population of Haiti and the Dominican Republic.

http://www.allempires.com/article/index.php?q=conflict_haiti_dominican

Mwen pa foutu konpran kilè pèp domiken an subi mutation sa a pou yo tounen majorite afriken. Rapo sa a sanblè pa kredib.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Sam 26 Juin 2010 - 16:58

COLO;

COLO;
Mwen gen yon frè m ki marye ak yon dominikèn ,34 an maryaj;misye gen pwopriyete lan Dominikani lale preske chak ane.
Yon lòt bagay ,gen de Dominiken ki pase nwa ,ki ble k ap di w yo miks;yo gen tout kalite jan pou yo rele tèt yo;eksepte ""negro"".
Deklarasyon moun yo di ke yo miks lan ;ak 10% Ewopeyen?
Yo te fè yon etid jenetik sou ameriken nwa ;yo te jwenn ke preske 60% te gen yon ansèt blan?
epitou COLO,Afriken sa yo ke ou pa renmen yo ,lan kolonizatè yo te ale ann AFRIK mesye yo te kenbe pijon yo lan kalson yo.
E poukisa savan dominiken sa yo te fè etid ke yo pibliye semenn pase an ;se pou demanti miskonsepsyon ke nou ap tande depi dikdantan!
Epi nou konnen sa yo te rele ""papeles de blanco"" lan koloni panyòl yo.
Lan 18yèm syèk lan ;yon blan te gen dwa fè yon pitit ak yon nwa ;li rekonèt li e li peye yon taks e yo rekonèt moun lan kou blan.
Panyòl yo te rele sa ""papele de blanco"".Kididonk ala papòt chif 120 mil blan an deja fose!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Amoph Dim 27 Juin 2010 - 8:41

Colo,

Retour w, te trè zatandu sou ForumHaïti.

Nou te agreableman surpri de prezans w.

Bon deba !

Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Joel Dim 27 Juin 2010 - 14:15

martine la tourmente a écrit:


Alor se pa fè la leson, men mwen kwè ke konsa nou va konprann kouman nou fè toujou rete kanpe. Se lan eksplikasyon istwa, pou nou konprann mantalite anpil pami nou, ki ap soutni dezód alós ke yo ta vle fè moun kwè ke yo serye lan zafè la paix sosyal.




Wi M...

Se rezon sa a mwen fout rayi koudetayis poutchis.Koudeta kont SOULOUQUE lan te fè peyi an pèdi pati LÈS lan,men li te mete endepandans peyi an ,an danje tou.
E epòk sa a ,sa te vle di retou lan esklavaj,paske se lan ane 1880s yo LESPAY te vin aboli lesklavay.
An 1861,yon nèg ki te rele SANTANA te fè ESPAY tounen DOMINIKANI.Se pou di w nèg ki t ap goumen pou pouvwa yo te an danje pou yo retounen esklav.GEFFRARD te fè yon deklarasyon frakasan ,men li pa t ka mobilize peyi an devan gwo danje sa a ki t ap menase l.Patizan SOULOUQUE yo pa t ap swiv li antan ke yo te wè l kòm koudetayis.
Men sa le GRAND JEAN PRICE MARS di lan liv li an ""LA RÉPUBLIQUE D'HAITI ET LA RÈPUBLIQUE DOMINICAINE"",TOMEII

""Ce fut à JACMEL que débarquèrent les généraux SANCHEZ,JOSE MARIA CABRAL PEDRO ALEJANDRINO,ALYANDRO RAMIREZ BAEZ et MANUAL MARIA GAUTIER,qui traversèrent la frontière pour aller combattre les troupes espagnoles.Des haitiens se mélèrent aux patriotes dominicains pour aider ceux-ci à débarasser leur territoire des soldats étrangers.Il y eut mème des éléments de l'armée haitienne qui participèrent à ces insurrections puisque des pièces compromettantes,signées d'officiers militaires haitiens responsables des lignes frontalières du Nord furent saisies sur des prisonniers.Puis en outre des volontaires haitiens revenus de combats livrés aux Espagnols,dans la région du CIBAO,défilèrent certains jours,dans les rues de PORT-AU-PRINCE avec une ostentation provocante""
Sete an 1861

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Sasaye Dim 27 Juin 2010 - 14:39

Istwa Dominikani te oblije rekonèt ke se OKIPASYON AYISiEN AN ki te aboli ESKLAVAJ lan peyi yo.
Lè LAME AYISYEN antre Santo Domingo te gen esklav toujou.
Se petèt yon grenn bon bagay Bwaye te fè malgre ke li te pito wè dominiken lan administrasyon l olye de solda ayisyen.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

70%+ Dominiken dorijin afriken - Page 2 Empty Re: 70%+ Dominiken dorijin afriken

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum