Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

+3
Doub-Sossis
Le gros roseau
Joel
7 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Joel Jeu 26 Aoû 2010 - 9:59

Rappel du premier message :

Gen moun ki gen LE NOUVELLISTE weekend pase an?Sanble SUZE MATHIEU frape di sou MANIGAT.
Se edisyon papye an.
Manmzèl di ke MANIGAT ta di ""Les Haitiens qui ne connaissent pas Platon et Socrate sont des sous hommes.La créolophone n'est pas seulement une limitation mais une infirmité""

Ou kwè MANIGA ta di yon bagay konsa vre?Misye di li pa t janm di sa ,men eske majorite moun ap kwè l.
MANIGA ,ki toujou ""au dessus de la mélée ""santi li dwe reponn ,byen ke repons misye an pa konvenkan.
MANIGA erije l an defansè lang kreyòl ;gen moun ki kwè sa vre?
An atandan misye ap touye kandidati madanm li an.Li pa t gen anpil chans;men ti chans ki te genyen an ap diminye.

http://www.lenouvelliste.com/article.php?PubID=1&ArticleID=82785&PubDate=2010-08-25

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas


LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Joel Mer 1 Sep 2010 - 10:54

KAMI;

PRICE MARS te di yon seri de bagay ki pa fin twò diferan de sa WOZO,JAF ap di jounen jodi an.Nou gen avantaj pou nou konstate ke sa misye t ap di yo ,se la verite ;82 zan apre.

Si PRICE MARS ta resisite e li repete menm bagay li te konn ekri yo;moun tankou REVELASYON t ap akize misye ke li vle ""afrikanize"" pèp ayisyen an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  jafrikayiti Mer 1 Sep 2010 - 11:15

Kontrèman ak sa REV ekri, mwen pa wè kisa pwomosyon lang Kreyòl la gen arevwa ak "afrikanize" kikseswa. Ojis, tankou non lang limenm menm montre sa, Kreyòl se yon pwodui eksperyans kolonyal la sou kontinan Lamerik, se pa Lafrik ki bannou lang Kreyòl la menmsi gen kontribisyon lang Fon ak Eve nan fondasyon sentaks li, daprè sa ekspè yo di. Se reyalite kolonyal la menm ki kaselezo pou li bannou lang Kreyòl la. Kidonk, si nou ta rete nan yon nivo emosyonèl primè, nou ta rejte lang Kreyòl la tou sou pretèks nou vle debarase n de tout eritaj kolonizasyon an paske lang Franse kontribye anpil tou nan kreyasyon Kreyòl la.

Tankou pwofesè Degraff, Dejean elatriye ap montre sa depi plizyè deseni, se agiman pratik, pedagojik, ki alabaz mouvman pou Ayisyen itilize youn nan pi gwo zouti devlopman li genyen aladispozisyon li - LANG KREYÒL la.

Toutotan nou pa aprann vilgarize yon seri prensip syantifik nan lang Kreyòl, pou non sèlman elèv lekòl, men pou tout sosyete a, gen anpil pwogrè k ap difisil pou nou reyalize nan peyi nou.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  revelation Mer 1 Sep 2010 - 13:02

Bel Roseau di: Franse se yon instriman de divisyon ,de alyenatyon.de kolonisatyon mantal. Moun ki vle ke se an franse selman pou lekol fet an ayiti se yon paket ti pretansye ki ap meprise majorite ayisyen ki pa konn pale franseuuu yo.Apartheid sosyal la fet pou fini an ayiti.

Repons Martine bay Rod: Donk situasyon n'ap viv jodi a pa nouvo tankou se yon minorite ki plis metrize lang franse an Ayiti. Se pa akoz de diskriminasyon klas ou koulè si nou byen gade.

Repons Martine a Jaf: Jan mwen wè Jeff parekzanpl devan ap brandi drapo Afrik li a, mwen gen nouvèl pou li. Afriken pa menm fanatik pase sa. Lè li finn tande 'w, li jis di ke se an aryè w bezwen menen'l ak band koze nwaris nou yo.
Afriken a se lan metisaj ke li kwè. Si w vle defand kreyol, se trè byen men pa mele pom ak zoranj, sa pa gen anyen pou'l wè ak la ras.
Mwen pa akize'l men mwen jus pa bay moun pou mwen sou kestyon justis an jeneral an Ayiti.
Gen yon experyans ke sikolog yo fe kote ke yo mete 2 tonton Noel nan yon shoppingcenter, yon nwa, e yon blan.Majorite timoun yo, blan, nwa, latino, azyatik etc, yo tout swiv tiblan yo e al chita sou jamb toton Noel "blan" yo meprize tonton Noel ki nwa. Sosiolog la esseye konvink yo ke toton Noel nwa bon tou, men yo pa chanje l'idee yo.
Memm experyans sa fet anko avek 2 poupee Barbie, yon nwa, lot la blan.
Se memm rezilta ki prodwi anko.
Sak fe saa?? ".


Se pa yon kestion de kolonizasyon, ni de koule, ni de lang, se yon kestyon de perseption ke timoun yo gennyen ke tout bagay ki "blan" pi bon. Se konsa ke yo eleve yo.
Tout rev pitit pep la se vinn memm jan ak lelite la!!
Paske se sa ke yo we devan je yo komm bon bagay. (jiska prev di kontrer)

Sikolog ak sosiolog ayisyen gen anpil travay pou yon fe nan system edikasyon pep la.
Nan epok rekonstriksyon peyi a e renouvo pou system edikasyon nan peyi Dayiti, si yo kite travay saa nan men aktivist kap preche de-zinyon, vanjans olye de jistis sosyal, peyi sa pral fe plis back anko.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Le gros roseau Mer 1 Sep 2010 - 13:16

ki rezilta pou tap atann lè ke w genyen yon medya nan yon sosyete ki montre ke bon dye se yon blan ak je vet ak cheve blon epi satan se yon moun nwa ak konn nan tet li.Lè yo lave tet yon ti moun konsa ki sa w panse ke li ap fè,malerezman genyen gran moun ki toujou rete ak lespri ti moun sa yo ke yo lave servo yo.Yo pa genyen self estem pou tet yo ki jan w vle pou yo ka renmen lot moun ki sanble ak yo.Fenomenn yon ti gwoup moun ki edike ,ki pale franse konekte ak pwoblem diskriminatyon koulè e klass sosyal la tou.Pa bliye se Louis Dejoie kite pale de gwo zotey. se pat francois duvalier.se sou moun.com ou konn jwen foto Aristide ak yon bouch long pou montre ki jan li led.Se Boyer ki te di ke moun pa beswen konn li pou travay la tè ki fè 2 syek apre endepandans la nou genyen plis ke mwatye ayisyen ki pa konn li ni ekri lang pa yo e ni franse tou.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Le gros roseau Mer 1 Sep 2010 - 13:21

eske rev la se yonn nan blan ayisyen ke yo tap montre nan televisyon yo?si se sa yon moun ka konprann sa li ap defann lan,men ki pa sa majorite ayisyen natif natal, ki soti nan fon peyi ya ap defann.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Joel Mer 1 Sep 2010 - 15:46

QUELQUES RÉFLEXIONS DE JEAN PRICE MARS-SANS COMMENTAIRES

""La communauté nègre d'Haiti revètit la défroque de la civilisation occidentale au lendemain de 1804.
Dès lors avec une constance qu'aucun échec ,aucun sarcasme ,aucune pertubation n'a pu fléchir,elle s'évertua à réaliser ce qu'elle croit ètre son destin supérieur en modelant sa pensée et ses sentiments ,à se rapprocher de son ancienne métropole,à lui ressembler ,à s'identifier à elle.
Tache absurde...

Par une logique implacable ,au fur et à mesure que nous nous efforcions de nous croire des Français ""colorés"",NOUS DÉSAPPRENIONS À ÈTRE DES HAITIENS TOUT COURT,c'est à dire des hommes nés dans des conditions historiques déterminées,ayant ramassés dans leurs ames,comme tous les autres groupements humains,un complexe psychologique qui donne à la communauté haitienne sa physionomie spécifique...

Le mot nègre ,jadis terme générique,acquiert-il un sens péjoratif.Quant à celui d'Africain,il a toujours été,il est l'apostrophe la plus humiliante qui puisse ètre addressé à un Haitien.A la rigueur ,l'homme le plus distingué de ce pays aimerait mieux qu'on lui trouve quelque ressemblance avec un Esquimau ,un Samoyède ou un Toungouze plutot que de lui rappeler son ascendance guinéenne ou soudanaise...

Il faut voir avec quel orgueil quelques unes des figures les plus représentatives de notre milieu évoquent la virtualité de quelque filiation batarde.
Toutes les turpitudes des promiscuités coloniales,les hontes anonymes des rencontres de hasard les brèves pariades de deux paroxysmes sont devenues des titres de considération et de gloire..


(AINSI PARLA L'ONCLE-1928)

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Le gros roseau Mer 1 Sep 2010 - 17:47

ah ah ah ah a la yon Tonton neg lakay ki te konn di verite se Price Mars Papa,Rivanordais pa manje anyen ki fwet poul di yo 4 verite.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  kami Mer 1 Sep 2010 - 17:49

Joel a écrit:KAMI;

PRICE MARS te di yon seri de bagay ki pa fin twò diferan de sa WOZO,JAF ap di jounen jodi an.Nou gen avantaj pou nou konstate ke sa misye t ap di yo ,se la verite ;82 zan apre.

Si PRICE MARS ta resisite e li repete menm bagay li te konn ekri yo;moun tankou REVELASYON t ap akize misye ke li vle ""afrikanize"" pèp ayisyen an.

Joel,

Mwen pa janm konen ke PMars te bezwen kreyol lang ofisyel, c'est du nouveau. Africanism wi, men se yon te pedu paske nou NWA e nou pratike VODOU.

Poum ta plis afikanizem alor se poum tal aprann youn nan lang afrikin epi ak ki moun poum pale?

Nous autres haitiens nou renmen ranmase vomi moun twop.

Tem di-w mal lekol an Ayiti pandan en nan; sou 3 mwa mwen te ka eksprimem tres byen an kreyol tankou an franse. Ler ti ayisyen antre isit yo pale angle nan 3 mwa. Kanada idem.

Bon poukisa ou minm ak Roseau pa investi lajan nan publishing. peye dezoutwa pwofeser ayisyen kap drive nan lari potoprins san travay, pou yo fe tradiksyon kelke liv lekol, epi ouvri yon libreri van-n yo. nou patap pedi sinkob o kontrer nou tap rantre bon ti kob nan benefis. Fem konen poum investi tou.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  kami Mer 1 Sep 2010 - 17:54

Joel,

Pasages sa yo pa apropriye paske nou pap pale de identifikasyon rasyal, min pito nap diskite sou lang kreyol la.

pasages sa yo pa gin plas li la-a mwen kwe ou mal konrpran Revelasyon ak lot moun yo.

Alos ke pitit mwen yo ki pale angle selman, alor yo identifye yo plis ak blan amerikin?

Se sa ou vle fe moun konprann avek pasaj sa yo.
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Joel Mer 1 Sep 2010 - 18:48

[b]KAMI

Ma chè,mwen pa konprann ;ou pa wè REVELASYON ap pale de poupe nwa ak poupe blan?
Ki sa genyen pou l wè ak lang ,men tou lan ""big picture"" an gen yon bagay pou l wè ak sa.

Epitou ,ou di w ale ann AYITI epi sou 3 mwa ou te ka eksprime w byen an franse?
WHAT?
Korije sa w di;petèt ou se yon jeni;menm jeni?
Antouka men yon lot opinyon DE GRAFF te bay sou koze sa a ,sou yon jounal syantifik:

http://www.linguisticanthropology.org/2010/09/01/michel-degraff-on-haitian-kreyol/

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  kami Mer 1 Sep 2010 - 20:17

Joel,

Mesi anpil pou lien an malerezman mwen pagin tan poum lil.

Mwen toujou konen ke gen 2 bagay ayisien renmen okupe yo, se fe meeting ak ekri pafwa sou jounal, ti liv, pou fe pale de yo, se sa selman yo prop, apre sa pagin anyin ankor NO ACTION! LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Geek02-anim-geek-male-boy-smiley-emoticon-000350-medium

BTW, ti ayisyen ki aler kanada ak US yo ka pale lang lan nan 3 mwa; MIN POUMWEN LI IMPOSIB. LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Bump-bump-injury-injured-smiley-emoticon-000704-medium
kami
kami
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 2981
Localisation : ICI
Opinion politique : La séparation des pouvoirs
Loisirs : Lecture, Dormir
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Joel Mer 1 Sep 2010 - 21:02

KAMI;

Ak respè ,kite m di w.Ou paka ale ann AYITI e lan 3 mwa pou w pale franse.Gen anpil faktè ki fè sa.
Franse se yon lang ki difisil,li gen règ ki makonnen ak règ.Menmsi moun kote w te desann lan ,se franse yo t ap pale ak ou ,tout tan ,l ap difisil pou w pale franse lan 3 mwa.

Se petèt sa ou paka konprann lan ki fè w w ap defann lang franse an.
Franse ,ap plenyen jan lang lan difisil;gen moun ki di se 10 zan pou w pran pou aprann lang lan.
kòmanse sou bagay ,maskilen, feminen sa a.
Se pa yon refleksyon sou wou;gen moun pase 14,16,18 an lekòl ann AYITI ,se lan di pou yo pale franse.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Le gros roseau Mer 1 Sep 2010 - 21:41

pou pale yon lang san w pap mamote fok ou pratike l tou tan.banm mande frankofou yo yon kestyon;Konbyen fwa yon ti ayisyen pitit sò yet parey mwen yo genyern okasyon pou yo pale franse an ayiti menm apre yo finn pase 14 lane lekol?29 premye lane nan vim se an ayiti mwen te pase yo mwen pa kwè mwen te genyen okasyon 4 fwa nan tan ke m pase an ayiti poum te pale franse. map parye ak nenpot moun 99.9% ekolye ayisyen depi yo kite lekol la se kreyol yo pale.men frankofou yo di w ke franse se lang ayisyen.Pito m pa pale nan non sans sa ankò.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE - Page 2 Empty Re: LESLIE MANIGAT SUR LA SELLETTE

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut


 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum