Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

Élections 2010: qui sera le prochain baka? se demande la population désenchantée

Aller en bas

Élections 2010: qui sera le prochain baka? se demande la population désenchantée Empty Élections 2010: qui sera le prochain baka? se demande la population désenchantée

Message  ainsi ne soit-il Dim 19 Sep 2010 - 0:18

Mwen fè yon pase sou forum sila ki konsène kandida eleksyon sa yo. Tout dabor, m'pa janm pran koze kanpay sila o serye. Sa ki frapan sè ke tout nèg ak nègès gen tan blye sou ki beat koze eleksyon an te komanse. M'ap mande'm kouman nou fè tonbe ap fè tout rale sa yo sou yon bagay ki komanse lan yon cirque. Mwen ta renmen konen ki sa ki pase pou nou gen tan pran klas politik ak kandida sa yo o serye jodi a aloske ayè nou t'ap joure yo.

Dyabl la mete tout nèg chita ap gaspiye enèji yo. Si eleksyon te serye, nou ta tand lè yo komanse ofisyèlman pou nou ap fè pronostik. W kwè n'ap jwen anyen pou nou di ankor lè magouy la mete pye tout bon. Gen anpil bagay ki pwal pase Ayit, gen anpil verite ki dwe soti wi.

Mwen-menm mwen pe pa tand ankor pou Preval al fè rout li pou gade fent rès yo. M'ap tand eleksyon makak sila fin fèt pou m'wè fent depatman d'Eta... ak nou. Tout seye mwen seye bay nèg kredi, mwen pa fouti retire lan tèt mwen lide ke 12 janvye 2010 sila se pa yon koze senpl. Mwen pa ka eksplike'm ke 300.000 moun mouri, mwen pa ka konprand ke tout edifis lEta Ayisyen tonbe. Mwen pa konprand anpil bagay. Depi janvye, mwen pa menm enterese ekri yon chante, menm sa ki pase pa ka sèvi'm enspirasyon, tèlman mwen sezi. Se pa ti degoutans.

Sa m'ap tande k'ap fèt an Ayiti, sa fè la pèn anpil. Asasina, disparisyon, vyol, elatrèy. Anpil mekontantman itou paske Ayisyen yo komanse ap poze klèman anpil kestyon sou sa ki pase gwo jounen janvye sila.

Aristid li-menm lan yon sityasyon ke li pa ka di anpil. Li jis ka rete gade. Anpil la pèn pou misye. Ala yon pèp ki pa gen chans se Ayisyen e pi m'ap gade swa-dizan konpatryót k'ap vin di ke tèl dyabl miyor ke lót. Nèg sa yo fin entatad nèt wi. Gad sa ki rive ti bonóm la, tout nèg li te met sou kote'l vire do bay li. Antouka, se pa misye ki ap vand peyi a jodi a. Se pa fot Aristide si nèg yo se trèt, mezanmi. Man-yè gen kran pou rekonèt ke se paske li pat plye a kondisyon dyabl la ki fè yo ap touye Ayisyen an mas jodi a, ki fè yo te deja pare pou yo vin fè bouchri sou moun yo ki pat disparèt. Shit!

Mwen on jan sote lè m'ap tande nèg k'ap kontinye bat bravo pou Wyclef Jean. Apre misye fin desand kanson'l lan figi'n e pi n'ap tande bèl pawól kom si li lan kous la toujou. Pouki sa li pat ka repond byen lè yo te konn ap poze'l kestyon. E pi, Wyclef te byen pare kor'l pou li vin jwe lan jwèt la. Yo jis te mal enforme'l e li panse ke li te pwal antre tankou yon kouto lan bè.

Li te mèt dan 10 an 'Clef pa gen plas li la. Pou la senpl rezon ke li se yon lot stupid ki gen foli e ke nenpot nèg ka pase lan jwèt. Tout nèg gen foli vin pran lód, ala yo kapabl. Menm jan Preval di'l ke li se yon bon kandida e ke se kanè'l ke li te tou anonse'l. Koulye a menm, misye kanpe byen lwen ap voye diskou monte. Se domaj pou zèvr li t'ap fè. Paske fondasyon li an deja pran kou e ke 'Clef ka tou chwazi sajman pou li kanpe lwen Ayiti nèt. Zafè k gade'l.

La danse des baka... Pafwa m'ap mande'm si nou konprand byen ki sa k'ap pase jodi a, ki sa ki sot pase an janvye, ki sa ki t'ap prepare ke nou t'ap pran tout katastrof sa yo yun apre lót. Yeah! God has a plan for Haiti. You and your fucking god... mwen ta eskanpe figi'w.

Mot ki a la mod jodi a se reconstruction. Ha! ha! Y'ap fin pran peyi lan main'n nèt. Nou mèt blye tout leve kanpe. Pa gen espwa ankor, pa menm gen bra pou goumen ankor, pa menm rete pye pou kouri ankor. Yon kapital estropiye, moun mutile, moun tromatize, moun fou, podyab, yo sezi, yo pa ka konprand sa ki rive yo la.

E pi gen kèlk nèg k'ap pale tankou gen yon satisfaksyon à tirer lan grimas eleksyon... Pouki sa tout sa k'ap fè an Ayiti se yon dram. Ala tristès. Depi janvye, chak fwa mwen seye ri, sa pa dire lontan. I'm so pissed.

Jiwèt tèt bèf tounen GPS. L'ap navige lan tout dir-ereksyon. Mazanza ap fè eleksyon pa'l. Jwèt makabr! Hum!

ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum