Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -39%
Ordinateur portable ASUS Chromebook Vibe CX34 Flip
Voir le deal
399 €

WI;BANN IPOKRIT!

2 participants

Aller en bas

WI;BANN IPOKRIT! Empty WI;BANN IPOKRIT!

Message  Joel Mer 27 Oct 2010 - 9:28

Se sa mesyedam sa yo ye.Y AP BAT BRAVO paske LULA ak PT brezilyen an ap pwone ansèyman ISTWA AFRIKEN lan lekòl BREZIL YO.
Poukisa menm mesyedam sa yo pa siyen yon petisyon pou mande pou lekòl ann AYITI yo anseye ISTWA AFRIKEN ann AYITI TOU?

AYITI yon peyi ak rasin AFRIKEN pa konn anyen lan istwa LAFRIK ,jis tan gen de ayisyen ki ap pale de AFRIKEN tankou moun ak zo lan nen.

Se pou sa menm mesyedam sa yo dwe ekri gouvènman ayisyen an ,pou mande pou yo anseye ISTWA AFRIKEN ,lan lekòl ayiti YO.

http://www.alterpresse.org/spip.php?article10173


Dernière édition par Joel le Mer 27 Oct 2010 - 11:51, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

WI;BANN IPOKRIT! Empty Re: WI;BANN IPOKRIT!

Message  Le gros roseau Mer 27 Oct 2010 - 10:42

Anseyé istwa afriken nan tout kote genyen anpil mioun nwa se yon nesesite.Ki jan pou yon moun genyen fyète nan tet li ,genyen self esteem sil pa konnen sa zanset li yo te reyalise. si se lot moun ki pa renmen yo ki ap pale yo de kote yo soti ya.se yon bagay ke tout anthropolog , istoryen e ekriven nwa te dwe fè lontan deja.paske moun ki pa renmen nwa pap janm pale de bel reyalisatyon ki te fet an afrik ,yap toujou bat pou se kilti erosantrik la ki prime tout kote.se devwa tout nwa ki pou fè nou konnen ke se pa vre nou pa moun ki pi bet sou la tè.

mwen sonje yon fwa mal fè chek -up nan yon klinik epi te genyen yon doktè kroeyen ki pa pale ak yon blan mwen fè komsi mwen pap okipe yo , rive yon moman doktè koreyen mande blan men ki sa yo fè kom kontributyon a lavansman de limanite an palan de nwa.Sa pwouve se pa selman nwa ki pa edike sou lafrik men majorite pep pa konnen si te genyen yon sivilisatyon nwa an afrik anvan leskalvaj.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

WI;BANN IPOKRIT! Empty Re: WI;BANN IPOKRIT!

Message  Joel Mer 27 Oct 2010 - 12:18

Lè mwen te timoun ann AYITI,mwen te konprann ke sa mwen te konn li lan ""LES AVENTURES DE TINTIN"" yo se te la verite.
Mwen te konprann ke se te lan forè yo t al pran nwa yo pou yo te fè yo esklav.
Jis rive la 16 zyèm syèk ,AFRIKEN yo te egal EWOPEYEN yo lan pwogrè materyèl.
Gen de kote yo te depase EWOPEYEN yo ,lan konesans sitou lan wòyòm mizilman yo tankou GANA,MALI,TENBOUKTOU,GAO ,JENNA.

Kote sa yo te chaje ak INIVÈSITE ,kote moun te aprann tout bagay:MATEMATIK,AGRIKILTI,ASTRONOMI,ELT...
EWOPEYEN te konn vwayaje pou vin etidye lan kote sa yo.

Mwen sonje mwen t ap gade yon emisyon sou BBC.Repòtè an t ap pale de yon ""dig"" ke kèk akeyològ angle t ap fè sou wayòm la RÈN TSANGO ,ki te yon YOROUBA;manmzèl te rèn yon wayòm anpenpan ,lan SID ,aktyèl NIJERYA lan 10zyèm syèk.

Mwen sonje repòtè angle an te di ke yon gwo pwoblèm AFRIKEN yo genyen ,sè ke yo pa konn istwa yo.
Se menm pwoblèm lan noumenm ayisyen genyen;se tankou istwa nou te kòmanse lè nou te debake sou lil ISPANYOLA A.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

WI;BANN IPOKRIT! Empty Re: WI;BANN IPOKRIT!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum