Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -21%
LEGO® Icons 10329 Les Plantes Miniatures, ...
Voir le deal
39.59 €

Fok nou sispann pale anpil selman

4 participants

Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Fok nou sispann pale anpil selman

Message  Rodlam Sans Malice Dim 3 Sep 2006 - 17:28

Mwen ap patisipe nan diskisyon sou forum ayisyen depi 3 lane.mwen remake ke tout ayisyen rekonet ke peyi ya ap peri anba je nou.shak jou ki pase se pi mal; sa ap vinn pi mal.Nou pale de refom ki merite fet nan administratyon peyi ya, nan edikatyon nan peyi ya.nan moyen de defans ki apropriye pou peyi ya.amandman ou abolityon konstitutyon peyi ya,nan pati politik nan peyi ya etc etc.Men malgre tout pale sayo nou pa wè anyen ki ap fet.Genyen moun ki di ke mwen tro enpatyan ;petet se vre, men se pa jodya nap vire en ron .

Pou mwen yon nan premye demash nou merite fet se fome yon pati revolutyonè ayityen (PRH)mwen pap pale de yon shapel kote se evanjil yon sel evanjelis ki preshe ,men yon vre pati revolutyonè ki genyen yon strikti demokratik kote se nan yon konvantyon ke nou eli moun ki dwe Sekretè jeneral la.Kote anvan konvantyon an nou shita nou ekri lwa entern ki gouverne pati.e ki pwogramm nou pral offri pep ayityen apre manda presidan Preval la.shak manb pati sa ap pral kotise pou pemet pati sa fè kanpay li depi koulyè ya pou li motive pep la..edike pep la,montre yo ki inegalite sosyal ki genyen an ayiti ki sa nou pwopose ki pou fet pou korije bagay sayo.Shak manb ap genyen kat yo nan posh yo.e yap kotise selon moyen yo pou avansman e viktwa sa ke nou ap pale de yo depi lontan.

Mwen pa vle koupe zerb an ba pye personn men tou mwen rekonet ke klass politisyen nou genyen depi 86 la yo fatige e yo pa pwopose reform ki merite fet an ayiti.Mwen konnen ke genyen sinik ki pral di se anbityon ki monte nan tet mwen. e byen yo pa menm beswen di sa pase mwen pap janm kandida nan anyen an ayiti pase mwen se ameriken.epi tou plas leta pa enterese mwen.Se yon sel bagay mwen bouke ak koriptyon, malsite peyi ya e soufrans pep la.

pou mwen ayiti pap janm yon peyi rish men si nou shanje jan nou ap administre peyi ya ,strikti administratif peyi ya, fe tout ayisyen konprann se tet ansanb tankou devis la di ya ki pou retire nou nan sa nou ye ,sispann joure lot moun sot ,moun morn,dyol fwa mou etc .an nou sispann pale de duvalyeris, de dejwayis, de fiyolis, de Gnbis ;de lavalasyen,an nou bat o lye de tout ism sayo se l'hayisyanism ki priyè nou .Mwen kwè ke nou ap jwen yon moyen pou nou aleje soufrans mas pep la pou yo viv nan diyite.Fok nou bouke kopye strikti lot peyi ,fok nou kroke shapo nou kote men nou ka rive.annou shita fè yon evaliyatyon de sa nou genyen an resous imenn e materyel, pou nou konnen ki jan nap fe satisfè beswen nou san nou pa oblije ap mande la sharite tou tan.map gade shinwa yo jodya ki ap ashte preske tou aktyon ak bon treso gouvenman meriken yo. mwen sonje lè tout shinwa te konn abiye menm jan.yon moun ka di mao pat bon Chou pat bon men tou fok ou rann omaj ke pep shinwa jodya pa nan menm mise ke yo te ye anvan revolutyon an.Mwen pa di se pou ayityen imite menm ideoloji ak shinwa ou russ yo.Men nou genyen pou nou shwasi ideoloji pa nou ki tyen kont de kilti nou, istwa nou , posityon jeografik nou.Se pa selman di nou vle demokraty eske nou prepare pou nou viv an demokraty koulyè ya?

Nou menm ki nan dyaspora ki genyen plis fasilite ekonomik ke mas pep ayityen nou genyen yon pi gran deva pase nou resevwa plis.Nou ki milite nan pati demokrat ou repibliken o Zeta Zuni, nou menm ki patisipe nan pati libral nan ou byen lot pati nan kanada. en frans o mexik en almay nan tout lot kote an nou wè tou si na jwen pawol ak zak pou nou mete lajan nou kote boush nou ye. nan nouvel pati saa ke mwen pwopose jodya fok genyen yon tresorye ki pou responsab zafè finans pati ya. se yon moun serye ki pa genyen dwet long tankou anpil lot blofè nou yo.An nou wè; ke shak moun bay opinyon yo de sa mwen pwopose ya.


Dernière édition par le Lun 4 Sep 2006 - 0:03, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Re: Fok nou sispann pale anpil selman

Message  Kiloutou Dim 3 Sep 2006 - 22:04

Ayiti pa ekziste, si yon moun ka pwouve li ekziste, map tann li 2 pye fèm.
Kiloutou
Kiloutou
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 367
Localisation : Aquin
Loisirs : travaille
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le discret

http://www.vizyonplusfm.com

Revenir en haut Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Re: Fok nou sispann pale anpil selman

Message  Rodlam Sans Malice Lun 4 Sep 2006 - 0:07

fok ou eksplike sa w vle di pi byen.Ayiti pa eksiste an tan ke yon eta souveren ou byen li pa eksiste en tan ke natyon.?Dernye fwa mwen te gade televisyon yo te montre ke zile ya toujou la epi li genyen 2 peyi ladann.Si w vle di ke ayiti pa eksiste tankou yon peyi souveren ;la mwen preske dako ak w.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Re: Fok nou sispann pale anpil selman

Message  alex jacques Lun 4 Sep 2006 - 2:26

Se you bel lide Rodlam, men mwen repete-l anko, solisyon pa rete nan fome lot pati politik selman. Fome lot pati politik ak toujou gen you sel entepretasyon pou pep la "Tout moun vle prezidan, pati politik ak grennen tankou djondjon".

Mwen rete kwe ke tout pati politik ki Fome anvan, se menm motivasyon sa-a ki te pouse yo. Men sou le teren, se pa vini ak bel non epi di kw n'ap pote chanjman.

Fok gen lwa ki pou anpeche pati politik grennen tankou djondjon avan. Le sa-a, na Fome 2 ,3 a 4 Pati politik serye nan peyi.
alex jacques
alex jacques
Star plus
Star plus

Masculin
Nombre de messages : 1118
Localisation : Haiti
Date d'inscription : 23/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Fou de son pays

Revenir en haut Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Re: Fok nou sispann pale anpil selman

Message  Rodlam Sans Malice Lun 4 Sep 2006 - 9:50

Alex

Daprè sa w di ya fok palmentè yo amande konstitutyon an. Paske se yon dwa ke konstitutyon rekonet.

Mwen ka twonpe m ;men mwen kwè si genyen yon gwoup de jenn ayityen,ayityenn dynamik ki deside forme yon Parti Revolutyonè ayisyen,se pa bagay ki pou fet pou ale nan elektyon selman ,yon bagay nou shita nou pense li byen ,nou organise li byen, nou kreye lwa de fonktyonman li byen ,nou pa bay personn dwa pou se li sel ki a vi ,nou peye moun ki pou ale nan tout kwen peyi ya edike pep la ,fè reyinyon ak pep la. fè pep la konprann se pa vre sitiyatyon yo pa yon fatalite. kapab genyen bon shanjman mwen kwè nan 10 zan nou ka komanse wè fwi nan pye bwa saa ke nou plante ya.Pase zafè ti shapel pa si pala saa pap janm ka genyen lejimtimite, e majorite nan Paleman ak moun ki konsyan pou fè reform ki merite fet an ayiti.

Genyen yon bagay mwen pral di la ki ka etone anpil moun.Men se senserman ke mwen di li.Sim te genyen asirans ke Guy Philippe se te yon jenn gason pwogresis ,se pat yon mersenè,yon jenn gason kite ap goumen pou ede pep la tout bon , shanje visaj peyi ya en verite mwen ta pito ke li te rantre nan Palè ak yon fos byen motive poul te fè shanjman ki merite fet yo o lye se te Latorti ak Bonifarce kite pase 2 lane ap betise ak moun .Mwen pa di pou tout moun dako ak sa mwen di ya. men se opinyon mwen ,pase se sel yon revolutyon tout bon ki pou retire peyi saa nan sa li ye jodya.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Re: Fok nou sispann pale anpil selman

Message  Thunder Mer 6 Sep 2006 - 1:06

Alex ekri :

Se you bel lide Rodlam, men mwen repete-l anko, solisyon pa rete nan fome lot pati politik selman. Fome lot pati politik ak toujou gen you sel entepretasyon pou pep la "Tout moun vle prezidan, pati politik ak grennen tankou djondjon".

Mwen rete kwe ke tout pati politik ki Fome anvan, se menm motivasyon sa-a ki te pouse yo. Men sou le teren, se pa vini ak bel non epi di kw n'ap pote chanjman.

Fok gen lwa ki pou anpeche pati politik grennen tankou djondjon avan. Le sa-a, na Fome 2 ,3 a 4 Pati politik serye nan peyi.

Mwen dako ak wou wi, men fok wou kite o mwens ke nou debat sou oryantasyon pati politik sa-a. Si se yon lide tou nèf ki pa menm ak pati politik tradisyonèl nou yo, li gen dwa tounen yon pati pou kont li . se pa pos non mwen bezwen nan leta, Men lè yon moun geyen yon lide, mwen toujou renmen li'l oubyen tande'l, e fè komantè pa'm.

An nou ekri mesye, an nou reve, an nou mete lide atè. Nou paka shita ap kritike tout lot moun epi nou pa menm eseye pwopoze solisyon pa nou. Lè nou rete nou pa pwopoze anyen, nou pa di anyen, nou koupab tou nan malsite pèp sa-a.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Re: Fok nou sispann pale anpil selman

Message  Rodlam Sans Malice Mer 6 Sep 2006 - 17:49

Se pa koulyè ya non ti neg ap pale.se sak fè mwen ekri teks saa.Genyen pwoposityon ki fet ,men se kom si m ta di w politisyen ayisyen pran poz yap koute revandikatyon pep la tou tan yon panko shita sou fotey la.

Jodya mwen sot ap li ke kominote enternatyonal pral bay lajan ke yo te pwomet gouvernman an .Tankou Jean Erich rene te mande yon fwa o sijè elektyon ;Pourquoi faire?se menm jan tou map mande tet mwen si se pou lajan saa pase menm jan ak preske 1 milliard dollars yo sot bay pendan 2 lane ki to pase yo ,yo te met tou kenbe l pase se endete peyi ya pou gremesi.mesye ki sot pase la yo paka di anyen ke lajan sa itil peyi ya.Alo eske li pa nesesè ke genyen yon administratè ki pa ayisyen ki pou jere lajan saa. ,mwen konnen sa mwen di la pral fè anpil moun ponpe,men lè nou konstate resilta administratyon politisyen ayisyen wap mande eske li pa ta pi bon ke yon lout moun ki soti nan lot peyi vinn jere lajan ke kominote enternatyonal pral bay la.Mwen rive nan yon pwen ke map mande si rete moun serye nan peyi dayiti anko.

Eske se yon nouvo klas gran manjè lajan saa pral servi epi beswen pep la ap toujou meprise.Mwen konen sam di ya yon ti jan sinik men an verite manvi tou lage servyet la di match la fini ;politysyen ayisyen K.O peyi ya net.Se ka pab yon moman dekourajman ki fè mwen di sa,men mwen pa wè volonte vre de politisyen pou korije sa ki pa bon nan administratyon peyi ya.

Eske konsansis de gouvernabilite ke Preval te pale ya vle di laissez grennen, kase fey kouvri sa.Pa w se pa w pam se pam,pa enmegde m poum pa enmegde w.Pase genyen yon kalite pawol ki ap pale sè jou si epi nou pa tande oken mezi ke gouvenman an pran ;alo wap mande kisa ki te konkli ant gwo manjè ayityen yo.Mwen konnen zafè la jistis pa zafè pouvwa ekzekitif la ;men tou se Presidan ki nomen ambassadè, se li ki ak Palman ki shwasi Premye Minis e ki forme pouvwa ekzekitif la.Nou pa mande l pou l pran pouvwa oken lot bransh nan gouvenman an men tou fok shak pouvwa yo ranpli wol yo e Presidan se li ki la pou asire fonktyonman pouvwa piblik yo e kontinuyte leta.Alo mesye pran responsabilite nou.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Fok nou sispann pale anpil selman Empty Re: Fok nou sispann pale anpil selman

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum