Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti

Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

3 participants

Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  Joel Mar 20 Nov 2012 - 9:27

Noumenm AYISYEN ,depi sou BOYER pwoblèm EDIKASYON pèp lan pa janm enterese nou.Nou tout se lan pale met la.
Bagay sa a ,se tankou li vin preprograme lan ADN AYISYEN an.
E se pa yon bagay ke pèp AYISYEN an pa t reyalize non .Youn lan demann AKAWO yo se te lekòl pou pèp la ;misye t ap reklame sa depi lanne 1840 yo.
Lan MANIFÈS 1843 a ,lè mesye yo bay rezon poukisa yo te revolte kont BOYER ;youn lan rezon yo te bay ,se paske BOYER pa t bati lekòl;byen ke ,an pasan ,lè mesye yo fin jete BOYER ;yo te fè menm jan ak li ,yo pa t bati okenn lekòl.

Bon pou m pase a MATELI ;se pou yo mande misye kote lekòl yo?
Se pou misye imite tokay li MEDINA lan RD ki deklare yon PÈMANANS ,kont ANALFABETIZASYON .Misye di se inakseptab ke 10% popilasyon dominiken an pa konn li ak ekri.
Misye mande VOLONTÈ ;gen plis ke 5000 DOMINIKEN ki deja reponn prezan.Donk se pa yon zafè lajan sèlman!

Nap mande MATELI tou ,ke an giz l ap peye lekòl ki deja ekziste yo ;pouki sa li pa deklare yon pèmanans pou bati plis lekòl?
Nou pa gen mwayen DOMINIKEN yo se vre ;men tou pa vin pèdi tan pou apre 5 an ,nou toujou genyen 50% popilasyon nou an ki pa konn li ak ekri!

http://www.dominicantoday.com/dr/economy/2012/11/20/45814/Medina-announces-RD10B-to-build-28000-classrooms

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  Marc H Mar 20 Nov 2012 - 10:50

Joel

Hier vous avez dit que Martelly est un duvalieriste et vous semblez oublier aujourd 'hui que les duvalieristes pendant leur regne ont maintenant le taux d'alphabetisme a 90%. Alors votre article s'adresse a qui ?
Sincerement je crois que l'heure a la negociation avec les blancs pour renvoyer cette administration . Ann fout mete cretin ki sou pouvwa deho .
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  Joel Mar 20 Nov 2012 - 11:31

MAK;

Nou gen dwa ap mobilize pou mete yo deyò;men yo la toujou.Pa t gen moun ki te ka rele CHWALBARE dèyè DIVALYE yo;men ti dwa sa a ,nou genyen l jounen jodi an!
Se pou NÈG yo sispann ap vwayaje ;ap gaspiye lajan ;ap peye tèt yo yon pakèt ""per diem"" ,san nou pa wè okenn rezilta.
Ak 50 MIL,100 MIL DOLA y ap plede depanse lan chak vwayaj sa yo ;konbyen moun yo ta ka montre li ak ekri ak lajan sa yo ;omwens 5 mil MOUN?
Radyo ann AYITI yo ,pa enterese lan bagay sa yo ,paske si yo te enterese ,omwens MATELI ta ka fè yon JÈS.
Toutotan mesye yo sou pouvwa a toujou ;se pou nou fann lan dengonn yo ,pou yo ALFABETIZE pèp lan e konstwi lekòl.

Sou zafè ALFABETIZASYON an ,se pa yon bagay ki tèlman mande LAJAN ;SE VOLONTE KI PA GENYEN!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  kakakok Mar 20 Nov 2012 - 12:39

Joel a écrit:MAK;

Me koze nostra te we sa ....kkkok etait an avans de son temps une de plus ....Les lavalassiens titidiste arrivent a la conclusion que Martelly pap ofwi anyen ! pap bay anyen ! ke Martelly se pawol van ! e an plis li pa pwal fe eleksyon pou yo ...Inite leve kanpe ! Se la e la selman Gardien de la foi pedi la foi .......

Malerezman kkok li se depi mouche ranje ko li pou grasye JCD , JAB , JEA, rene G Preval mwen te deja konpwann tout senaryo sa yo ta pwal rive ! Gardien de la foi ,,,,,bon vini ou korek fwa sa a .....Martelly pitit garcon divizyon nou ! anbisyon nou ! ak pitit gason visye preval . ogey aristide ...
Nou pwal asiste ak yon lot senaryo tres led se coalisyon Paul denis , fanmi lavalas , opl . titidite k plinmm , Moise Jean charles pou dechouke Martelly ..pou menm rezon preval . aristide , gayo dosainvil te merite dechouke tou ....

sa se kote estetik konpotman politik nou .....Kan nou derefize konpwann baton ki bat chen blan an se li menm menm ki pou tj bat chen nwa a !...byen ak mal se de pwesip inivesel !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  Joel Mar 20 Nov 2012 - 12:45

Tonnè kakakok;

Pa entèvni ;sitou lè w pa gen anyen pou w di!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  kakakok Mar 20 Nov 2012 - 12:52

Joel a écrit:Tonnè kakakok;

Pa entèvni ;sitou lè w pa gen anyen pou w di!

Wi Joel se rezon ou paka bay , se la verite kakakok la menm ou pe ..Se sa ki fe se konsa ou pale .....Pourtant se retard w selman mwen kritike ..Mwen totalman dako ak wou ..Ki mouche ki pike la ??????
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  Joel Mer 21 Nov 2012 - 5:27

Mwen menm m ap kontinye di ke si n ap dechouke MATELI ;mwen vle konnen klèman ki sa ki ap ranplase l.
Nèg te di ke apre yo te dechouke ARISTIDE ,tout bagay t ap tonbe lan plas yo e se pa sa k te rive.
Mwen pridan lan zafè dechouke,dechouke sa a.
Ou wè SOMALI ,gen plis ke 30 AN l ap dangoye la a ;se te apre yon DECHOUKAY.
Moun tankou DIVALYE yo merite dechouke ,men se pa tout moun ki merite sa.
Mwen di franchman ;si MATELI pa koute FA-CHIS tankou LATÒTI ,LAMBERT ak lòt yo ,li chanje ,mwen pa p gen okenn pwoblèm pou li ta fini manda l.
Dechoukaj lan dwe se dènye opsyon,lò pa gen lòt altènativ.
Annatandan ,se pou peyi an kontinye ap fonksyone ;sensèman si misye te ka kontribye pou li bese to ANALFABETIZASYON an ,ann AYITI ;si anvan l kite te gen 75% moun lan peyi an ki konn li ak ekri ;mwen t ap di mil AYIBOBO pou li.
Se k ap se pa bagay konsa ki enterese l e misye ap jete tèt li.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  Joel Mer 21 Nov 2012 - 5:49

Sou bagay EDIKASYON ak ALFABETIZASYON sa a.
Pa menm 2 semèn apre prezidan DOMINIKEN an prete sèman ;misye monte sou RADYO pou l di ke 10% popilasyon DOMINIKEN an pa konn li ak ekri e misye di se yon bagay INASEKTAB e sitou misye mande VOLONTÈ.Dè milye DOMINIKEN pòte yo volontè.

Noumenm ann AYIYI nou pa renmen VOLONTÈ ;tout bagay se pou nou touche;men tou si ZAFÈ moun konn li ak ekri se yon bagay ki te preyokipe MATELI ,poukisa li pa mande VOLONTÈ.
Poukisa li pa mande mesye PATI POLITIK yo ki ap jape tout la jounen ,pou bay konkou.Si l ta fè sa e mesye yo pa ta kowopere li t ap tou fèmen bouch yo.
Pandan VAKANS DETE yo ;timoun yo lan la ri an ;yo pa p fè anyen ;poukisa misye pabay yo yon 50 G pou mete lan PÒCH yo e mande yo yon KONKOU lan yon batay pou alfabetizasyon ,ki enpòtan anpil e ki se yon gwo BATAY.

Pwoblèm AYITI depi LENDEPANDANS se pa yon malediksyon non ;se lan ZAFÈ moun yo pa janm konn li ap ekri.
Ou te mèt bati FAKTORI SOUTRETANS,ou te mèt bati WOUT men si w pa edike moun yo ;si w pa montre yo li ak ekri ;se lave men siye a tè.
Peyi tankou LALMAY ak JAPON ,pa t preske gen yon kay ki kanpe apre dezyèm gè mondyal lan ;men se ak SÈVO yo prensipalman yo rekonstwi peyi yo,plop plop.
Si moun yo konn li ak ekri;anpil bagay ap vin pi fasil e sa miltiplye pa mil ak ENTÈNÈT lan jounen jodi an!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI! Empty Re: MATELI ,SISPANN PALE DE EDIKASYON;LI LÈ POU W AJI!

Message  Contenu sponsorisé

Contenu sponsorisé

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum