Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à ...
Voir le deal

Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo.

2 participants

Aller en bas

Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo. Empty Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo.

Message  Joel Dim 23 Mar 2008 - 8:39

Sa k kapab,tande yon show sou edikasyon ann Ayiti e sou sa yo rele "Bak pèmanan" an sou Radyo Kiskeya a 9è.
Yo prevwa sèlman ke se 10 a 15% timoun yo ki ap reyisi nan ekzamen sa a.
Eske nou pa fout mechan?
Pou kisa nou mete matyè nou konnen timoun yo pa p pase ladan yo ,tankou Literati franse,epitou akisa matyè sa a ap sèvi timoun yo?
Poukisa timoun ki konpoze nan Bakaloreya pèmanan yo ,se tomoun ki pase deja nan ekzamen 9èm ane fondamantal yo epitou se 20 a 30 % ladan yo ki ap pase Bakaloreya a.

Yo konnen nou pa gen vizyon vre ,pwofesè lekòl ki pou edike rès timoun yo ,ki kote y ap sòti ,si nou kontinye ap koule preske tout timoun yo.

epitou nou adopte yon sistèm de la Frans ke franse yo jounen jodi an ap kouri pou li.Noumenm menm nou kontinye ak sistèm sa a rèdchèch.
Nou mechan ,nou fout mechan vre .

Si n ap koute emisyon an maten an,li 3 atik sa yo sou lekòl an Frans ,alòs mande m si nou pa p konkli ke mesye sa yo ki responsab edikasyon an se pa revoke pou yo ta revoke yo sèlman,se mare pou yo ta mare yo:

http://www.lexpress.fr/info/france/dossier/educationnation/dossier.asp?ida=433729

http://www.lexpress.fr/info/france/dossier/educationnation/dossier.asp/ida=432649

http://www.lexpress.fr/info/france/dossier/educationnation/dossier.asp?ida=420722

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo. Empty Re: Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo.

Message  jafrikayiti Dim 23 Mar 2008 - 10:08

Joel,

Lè mwen gade ki jan moun ki "opouvwa" nan peyi nou ap aji, mwen mande èske yo kwè kreyativite se yon krim kont limanite. Si jiskaprezan se nan direksyon Lafrans nèg ak nègès sa yo ap gade pou remanbre sistèm edikasyon Ayisyen an, sa vle di nou mele pou anpil deseni anko.

Sa ki ta enteresan, se pou nou ta jwenn sa yo rele plan direktè Ministè Edikasyon Nasyonal la, epi eseye sou fowom nan idantifye kèk kote koreksyon ta dwe fèt. Ann espere yo pare pou koute sa Ayisyen gen pou di tou sou koze a.

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo. Empty Re: Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo.

Message  Joel Dim 23 Mar 2008 - 10:38

Jaf ,
Bagay sa a dekourajan.
Wi,nèg yo toujou ap gade kote La Frans,men tou La Frans ap kouri pou sistèm yo te kreye an.Yo di kareman si yo te kenbe l yo pa t ap ka fè konpetisyon ak rès mond lan.

Antonwa Bakaloreya franse an ,y ap chèche retire l ,se dizon di yo pa ka elimine l ;tankou mwen te deja di l,petèt ke mwatye timoun ki pase Bakaloreya franse an pa ta kap pase bakaloreya ayisyen an.

Youn nan rezon yo se paske gen yon diminisyon etid lang franse an Frans.Se entansyonèl.
Ann ayiti ,si timoun lan ekri e li fè fòt òtograf ou byen gramè,menm si sa l ap di an lojik ,pwofesè an ap koule l.

Mwen sonje tou,ke gen yon bann lekòl ke gouvènman Aristide ak Preval lan te konstwi,men lekòl yo te rete vid ,paske pa gen ase pwofesè pou yo te mete lan lekòl yo.
Si yo kontinye ak antonwa sa a,ki kote pwofesè yo ap sòti pou anseye timoun yo.
Se kòmsi ,jan mesye sa yo aji ,bagay sa a depase estipidite ,ou tonbe nan malveyans ,nan movèz fwa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo. Empty Re: Moun nan edikasyon ann Ayiti,sispann destriksyon la vi timoun yo.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum