Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-50%
Le deal à ne pas rater :
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
69.99 € 139.99 €
Voir le deal

Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

+3
Rodlam Sans Malice
Sasaye
Marc-Henry
7 participants

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Marc-Henry Mar 29 Jan 2008 - 11:46

Mwen ouvè ti fowom sa a pou Sans Malice, Sasaye, Nickie, Joel ak tout lot moun ki ta interese pale de tan lontan ou bien tan pa'w , tan pa nou et tan pa yo an ayiti depi lane 50 jiska lane 60-70- 80-90, Vini banou ki jan sa te konn pase lan tan lontan an ayiti. kèmès, festival, cinéma, plaj , ti menaj, lekol.Fe nou reviv ayiti.


Mwen swete anpil moun ap patisipe.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Marc-Henry Mar 29 Jan 2008 - 12:05

Sans Malice a écrit:
Je pensais que Sassaye etait un jeune homme.Jean Robert Sabalat serait de mon age s'il vivait encore .Je le revois encore dans les rues de Port-au-prince avec son père qui avait la renommée d'etre l'un des meilleurs avocats du barreau de Port-au-prince dans les années 50.

A bon je ne suis pas le seul vieillard de ce forum.(lol)

Sasaye a répondu
Sanmalis,

J'ai vécu en age et en sagesse.
J'ai beaucoup d'expérience pour avoir parcouru le monde, pour avoir connu les plus grandes joies que la vie peut offrir et pour avoir partagé cette joie avec des milliers de gens.

D'après tes récits, je suis certain de t'avoir connu, en Haiti. Je suis d'ailleurs certain que tu me connais, aussi.

Vieillard? Non.
Cela ne se sent pas.
C'est la perception d'autrui et mes aventures transcendent l'age.


Rico te fe yon ti pale :
Malice te yon ti sèjan tchak ki te kantonnen nan San Fil .Bri tap kouri pitit fiy ki rele Mariela se pitit mouche ak yon ti malerez Fo Nasyonal. Mouche abandonen ti pitit sa ak manman l. O pwen lwa pran li nan monte ma tou transmisyon san fil nan katye sa nan grenpe. HUM! HUM! HUM! .




Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Marc-Henry Mar 29 Jan 2008 - 12:10

Et sans malice a repliqué
Rico,Rico, Rico

Pourquoi voulez-vous imiter Kakakok ;etes-vous le meme personnage?Non je n'abandonne pas mes enfants.Si vraiment vous me connaissez .vous n'auriez pas inventé cette plaisanterie pour me rabaisser à ces vauriens qui abandonnent les leurs.J'assume toujours mes respnsabilités meme quand la vie n'a pas ete facile en haiti.

Marc te di yon ti bagay tou
Roro,

Mes amis ont entre 60 à 72 ans. D'ailleurs, une femme de 72 ans m'a dejà demandé en mariage...lol .Je ferme tout de suite la parenthèse.
Bonne soirée



Sans malice kap pale
"Mes aventures transcendent l'age "Sassaye

Vous voulez repeter le mot de Lesly Manigat:"je suis djamb"(lol)Il faudra faire attention pour ne pas connaitre le meme sort que Nelson Rockeffeller(lol)C'est bien de vivre pleinement ,car on a qu'une seule vie.

Marc

Vous me rappelez l'acteur Burt Reynold que son ex epouse critiquait ses amourettes avec une femme plus agée.Burt repondit à son ex epouse je prefère les femmes qui ont plus de gentillesse et de savoir-faire.Je ne sais pas de quel savoir-faire il faisait allusion,mais marc je ne serai pas etonné que cette vielle dame vous transporte au 7eme ciel un soir (lol).Cessons cette plaisanterie pour ne pas effaroucher les ingenues (lol)

Sasaye kap pale
Sètadi yon nèg pa dwe mouri lan pye travay li?
Oubyen foumi pa mouri anba sak sik?

Ou konn istwa nèg ki ta prale lè li te konpran li tap vini an?

Sans Malice di
non mwen pa konnen li.malerezman sou sit saa genyen youn kalite ti jesi nan po krab ki pa vle nou pale tout kose se sak fè Marc di an nou fenmen parantez saa.(lol)

Nickie pa pè e li antre lan bann lan
Kasé moso banm non mesyé, mta renmen konnen. Tann mwen, mpral chaché ou ti chèz poum ka byen tandé lol

Bon reté, genlè mwen sé sèl fi kap patisipé nan forum sa? tem vérifyé poum ka kouri Surprised


Tann mwen wi, mdi nou map vini
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Marc-Henry Mar 29 Jan 2008 - 12:13

Sasaye chofe nett
Nickie ou pa bezwen ale, machè.
Mwen byen kontan ou laa.
Ou bay fowòm nan yon touch li te manke.

Nou te gen lòt fi (fanm) ki te konn patisipe, men mwen pa konn poukisa yo pa rete oubyen yo kouri.

Mwen sispèk genyen ki twouve politik la trop.
Men nou kapab diskite tout bagay, se pa politik sèlman.

Gen youn kite sanble ofiske paske nou tap fè kèk blag ki genyen seksyalite, yo kouri.

Gen youn ki tap vini avèk relijyon pou konvèti nou, men sa pa mache, mamzèl ale tou.

Men oumenm, avèk dènye mesaj ou a, ondire ou se kalite fanm ki kapab reyisi e enpoze tèt ou isit la.
Alòs mwen avè w net, si se sa.

Mwen pwomèt ou ke nap trete w ak menm respè ke nou ap goumen pou tout moun genyen.

Bonvini fanm vayan.

Roro eksite net
Sassaye

Nikie di lap vini kite l vini si bagay la bon pou li.Ma chè vini vini w.(lol)Sassaye di li djanb gen lè li bon pou youn dezyem ronn.

E men Nickie sanble fe yon chwa
Bon, men mwen mesyé, nou sonjé mté di nou map vini, eh byen mgen ti chèz mwen ak tas kafé-m, mpap pèdi anyen

mèsi Sasaye, kounyé a, ou metem alèz nèt,
mèm si se mwen sèl kôm fanm ki la, sa pa deranjem, okontrè.

Rodlam, janw palé la, sé sèl Sasaye ki djanm? podyab ou. Antouka, nenpôt lè ma baw ou ti bouyon pouw ka pran pyé.

Mwen la ap gadé nou wi, pa bliyé

Ann kontinye ti pale sa ki ka bon pou moral nou ...
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Sasaye Mar 29 Jan 2008 - 12:19




Nickie di:
Bon, men mwen mesyé, nou sonjé mté di nou map vini, eh byen mgen ti chèz mwen ak tas kafé-m, mpap pèdi anyen

mèsi Sasaye, kounyé a, ou metem alèz nèt, mèm si se mwen sèl kôm fanm ki la, sa pa deranjem, okontrè.

Rodlam, janw palé la, sé sèl Sasaye ki djanm? podyab ou. Antouka, nenpôt lè ma baw ou ti bouyon pouw ka pran pyé.

Mwen la ap gadé nou wi, pa bliyé

Mwen byen kontan ou vini. Depi yè swa ou di wap vini.
Men, machè, kijan ou fè pran tout tan saa pou w vini?

Atansyon ak tichèz la, si li pa gen bon wotè, ou kapab an danje wi.

Istwa mwen tap mande Sanmalis la se yon nèg aje ki ta p fè lanmou avek yon jenn fanm. Misye fè anpil efo epi li fè yon kriz kadyak pandan lap vini. Epi li mouri
Lè dokte a ekzamine misye, li di: Nèg la te kwè se vini li ta p vini pandanke se ale li ta p ale.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Invité Mar 29 Jan 2008 - 13:14

Je me permets d'entrer sur ce forum non pas parce que j'ai l'age requis mais pour saluer nos ainés présents sur forumhaiti. Ce sera aussi pour moi une facon d'apprendre directement de l'éxpérience de ces membres.

Chapo ba pou Mark-Henry kite gen ide ouve forum sa a pou ba pi gran yo pale de tan lontan!


Par contre, je suis étonné de voir qui sont nos ainés. En effet, j'avais toujours pensé que les ainés sont des conservateurs. En disant Conservateurs, je fais allusion au système politique de leur époque, le régime des Duvalier.

Et pourtant, basés sur les multiples interventions, on peut dire que nos ainés sont plutot pour un changement de notre système politique actuel.

Drole de coincidence! Les plus jeunes, qui le plus souvent avides de changement, se présentent comme les conservateurs. En sourdine, ils combattent le système actuel, nos différentes tentatives de démocratie, et prone un retour vers le passé.

Bref, revenons à nos moutons.

L'auteur a presenté les sujets d'intéret pour ce forum et je ne peux pas tout mélanger:

Vini banou ki jan sa te konn pase lan tan lontan an ayiti. kèmès, festival, cinéma, plaj , ti menaj, lekol.Fe nou reviv ayiti. Marc-Henry

Je souhaite que ce forum fait long feu sur Forumhaiti et instruit nos jeunes.

Par exemple, les flux économiques crées par l'exportation du café, les nombreuses tournées des touristes dans le pays, et tout ce qui a existé autrefois dans notre société, mais qui aujourd'hui a disparu, serait vraiment interessant de débattre dans ce forum.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Marc-Henry Mar 29 Jan 2008 - 13:44

Colo colo , j'ai pris la peine d'écrire les années 70-80-et 90 afin d'integrer les jeunes de ton âge. En fait , Tu peux nous parler des années 90. Les années du président Aristide, Cédras, Namphy ,etc..
map tann'w
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 29 Jan 2008 - 14:18

kite m pale ak Nikie :genyen youn pwoverb ayisyen ki di se o pye di mi ke w konnen youn bos mason.Alò Nikie se domaj ke mwen pap ka fè w vini sou mwen pase se badijonenn ou ta badijonnen tout figi mwen (lol)epi apre sa nou ta rantre nan won tout bon.(lol)pase afè 69 lan mwen te renmen sa anpil wi.

pou marc henri epok 50 yo peyi ya pat pi mal nou te konn ale lekol rankontre ak premye ti menaj nou nan konsè sou chan de mars ,sete gwo zafè lè ou jwen youn ti beko deyè tribunn lan anvan nou retounen lakay.Nou te fanatik ekip football nou tankou violette ,genyen moun ki se racing yo te renmen .genyen se te Aigle Noir ,nou te konne pran bouton differan koulè pou nou montre ki ekip nou renmen.se epok saa ke nemours jean baptiste paret ak konpa direk , men lè saa se te Jazz des jeunes ak Septentrional pou nou moun o Cap se te youn relijyon.Teyat de verdi tap fonktyone chak dimanch ;Langichatt se te li ki te sel kok chante kom pi bon komik.nou te apresye youn komik franse yo te rele Fernandel.Nou te konn al sinema.zafè kidnaping se pa bagay ki te menm nan lespri ayisyen.dimanch nou te konn monte Thorland al benyen nan lan mè.Se te 2 metye ke ti ayisyen te fè plis foli pou yo se te ofisye ou byen medsen.Epok saa militè te genyen anpil prestij a koz de paul magloire ki te presidan ;youn ofisye se te youn prens.Kolonel sa w tande yo rele Marcaisse Prospere ya se te you nonm moun te pè gade nan je.Mwen sonje Flambert te vinn o Cap kom chef Polis depi nonm saa ap pase nan machinn li mwen vire jem lot bo la ri.Men la vi saa dwol wi; si youn moun ta dim ke la vi te a fè mwen rantre nan lame mwen ta di w manti paske jandam se bagay mwen te pè anpil wi.pasyon nou se te li se lè sa nou te kon ap li "vingt ans après, les trois mousquetaires, le Conte de Monte christo,si le grain ne meurt.Le Misanthrope.e kek lot klasik ankò.Nou te konn al wè Western nan Eden Cine e pi ta nan Rex theatre, ou byen nan parmount ou byen magic Cine.Nou te konn ap fredonne chansonet de marie Jose neuville ,Gloria lasso, Line renaud ,Johnny Hollyday,Tino Rossi, etc mwen pa sonje si Charles Azanavour,Jacques brel ,Becaud ,Brassens se te nan komansman ane 60 yo yo te vinn popilè .A swiv.

P.S. marc mete youn piga pou moun ki pè tande mo tankou gouyad .fes ,boubounn etc.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Marc-Henry Mar 29 Jan 2008 - 15:49

Sans malice

fok aprivwaze ti pitit la wi si non wap fel pati tankou lot danm ayisienne yo.

Nickie mwen konte sou peseverans wou . femen je'w , bouche zoreil 'w leu Roro ap employe ko kenn gwo mo sa yo ...lol
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Marc-Henry Mar 29 Jan 2008 - 15:52

Mèsi Roro pou ti rale sa a wou banou sou fowom la lan tan lontan an ayiti. Mon père m'a déjà parlé de Marcaisse Prosper et de sa voiture...Rose ,je crois.
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Sasaye Mar 29 Jan 2008 - 16:03

Kouman aprivwaze a?

Nickie se yon fanm modèn ak je l byen louvri.

Li pap kite moun kaponnen l.

Lot yo se te ti zwazo, Nickie se yon Amazon.

Li pakapab pè yon nèg kap di li TE renmen 69.

Epi nenpot moun ki manke Marijann saa dega ap an afè ak mwen. HUM.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Joel Mar 29 Jan 2008 - 17:51

Mwen sa m sonje ,se sinema a 10zè dimaten le dimanch apre La Mès nan SINE KABANON ki te bò Legliz Sen Pyè Petyonvil lan.
Mèt Sinema sa a se te Madan BAZELAIS.Tout moun sa yo mouri alòs nou gen dwa bay ti blag sou yo.
Mwen sonje te gen yon jèn ti pè nan legliz lan ,ki te sòti pou l pran madan Bazelais nan men misye;e pwoblèm Bazelais te genyen ,Sinema a se te pou madanm misye e se pa de blag "vakabon" te konn bay sou mesye dam yo.
Mwen sonje kèmès Nemours Jean Baptiste yo ,nan kabàn Choucoune ,le Dimanch apre midi e pi ta kèmès SCHLEU SCHLEU yo,apre mini jazz sa a te fèt fòme.
Wi ,Divalye te koumanse ap fè peyi an tounen yon simityè kouvri ak yon kwa rouj e nwa ;men malgre sa sa k te kapab yo ,te toujou ka fè vire won yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Invité Mar 29 Jan 2008 - 18:01

Y a-t-il parmi vous des gens qui suivaient de près la sélection de 1974?

Que s'était-il réellement passé?

Est-ce le football de la région qui était faible?

Ou l'équipe haitienne qui était trop forte pour ses adversaires?

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 29 Jan 2008 - 18:07

jennom sa yo rele marc henry ya vle mete mo nan bouch mwen se pa jesu ki di" laissez venir a moi les petits enfants." mwen repete sa li di ya (lol)Se Nikie ki di mesye mwen di nou map vivni. mwen dil vini vinil.Mwen di ke mwen te renmen 69 youn boul bolet mwen te konn jwe anpil (lol)ki te konn fè anpil siro myel tonbe nan figi m;Marc henry tanpri souple wi talè wa retire etwal mwen yo tou. ou se youn Marcaisse Prosper(lol)


Dernière édition par le Mar 29 Jan 2008 - 18:24, édité 1 fois
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 29 Jan 2008 - 18:22

Colocolo

bien que j'avais deja laissé haiti mais les joueurs de la selection de 1974 sont de a generation qui a suivi la mienne.A cette epoque a part le mexique l'equipe haitienne n'avait pas d'autres equipes qui jouaient un football nettement superieur dans la zone.les Etats-unis n'avaient pas encore une equipe de football capable de discuter les grandes competitions mondiales .je ne pense pas que l'equipe qui a participe au championnat mondial en Allemagne fut la meilleure equipe haitienne de tous les temps.Celle qui a remporte le tournoi caraibeen a curacao en 1957 etait a mon avis la meilleure.

Joel

oui je me souviens aussi de ces matinées a l'Institut francais au bicentennnaire et les concerts au champ de mars les dimanche soir.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Joel Mar 29 Jan 2008 - 18:52

colocolo a écrit:Y a-t-il parmi vous des gens qui suivaient de près la sélection de 1974?

Que s'était-il réellement passé?

Est-ce le football de la région qui était faible?

Ou l'équipe haitienne qui était trop forte pour ses adversaires?

Si m sonje se te Trinidad sèlman ki te bay Ayiti yon ti pwoblèm nan kalifikasyon an.

Mwen sonje tou,yo te televize match Mondyal lan nan "Close circuits" nan Madison Square Garden nan New York.Nan match Itali-Ayiti ,Garden lan te rampli,men te gen 2 fwa plis Italyen ke Ayisyen.

Lè Salomon te fè youn nan gòl pi espektakilè nan istwa mondyal lan,noumenm Ayisyen nou te manke kraze MSG.Men ayisyen yo, nou pa konn poukisa te repliye e te plede ap jwe defans sèlman.Itali te vin bat Ayiti 3-1.
Se te yon okazyon manke paske Italyen yo pa t ka make SALOMON vre,jou sa a!

eskize m ;se pa t Salomon ,se te pito Manno Sanon!


Dernière édition par le Mar 29 Jan 2008 - 19:48, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Invité Mar 29 Jan 2008 - 18:59

Pour ceux qui veulent encore savourer les talents de ces messieurs, je vous invite à regarder cette vidéo. Un but exceptionnel, une qualité de jeux sans pareil!



https://www.youtube.com/watch?v=eNBI_7G0Bxs

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Rodlam Sans Malice Mar 29 Jan 2008 - 22:43

En reagardant le video ,bien que j'aie eu l'opportunite de regarder le match au Madison square garden je dois avouer qu'au debut l'equipe haitienne jouait reellement bien.la decision de jouer à la defensive apres le but etait -elle rationnelle?Si nous regardons la fin du match nous verrons que l'equipe haitienne avait completement retraité dans son camp ;je crois que ce fut une erreur de Zoupim car les defenseurs haitiens etaient completement essouflés quinze minutes apres le but haitien.Il ne s'agissait plus si l'equipe italienne allait gagner ,mais par combien de buts elle vainquera l'equipe haitienne.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Nickie Mer 30 Jan 2008 - 12:12

Sasaye, ou pa bezwen fatigew zanmim, mpap kit. Roro blazem, mwen wè li soti poul krazem, toutomwen lap eseyé, men mkonnen li pap ka parèt. Mwen te ou ti jan bizi se sak fè mpoko finn li, men map tounen sou do pyé Roro, e m sèten, lap fè bèk atè.

Marc, je pense que je serai à la hauteur et je te promets que Roro ne se tiendra plus debout après que je l'aurai exterminé lol
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Sasaye Mer 30 Jan 2008 - 12:17

Mache cheche pa janm dòmi san soupe.
Apalipapa, Sanmalis ou antrave.
Nickie lage 2 gidon lan kò w.
Se pavini w ki pou sove w.

Mwen te konnen ke Nickie pa lan rans.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Nickie Mer 30 Jan 2008 - 14:09

Poum palé de tan pam nan, sak te pi enteresem, sé lè dimanch lè papam ak manmanm ap mennenm nan bisantnè pou mal bwè krèm, bwè fresko, flannen nan tout won pwen, chita ap voyé 5 kôb peni nan jèdo, epi nap gato bato ki maré nan pô yo, ah sé té bèl epôk, lè sa ou te ka chita atè a, rad ou pa tap sal, pat gen ensekirité ni kidnaping. Apré sa mte renmen al sou channmas lè epôk fèt.

J'adorais le cinema, mais je n'y allais pas seule, mte konn al nan magic ciné ak gran sèm, men lèm chwazi pou mal poukôm, mal lido, Rex, paské sé lajounen epi li pat chè.

Pou kozé mennaj la, hummm, pas de comemntaire, mais dès mon jeune âge, soit 7 ans, je suis tombée follement amoureuse de la chanson française et celui qui me faisait vibrer et qui me fait encore vibrer n'est nul autre que le grand et merveilleux MICHEL SARDOU. Bien que j'adore tout ce qui est tendre en chansons, mais Sardou est à me syeux le meilleur chanteur qui puisse exister.

msonjé tou mte konn kouté emisyon kouryé santimantal sou radyo karayib e lè sa, sé toujou an kachèt paské manmanm mpat vlé mtandé bagay sa yo, mwen kouché bonè epi mwen kouvri tèt mwen anba dra poum koutél

Bon, mpa vlé two long, ma tounen pita
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Sasaye Mer 30 Jan 2008 - 15:56

Se te bèl bagay, Nickie.
Mwen te konn fè menm bagay yo, men byen lontan anvan w, paske lè m kite Ayiti, siman ou potko fèt.

Epok pam le dimanch swa, nou te konn al fè patinaj a roulet otou fontèn liminez la, ap fè kous, kouri dèyè ti fi yo.

Se la tout bèl ti fi Potoprens te konn al reyini. Se la tou nèg te konn al file timedam yo e fè timennaj.

Lè w fi n bon lan yon fil, ou mennen mennaj la lan paviyon Italy, tou pre a pou bwè krèm oubyen manje anbègè. ( Epok saa, yon anbègè se te yon pakèt afè).

Pi lwen lan ronpwen, te genyen restoran Don Allen.
Se la pi gran yo te konn ale. Ou ka manje, ou ka bwè romm oubyen byè.

Pi ta anko, yon nèg te konn al lan kazino.
Se te bel fèt.

Joe Trouillot, Webert Sicot, Charles Dessalines tap gaye bèl mizik. Neg danse, yo ploge.
Anplis te gen gwo atis etranje ki te konn vinn bay gwo espektak.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Nickie Mer 30 Jan 2008 - 17:09

Oh Sasaye, lè map sonjé lontan, e sitou lè ou moun raplem yo, mwen gen frison. nou té gen ou bèl e bon ti peyi e nou té konn viv tan byen ke mal.

Mté toujou ap priyé kilè pou dimanch rivé paské sé lè sa bèl plezi gayé. Tout jèn tifi abiyé, pral pwomné e mesyé yo menm tankou konpè kôk, sé lè sa pou yo pwofité montré ke yo jèn jan, ah mpat manké pa renmen wè sa.

Kanta pou plaj, mté renmen al nan plaj, lanmè a bèl, map manjé bon jan lanbi boukannen, piman cho, dous makôs, kann kalé, mango, fritay, bon jan griyo kochon, taso, akra, mezanmi, mpap palé ankô, men bouch mwen kômansé fè dlo. mèm si mwen fè ti fritay mwen lakay mwen tanzantan, Men sé pap janm menm anbyans ak sa ki te gen Ayiti, lakay sé lakay e lap toujou reté lakay.

Oh Ayiti, èské ou jou nap ka viv tankou lontan, sim té gen pouvwa poum fè ou sèl mirak, mtap fè Ayiti tounen bèl fanm kel té yé lontan, koté tout moun té sanblé damou pou li.

Bon, na wè pita, map kité plas pou lôt moun bay lidé yo
Nickie
Nickie
Star plus
Star plus

Féminin
Nombre de messages : 1132
Localisation : Montréal, Canada
Loisirs : La lecture, la musique tendre, le net, le cinema, la plage, les voyages
Date d'inscription : 21/12/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: La rose

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Rodlam Sans Malice Mer 30 Jan 2008 - 17:17

Bon mwen wè Niki se pa youn ti jesu nan po krab mwen renmen fanm ki evolye sa yo kom mwen toujou di pou mwen fanm ideyal la se youn fanm tankou Sister theresa nan la ri men ki youn ti Simonn nan kabann (lol)

Mwen pa sonje restoran saa ke Sassaye pale ki te nan ron pwen /byen ke a lepok se gade mwen te konn ap gade moun ki ap manje nan restoran sa yo mwen sonje genyen youn ansyen kolonel ,mwen bliye non li ,kite genyen restoran Ron Pwen yan ;se lè mwen te konn al fè youn ti lekti nan Institu franse ya ke mwen te konn gade moun ap manje kote sa yo. Mwen te al manje la lè mwen te tounen an ayiti an 1980 epi mwen te desi de manje ya ki pat pi bon pase sa.Mwen sonje ka marrat yo kite tou pre la bank kote mwen te konn pase pran youn ti krem lè mwen rantre Port-au-prince apre mwen finn pase grangou nan morn se te nan ane 66 ,67 , e menm 68 yo anvan mwen te kite peyi ya.

A se te bel bagay wi lè wal manje ak youn boubout ka chinwa ki te an fas Camep la epi apre sa ou monte Capitol ou byen paramount wal wè youn film ;lè sa ou pat beswen machinn ou te an sante ou te ka mache nan tout Port-au-prince ou pa menm santi youn ti fatig menm.Pafwa map mande si Port-au-pruince te tounnen menm jan epi youn moun te ka mache a lez nan la ri si li pa ta pi bon ke mwen te tounen viv men jan konsa anko mache tou tan o lye kondi machinn.La vi te senp depi ou te genyen youn 20 dola nan poch w ou te santi wa pa kousen w.Kè w te kontan.Misè ya te red wi men a vre di li pat ko rive na pwen saa.Bagay sa yo fè m sonje youn senfoni inacheve youn boubout jakmel.
Rodlam Sans Malice
Rodlam Sans Malice
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market

Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Invité Mer 30 Jan 2008 - 17:57

Pour les fans de Tabou Combo, voici un spectacle qui s'était déroulé en 1984 à Place Boyer:


https://www.youtube.com/watch?v=Qwxj4uFDJxs&feature=related

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Yon ti nostalgi lan  tan  lontan an ayiti... Empty Re: Yon ti nostalgi lan tan lontan an ayiti...

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 3 1, 2, 3  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum