Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le coffret Collection Alakazam-ex ?
Voir le deal

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

+2
jafrikayiti
revelation
6 participants

Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  revelation Ven 26 Nov 2010 - 15:23


Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Martely_Michel_JOSEPH_Repons%20Peyizan Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Mirlande_MANIGAT_RDNP Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Jude_CELESTIN_INITE

Preske tout Ayisyen ke nou rankontre nan la rue di ke yo se Lavalasyen!
Malerezman, Pati politik saa pa nan eleksyon 2010 la.
Donk ki chwa Lavalasyen yo pou Dimanch 28 Novamb 2010 la ? Nou pral oblije chwazi kandida nanchak pati se se neseser e ki pral pote sekou ba nou kelkeswa pati politik yo Jean Mathurin di. Prezidan, Senate, Depite, Majistra etc.. se figui Kandida ke nou we, nou pa interese ni konnen pati politik yo.
Nou pab ka gen alejiyans a okenn pati anko paske sa ap limite chwa nou a bon grenn kandida yo ki mamb lot pati politik Guayel Nicolas di.

Kandida ki an tet list la yo se Madam Manigat, Michel Joseph Martelly ak Jude Celestin.
Jude Celestin se kandida Unite, pati ki o pouvwa a. Kandida saa kweye tet li anpil pwoblem pandan kanpagn elektoral la e nou pap pedi tan elabore sou sa!

Oganizasyon international yo déjà di Preval keyo pa intere travay avek yon presidan Unite pandan period rekonstriksyon saa. Yo di ke fok Preval chwazi ant Madam Manigat e Michel Martelly.
Jude Celestin ap kontinye fe yon denye atak de dezespwa pandan 2 jou ki rete la byen ke eleksyon an sispand ofisyelman depi Jedi. Lajan pep la ap depanse nan louye avión ak pilot pou lague foto tout jounnen!

Byen ke Madam Manigat li memm tre kalifye pou job sa, sepandan, Preval pa fe’l konfyans e sitou a “ekip” ministeryel li a ki pral dirije peyi a. Majorite ekip li a ap soti Kanada, Frans, Venezuela etc.. Mesye sa yo passe tout tan yo ap viv nan yon system de sosyeté subvansyoné par Leta.

Byen ke se yon system konsa ke Ayiti bezwen, men se pa tout moun nan sosyete a kap vle pataje e integre yon system sosyal konsa an Ayiti.
Mantalite mandyan ke yo mete nan tet klas defavorize pandan de zannee a e mantalite benefakter klass favorize a fet pou ta chanje.
Fok 2 klass sa yo we peyi Dayiti e rekonet se Ayisyen ke yo ye avan tou e sitou avan intere pesonnel yo.
Fok nou rapele ke Madam Manigat se mari Leslie Manigat, ansyen Prezidan ke Lamee Dayiti te mete o pouvwa nan move kondisyon, li reparet anko an 2006 kom kandida e li pedi devan Lespwa, pati Preval la an. Depi le saa, 3 moun sa yo se let ak sitron e si Celestin pata kab vinn presidan, Preval ap prefere lague peyi a bay Martelly.

Michel Martelly ke tout moun konnen kom “Sweet Micky” presidan kompa, deside vinn presidan Dayiti. Moun te konprand ke se ranse ke’l tap ranse, men li vinn gen anpil atansyon nan peyi a e a l’etranje.
Media yo invite’l nan anpil interview e deba kote ke li di ke li pa polisyen men yon travaye ki vle chanjman sosyal nan peyi’l. Li pap kab fe travay saa pou kout li. Nan deba ki fet yo anpil obsevate sezi pou we jan Matelly pa pe pale anfas kandida ki sanse pli edike e gen plis experyans ke li.`` `
"Martelly is asking Haitians to make a very large leap of faith. He has shown himself to be a smart communicator and campaigner...despite his lack of experience,'' said Robert Maguire, a Haiti expert at Trinity University in Washington, D.C.

Jean-Junior Joseph, a Haitian politics blogger, said Martelly's strong support among the working and middle class cannot be discounted. ``Martelly is a pure middle class icon,'' Joseph said.
``What I see is someone who wants to defend the interest of the Haitian people,'' said Richard Morse, his cousin and lead singer of the band RAM. Many fans agree, saying they would eagerly vote for Martelly on Sunday.

Nou pral vote Michel Joseph Martelly!! Kandida tet kale a!! Gran Bayakou devan letenel ki pral ranmase tout KK politisyen magouye nan peyi Dayiti e anterré yo a jamé.

Eske Martelly ap kab netwayé ecurie Dezias sa??
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  jafrikayiti Ven 26 Nov 2010 - 15:41

Rev la ekri: "Preske tout Ayisyen ke nou rankontre nan la rue di ke yo se Lavalasyen! Malerezman, Pati politik saa pa nan eleksyon 2010 la."


Ala yon kouto de bò sa a, oumenm keseswa jan match la jwe ou toujou ranje kò ou pou ou ka di se ekip ou a ki kale...

Ou di "malerezman" pati politik sa a pa nan eleksyon 2010 la, poutan mwen pa santi ou atriste pa malè sa a ditou. Ala yon malè ki fè bonè kèk moun papa. Depi 2004 malè sa a ap fè pèp la "draw bad cards" kon di defen Bob Marley... epi oumenm ou toujou la pou ou preche lareziyasyon. Ou si se pa yon pè katolik fidèl Joseph Ratzinger ou ye?

Nou renmen solisyon fasil twòp tande mesyedam! Pa ka gen chimen dekoupe pou nou jwenn latè pwomiz....se sèl JISTIS SOSYAL k ap mennen nou kote nou vle rive a. E youn nan kandida ou mete pi wo pa gen sa nan ajannda yo. Nou vle lapè, kite tout pati politik patisipe nan eleksyon tout bon epi respekte chwa pèp la - toutotan nou pa aksepte prensip sa a, nou fenk kare wè absè k ap kreve.

Martelly se menm wòl ak Wyclef l ap jwe nan teyat sa a. Kite malè ta rive òdinatè a ta fè erè ba li plis vòt pase Manigat, osito mèt òdinatè ta remake sa yo t ap korije erè regretab sa a epi yo t ap di Martelly....kouche. Menm jan yo di Guy Phillipe kouche depi kèk jou epi nou wè li fa sa byen jantiman.

Blan an aap fè seleksyon li, l ap mete prezidant li ak tout premyeminis li chita nan palè li pral bati pou yo a.

Annatandan, pito pèp Ayisyen kòmanse òganize li paske salè minimòm nan ESTABILIZE! menm jan grangou klowòz la anbreze.

Voici le genre de gouvernement avec lequel ceux qui financent la sélection veulent toujours avoir affaire:

Rivard a clairement fait comprendre que les investisseurs n'engageraient pas les fonds nécessaires à la reconstruction du pays tant qu'ils n'auraient pas l'assurance de pouvoir compter sur un gouvernement qui pourrait leur assurer un climat favorable à la réalisation des profits. Il a dit : « Il y a de la solidarité à l'égard d'Haïti. Je pense que le Canada et le Québec l'ont démontré de façon éloquente. Le problème, c'est que ce n'est pas avec la sympathie et la solidarité qu'on fait des investissements, c'est plutôt avec un climat d'investissement sécuritaire et fiable. »

À ce même forum, Josseline Colimon Féthière, la ministre haïtienne du Commerce et de l'Industrie, vantait les actions de son gouvernement, notament que les investisseurs jouissent « d'une exonération totale ou partielle de l'impôt sur le revenu pendant une période pouvant aller jusqu'à 15 ans. De plus, ils sont libres de transférer à l'étranger, sans aucune sorte de restitution, intérêts et dividendes, tout revenu gagné en Haïti. »
http://www.forumhaiti.com/les-presidentielles-de-2010-f16/haiti-elections-presidentielles-a-la-pointe-du-fusil-t9910.htm
Andotremo, esklav mantal la ofri mèt li plis garanti ke sa mèt la t ap mande !

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  revelation Ven 26 Nov 2010 - 16:15

Jaf di: Ala yon kouto de bò sa a, oumenm keseswa jan match la jwe ou toujou ranje kò ou pou ou ka di se ekip ou a ki kale...

Ou di "malerezman" pati politik sa a pa nan eleksyon 2010 la, poutan mwen pa santi ou atriste pa malè sa a ditou. Ala yon malè ki fè bonè kèk moun papa
Jaf mon fre kom w konnen e w refize aksepte se ke nan politik pa gen santiman ak tristess!
Se yon jwet ke sansib pa jwe!
M'atriste memm jan ak w, men w'pap montre emosyon'm. Se regretab ke eleksyon saa pral fini ant Martelly, Manigat, ou Jude Celestin ki kab vinn prezidan pou 5 an.
Sa vinn chanje spektrum e ranvwaye retou Aristide la an arriere plan.

Pati Lavalas la pa nan kous elektoral saa, Mesye ki te kab fe yon retou eminan pou Prezidan Aristide la, yo fini piteusement nan kou saa e pep la byen desi de performans yo.

Malgre ke pep la toujou pare, se 2 eleksyon prezidansyel ki fet e Lavalas pa ladan a koz de dezagreman ant leader yo!
Pep la pakab chita bwa kwaze anko nan kondisyon sa yo!

Se kandida ki kap retire yo kote ke yo ye la, se pa alejyans ak pati politik mon fre.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Joel Ven 26 Nov 2010 - 16:41

DONK;

Politik pa lan santiman;sansib pa jwe?
Se toutotan se tinèg ki ap jwe jwèt bosal lan ;se toutotan se yomenm ki ap mete kranpon.
Nèg gen yon jan ke yo toujou ap pale de ""rapò de fòs"".Se yon bagay ki dinamik e sa pa vle di ke sa ki gen plis fòs pou l anplwaye vyolans ,se limenm ki ap genyen tou.

Se poutèt sa ,anpil peyi lan AMERIK lan deside jwe jwèt lan yon lòt jan.
Mesye sòt de politik nou an pa p ka kontinye;pèp ayisyen an pa vle l.Nou toujou ap tann apwi peyi etranje ,paske nou pa gen fòs vre sou teren an.
Pèp ayisyen an lan sajès li ,pa vle repete sa ki pase lan lòt peyi lan AMERIK LAN;kote gè sivil koute 35 mil,75 mil,250 mil mò;men atansyon.
N ap ekate lòt pati politik ,men tou pa delivre machandiz lan n a wè?
PREVAL se te yon sitiyasyon espesyal wi?
Li twonpe yo;men paske li te sanble ak yo anvan ,yo te bali eksperyans di dout.

Men tou,pinga ti pè an vin tankou goril ki peze 800 liv lan ,lan yon ti pyès kay lan.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Thunder Ven 26 Nov 2010 - 16:55

"Preske tout Ayisyen ke nou rankontre nan la rue di ke yo se Lavalasyen! Malerezman, Pati politik saa pa nan eleksyon 2010 la."

Se menm kabrit tomazo menm plim menm plimay kap toke kòn yo. Se pou 2 rezon ki fè ke mwen kont banisman lavalas lan eleksyon yo:

1) Pandan ke Preval bloke lòt moun ki swadizan pa ranpli tout kritè pou anrejistre nan eleksyon yo, li kite yon lòt seri patisipe pandan ke yo pa ranpli tout kondisyon pou sa nonplis.

2) Se akòz de banisman sa a ki fè ke fanatik yo kontinye ap pale tankou se yo ki reprezante majorite pèp lan. Epoutan, reyalite peyi an montre ke se pa vre.

Le jou ke yon moun ban m eksplikasyon rasyonèl sou kijan ke 50 gason mal entrene e mal ame pran mwatye nan peyi an nan mwens ke 2 semèn pandan ke pèp lan ap akonpaye yo, m ap aksepte lavalas kòm majorite. Sinon, rann tèt nou yon sèvis, sispann fè moun griyen dan sou nou.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Le gros roseau Ven 26 Nov 2010 - 17:01

Mwen deja diw sa te ka rive sou Duvalier tou an juillet 1958.Lè w genyern youn moun ki pa konpran ke nanpren omlet ki ka fet san kase ze ,ki pi pre pou kouri depi genyen nenpot ti bri sa ap toujou rive.se sak fè mwen di moun ki pa ka pran chalè kwisinn lan pa ka chef.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Invité Ven 26 Nov 2010 - 17:11

Nan yon peyi serie batay la tap ant Madan Manigat ak Micky...

Madan Manigat tap pèdi pou tèt machinn blende a li te asepte pran nan men Preval la...

INIKITE te dwe voye Kely Bastien komm yon nounm ki gen eksperyans politik ak fomasyon akademik: ansyan prezidan chamb depite, aktyèl prezidan sena, e doktè de fomasyon...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Le gros roseau Ven 26 Nov 2010 - 17:19

Mwen dakò Dr bastien te ka yon pi bon chwa pou INite men eske li tap sèvi doubli pou Rene Preval.preval pa soti poul ba pèsonn pouvwa a se sak fè l kouri ak JEA.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Invité Ven 26 Nov 2010 - 17:28

Le gros roseau a écrit:Mwen dakò Dr bastien te ka yon pi bon chwa pou INite men eske li tap sèvi doubli pou Rene Preval.preval pa soti poul ba pèsonn pouvwa a se sak fè l kouri ak JEA.

JEA pa yon rasanblè e se tris lè ou wè tou gwo ansyan fonksyonè yo ap mal mennen nan eleksyon an..

Pèp la deside bay bay moun sa yo katon rouj...

Pou kisa Preval ak Jude fè eksepsyon nan mitan ansyan gwo fonksyonè yo???


Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Thunder Ven 26 Nov 2010 - 17:28

Le gros roseau a écrit:Mwen deja diw sa te ka rive sou Duvalier tou an juillet 1958.Lè w genyern youn moun ki pa konpran ke nanpren omlet ki ka fet san kase ze ,ki pi pre pou kouri depi genyen nenpot ti bri sa ap toujou rive.se sak fè mwen di moun ki pa ka pran chalè kwisinn lan pa ka chef.

Teyori pa ka kase ze an pa solid. Prèv lan se ke an 1991-1994, malgre ke te genyen 7 mil militè, 15 mil manb FRAPH, ak 30 mil atache, li te difisil pou yo te kenbe pèp lan sou nich li. Sa nou konstate an 2004 se ke malgre ke Aristide te genyen plizyè gang ame nan sen l, pat genyen oken rezistans serye ki te menm fè rebèl yo pèdi menm kèk plim omwen. Tout kote ke mesye sa yo te pase, pèp lan te pran lari ak yo san pwoblèm. Epoutan 30 Septanm 1991, tout pèp lan te rete andedan kay. Se diferans sa a pou eskplike de konpòtman pèp lan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  revelation Ven 26 Nov 2010 - 19:17

Mesye! nou a mwens ke 48 her de eleksyon 2010 pou nap pedi tan jwe monday morning quarterback!
Se pa konnyen la pou nou ap pale de Kelly Bastien kom miyo kandida pou pati INITE a!
Kom dhabitid se revanj ke Preval ap pran kont mesye sa yo le li chwazi proteje'l kom reprezanta pati'l. Nou kle sou sa nou di la.

Pou nou retounen sou pati Lavalas la. Voter Lavalasyen yo nan eleksyon sa vinn nan yon pozisyon pou yo chwazi kandida ke yo vle kelkeswa pati politik kandida sa yo!!

Sa ke'm remake se ke gen learder Pati Lavalas andedan peyi a ki pa ta remen we prezidan Aristide tounnen! Yo vle itilize pep la chak 5 an pou eleksyon e pou benefis pa yo e prezidan Aristide sispek magouy saa.

Prezidan an pap konte sou mesye sa yo pou yo fe'l tounnen lakay li non plis. Se nou memm ki pou itilize lien diplomatik pou nou fe'l tounnen.

Nou kapab oganize seating devan ambassad South Afrika nan Washington, DC, NY, seating devan State Department, organize march
e konferans nan universite pou fe pression sou gouvenman South Afriken an pemet Prezidan Aristide kite peyi a e ale konte li vle.

Prezidan gen zanmi nan Jamaique, Venezuela, Trinidad, Bahamas, li ka memm al St Kitts kom invite e guest Randal Robinson.
Lessansyel se ke Prezidan vinn pi pre lakay li e soti nan exil fe nwa sa nan South Afrika..

Sepandan si se yon revolisyon ke nou vle fe pou retou sa realizé, nou te met komansé revolisyon sa san mwen!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  jafrikayiti Ven 26 Nov 2010 - 19:26

"se yon revolisyon ke nou vle fe pou retou sa realizé, nou te met komansé revolisyon sa san mwen!" O! ou konnen m sezi!

Komandante Rev, frè anm, se sou ou nou te konte pou mennen Rev-olution an epi ou voye nou anlè konsa epi ou pa atrap nou.

a monhè, franchman ou desepsyon m! ;0)

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  revelation Ven 26 Nov 2010 - 19:55

Jaf di: Komandante Rev, frè anm, se sou ou nou te konte pou mennen Rev-olution an epi ou voye nou anlè konsa epi ou pa atrap nou.
a monhè, franchman ou desepsyon m! ;0)
Sikjestion ke'm bay la Jaf mache deja an plizye fwa e san violans.

Nou kap fe pressyon sou gouvenman Zuma a pou'l vinn fe yon deklarasyon offisyel kote ke li di ke Prezidan Aristide ak tout fanmi'l gen dwa e gen otorizasyon gouvenman Zuma pou yo kite peyi South Afrika a jan yo vle e le yo vle!

Le sa fet, nou kap komanse 2ziem etap la ki se jwen yon kote nan Karayib la an atandan ke yo antre definitivman lakay yo.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  jafrikayiti Ven 26 Nov 2010 - 20:25

Avozod komandante! Mwen sèten si ou te vivan alepok kolonyal, kanmenm ou t ap manm "la société des amis des Noirs"....ou t ap ankouraje nèg yo pou yo pa fè dezod, pran yon ti pasyans...n ap koumanse ak 2 zèed tan repo an plis...apre sa ti pa ti pa... se mye konsa...

Franchman ou two radikal pou mwen papa!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  revelation Ven 26 Nov 2010 - 20:51

Jaf di: Avozod komandante! Mwen sèten si ou te vivan alepok kolonyal, kanmenm ou t ap manm "la société des amis des Noirs"....ou t ap ankouraje nèg yo pou yo pa fè dezod, pran yon ti pasyans...n ap koumanse ak 2 zèed tan repo an plis...apre sa ti pa ti pa... se mye konsa...
Franchman ou two radikal pou mwen papa!
Jaf, fok nou pa konfond vites ak presipitasyon. Chak bagay gen tan yo!
Bondye pran 6 jou pou'l kweye le mond, li pran yon fam 9 mwa pou'l fe yon pitit.
Nou kap ankasyone yon bagay san ke nou pa fose'l rive.

Kom pep la pra'l nan eleksyon nan mwens ke 48 te map voye yon ti messaj bayo e ba w Jaf an mizik avek yon group ki rele Plezi'n Nap Pran (PNP)

Pran kouraj Hoo! Pep Ayisyen pran kouraj Hooo.

Si nou pakab we video sa an direk, double click sou "watch on youtube" pou sa we'l
Bonn sware fe ak se'm yo!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Goya Sam 27 Nov 2010 - 1:29

Kominote entènasyonal la pap janmb fin'n renmen Mirlande Maniga a koz de pwogran ekonomik li'an ki se yon rezidi konpwomi social-demakrasi peyi europe yo, patikilyèmen Alamagne. Se yon pwogram budgetivò ki, nan moman anpil peyi ap esaye efase dèt ayiti, pwal renfòse deficit bidjetè'a. Pou finanse pwojè etat pwovidans li vle,a, madanm nan dwe ogmante taks ak enpo citoyen to ak antrepriz yo, pandan Ayiti bezwen envestisè entènasyonal la pou konstwi ekonomi'an. San nou pa pale de pwa òganizasyon sendical yo.

Sèl bagay ki pou pote yon ekilib e anpeche madanm lan mete pwogram sa sou pye, se you gouvèman ki soti nan yon majorite palmantè diferan de majorite prezidansyèl la.

Pa rapò a Lavalas, si Lavalas deyò nan eleksyon'an se fòt aristid. Pati fanmi lavalas pa yon pati takou tout lòt pati ki sou teren'an. Sa vle di li pa diferan de yo. Se yon simp enstriman nan men Aristide pou regle zafè politik ak pèsonnèl li. Premyemen, yon pati pa fòme otou de yon moun'n, men de yon vizyon, yon pwojè, yon ideologie pli ou mwens, piske keksyon ideologie sa'a ta sanble pase mòd depi ane 90 yo. Aristid te dwe yon pyès nan machin pati'a men pa motè'a. Moun ki pou reprezante pati'a nan yon kous elektoral te dwe fwi, chwa tout manb pati'a yi konpri Aristid. Se ego Aristid ki kraze la fanmi. Yon pati enplante an Ayiti pa ka ap gere de Lafrik di sid pa yon chèf spirityèl exzil. Se pa posib. Yon pati pa yon Legliz, Aristid pa Dalaï Lama, ni benoit XVI. Si Aristid te vle tounen li tap òganize pati'a, mande kad li yo pou fè refòm ladan'l, fè eleksyon,menm pa delegasyon, pou asire yon sòt de altènans nan gouvènans pati'a, e fianalman, mache al dèyè pouwa'a. Se lè sa'a li tap ofri tèt li yon chans retounen an Ayiti. Pè tèt nou pa ta pwal nan zafè Maniga nap pale la'a. Pakèt ban'n snob, moun sa'a yo ki soufri de sendrom siperyorite, racis kap trete pwòp pèp yo chen. Nou ta ka gen yon meyè altènativ avèk jèn fanm, jèn gason ki konpetan e ki ka fè politik yon lòt jan.
Altènans nan gestyon yon pati voye deja bay sosyete'a imaj de yon pati modèn, ki pre pou fè chanjman politik ak ekonomik necesè yo.

Goya
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 490
Localisation : Montreal
Loisirs : lecture
Date d'inscription : 20/11/2010

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Joel Sam 27 Nov 2010 - 6:46

GOYA;

Pa mete chaj lan sou do ARISTIDE;li te nonmen Dr NARCISSE pou l te apwouve ak komite ekzekitif lan ,kandida pou divès pòs ,lan non pati an.
Sa nou te vle pou li fè ankò.Li te voye papye notarye ki te fè de Dr NARCISSE de fakto tèt pati an ,ann AYITI.
Se pa yon bagay ki nouvo,se konsa JUAN PERON te opere PATI POLITIK li an ,lè l te ann ekzil.Pati an kontinye ap genyen eleksyon ann AJANTIN ,36 ZAN apre lanmò PERON;ofisyèlman yo rele l JUSTICIALES men tout moun ki lan pati an rele tèt yo PERONIS.

Atitid jan ARISTIDE ap dirije pati an korèk.
N ap pale antre nou ,nou tankou jako;gen de nèg ,ti krik ti krak ,entèl se popilis ;gen etranje ki konprann sa k ap pase an.

Ayè ankò mwen te wè sou BBC ,se pou 2zyèm jou konsekitif,yon repòtè ki ap mande yon nèg ki rele REYNALD CLERISME ke yo di se yon konseye PREVAL ,jistifikasyon ki fè yo ekate FL lan kous lan.
Repòtè an di ke yon eleksyon konsa paka lejitim ,si w ekate ,dapre sa li wè ,pati politik ki pi enpòtan sou teren an.

CLERISME t ap mamote;ou wè repòtè BBC an pa t pran l o serye lè misye t ap pale l de papye legal,de fòm ki pa byen ranpli.

Mesye ANGLE sa yo ,malgre ke yo gen defo yo tou;yo abitye fè eleksyon ,sou yon fòm ou sou yon lòt depi 1215 lè yo te fè MAGNA CARTA a.
Pa bay ARISTIDE tò lan bagay sa a,li pa genyen

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Invité Sam 27 Nov 2010 - 7:13

Goya a écrit:Kominote entènasyonal la pap janmb fin'n renmen Mirlande Maniga a koz de pwogran ekonomik li'an ki se yon rezidi konpwomi social-demakrasi peyi europe yo, patikilyèmen Alamagne. Se yon pwogram budgetivò ki, nan moman anpil peyi ap esaye efase dèt ayiti, pwal renfòse deficit bidjetè'a. Pou finanse pwojè etat pwovidans li vle,a, madanm nan dwe ogmante taks ak enpo citoyen to ak antrepriz yo, pandan Ayiti bezwen envestisè entènasyonal la pou konstwi ekonomi'an. San nou pa pale de pwa òganizasyon sendical yo.

Se regretab ke deba yo pat chita sou pwogwam ekonomik kandida yo...

Poukisa nou renemn Ceant??? Ki pwogwam li apre fè Aristide tounen????

Pèsonèlman, mwen pa konnen pwogwam kras nan yo, se pou tèt sa jiska maten an, mwen poko chwazi yonn...


Goya a écrit:Yon pati pa yon Legliz, Aristid pa Dalaï Lama, ni benoit XVI.


Chapo ba, Goya...

Mouche panse ke pouvwa li soti "du ciel"....

Dayè se tout politisyen ayisien ki gen maladi sa a... Yo menm ou bien madanm yo se chèf a vi pati politik yo a.....

Jowèl,

Se nèg tankou ou ki fè yon malad tankou Aristid pap janm geri.

...

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Joel Sam 27 Nov 2010 - 7:54

Non COLO;

Mwen wè w ou pou madan MANIGA malgre sa w ap di.
Annou serye;si se ta LESLIE ki ta nan plas ARISTIDE ,byen ke li pa gen kapasite pou sa,li t ap rann peyi an engouvènab.

Ou di ke misye malad?
Eske w se youn lan nèg ki te voye prèv ke misye te entène lan KANADA?epi yo te jwenn ke bri poutchis yo ,CIA,ak senatè JESSE HELMS t ap fè kouri yo;se te montaj?
Se te NEW YORK TIMES ki te di l.
Mwen pa gen anyen envesti lan ARISTIDE men tou franchman si pou m ta chwazi ant li e tout sa mwen wè sou sèn lan jodi an ;mwen t ap chwazi l.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Invité Sam 27 Nov 2010 - 8:00

Joel a écrit:Non COLO;

Mwen wè w ou pou madan MANIGA malgre sa w ap di.
Annou serye;si se ta LESLIE ki ta nan plas ARISTIDE ,byen ke li pa gen kapasite pou sa,li t ap rann peyi an engouvènab.

Ou di ke misye malad?
Eske w se youn lan nèg ki te voye prèv ke misye te entène lan KANADA?epi yo te jwenn ke bri poutchis yo ,CIA,ak senatè JESSE HELMS t ap fè kouri yo;se te montaj?
Se te NEW YORK TIMES ki te di l.
Mwen pa gen anyen envesti lan ARISTIDE men tou franchman si pou m ta chwazi ant li e tout sa mwen wè sou sèn lan jodi an ;mwen t ap chwazi l.

Ou pa gen ase prèv pou di mwen se fanatik madan Manigat???

Fanmi Lavalas pa nan eleksyon.... e tout militan dwe itilize jijman pèsolnèl ou ou pou sipote yon kandida...

Madan Manigat ak Micky rete de sa ki pwomèt plis nan moman an...

Wi, Aristide malad mental....

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Joel Sam 27 Nov 2010 - 11:08

Mwen menm mwen di ke bagay ke ARISTIDE ta malad mantal lan ,se te yon kanpay ,pwenn fè pa ,mò rèd ke lènmi ARISTIDE yo tout plim tout plimaj t ap fè kont li ;pandan peryòd premye koudeta a.

Mesye CIA yo ,an la pèsonn de JAMES LATELL ki te an chaj ""black bag operations"" lan CIA te menm bay yon adrès lopital lan MONREYAL ke ARISTIDE ta sipoze te resevwa trètman pou twoub mantal.Lè repòtè al tyeke lan lopital lan ,yo di ke yo pa konnen moun ki rele ARISTIDE lan.
Senatè JESSE HELMS menm te vini ak yon pakèt penti ke yo ta sipoze yo ta jwenn lan biro prive ARISTIDE ;se yon pakèt moun ki ap boule ak pè LEBREN lan kou yo.
TOUT BAGAY SA YO TE DISKREDITE.
Pa vin ak bagay ,malad mantal ou an;di THUNDER,SOSIS ,DEZA elt..,lè w ap konvèse an prive ak yo;sa ap kontribye ranfòsman rayisman ARISTIDE nou an.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!! Empty Re: Ayisyen Pral Voté Pou “Kandida” Pa Pou Pati Politik!!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum