Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-20%
Le deal à ne pas rater :
-20% Récupérateur à eau mural 300 litres (Anthracite)
79 € 99 €
Voir le deal

Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

+2
Le gros roseau
Marc H
6 participants

Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  Marc H Mar 21 Déc 2010 - 13:41

Le mèm choz

Depi jou koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la,
Tousen Louvèti move, Jan Jak Desalin fache.
Men, chef konze bò lakay ak esklav mantal yo
Kontan bese tèt jiska tè pou di: yès sèr! Avozòd!

Tank Tousen Louvèti friz nan fè move san,
Se tank Jan Jak Desalin frape pye l atè pou di:
Ayayay! Si pat gen koudeta-kidnaping 2004,
Jodia, nou pa tap nan ni kolon ki bay kolera,
Ni eleksyon-seleksyon ki bay kolera politik.

Sepandan, konze ak esklav mantal bò lakay
Toujou byen relaks paske afè diyite peyi a,
Se bliye sa antere sa pou fè kòb nan trayizon.

Dayè depi koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la,
Konze bò lakay pa gen dwa nan fache, fè kòlè
Lè se kolon blan an ki di: agoch, adwat, ajenou…
Se pou sa menm, senatè sousou ak depite restavèk
Ki pa swete wè aksidan diplomatik, pwopoze pou:
· Prezidan ta fè kòlè krapo
· Premye minis ta fè kòlè chat
· Minis ta fè kòlè ra, raman.

Yon kolon blan ki tande
Pawòl sa a di: Ki sa?
Minis ta fè kòlè ra, raman,
Ou byen
Minista fè kolera?

Yon blan mannan reponn:
A! A! Sè le mèm choz.
Pwen ba ! Pwen final !

Sè m, Frè m,
M sèten ni ou ni Minouche,
Ni mwen, nou tout ta swete
Rankontre lakay an 2011 la,
Pou ansanm, nou kontinye
Wouze peyi a ak lanmou
Ki bay anpil anpil kouraj
Pou n soti nan le mem choz.

Se ak lespri sa a nou anbrase
Tout ti moun yo e n redi w:
Bon kouraj! Mèm Amou!

Dr Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, Desanm 2011

http://www.hayti.net/tribune/


Dernière édition par Marc le Mar 28 Déc 2010 - 0:06, édité 1 fois
Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  Le gros roseau Mar 21 Déc 2010 - 13:50

Dr Arisitide nou swete w sante, longevité,prosperite epi pou tounen lakay w ak tout fanmi w men tanpri ba pep la yon chans poul chwasi yon nouvo gid ki genyen cojone,grenn ase pou lite ak sankoutya.Ou pa ka fè sa ki merite fet nan peyi saa.wi se pou tounen pou konsakre w a edikatyon men tan pri kite politik .Se yon Dessalines nou beswen jodya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty La citation du jour

Message  Marc H Mar 21 Déc 2010 - 14:03

Ayayay! Si pat gen koudeta-kidnaping 2004,
Jodia, nou pa tap nan ni kolon ki bay kolera,
Ni eleksyon-seleksyon ki bay kolera politik.




Ayayay! Si pat gen koudeta-kidnaping 2004,
Jodia, nou pa tap nan ni kolon ki bay kolera,
Ni eleksyon-seleksyon ki bay kolera politik.

Marc H
Marc H
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 10031
Localisation : Quebec
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : soccer
Date d'inscription : 28/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le voyeur

Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  Rico Mar 21 Déc 2010 - 14:22

TCHWIPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPP RADOTÈ MOVE BOULSHITÈ
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  Invité Mar 21 Déc 2010 - 18:14

TCHWIPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPPP RADOTÈ MOVE BOULSHITÈ
bien di rico
si ou pat minin 20mille solda blan lan peyi a pa ta ginyen tout blan sa yo kap passe lod'
C sur papa DESSALINE pa tap jan fes yun tintin konsa li ta regle avek yo sou fos kouraj li.Pa cite non DESSALINE lan tintin nou. Nou t fini avili CHARLEMAGNE PERALTE konsa nou bezoin avili papa DESSALINE lan vie koze radotaj nou.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  Invité Mar 21 Déc 2010 - 18:26

Nou lanse yon apèl o kalm...

Nou mande fanatik Titid yo pou yo sispann adore Titid...

Nou mande opozan Titid yo pou yo sispann voye roch...

Ansyan prezidan an voye yon bèl atik, annou pran san nou pou nou debatt li...

Frè'm ak sè'm yo, antann pou nou antann nou....nou tout se Ayisien....

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  OBSERVER KEEN Mer 22 Déc 2010 - 20:34

Marc a écrit:Le mèm choz

Depi jou koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la,
Tousen Louvèti move, Jan Jak Desalin fache.
Men, chef konze bò lakay ak esklav mantal yo
Kontan bese tèt jiska tè pou di: yès sèr! Avozòd!

Tank Tousen Louvèti friz nan fè move san,
Se tank Jan Jak Desalin frape pye l atè pou di:
Ayayay! Si pat gen koudeta-kidnaping 2004,
Jodia, nou pa tap nan ni kolon ki bay kolera,
Ni eleksyon-seleksyon ki bay kolera politik.

Sepandan, konze ak esklav mantal bò lakay
Toujou byen relaks paske afè diyite peyi a,
Se bliye sa antere sa pou fè kòb nan trayizon.

Dayè depi koudeta kidnaping 29 fevriye 2004 la,
Konze bò lakay pa gen dwa nan fache, fè kòlè
Lè se kolon blan an ki di: agoch, adwat, ajenou…
Se pou sa menm, senatè sousou ak depite restavèk
Ki pa swete wè aksidan diplomatik, pwopoze pou:
· Prezidan ta fè kòlè krapo
· Premye minis ta fè kòlè chat
· Minis ta fè kòlè ra, raman.

Yon kolon blan ki tande
Pawòl sa a di: Ki sa?
Minis ta fè kòlè ra, raman,
Ou byen
Minista fè kolera?

Yon blan mannan reponn:
A! A! Sè le mèm choz.
Pwen ba ! Pwen final !

Sè m, Frè m,
M sèten ni ou ni Minouche,
Ni mwen, nou tout ta swete
Rankontre lakay an 2011 la,
Pou ansanm, nou kontinye
Wouze peyi a ak lanmou
Ki bay anpil anpil kouraj
Pou n soti nan le mem choz.

Se ak lespri sa a nou anbrase
Tout ti moun yo e n redi w:
Bon kouraj! Mèm Amou!

Dr Jean-Bertrand Aristide
Pretoria, Desanm 2011

http://www.hayti.net/tribune/



wi, dok! se vre dok! men empere desalin ak jeneral tousen rayi ipokrit plis ke yo rayi blan kolon
si'm pa trope'm, se te ou menm ki te rantre merin ak bot sovaj pou mete pye sou kou neg lakay
si'm pa tronpe'm, se te ou menm ki te premye mande bush pou voye ranfo pou kontrekare sekyem kolonn
si'm pa tronpe'm, se te deye do'w ak fanmi'w ke mwen te toujou we blan kolon
komsi, sekirite neg lakay paka fet ak moun lakay

wi desalin frape pye, li kriye, li fashe! men se pa pou 29 fevriye 2004, men pito pou 12 janvye ak 28 novanm
jeneral tousen andyable, lan bandisyon; pa pou tet ou menm fre mwen, men paske ti jan ak ti jann ap mouri grangou
wi! nap pase mize, nap trenen, men nou pap mouri; ayiti te la van nou, lap fout la apre nou
ni blan, ni neg pa endispansab; paske nou ka fe tout bagay ave'w ou san'w, si nou mete tet ansanm

dok, ou pa yon viktim; ou se yon privilejye; bliye zafe koudeta sa; jodya ya, se mashe ve lavan
an nou tout kolabore nou; le wap vini sot an afrik, pase pran jan clod an frans
paske peyi ya bezwen tout pitit li pou li vanse douvan
an nou fini ak koze sa; shapit sa, ann pale bon bagay, an nou sispann pale rans

ou se fre nou, nou renmen'w ak tout ke
wi, nou pa vle se zot kap vin di'w ki le pou retounen lakay
men bagay la two sho lakay; mize nan wout pa di move nouvel; pa tounen lakay nan lage
men, ak doktora sa'a papa! wap retounen lakay pou vinn edike neg lakay


joye kwanzaa!!!!!!!
joye nwel
mwen swete ou ak fanmi ou prezidan titid yon bonn ane !!!!!















OBSERVER KEEN
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 966
Localisation : USA
Date d'inscription : 29/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  kakakok Mer 22 Déc 2010 - 22:08

Sa fe m plezi mwe remake anpil nan nou reyalize ke Duck la malad , Duck la fini fou net ! Duck la we genyen kriz elektoral ! Duck la repare poul tounen pou li kontnye koripsyon , asasina sible ,,,,mache drog la kote li kite li li ya.....Duck ap soufri yon maladi ki rele Presidentiatis !
kakakok
kakakok
Super Star
Super Star

Féminin
Nombre de messages : 5242
Localisation : USA
Opinion politique : Je ne suis pas d’accord avec ce que vous dites,mais je défendrai jusqu’à la mort votre droit à le dire"
Loisirs : DEMOCRATE DU CENTRE GAUCHE !
Date d'inscription : 27/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Vision politique , NOE DES TEMPS MODERNES !

Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  jafrikayiti Jeu 23 Déc 2010 - 9:17

Kontrèman ak Jean-Claude ki fè syèk an Frans, li pa janm rantre nan yon inivèsite al aprann anyen, pandan zòt ap radote, sitwayen JBA ap mete konesans sou li. Kontrèman ak yon tèt poul ki te abitye fè defile nan frizè atifisyèl - jouk tout selil nan sèvo li te fin friz nan fredite ak kokayin, madanm JBA, ki te toujou yon moun senp epi entèlijan, kontinye mete konesans sou li nan youn nan pi gwo inivèsite ki nan jiwon kote sikonstans lavi mennen yo viv ak de tilezanj yo depi krim 2004 la.

Nou pa ka kontwole tout paramèt lavi a. Kèk fwa nou tonbe kote nou pa ta kwè. Men, sa nou chwazi fè ak sikonstans yo, se sa ki montre ki esans karaktè nou.

Jalouzman pa yon bon santiman kkkòk! - Gade jan sitwayen an ap viv lavi li pezibleman ak fanmi li, oumenm pouki ou mal nan po ou konsa a?

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Minis ta fè kòlè ra, raman,  et Minista fè kolera  , de J.B Aristide  Empty Re: Minis ta fè kòlè ra, raman, et Minista fè kolera , de J.B Aristide

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum