Chay Kouzen pote 10, 20, 30 bèt pa ka pote l! - John Maxwell - Ayibobo pou ou!
Page 1 sur 1

Mesaj 2011 Lakou NY epi tradiksyon Kreyòl entèvyou Lakou NY te fè 28 Janvye 2010 ak defen jounalis Jamayiken John Maxwell
https://i.servimg.com/u/f36/13/16/20/92/john-m10.jpg
Fanmi yo,
Premye Janvye 2011 make 207 lannen depi zansèt nou yo te ranmase karaktè yo,
ranmase kouraj yo pran yon angajman fèm devan bondje epi devan tout kritchen
vivan pou yo te viv lib oswa yo te mouri. 2 Janvye se dat Ayisyen chwazi pou n
jete dlo pou n salye zansèt nou yo, sa yo ki pran devan, fè travèse yo, men
anvan y ale yo trase chimen, kite wout pou noumenm ki dèyè nou ka suiv.
Lakou New York ap di nou tout Pran Kouraj, sonje Matant Meprilya te toujou di
nou “Loko basiye tèt anplas” pou nou pa kite satan jerenons, movèz espri
detounen nou nan chimen nou. Apre li pousuiv pou l di nou "se lè jou pral
louvri lannuit la pi fè nwa". Lakou NY ap di tout sè ak frè nou yo wout nou
travèse a pi long pase chimen k devan nou an.
Pou ride n vanse n ap mande nou tout pran yon ti moman pou n Kriye Bravo epi
salye memwa detwa pami vanyan ki pran devan pandan lane 2010 la.
N ap rele Ayibobo pou:
-TOUT viktim katastwòf tranblemanntè ki frape lakay nou 12 Janvye 2010 la
-TOUT viktim kolera-MINISTA yo k ap tonbe san konte depi mitan mwa Oktòb la
-Vanyan Daniel Simidor (Andre Elizee), konbatan ki fè travèse li nan Lakou NY
10 Janvye 2010. Nan tout lit kont zwazo bèk fè a, lit pou dwa grandèt peyi a
k ap mennen nan dyaspora NY la Daniel Simidor te toujou reponn prezan. Simidor
pa t janm ezite mache degrennen lè konsyans li te dikte l sa menm lè bon
zanmi ak alye te fache.
-Vanyan Anil Louijuste, konbatan, edikatè asasen touye lakay menm jou 12
Janvye 2010 la. Anil te lite, ekri, òganize jèn yo ak tout Ayisyen pou nou
ranmase responsabilite zansèt yo kite nan men nou an. Anil te ekri liv sou
masak grandon yo, legliz katolik, ak lame d Ayiti fè nan Janrabèl; li ekri
sou sistèm edikasyon peyi nou ak sou anpil anpil lòt bagay ankò. Li kite yon
eritaj san manman pa p janm ka efase.
-Istoryen popilè, militan anachis Meriken Howard Zinn ki fè travèse li 27
Janvye 2010. Li te pwofesè nan inivèsite epi l ekri plis pase 20 liv. Liv li
ki pi popilè rele “A People’s History of the United States” ki chavire
lide ke se lelit ki “fè” listwa pandan pèp la l ap gade. Li te toujou di
nou pa gen kanpe nan mitan. Fòk tout moun chwazi kan yo.
-Vanyan Pòtorikèn Lolita Lebron, ki fè travèse li Premye Out 2010. Pandan
tout tan peyi Etazini ap pran pòz gwo defansè demokrasi, dwa pèp pou yo menm
yo chwazi sa yo vle, apa zak malonèt l ap fè anba tab, nan figi lemonn antye
li kenbe Pòtoriko anba grif li. Nan lannen 1954, Lolita te fè pati ekip Pati
Nasyonalis Pòtoriken ki mennen yon atak zam alamen nan mitan Kongrè Meriken
an pou defann dwa grandèt peyi li Pòtoriko.
-Vanyan Lucius Walker, responsab IFCO/Pastors for Peace, ki fè travèse li 7
Septanm 2010. Lucius fè tout lavi l ap batay pou bouske òganizasyon nan mitan
sa k ap sibi yo. Depi plis ke 20 an òganizasyon sila a ap ranmase epi pote
solidarite pèp Meriken an bay pèp Kiben an malgre anbago Gouvènman Meriken
an kenbe sou Kiba. Se yo menm tou ki koòdone bous detid Kiba bay pou pèmèt
jèn Meriken defavorize al etidye lamedsin gratis nan peyi Kiba.
-Vanyan Mary Hanssens, yon avoka Meriken ki te kòmanse lavi granmoun li kòm
yon mè katolik. Pou misyon li Mary te chwazi travay ak prizonye. Enjistis
brital sistèm lajistis Meriken an mennen li fè chwa retire rad mè a sou li
pou l vin yon avoka k ap defann prizonye k ap kroupi nan koridò lanmò (death
row) Meriken. Nan lannen 2000 Mary anbrase ka frè nou Borgela Philistin, Jr,
grenn Ayisyen k ap jèmi nan koridò lanmò Meriken an. Malgre Borgela panko
rive jwenn liberasyon l nou ka di karebare se gras ak jèfò Mary frè nou an
vivan jouk jounen jodi. Mary fè travèse li 4 Novanm 2010.
-Konpatriyòt nou nan Lakou NY la Alberic Nelson ki te yon Ayisyen tankou plis
pase 6 milyon Ayisyen ak pitit Ayisyen k ap chache lavi andeyò teritwa sakre
zansèt nou yo mouri kite pou nou a. Konpatriyòt Alberic fè travèse li 2
Novanm 2010 isit nan Lakou NY la. Malgre laj avanse, tout manifestasyon, miting
politik pou regle kòz Ayiti ak sa k regade kominote Ayisyen an, konpatriyòt
Alberic toujou reponn prezan, bradsou bradsa ak madanm li akote l. Nou pa p
janm bliye l.
-Jounalis Jamayiken John Maxwell ki fè plis ke 50 lannen l ap ekri, l ap pale
pou defann lajistis nan peyi li epi tout lòt kote pi gwo ap kraze pi piti. Gen
lontan depi John Maxwell ap pote Ayiti ak pèp Ayisyen an sou do l tankou yon
kwa pou fè tout moun rekonèt Ayiti se manman libète, Ayiti se manman
lajistis, Ayiti se manman demokrasi. John Maxwell fè travèse li 10 Desanm
2010 nan laj 76 an.
Paske bon koze se nan ti gòdèt sa vann epitou John pa t pale Kreyòl bonkou
Ayisyen pa janm tande non l epi nou pa janm konnen travay li. Pou ride pèp
Ayisyen an rann vanyan sila a lonè li merite Lakou NY tradui nan lang nou
dènye entèvyou nou te fè ak John Maxwell 28 Janvye 2010 sou konsekans
tranblemanntè 12 Janvye a ak repons sa yo rele Kominote Entènasyonal la.
Moun ki pale angle kapab tande entèvyou a limenm nan sit Lakou NY la:
http://lakounewyork.com/lakouny-johnmaxwellinterview1-28-10.mp3
********
Lakou NY 1-28-10 entèvyou avèk John Maxwell:
LNY: Se yon plezi pou nou gen sou liy nan avèk nou John Maxwell. Se pa premye
fwa n ap pale avèk John ki se yon jounalis Jamayiken k ap viv Jamayik. Sa fè
lontan John ap defann peyi d Ayiti epi sipòte pèp Ayisyen nan batay li. John,
nou kontan ou pase wè nou yon lòt fwa ankò nan Lakou NY.
John: Mèsi frè m.
LNY: John, katastròf 12 Janvye a reprezante pou anpil nan nou youn nan pi gro
trajedi peyi nou Ayiti konfwonte depi nou te kase chenn lesklavaj. Nou ta
renmen ou pataje avèk nou refleksyon w sou katastròf sa a ansanm ak
refleksyon w sou repons sa yo rele kominote entènasyonal la pote jiskaprezan.
John: Mwen kwè sitiyasyon an vrèman trajik, men se pa Ayiti sèlman k ap
konfwonte reyalite trajik sila a. Se tout desandan Lafrik yo atravè k ap viv
yon sitiyasyon makawon. Mwen kwè li lè pou nou gade reyalite sa a nan je.
Sa ki pi vekse m nan moman sa a se odas zòt lè yo panse yo kapab bati yon
nouvèl Ayiti pou pèp Ayisyen an ou byen pou nenpòt lòt pèp. Sa
tranblemanntè a ekspoze klèman pou tou moun wè se tray Ayiti ap pase lontan
anba men zòt sa yo. Epi youn nan yo pa pran okenn responsabilite pou zak
kriminèl yo komèt kont Ayiti. M ap pale de Etazini, Lafrans, Kanada, epi nan
yon pwen menm Brazil paske se yo menm ki responsab sa k ap pase Ayiti paske yo
refize respekte dwa pèp Ayisyen an.
Fò n konprann, Ayiti se premye peyi nan lemonn ki rekonèt dwa tout moun epi
ki konsidere tout moun egal ego. Ayiti pa t fè tankou Lafrans ak Etazini ki
te rekonèt dwa gason sèlman. Ayiti te rekonèt dwa tout moun, gason kou fanm
kou timoun, kit yo te posede kichòy kit yo pa t posede kichòy. Sa se yon
lide fondalnatal ki pa t devlope nan anpil lòt kote jis nan lane 1948 lè
Nasyonzini parèt avèk Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun. Sa vle di se an Ayiti
youn nan prensip fondalnatal sivilizasyon gen rasin li. E se prensip sa a menm
Bill Clinton, Ban Ki Moon, George Bush, avèk anpil lòt ki pa gen okenn dwa
foure bouch yo nan koze Ayiti eksepte pou yo mande padon pou mechanste yo ak
enkonpetans yo, refize aplike nan relasyon yo ak Ayiti. Yo refize aksepte ke
yo pa gen okenn dwa pou yo dikte ki jan pou Ayisyen dirije zafè yo paske depi
1915 se nan trou y ap foure Ayiti. Se yo menm ki met Ayiti tèt anba epi se sa
k fè gen yon pakèt Ayisyen ki mouri. Yo pa kapab vin di Ayisyen ke Ayisyen
pa konn sa pou yo fè paske yo menm yo montre konbyen fwa yo pa konn sa pou yo
fè. Se Ayisyen ki poko janm gen yon chans montre sa yo menm yo kapab fè.
LNY: John, depi evènman tranblemanntè a anpil moun ap aji tankou sibitman
enemi Ayiti yo vin zanmi l, epi yo pral pran devan kounye a pou defann enterè
Ayiti. N ap plede eksplike yo ke katastròf la, malgre jan l grav, pa p rive
fè moun ki lènmi Ayiti depi lontan tounen zanmi l. Sa w panse sou sa?
John: E byen se ekzakteman sa m ap di depi byen lontan. Yo desann sou Ayiti e
y ap suiv pou yo wè kijan yo kapab eksplwate sitiyasyon tèt anba yo menm
ankò kreye a. Lè siklòn Jàn te frape Ayiti, mwen te konnen depi anvan l te
frape Ayiti ki sa ki t apral pase. An reyalite se Ameriken yo, Fransè yo ak
Kanadyen yo ki pèmèt yon pakèt terorist detrui kapasite pèp Ayisyen an pou
li defann tèt li e pou li pran swen tèt li. Mwen te konnen ki sa k t apral
pase. Mwen ekri sou sa e vrèman se sa k pase: Ayiti kraze pi plis ke lòt
zantiy yo pa paske siklòn Jàn frape l pi fò men paske li pa t gen kapasite
pou l fè fas a rezilta siklòn nan. Te gen zantiy ki te frape pi plis ke
Ayiti men se Ayiti rezilta siklòn nan te pi grav. E se konsa sa ye depi 200
zan. Etazini pa kapab fè kòm si li se zanmi Ayiti tandis ke nan semèn anvan
katastròf la yo tap depòte Ayisyen tounen Ayiti.
Bill Clinton pa kapab fè kòm si li se zanmi Ayiti tandis ke an 1994 li t ap
fè sòlda li ranmase Ayisyen ki tap vwayaje nan kannòt pou l pimpe yo tounen
Ayiti kote sanginè t ap tann yo pou tiye yo. PJ Patterson ki t ap dirije
Jamayik lè sa a pa kapab di li se zanmi Ayiti tandis ke li te met ansanm ak
Clinton pou pran Ayisyen sou lanmè pou fè yo tounen Ayiti, yon zak ki
toutafè illegal. Pèsonn pa gen dwa pran refijye sou lanmè pou fè yo tounen
menm kote yo t ap chache kouri kite pou chape pou l yo a. Ban Ki Moon se yon
enbesil, yon san konprann. Li pa konnen anyen sou sa k ap pase Ayiti. Heidi
Anabi, ki te responsab sòlda LONI yo te enbesil menm jan. Li mouri kounye a e
yo di nou pa dwe pale moun ki mouri mal, men li klè MINUSTHA se yon zouti y ap
itilize kont pèp Ayisyen an pou toupizi l. Pa gen okenn jan MINUSTHA kapab
defann pèp Ayisyen. Fòk yo kite Ayiti. Fòk pèp Ayisyen gen gouvènman pa
li e menm lè pèp Ayisyen an ta bezwen èd fòk li dakò avèk kondisyon ki
marye avèk èd sa a. Gen yon pakèt Ayisyen k ap viv aletranje. Gen yon
pakèt Ayisyen ki gen konesans ak kapasite men ki oblije kite peyi yo akoz
aktivite Ameriken yo, Kanadyen yo, ak Fransè yo ansanm ak teroris yo anplwaye
yo. Ayiti pa yon peyi ki pa gen konprann ak kapasite pou l fè. Men Ayiti ap
viv yon reyalite kote Ameriken yo anplwaye zouti teroris pou yo terorize l,
ansanm ak zouti fè kadejak sou li pou yo pran ak fòs ponyèt yo sa ki pa l, e
ak zouti zam ke yo lage nan men tout vagabon pou touye pèp la. Pa gen anyen
ki nouvo nan istwa sa a. Fòk nou fè yon jan.
Lè yo vrèman deside pou ede Ayiti, m panse youn nan bagay ki dwe fèt se pou
yo retire koze Ayiti nan men Konsèy Sekirite LONI an ki gen yon pakèt moun k
ap dirije l ki pa konn anyen nan sa k ap pase pa bò isit. Se Asanble Jeneral
LONI an ki dwe pran chaj dosye ki konsène pèp Ayisyen an, pou defann dwa pèp
Ayisyen an e pou defann tout sa pèp Ayisyen an reprezante nan 200 zan ki sot
pase yo. Ou konprann mwen?
LNY: Nou klè sou tout sa w di yo. Youn nan premye atik, (fòk nou di moun yo
ke depi tranblemanntè a, frè nou John Maxwell ki te malad men ki reprann li
kounye a ap travay di pou l met enfòmasyon deyò, apeprè 10 jiska 20 atik pa
jou) - koneksyon telefòn nan koupe - Nou retounen sou liy nan avèk John.
John, jan m t ap di w, ou voye yon pakèt atik e 5 jou apre tranblemantè a,
Sir Hilary Beckles te piblye youn pou li montre istorikman ke sa k ap pase
Ayiti a se pa konsekans enkonpetans Ayisyen, men se rezilta mechanste zòt ki
gen pouvwa nan kominote entènasyonal la. Eske w ka di 2 mo sou sa?
John: E byen, m panse Hilary Beckles dakò ak anpil bagay m ap di depi on
pakèt tan. Gen yon pakèt rasis ak moun fou Ozetazini ki soti pou dyabolize
pèp Ayisyen, kòmkwa se yon pèp ki pa gen anyen ki bon lakay li. Yo vle fè
pèp Ayisyen an konprann ke se li menm ki pa bon. Pat Robertson, yon pastè
Meriken, te menm pèmèt li di ke pèp Ayisyen te siyen kontra ak dyab pou l
pran endepandans li epi li di yon pakèt lòt tenten ankò tandiske reyalite a
sè ke patikilyèman depi 1915 pa gen anyen ki fèt ann Ayiti ki se rezilta
volonte pèp Ayisyen an eksepte lè Arisitid te opouvwa. E menm lè sa a,
Ameriken yo te trayi li. Yo te promèt li lajan pou l met yon bon jan fòs
lapolis sou pye epi yo pa bay lajan. Sa te fòse Aristid blije boule ak fòs
lapolis Divalieris la, ki pa t vrèman yon fòs lapolis serye epi ak yon lame
ki pa t vrèman yon lame. Anplis, yo detounen Aristid sou koze dlo a. Labank
Entè Ameriken pou Devlopman te fin dakò pou prete l lajan pou met sou pye yon
sistèm dlo potab. Apre dizon an te fin fèt, Depatman Deta Meriken vin foure
bouch li nan koze a pou di labank nan pinga l prete Ayiti lajan an. E nou pa
kapab menm konprann rezon ki pouse yo aji konsa ki sètènman pa t gen okenn
rapò ak sa pèp Ayisyen te fè ou byen te vle fè.
Epi ou genyen tout vye ONG sa yo k ap kouri monte desann toupatou ann Ayiti ke
Depatman Deta Meriken voye oubyen ke Depatman Deta oubyen CIA oubyen USAID
oubyen Ajans Devlopman Entènasyonal Kanadyen ap peye. Yon pil ak yon pakèt
ONG e li klè ke sa y ap regle a pa gen okenn rapò ak sa pèp Ayisyen an vle.
Se zafè yo y ap regle e y ap chache defann pròp enterè yo. Alaverite se yon
pakèt parazit, tankou tik sou bèf, sof ke y ap si tèlman byen manje e yo vin
si tèlman gra yo san lè fese bèf la atè.
LNY: N aprale fè yon ramase John, men nou konnen pandan n ap pale la a gen yon
gwo konferans k ap fèt nan Davos, nan peyi Lasuis kote gwo peyi sousè yo
chita y ap planifye lavni Ayiti. Ki mesaj ou ta voye bay moun sa yo kounye a
si yo ta va ap tande n?
John: Retire grif nou sou pèp Ayisyen an! Retire grif nou sou pèp Ayisyen an!
Al okipe zafè pa nou, nou fè kont dega deja an Ayiti. Sa pou malfektè sa
yo ta fè kounye a se mande padon pou tout mechanste yo fè pèp Ayisyen ak
tout dega yo fè nan peyi a epi pou yo mete anpe zouti anplas pou pèmèt Ayiti
mete tèt li kote li ta dwe ye a, paske Ayiti gen 200 zan depi li te deja pran
devan nan koze sivilizasyon an. Pa gen okenn rezon pou y ap trete pèp Ayisyen
an kòmkwa Ayisyen se yon bann sovaj paske klèman se pa sa yo ye. Sa yo
bezwen se pou moun k ap bloke yo a retire tout anpechman ke yomenm yo fè
esprè yo met nan chimen li. Elit ki an Ayiti yo, fò n fè yon jan avèk yo.
Apre lagè avèk Alman yo, yo te gen yon program kote yo te chache derasinen
chef Nazi ki te nan mitan yo. Nou bezwen yon program konsa pou elit Ayisyen
an, pou n mete yo aleka. Petèt Etazini ke y ap rann sèvis depi lontan ka ba
yo lajan ou byen voye yo yon lòt kote. M pa konnen sa yo ta kapab fè avèk
yo. Se pa tout ki kont Ayiti, men se anpil nan yo. Dayè anpil nan yo pa menm
Ayisyen, e yo definitivman pa Ayisyen nan kè yo. Kay yo avèk machin yo (ki
kondisyone pou pa pran bal) ka Ayiti, men pòch yo avèk kè yo se lòt kote yo
ye. Se sa mwen ta di moun sa yo nan konferans nan. M t a di yo pou yo tande
sa k ap pase nan Fowòm Sosyal Mondyal la k ap fèt nan Porto Alegre nan Brezil
kounye a. Se la pèp yo yomenm yo reyini. Yo kanpe sou yon platfòm ki
konplètman opoze sa k ap fèt nan Davos la ke moun rich yo ap kontrole pou
pròp enterè pa yo. Men reyalite a se ke moun sa yo trò enbesil pou yo
konprann. Menm jan yo fè Ozetazini se menm jan y ap fè Ayiti. Y ap detrui
group travayè lakay yo epi y ap detrui ata sistèm komès pa yo a. Yo pa
konprann sa. Yo si tèlman enbesil e se la nannan problèm nan ye. Imajine w,
y ap peye moun pou tire sou lòt moun nan lari Pòtoprens lè yo konnen ke moun
sa yo se lavi lap chèche e manje y ap chache pran yo se manje ki deja gate ou
byen ki pa lwen gate. Anplis yo konnen, y apral jwenn lajan asirans pou manje
sa yo e yo konnen ke moun yo bezwen manje a pou yo viv. E ak tout sa, yo peye
pou fè tire sou moun sa yo. Eske ou kapab imajine yon bagay ki, wi li
kriminèl, men eske ou kapab imajine w yon bagay ki pi sòt ke sa? E se la nou
ye nan reyalite k ap pase e ki ap pase lontan ann Ayiti: Anpe moun ki sitèlman
vle tout pou yo yo pa menm kapab wè ke y ap foure tèt yo nan trou. M pa
konnen ki sa pou m di ankò.
LNY: Nou vle di w mèsi John pou tan ou pran pou pale avèk nou. Nou gen Ayiti
sou liy nan kounye a e n apral pran yon ti tan pou nou tradui pou moun k ap
tande yo. Mèsi anpil pou tan w ou pataje avèk nou.
John: Mwen regrèt mwen pa pale kreyòl. Oke frè m, pote w byen.
LNY: Li pa trò ta John.
John: M konnen, m konnen. Men ou konnen, m si tèlman okipe. Se sa ki
problèm nan.
**********
Lakou NY se yon emisyon radyo ki emèt lendi pou vandredi, 1-2pm nan Radyo Pa
Nou nan NY. Nou bay nouvèl, fè entèvyou, ak analiz ki balanse anfavè mas
pèp zòt ap toupizi lakay nou ak toupatou sou latè. Moun ki gen aksè ak
entènèt ka koute nou andirèk oswa nenpòt lè ki bon pou yo nan
www.lakounewyork.com. Nou ankouraje oditè nou yo pou yo pa annik koute radyo a
men nenpòt kote yo ye pou yo angaje nan batay pou chavire reyalite tèt anba n
ap viv la.[img][/img][img][/img]

jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Sujets similaires
» Is Starvation Contagious? By John Maxwell
» Reparations ou Justice par JOHN MAXWELL
» Haiti's Great White Hope by John Maxwell
» Leçon d'histoire récente, par John Maxwell.
» Autre point de vue de John Maxwell pour la defense d'Haiti

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum