Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -50%
-50% Baskets Nike Air Huarache Runner
Voir le deal
69.99 €

Granmoun Prodige.

5 participants

Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Granmoun Prodige.

Message  Thunder Jeu 7 Avr 2011 - 6:03

Ala yon lavi Sen Josèf

Ti nèg te mande pou administratè te mete moun deyò sou fowòm nan. Yo menm yo kite ke se pèp lan ki te fout yo deyò semèn pase ak vòt yo nan men yo.

Kounye a se ti pa ti pa, se mouyi moulen ke y ap mayi moulen kò yo pou retounen sou fowòm nan.

Mesye e foli mademwazèl yo,

Se sèl nou menm ki te konprann ke fowòm nan se pou nou sèl ke li ye, menm jan ak peyi an. Nou te mèt layite kò nou jan ke nou vle, nou pa bezwen ap mete kò nou alawonyay.

Ala yon pèp saa se pèp Ayisyen an, yo te fè anpil ti nèg vole gagè sou fowòm nan sèlman ak vòt yo.

Viv demokrasuuuuuuu!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Joel Jeu 7 Avr 2011 - 8:12

THUNDER;

Se pa t kras pèp ayisyen ki te fè nèg vole gagè sou fowòm lan ;se te pratik demeplè ti nèg.

Nèg te bouke lan joure pou granmesi.
Sèl bagay m ap di ,nèg ap fè triyonfalis ,men pinga MATELI fè nou sezi,menm jan ke PREVAL te fè mwen sezi.
Se sa sèlman m ap di ;paske mwen plede ap repete nou sa ;MESYE AMERIK LAN CHANJE,AYITI PAKA DIFERAN.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Invité Jeu 7 Avr 2011 - 8:53

Le changement

!Granmoun Prodige. R3509657634;!Granmoun Prodige. R3509657634

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Thunder Jeu 7 Avr 2011 - 23:59

Joel a écrit:THUNDER;

Se pa t kras pèp ayisyen ki te fè nèg vole gagè sou fowòm lan ;se te pratik demeplè ti nèg.

Nèg te bouke lan joure pou granmesi.
Sèl bagay m ap di ,nèg ap fè triyonfalis ,men pinga MATELI fè nou sezi,menm jan ke PREVAL te fè mwen sezi.
Se sa sèlman m ap di ;paske mwen plede ap repete nou sa ;MESYE AMERIK LAN CHANJE,AYITI PAKA DIFERAN.

Pratik "demeplè" ki fè ke anpil nèg te vole gagè te koyenside ak jou eleksyon yo (lol).

Diferans ant mwen ak wou se ke wou te sipòte Preval paske w te konprann ke l ta pral fè la chasse aux sorcières GNBis e pi mennen Aristide tounen rapido presto, se te menm bagay lan ke w te panse pou Obama.

Mwen menm, m pa espere pou Martelly fè menm jan ak nou menm lavalas te fè. Sèl bagay, eleksyon Martelly an montre ke zafè ke nou toujou di ke pèp lan p ap vote pou yon poutchis lan se bounda Nini. Se pèp bidonvil yo ki mete Martelly le FRAPis prezidan peyi an. Jan de bagay pwopo sa yo, martelly kwape sa nan dyòl anpil ti nèg.

Le peuple a voté pour un Ninja (lol). Si yon moun tankou Joel, Roseau elatriye... te antre nan yon koma an 1995 pou l ta reveye jou ki pral 14 Me 2011 lan, li t ap tou tounen nan koma ankò (lol).
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Joel Ven 8 Avr 2011 - 9:46

Non THUNDER;

Mwen pa sezi,pèp yo enprevizib.
Lan menm ane CHURCHILL te defèt ALMAN yo lan dezyèm gè mondyal ;pèp ANGLE an te vote PATI l lan ,deyò pouvwa a.
Byen ke se pou w onèt ;se pa t PATI FL lan ki te sibi defèt ;paske PREVAL l te ekate l.

Se pou w onèt toujou ,paske ou t ap mande pou kapote PREVAL ;bagay ki tankou yon KREDO pou moun ki panse tankou w yo.
Se pa t chas o sòsyè ,mwen te vle PREVAL fè;mwen te kont dèske gouvènman PREVAL lan se te yon gouvènman neyo-GNBIS li te ye;li pa t diferan ,an pesonèl e an jan li te fonksyone de gouvènman LATÒTI an.

Pou m kontinye sou menm liy CHURCHILL lan ;lan tout AMERIK LATIN lan ;lan de peyi ki menm jan ak nou;pèp yo varye lan chwa yo.

Lan NIKARAGWA ,yo te chwazi ORTEGA ak pati SANDINIS lan,apre sa yo vote pou ""EL GORDO"" ak yon pati DWAT apre sa yo tounen jwenn ORTEGA ankò ak SANDINIS yo.
Sa rive lan SALVADOR,lan GUATEMALA ki gen ansyen GERIYA DE GOCH sou pouvwa a,apre gouvènman dwat.

Mwen pa sezi ditou ,byen ke lan ka AYITI an fò k gen yon ""caveat"",paske neyo-GNBIS ki rele PREVAL lan te pipe zo an;an menm tan tou mwen swete MATELI bòn chans.
Se dènye kat DWAT a layisyèn lan ap jwe ann AYITI;si MATELI echwe ,se ap definitivman la fen dwat sa a ,menm jan sa rive an DOMINIKANI pa egzanp.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Le gros roseau Ven 8 Avr 2011 - 11:20

Thunder

ou konn li pwoverb ki di :"Ventre affame n'a point d'oreille"La faim chasse le loup du bois.Mwen mande w ankò si w pat tande sa moun ki anba tant sou chande mars la te di lè Reporter CNN lan te mande yo poukisa yo pral vote pou Jude celstin.Yo te di se pa pou jude Clestin yo pral vote yo pral vote pou moun ki peye yo pou vote yo.Ou kon byen ki wol kanaval jwe nan kilti ayisyen an e byen mon chè di la verite ya non poukisa ni Preval ni kominote gwo elekte yo pat vle kite aristide tounen?Tout moun ki trayi koz pep la yo genyen pou yo peye konsekans lan wi.

anvan mwen kite w maten yan map ba w yon ti konsey sou zafè menas wap fè pou touye Aristide la.Fok ou raple w ki jan Cklement barbot ki te tou pwisan an ayit yon lè te mouri,fok ou raple w ki jan Ti bobo te mouri, Menm lorius maitre ki te tou pwisan apres duvalier yon jou swa yo te fè l wè koulè sanl tande . take it easy .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Thunder Sam 9 Avr 2011 - 1:05

Joel a écrit:Non THUNDER;

Mwen pa sezi,pèp yo enprevizib.
Lan menm ane CHURCHILL te defèt ALMAN yo lan dezyèm gè mondyal ;pèp ANGLE an te vote PATI l lan ,deyò pouvwa a.
Byen ke se pou w onèt ;se pa t PATI FL lan ki te sibi defèt ;paske PREVAL l te ekate l.

Se pou w onèt toujou ,paske ou t ap mande pou kapote PREVAL ;bagay ki tankou yon KREDO pou moun ki panse tankou w yo.
Se pa t chas o sòsyè ,mwen te vle PREVAL fè;mwen te kont dèske gouvènman PREVAL lan se te yon gouvènman neyo-GNBIS li te ye;li pa t diferan ,an pesonèl e an jan li te fonksyone de gouvènman LATÒTI an.

Pou m kontinye sou menm liy CHURCHILL lan ;lan tout AMERIK LATIN lan ;lan de peyi ki menm jan ak nou;pèp yo varye lan chwa yo.

Lan NIKARAGWA ,yo te chwazi ORTEGA ak pati SANDINIS lan,apre sa yo vote pou ""EL GORDO"" ak yon pati DWAT apre sa yo tounen jwenn ORTEGA ankò ak SANDINIS yo.
Sa rive lan SALVADOR,lan GUATEMALA ki gen ansyen GERIYA DE GOCH sou pouvwa a,apre gouvènman dwat.

Mwen pa sezi ditou ,byen ke lan ka AYITI an fò k gen yon ""caveat"",paske neyo-GNBIS ki rele PREVAL lan te pipe zo an;an menm tan tou mwen swete MATELI bòn chans.
Se dènye kat DWAT a layisyèn lan ap jwe ann AYITI;si MATELI echwe ,se ap definitivman la fen dwat sa a ,menm jan sa rive an DOMINIKANI pa egzanp.

Men lè w te konn ap repete ke pèp lan p ap vote pou yon koudetayis, wou pot ko konprann ke pèp se bagay ki enprevizib?

Mwen te di nou sa wi, se pa nou menm ki genyen monopòl pèp lan, men nou pa t vle koute.

Se la demokrasuuuuuu pèp lan vote pou yon Frapis, fòk nou aksepte sa.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Thunder Sam 9 Avr 2011 - 1:08

anvan mwen kite w maten yan map ba w yon ti konsey sou zafè menas wap fè pou touye Aristide la.Fok ou raple w ki jan Cklement barbot ki te tou pwisan an ayit yon lè te mouri,fok ou raple w ki jan Ti bobo te mouri, Menm lorius maitre ki te tou pwisan apres duvalier yon jou swa yo te fè l wè koulè sanl tande . take it easy .

Se wou ki pou di m ki menas ke mwen fè an, mwen jis konnen ke Aristide genyen pou l peye pou tout san ke l bwè nan peyi an, de yon fason oubyen yon lòt.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Joel Sam 9 Avr 2011 - 11:47

Thunder a écrit:[quote="Joel".

Men lè w te konn ap repete ke pèp lan p ap vote pou yon koudetayis, wou pot ko konprann ke pèp se bagay ki enprevizib?

Mwen te di nou sa wi, se pa nou menm ki genyen monopòl pèp lan, men nou pa t vle koute.

Se la demokrasuuuuuu pèp lan vote pou yon Frapis, fòk nou aksepte sa.[/quote]

NON THUNDER;

Pèp lan pa vote pou MATELI antan ke FRAPIS.90% popilasyon ayisyen an pa konnen relasyon MATELI ak mesye FRAP yo.
Anpil ladan yo pa konnen sa mesye FRAP yo te fè ,e se la bagay PRÈS GNBIS lan nou genyen an pa t pèmèt.

Si se te yon kandida otr ke MANIGA li ta ka envoke relasyon MATELI ak FRAP ;men li pa t kapab ,paske MANIGA yo te gen zanno kay òfèv tou.

Prediksyon m ap fè ,sè ke PRÈS lan ap pi lib sou MATELI;ak gen plis bagay ki ka diskite e se sa ki ap pèmèt lantèman DWAT FRAPIS MILITARIS lan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Marc-Henry Sam 9 Avr 2011 - 11:51

Joel a écrit:
Thunder a écrit:[quote="Joel".


NON THUNDER;

Pèp lan pa vote pou MATELI antan ke FRAPIS.90% popilasyon ayisyen an pa konnen relasyon MATELI ak mesye FRAP yo.
Anpil ladan yo pa konnen sa mesye FRAP yo te fè ,e se la bagay PRÈS GNBIS lan nou genyen an pa t pèmèt.

Si se te yon kandida otr ke MANIGA li ta ka envoke relasyon MATELI ak FRAP ;men li pa t kapab ,paske MANIGA yo te gen zanno kay òfèv tou.

Prediksyon m ap fè ,sè ke PRÈS lan ap pi lib sou MATELI;ak gen plis bagay ki ka diskite e se sa ki ap pèmèt lantèman DWAT FRAPIS MILITARIS lan
.[/quote]


Se yo komentè interesan ke Joel fe la
Marc-Henry
Marc-Henry
Administrateur

Masculin
Nombre de messages : 6350
Localisation : Canada
Opinion politique : Démocrate
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 20/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Lobbyiste

https://www.forumhaiti.com

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Rico Lun 11 Avr 2011 - 20:43

Mesye pa cheche lwen bon pèp an majorite depwi rejim kann kale Duvlalier pase Aristide tonbe sou Preval pou ateri sou Martelly se toujou menm denominatè komen yo.

Anafalbetism ignorans, grangou ap bon pèp ki bezwen tande mesaj despwa menm si se fo espwa, boulshit pou leve koken answit.

Mezanmi politisyen tankou Dumelle, Bazin, Manigat ak tout madanm li Mirlande pa ladann. Swiv byen nan istwa nou tout moun sayo pa byen zoutiye nan boulshit pou pran yon pouvwa.

Yo pa gen langaj pèp tankou koken ki konn pase mesaj yo vle tande. Yo toojou twonpe pou pran lari, brandi pè lebren, mande anraje kont koken ki abize yo.

Ayayyyyyyy eske Michel Martelly pral dènye ki dwe livre sa bon pèp pa kap jwenn . Sa gran papaa, papa yo pa jam viv. Antouka kom Maretlly di li anfom mwen espere li konn kouri, li konn kache si li manti tankou tout lè zot.

Antouka mwen chita sou ti chèz ba map swiv, mwen pasyan pou konnen dekiprevyen
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Granmoun Prodige. Empty Re: Granmoun Prodige.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum