Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Funko POP! Jumbo One Piece Kaido Dragon Form : ...
Voir le deal

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

+6
ainsi ne soit-il
Rico
Marc H
dilibon
grandzo di
Le gros roseau
10 participants

Page 2 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Le gros roseau Mer 13 Avr 2011 - 15:54

Rappel du premier message :

Nonm se Rodrigue Antoine Lamadieu,Mwen fet o cap Haitien an 1940.mwen te lekol ka frè o cap kote mwen te fet e te rete jis an 1954.Mwen rantre port-au-prince vinn jwen yon manman ke mwen pat konen byen paske se grann mwen ak gran papam ki te leve m nan Rue 13 E.Port-au-prince mwen te rete nan Rue du Centre. tou pre Rue Joseph janvier Mwen te lekol lysee petion jiskan 1957anvan mwen te rantre nan lame nan Servis transmissyon an 1957.paske mwen pat vle yon fado pou manmanm.mwen rete nan lame jis an 1964 jou mwen te voye let demisyon m nan lame se Kolonel Kesner Blain ki te relem katye jeneral poum di pouki sa mwen pa vle rete nan lame ankò.Mwen dil ke mwen pa santi mwen byen psykolojikman apre yon evenman mwen te wè li dim eske mwen beswen swen doktè mwen dil ke doktè pap ka fè anyen pou mwen.Lem te nan lame mwen te pase Hinche, grande riviere du nord, Port-au-prince, Jacmel, jeremie, Anse d'hainault,mwen te vinn etidye o Zeta Zuni an 1962 mwen retouunen an ayiti apre sa mwen te port-au-prince e nan banann sou frontyè pandan kek mwa

apre mwen kite lame mwen te al travay nan Snem de 1966 jiska 1968 mwen te Cayes jakmel nan debi 1966 la Gonav, mwen te pase mirebalais, savanette anvan mwen imigre o Zeta Zuni.Mwen te kon travay nan industrial Accoustik konpany nan bronx anvan mwen te rantre nan Con Edison an 1970 mwen pran retret mwen an 2001.depi lè saa mwen te kon viv nan kay mwen nan mòn Pocono e mwen te konn pase 6 mwa nan kay mwen nan deerfield beach. jis mwen vinn bati yon lot kay kote mwen rete jodya .Si genyen moun ki konnen ke mwen te konn fè krim ou byen mwen te konn volè an ayiti ou byen fè nenpot ki vagabondaj mwen ba yo dwa lib pou yo mete sa sou internet la.si yon mou di yon mansonj sou mwen mwen reserve dwa poum relel la jistis kelke ke swa an ayiti ou byen o Zeta Zuni poul pwouve sa li di ya.


Dernière édition par Le gros roseau le Mer 13 Avr 2011 - 19:49, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas


Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Jeu 14 Avr 2011 - 13:28


Apali papa !

Sak tegantan gin la a jan prezidan -eli di pep la te kon di! Nou pa pe !Nou pap janm pe !Atoa !Nou pa pwan lan bloff !Nou pap kouri .Ayiti se peyi nou ke li ye .

Antouka nou we ke tout neg ki solid sou forum nan pa pe bay kourikoulom vitae yo !Nou pa gin anyen pou nou kache !Nou pa temwin asasina e nou pa tann le nou reive isitt pou pwan poz neg ki brav nou .

GNB a nou fett ak li mezanmi .Se kado ti jezi bay gasson .Sepa pou neg kap pote pantalon serre pou bel twal .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Rico Jeu 14 Avr 2011 - 14:13

Maximo a écrit:Mwen menm mwen rele Gérad Petit-Frère, mwen fèt Wanament le 12 Sept 1959, paran mwen te al travay Potoprens depi mwen te ti katkat, e yo te ale avè’m. Mwen fè etid primè’m e segondè’m Enstitisyon St. Louis de Gonzague, answit mwen te al nan kolèj o USA kote mwen te pwan on bachelor an Biznis Administrasyon, answit mwen retounen lakay mwen e mwen komanse travay nan sektè prive, e mwen rete nan sektè prive ya jiska no jou. Mwen pa janm travay pou anken gouvenman ayisyen ni pou lame Dayiti, mwen pa janm antre nan ankenn pati politik, e mwen toujou ap goumen pou eleve nivo ekonomik e sosyal ayisyen. Sèl pati politik mwen genyen se AYITI. Nenpot ki nèg ki ap vini pote akizasyon kont mwen, mwen rezève dwa’m pou mwen rele yo nan nenpot tribinal, lokal ou entènasyonal.

Maximo wou pa vreman onet, dapre bon jan enfomasyon se manm DIREKTWA REPONS PEYIZAN. SE YON KÈKSYON DE JOU POU ANBAKE KOM FONKSYONÈ POUVWA KINAN W MARTELLY.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  dilibon Jeu 14 Avr 2011 - 14:19

Gade jan mwen te bliye Rico mwen se manm direktwa tout boujwa ak entelektyel yo ki pwal pwan pouvwa ekonomik la tou! Nap rete lwen politik la pou nou rantre nan politik anba ti kay kote toro bef la al kashe!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Rico Jeu 14 Avr 2011 - 14:21

zouke a écrit:MWEN MEN'M MWEN RELE LOUIS JEAN BOJE MWEN FET LAN ANE 1993 TI GWAV TOUT VIE MWEN AP KONSAKRE LAN VEYE DIKTATE AK FANATIK DIKTATE POU AYITI KA CHANJE.
SA MWEN DI LA MAXIMO AK DEZA DILI KA APROUVE LI.
NENPOT KI NEG KI DI YUN BAGAY MAL SOU MWEN MWEN REZEVE DWAM' POUM RELE YO EN JUSTIS LAN NINPOT KI PAYI E SI LA JUSTIS PA BAM' JUSTIS MWEN RESEVE DWA MWEN FE JUSTIS MWEN MEN'M.
EL ZOUKE
NB MWEN PAT JAM'TRAVAY LAN LAME NI TE KON PWAN KOB LAN MAIN PREZIDAN NI GWO CHEF...


Zouke dapre bonn sous se yon ti kapon , dyolerrrr anpil, fanatik Sweet Micky 100% jilbrèt.


Dernière édition par Rico le Jeu 14 Avr 2011 - 14:22, édité 1 fois
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Le gros roseau Jeu 14 Avr 2011 - 14:21

se pa nou tout ki bay non nou .sak fè genyen ki pè bay non yo.Mwen te konnen nou se pitit makout wi ,nanpren mal nan sa .pitit pa ka peye pou sa manman ou papa fè, epi tou mwen pa di tout VSN se sanginè tankou clement barbot, Aderbal lherisson,Ti bobo , boss peintre e latriye .mwen rekonet yon moun te genyen dwa Duvalierist tankou mwen rekonet ke yon moun genyen dwa lavalasyen sil te we se Aristide ki tap defann enterè li.se nou ki konprann nou ka kraponen moun pou yo pa di sak te pase devan je yo.Kye mal fini travay mwen tap fè, map tounen poum kon tionye pale ak nou yo te ofrim monsèyè mwen pat pran job la se pa pè mwen ta pran.

se pa se yon paket neg an deyò di ap pran poz ti rouj boujwa sou mwen la. mesye tande non si koulyè ya rap sè vi ak papye ijenik ba moun tet yo tande ak kestyon "ti pep" nou an. Mwen se nan mitan vil o cap wi mwen soti.Talon kikit pa a la maode ankò. ba moun repo e trankilite yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Jeu 14 Avr 2011 - 14:22

RICO MAP PERMET MWEN REPON POU MAXIMO SI GINYEN YUN MOUN LAN EKIP SA KI PI PWE MARTELLY C TA BYEN MWEN A KOZ DE BON BON JAN ZANMI MWEN KI A KOTE MARTELLY NI MAXIMO NI DEZA NI DILIBON PA GINYEN NI DE PRE NI DE LOIN POU WE AK MARTELLY PA PALE SA OU PA KONNIN.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Jeu 14 Avr 2011 - 14:22

POU GRENN LAN BOUDA C YUN RENDEZ VOU POU TA PWAN AVEK MWEN POU WE SA MWEN PEZE MINME JAN LE LAVALAS TE VOYE TOUYE MWEN AK MADAM' MWEN WA MANDE MOUN KI TE BA WOU ENFÒMASYON KONBYEN KI TE RETOUNIN VIVAN LA KAY YO.
LE OU VLE AK ZAM OU VLE.

MWEN KA DYOLE MIN MWEN VO DYOL MWEN.


Dernière édition par zouke le Jeu 14 Avr 2011 - 14:30, édité 2 fois

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Maximo Jeu 14 Avr 2011 - 14:27

Rico, moun lakay mwen, ou konen ke mwen pap kite'w dèyè, ou se on moun mwen apresye anpil menm si nou pa wè bagay yo menm jan, mwen pa bezwen djob nan gouvenman men mwen ka fè'w jwen on bon djob ke wap renmen anpil, Direktè bien èt sosyal, bonn vi e mès peyi ya ap nan men'w, e sitou tout bodèl ki sou wout kafou yo pwal sou kontrol ou, lekol lage. lol! lol! lol!
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Rico Jeu 14 Avr 2011 - 14:40

dilibon a écrit:Gade jan mwen te bliye Rico mwen se manm direktwa tout boujwa ak entelektyel yo ki pwal pwan pouvwa ekonomik la tou! Nap rete lwen politik la pou nou rantre nan politik anba ti kay kote toro bef la al kashe!

Mwen se SOLIMON pitit boss Previlon, mwen soti yon kote ki rele nan BANNAN NAN MITAN LAFOSÈT lepok.

Mwen se yon durr ki pa manje anyen ki frèt

Mwen pase lekol di swa Yo flanke m deyo pou endezirab

Apre mwen yo mete m nan Fondasyon Vincent pou aprann ferayè, yo flanke m deyo.

Mwen rantre nan mililisyen, yo flanke m deyo

Mwen rantre nan kamoken yo mete m deyo

Mwen rantre nan komulus , yo mete m deyo

kidonk mwen se yon SENÈRYEN
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Jeu 14 Avr 2011 - 21:54



Zanmi zouke,


W paka ale poukont aoulan batay sa a .Sepousa ke moun gin zanmi .Mwin pap kite temerite fe'm pedi yon bon professeu kreyol ki pwal fe kou avek mwin sou forum nan pou edike les demunis ....Twopp neg ap pale kreyol e yo pa kon pale kreyol .Fok nou korije bagay la pou anpeche abi yap fe lang nou an sou pretekss yo rinmin li .Si kreyol tegin bouch ala di li ta di mezanmi !Bon.

Mwin komanse fatige lan bagay sa a .Sise yon lot OK CRAL ,yon duel ki pou fett pou nou regle koze sa a mwin avek ou .Mwin gin 9 mmm,mwin gin 45,min gin yon "make my day kalib 44,.Mwin gin tech 9,mwin gin yon Uzi byen klere ,mwin gin bonjan katouch 12 e mwin gin lot ti bagay ki fe anpil bwi le lap dechikite moun.


Mwin pare .Nap kanpe doza do .Nap tan bandiyo .Se nou ki reprezante la lwa isitt .

Grenadye a lasso
Saki mouri
zafe ya yo
Grenadye a lasso
Saki mouri
zafe ya yo.

Zouke move
Deza move
saki sou routt yo
Se rale kowyo.

Zouke move
Deza move
Sak pa an afe
Se ale kache
Anba kabann

Mezanmi bagay
Yo redanpil vre
Jwett sa a
Se mo red
Se pwenn fe pa
Depi o pa.

Zouke move
Deza move
Sak an afe
pare kow yo.

Bale Rouze !
.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Le gros roseau Jeu 14 Avr 2011 - 22:25

men kote sa ki te di li genyen dosyem lan se pa li pa mete nonl sou forum lan.mwen te kwè li di se yon kalbass li genyen tanl gen grenn.Tono vid toujou ap fè bwi.

kote moun yo oh

mwen pa wè moun yo

kote moun kap pale moun mal


Wo wo bann devan bien deyè mal oh.

mete non w sou forum menm jan ak mwen.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Maximo Jeu 14 Avr 2011 - 22:38

Le gros roseau a écrit:men kote sa ki te di li genyen dosyem lan se pa li pa mete nonl sou forum lan.mwen te kwè li di se yon kalbass li genyen tanl gen grenn.Tono vid toujou ap fè bwi.

kote moun yo oh

mwen pa wè moun yo

kote moun kap pale moun mal


Wo wo bann devan bien deyè mal oh.

mete non w sou forum menm jan ak mwen.


Rozo,

Ou mete dosye'w pou kont ou sou forum lan, dapre sa'w ekri mwen gen anpil kesyon ki pase nan tèt mwen e anpil dout. Yon nan bagay ki rann mwen pèplex nan sa'w ekri yo, sè ke ou antre nan lame an 1957 e ou kite lame an 1964, 7 lane bout di Fwanswa Duvalye, ane kote plis krim fèt, wap sèvi Fwanswa, se pa de moun ki mouri epok sa, vèp Jeremie yo chante epok sa. Lame voye'w an 1962 al etidye o USA e ou tounen vini kontinye sèvi lame Duvalye ya, se pa ninpot ki moun Duvalye voye etidye pou vini sèvi'l, fok ou byen ankre nan revolisyon an pou li fè sa pou'w. Ou akize tèt ou pou kont ou, ou mete a klè ki sa'w te ye e kouman ou te konn ap sèvi Papa Doc.

Answit ou pale de demisyon nan lame e ke menm doktè pa tap ka fè anyen pou'w telman ke remo tap touye'w, e dapre sa'w di gen bagay ou wè ke ou vini pa ka sipote sa anko. On sèl bagay mwen ka di pou defann ou apre tout akizasyon sa yo ou pote kont tèt ou sè ke ou te vini gen on sèten remo. Alo Rozo kite sa, pa kontinye ap mande pou moun kap pale'w mal yo, ou pale tèt ou mal pou kont ou.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Le gros roseau Jeu 14 Avr 2011 - 22:56

Ou se yon ti mou n ki pankò genyen ase entelijans pou konprann.Banm di w byen lè mwen rantre nan lame an Septembre 1957 DuvALier PAT Kò PRESIDAN.SE KEBREAU KI TE CHEF JUNTE MILITAIRE .mwen siyen yon kontra pou 5 lane.an 1962 lè kontra la te pral fini ke mwen te pral kite lame Missyon naval ke Duvalier te mande pou vinn profesyonnalise lame chwasim pou mwen vinn etidy nan School of engineering ki nan Fort Belvoir nan virginia.Lè kontra te fini mwen te O Zeta Zuni.e depi w genyen bous fok ou bay o mern 2 zan apre bous.ki donke mwen pat ka kite an 1963.Mwen rapote sAM te di kolonel Blain ki fè mwen pa vle rete nan lame.zafè se Duvalier ki te bnam bous la se manti anpil militè nan gad kot nan aviatyon nan kò medikal la te jwen menm bous sa yo.Se komandan servis ki rekomande yon moun epi yo bay yon ekzamen .eske w konnen te genyen anpil militè tankou Hamilton garoute, Paul laraque ,kesner blain ki mouri nan gran priSOn Charles turnier ki mouri nan kasernes desslines kite ofysye lyezon ant missyon naval e eta major tout ofisye sa yo te nan lame a lepok saa ;sa pa vle di ke yo se te Duvalieriste. ,octave cayard ki te komandan gad Kot la.Al li liv ki rele Armees et politiques wa wè konbyen ofisye ki mouri sou rey Duvalier pandan ke yo te nan lame. se pa pase yon moun te nan lame menmsi li te ale a letranje al spesyalise nan yon domenn kelkonk ki fè li se te Duvalierist.Anpil nan enrole Servis transmission ki te jwen bous detid sa yo 99% se te Fiyolist.menm bagay nan gad kot tou.lè NOU PA KONNEN SAK TE PASE TANDE SA MOUN KI TE LA AP DI NOU.dUVALIER TE TOUJOU DI CHAK MOUN GENYEN VALè L ;SE PA MWEN SEL LI TE BAY YON TI LAJAN .TE GENYEN LOT ENRAOLE SERVIS TRANSMISSION KI TE JWEN YON TI LAJAN SWA KI TE PRAL REPARE YON TRANSMETè.vIM SE YON LIV OUVè MWEN PA GENYEN ANYEN POUM KACHE MWEN PA TA BESWEN DI SAM DI YO.mEN KEW PRAN SAM DI YA OU TRAVESTIL SA PAP RETIRE YON PWELYEM SOU MWEN.mWEN PA MOUN KE YO KA DOGMATISE.lèM NAN DIFIKILTE MWEN CHACHE MOYEN POUM TWOUVE SOULTYON AP PWOBLEM MWEN ,AN 1957 LAME SE TE YON SOLUTYON POU MWEN E MWEN PA WONT MWEN TE RANTRE NAN LAME.SA PA VLE DI KE MWEN DWE APWOUVE TOU SA LAME DAYIT Fè AN AYTI.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  ainsi ne soit-il Ven 15 Avr 2011 - 0:24

Dalai-Lama-dieu, pito w chèche yon otè pou ekri biographie w. M'pa t'ap suiv sa k'menen'n jiske la men sanble ke gen nèg ki ret trankil paske yo pa gen kran tankou LGR. Sa se yon gwo defi wi, gen lè advèsè baron Vendredi yo gen anpil skelèt lan plaka yo. Ouais! gen k'ap pase sa lan blag tankou men se divèsyon pou pa bay vrè istwa yo.

Tèt Ayisyen chaje. Yo pa konn ki ès ankor pou yo blame pou grimas eleksyon sa yo. Nèg pran kaban, jiska prezan pou yo se yon move rèv y'ap fè ke Sweet Micky prezidan an Ayiti. Gwo sezisman wi. Anpil koze, anpil move, anpil frustrasyon.

M'ap tande Yvon Neptune ki fè gwo endijestyon. Koulye a se sou Aristid l'ap pwente dwèt li. Jès sa misye poze la, se bagay pou pèson pa jan aksepte'l lan antouraj yo. Sa tèribl anpil wi. Se kom si m'ta di w misye bezwen jwe on rol delatè e sa bay a reflechi si se pa paske li te wè tèt li lan chèz prezidan a itou. Jodi a, n'ap konprand sa Ayisyen peze. Anpil Lavalasyen gen dwa te opoze a retou misye lan peyi a. M'te deja konn sa.

Finalman, eksperyans Aristid se trayizon nèt lan main kolèg li yo. Fanmi Lavalas gen dwa bezwen netwayaj men se de bagay ki regle à l'interne. Alor nèg la deside vire do'l e pi l'ap vin pran poz li pè lan fè yon band deklarasyon. Misye ka pa rand tèt li on bon sèvis. Koulye a, mande dye padon, nenport sa k'ta rive'l, se komsi li deja aranje pou yo di ke Aristid ki lotè.

Poutan misye pat bezwen lan tout detay sa yo. Li te ka di ke li demisyone a kos de enkonpatibilite antr prensip li e on seri de chanjman k'ap pase lan Fanmi Lavalas. Jis bay on eskiz jeneral pou moun ka jis ti ke li gen dwa gen rezon pèsonèl li.

ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Thunder Ven 15 Avr 2011 - 1:19

Le gros roseau a écrit:mete non w anvan ou reponn nan teks saa.

Madanm ak pitit wou anba zèsèl wou nan Etazini. Nou manje 2 fanmi pou mwen deja, nou bezwen fini ak rès yo? Kou pa m yo bò kote m tou, m ap di ki moun ke mwen ye san oken radotaj. Se pou yo sèlman ke mwen po ko fè sa, apre sa mwen genyen pou m di sa ki pa kontan kouri sou mwen. Men helas! Mwen konnen ke dan pouri genyen fòs sou bannann mi, nou pa p ka kouri sou mwen, men n ap ka kouri sou sa ki pa ka defann tèt yo, se mès nou sa menm. Mwen pa Ayiti nan moman saa, mwen pa ka pwoteje yo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Joel Ven 15 Avr 2011 - 7:13

M,,,,

Mwenmenm tou ,mwen di AYIBOBO pou ROZO ,`Nèg drèt,ayisyen konsekan ke mwen vin aprann konnen vityèlman lan echanj n ap fè depi anviwon 8 an sou fowòm yo.

Pou NEPTUNE menm ,gade liy datak sou ARISTIDE yo se mrnm bagay y ap repete depi koudeta a ;tankou li dirije PATI an diktatè,kesyon sou zafè demisyon ou byen kidnaping lan.
Mesye yo pran lan gonm ;yo tèlman fè akizasyon sou ARISTIDE e sa pa mòde ke yo pa konn kisa pou yo fè ankò.
Se yon bagay ekstrawòdinè wi ;mesye yo gen kontwòl total sou PRÈS lan ,atake l maten midi e swa e enfliyans li toujou ret entak.

Tankou w di tou ,anpil mesye sa yo ,gwo potanta LAVALAS yo ,pa t vle ARISTIDE tounen ;si yo te vin prezidan ,yo t ap aji menm jan ak PREVAL .
NEPTUNE te manke prezidan wi ;se pa pou s al te fè ou byen kalite l ;men pèp lan t ap chache yon jan pou l bay koudetayis 2004 yo ,yon repons;menm BAZIN si se pa t pou PREVAL ta ka vin prezidan ,pase li te renye ,dezapwouve koudeta 2004 lan.

Sa pa vle di ke nanpren youn ladan yo ki t ap vle ARISTIDE tounen ;ansyen pè an ""cast a long shadow""

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Thunder Ven 15 Avr 2011 - 8:21

Sispann radote non mezanmi. Se zye nou ki pa ban nou? Oh wi enflyans sanginè an toujou rete entak... kite m ri.

Se isi an ke moun kontinye ap bay tout chen kanson toujou. Pèp lan bliye atoufè konsa kou premye kazak. ...Oh Wi! fòk yon moun te dezapwouve "koudeta" pou yo vini prezdan. Yo ap kontinye reve malgre ke yo wè nan figi yo la yon GNBis monte ak 68% pandan ke ansyen premye minis rejim kraze zo lavalas lan te fè 0%, Kontab ki t ap regle lajan sal pa asiste tiraj... Men yo kontinye ap chante Ozanana.

Bay moun tèt yo ak koze Aristide saa non, nonm lan deja nan poubèl listwa. Li rete sèlman pou l jwenn "jistis divine" nan tou menm jan ak Tibobo.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  ainsi ne soit-il Ven 15 Avr 2011 - 8:28

Antouka, li gen supó anpil bon moun. Jodi a se les Maxine Waters, les Danny Glover, Sid -Afriken yo ak lót vrè zanmi k'ap defand diyite Ayiti kom yon pèpl ki merite viv souvren. Kot yon seri de ansyen gwo potanta Lavalas al kanpe. Mwen toujou di ke chak moun fèt ak etwal li. Jiska presan jiska prèv di kontrè, gen dlo k'ap lave JBA.

M'ap tande tout komantè sou retou Aristid. Gen nèg k'ap di ke misye gen 9 vi tankou chat si l'ka retounen an Ayiti. Lan pwen refleksyon fè sang'm kouri konsa. Komsi nèg sa yo te deja ''write him off", komsi se te normal pou volè ta kenbe misye lan ekzil. Sa ki enportan sè ke sa sèvi Ayisyen leson pou pa kite malveyan jwe lan mind yo lè y'ap defand la verite.

M'ap gade yo lan sit la k'ap mache bra bese, men JBA li menm pa moli.

As you say, ti pè a ''cast a long shadow." Sa bay degoutans pou se konsa nèg ap sabote prop travay yo. Pou mwen se pa JBA ki diktatè se tout nèg sa yo k'ap montre de jou an jou ke yon pa bon leader.

Mezanmi, prepare'n. Le déroulement du prochain quinquennat promet.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Joel Ven 15 Avr 2011 - 9:03

THUNDER;

Mwen kwè w te di ke l pa p tounen ;ke l paka tounen ,paske ETAZINI ak LA FRANS te opoze retou li.
SA K PASE MENM .
Peyi sa yo te opoze retou l vre wi ;men li AYITI.
Pwoblèm lan ;nou paka touye l ;paske si sa ta rive ,pa p gen ase twoup MINISTA ann AYITI pou ta vin wete labapen nou lan di fe.

Zafè de sanginè w lan ;BOBBY DUVAL ,ayè,bay agiman sa a yon kout ponya.
DUVAL di ke sa yo akize ARISTIDE yo pa rive lan pwent zòtèy de sa yo akize DIVALYE yo.
Misye te enplike ke w pa t ka menm mete de mesye sa yo lan menm konvèsasyon e misye di moun ki vle asosye de mesye sa yo;se divèsyon y ap fè.

Tankou m di se byen posib ke anpil bagay sou yon administrasyon MATELI ka pale ;bagay ki pa t ka fèt sou PREVAL.
E lè sa fèt ,ti pap ,pèp yo pa bay chans non.
Lan AJANTIN ak CHILI ,yo mete tout koudetayis anbakòd;sivil e militè.
ANN GADE;tankou MARTIN di l ;jwèt lan fenk kòmanse.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Le gros roseau Ven 15 Avr 2011 - 9:52

Joel

mèsi anpil pou sa w ekri ya.Bon mwen te kwè loraj la te di ke li ap tann Titid tounen poul regle ak li se pa misye di ke li pa ka bay nonl pase li pa an ayiti jodya sa li ap fè a letranje toujou?Kalite ti moun misye di Aristide pile nan pilon ki jan fè papa ak manman ti moun saa pa rele Arisitde la jistis.Ki jan fè gwo organisatyon dwa imen yo pa di yap ede la jistis pou jije Aristide?Se pa nou ki bouche je nou pou nou pa wè la verite non se zot ki genyen Aristide rankinn pase li fè yo pèdi paradi yo.

misye di ke pep la pa ba Aristide fè anyen pou li ,bon poukisa nou pat vle li tounen anvan elektyon an si li pèdi popilarite li?Se pa yon kestyon de fanatism non yon moun fok ou di la verite.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Ven 15 Avr 2011 - 12:19

ZANMI DEZA MESI MWEN KONNIN OU TAP KANPE AVEK MWEN E OU KONNIN TOU MWEN PAP LAGA WOU.

NOU PA BEZOIN OKIPE NEG KAP REVE TOUJOU DE ARISTIDE YO KONPRANN LE ARISTIDE TE TOUNIN PEP LA TA PWAL METE LI SOU DO YO E ENTRE LAN PALÈ AK LI.
YO WE C LE OKONTRE C PIYE YO PIYE TOUT AFE LI YO BALI LIMYE ROUJ LI TELMAN ZEZI LI RETE BEBE DEPI LE SA.
LAVALAS AK DUVALIERISTE C LE PASE RETE REVE TOUJOU APRE 25 ANS SA NOU REMET KONBYEN TAN NOU BEZOIN LA ENKO DIM' NON MA MANDE TET KALE YUN TI ROUE-LIB POU NOU.

LOL LOL

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Ven 15 Avr 2011 - 12:28

C PA MWEN NON KI DI ARISTIDE C VOLE DEALER DRUG C MINIS LA JUSTIS LA KI FE RAPO AVEK PREV E MANDA SOTI SOU ARISTIDE POU FOUKE C MARASA LI KI FE RETIRE MANDA SA WI.
C PA MWEN NON KI DI ARISTIDE C VOLE E DEALER DRUG C LA JUSTIS AMERIKIN KI DI SA APRE DEPOZISYON TOUT DEALER KI TE MON KONPE LI KI FE DEKLARASYON SA YO .




Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Ven 15 Avr 2011 - 12:32

MESIE RETE TANDE POZE SI C BERNARD GOUSSE YO METE LAN UCREF VRE ANPIL NEG PWAL PWAN KOD WI C PA YUN NEG KI LAN TINTIN WI DEPI OU WE LI PWAN DJOB SA SA VLE DI LI BY KONDISYON LI MOUN PA ENTRE LAN TRAVAY LI.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  dilibon Ven 15 Avr 2011 - 12:47

Maximo,

Mwen konnen ou konn Ayiti byen! Menm si ou pa ta konnen Ayiti byen ou ka we sa kap apse jodya epi ou ka fe disgresoyn sou sak te pase en 1957. Depi janvye 1957 moun pat ka pale fo anyen ki mal de Divalye. Pou eleksyon ta komanse e fini Divlaye genyen, Kebro te sipote Divalye nan enskrpsyon lame, nan epok sa'a, yo te konn bay youn dikte, depi ou fe mwens ke 10 fot gramatikal yo pa tap pran w, si ou pat genyen bon jan referans pouvwa ki pwal monte a ou pat genyen chans. Sou Pe Franswa, si ou pat genyen bwa deye banann ou ou jis patka jwenn chans pati, vwa bous detid. Ou sonje istwa eske nom' monte pou w ka jwenn viza soti. Men nan menm epok sa'a papa Preval te ap travay nan palais national, fanmi li te proteje, bous tap distribye.

Gwo prela legliz la te sipote Divalye se sak fe ti pe nwa tankou Pe Betrav ak Aristid te ka ale etidye lotbo dlo. Menm si apre bous detid Ozetazini fok youn nonm tounen, youn vre revolisyone ki apt dako ak Divalye, kite temwen makout kap vinn pwan lenmi gran lanwit pat dwe tounen!Te dwe pwan chimen lekzil ke tounen nan bwat DIvalye ke yap male mal jodya. Men zanmi an te tounen al bay konpetans.

Ou ka pa sonje epok sa'a se epok depi genyen transmisyon ke ou te konekte, pale, asosye, ou menm konnen nepot kamoken, Luc Deisr yo te te konn rache zong ak pens ak piwa, men transmisyon te kontinye, zak tap fet. Men genyen moun ki pense le yo di men koulev, le yo di koulev la venime e li vle mode dok la, ke yo ap fe anyen paske se ap yo kite retire zong ak pens. Men teorisyen, sipote anba chal yo pired pase totyone yo... Genyen temwen ki eskape ki vivan toujou ki sonje totyone yo! Genyen viktim ki nan anpil kote nan peyi a ki ap tann youn seri de totyone tounen pou pote plent pou yo pou krim kont limanite!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Invité Ven 15 Avr 2011 - 13:11

DILI MISIE EXPLIKE TOUT BAGAY SA YO DEJA E LI PAT WONT ESKPLIKE TOUT BAGAY SA YO LI PENSE C AK YUN PAKET RADOTE LAVALAS PAREY LI KI TAP KOUTE LI FE FANFARON.
MISIE DI LI TE GINYEN DOKIMAN LAN MIN LI KI TE BY LOD TOUYE TOUT MULAT JEREMI.
MISIE DI LI TE LA AP ASISTE YO TOUYE YUN PAKET JENN GASON LAN MAPOU .MISIE DI PAPA DOC PESONELMAN BALI KOB KOM' AVANS POU BON TRAVAY LI FE.
KI MOUN MESIE KI MOUN SOU PAPA DOC MWEN KONNIN A KI TA KA LAN TOUT SAUCE SA YO MINME GWO DUVALIERISTE PATANTE PAT LAN SEKRE DE DYE SA YO.

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li - Page 2 Empty Re: Mwen ta renmen tout moun ki konnen sam te fè mal an ayiti pou yo dii li

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 4 Précédent  1, 2, 3, 4  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum