Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Disque dur SSD CRUCIAL P3 1 To (3D NAND NVMe PCIe M.2)
Voir le deal
65.91 €

Deporté Ayisyen Oblijé assisté Enteman Pitit li Nan Televizyon.

2 participants

Aller en bas

Deporté Ayisyen Oblijé assisté Enteman Pitit li Nan Televizyon. Empty Deporté Ayisyen Oblijé assisté Enteman Pitit li Nan Televizyon.

Message  revelation Dim 17 Avr 2011 - 11:18

Deporté Ayisyen Oblijé assisté Enteman Pitit li Nan Televizyon. Liberty_city__7

Deporté Ayisyen Oblijé assisté Enteman Pitit li Nan Televizyon. Newburgh4-1

Deporté Ayisyen oblijé assisté enteman pitit li nan Televizyon.

Sa fe nou mal anpil le nou li istwa saa. Nou sonje 7 Ayisyen nan Miami ke yo te rele " The Liberty 7" ke yo te akize kom mamb Al Qaeda ki te vle exploze Sears Tower nan Chicago e lot building Leta nan Miami.

Lyglenson “Levi’’ Lemorin yon nan terorist akize sa yo ki rentre OzetaZini a laj de 12 zan, e 24 tran apre Leta Ameriken retounen’l an Ayiti kom depote le 20 Janvye ki sot passe la avek 26 lot Depote.

Piti gason’l ke machin frappe le 1 Avril ki sot passe la sou wont I-95 nan Miami, Floride pandan ke li memm ak zanmi’l tat pouse auto yo ki te pran pann sou wont la. Lil Luke’’ Lemorin mouri e papa'l yon Deporte te oblije assiste enterman pitit li nan televizyon paske immigration pat pemet li rantre OzetaZini.

Gen anpil moun kap kestyone e mande ki jan fe ke yon ti Ayisyen ki rentre nan peyi blan a laj de 12 zan e jiska laj 36 zan li pa jamb vini sitwayen Ameriken ?? Ka sa yo existe o Kanada tou.
Pafwa li pran anpil tan pou paran malere e ki pa gen bon travay pou peye avoka imigrasyon pou yo regle papye imigrasyon yo e se memm sitiwasyon yo tou pou timoun yo tou kap grandi nan peyi blan.

Akoz the sityasyon sosyal e ekonomik yo anpil nan timoun sa yo kap vinn nan move vwazinaj ou byen ghetto, project vini de ti delinkan, ti volo e kriminel e avan memm ke yo vini gen 18 a 20 tan dosye Lapolis yo vini anpil e le yo ta vle vini sitwayen Ameriken ou byen Kanadyen, lwa peyi sa yo pa pemet kriminel vin sitwayen peyi sa yo.

Gen anpil neg kap mande pou kisa ke Wyclef Jean ki grandi nan project pa jamb vinn sitwayen Ameriken?
Se pa paske li te panse yon jou li ta vle vinn prezidan peyi Dayiti, petet ke li gen dosye kriminel ke nou pa konnen.
Gen anpil neg kap mache di ke yo pa jamb renonse ni chanje sitwayennte yo se pa paske yo renmen Ayiti konsa, men petet dosye kriminel yo nan peyi blan enpeche yo vini sitwayen etranje. Se pa Ayisyen selman men anpil lot peyi to.

Avek lwa Deporte sa ki passe apre 911 nan anpil imigrant kriminel oblije retounnen nan peyi origin yo kote ke yo pran nessans memm si ke yo te kite peyi sa le yo tibébé.

Se yon trajedi sa e kominote Ayisyenn yo Kanada ou OzetaZini fet pou pran responsabilite yo en main pou enpeche jeness nou yo vini kriminel.

Anpil nan nou te alez nan peyi Dayiti e nou te kite peyi a akoz rezon politik Duvalier yo e sitou nou te vle kontinye etid nou nan peyi blan.
Se yon wont pou nou Ayisyen kap vinn byen e konfotab nan peyi blan pou nou pa voye yon kout je sou sitiyazyon lot fre ak se nou yo jodia.

Gen anpil neg ki prefere fe politik ak sitiyasyon Depoté sa yo e kontinye lonje dwet sou gouvenman Lavalas/LESPWA/UNITE ke yo akize ke pep la ki byen ke yo gen libete politik ke nou pat gennyen sou Duvalier ap kouri kite peyi a akoz sitiyasyon ekonomik e mize e neglijans gouvenman sa yo.

De jou an jou bagay yo ap vinn pi grav e nou pakab chita ap voye lajan e fe zev de charité a pep nou.
Blan fe la charite a Ayiti, nou memm se yon devwa pou nou édé peyi nou.
Donk chaj la pi lou sou do nou anko.
http://www.miamiherald.com/2011/04/16/2171201_p2/virtual-hookup-connects-grieving.html
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Deporté Ayisyen Oblijé assisté Enteman Pitit li Nan Televizyon. Empty Re: Deporté Ayisyen Oblijé assisté Enteman Pitit li Nan Televizyon.

Message  ed428 Lun 18 Avr 2011 - 11:37

Se regretab anpil pou fanmi sa a. Anmenmtan tou nou swete fre ak se nou yo ki lan dyaspora a pou yo fe respe yo ak lwa peyi kote ya p viv la. Ke nou fe nou mal men......

ed428
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 359
Localisation : USA
Loisirs : Reading
Date d'inscription : 30/01/2008

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum