Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -17%
Casque de réalité virtuelle Meta Quest 2 ...
Voir le deal
249.99 €

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

+5
Maximo
drno
Thunder
Le gros roseau
revelation
9 participants

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  revelation Mar 26 Avr 2011 - 21:32

Rappel du premier message :

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Michel-Martelly-1-400x324

Martelly: Mande Tax sou cellphone ak money transfer pou konstwi lekol an Ayiti.
Prezidan Martelly di ke lap fe apel ak Diaspora Ayisyen pou ede’l avek konstriksyon peyi a.
Li di ke lap oblije mete 5 kob par minit sou chak apel telefon kap antre nan peyi Dayiti 10kob per dolla kap antre nan peyi a.Li vle tou mete tax sou bolette ak lottery nasyonal etc..Li pra'l voye lwa sa yo devan la chamb tre byento.

Tout sa se bel pawol mete la si li pa di nou ki jan li pral fe pou Digicel, Voila, ak Haitel ranmase lajan sayo pou li. Fok konpani etranje yo tou Sprint, TMobile, AT&T e lot konpany telefon yo ki pou verifye apel yo e rasanble doné lajan sa pou konstriksyon lekol yo.

Nou pakab mete chat veye lait! Desizyon di mande kontrol di!!

Experyans montre ke anpil gouvenman ki passé deja, se nan telefonn yo fe lajan fasil.
Answit se possib ke Martelly gen investisman nan “No Pin” e lot konpany telefonn. Fok li devwalé e mete sou tab intere’l personel li nan bizniss sayo.

Transparans mande ke nan bainyen toutouni pa gen kaché lonbril.

http://www.washingtonpost.com/world/haitis_president_elect_proposes_new_taxes_on_cellphone_calls_money_transfers_to_fund_schools/2011/04/26/AFLJrZsE_story.html?wprss=rss_world
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas


Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  dilibon Mer 27 Avr 2011 - 16:42

Maximo ekri:
"fok nou sispann koronp anplwaye leta yo ou fè yo sispann koronp nou, men sa pa ka kontinye konsa pou se nan poch anplwaye leta kob taks yo pwale.
Si wap gade salè ou anplwaye leta ak tren de vi'l, wa wè ke lap viv a on nivo bokou pli eleve ke salè li, sa pa di pèsòn anyen, nèg la alèz kou blèz, pèsòn pa kesyone richès li."

Nou pap ouve pot ki deja ouve, mwen pa genyen okenn pwoblem ak sa ou ekri anle a, sle sa mwen ta renmen di le genyen koripsyon se pa anploye selman ki kowonpi neg ki vinn ofri li a an defo tou. Epi mwen toujou di nan konstriksyon kay fok ta genyen kominote kote anploye leta ta ka achte kay a pri preferansyel, akse nan magazen spesyal leta, ak tout fom ki ka desann pri lavi li. Wi peye moun yo byen selon to enflasyon ak konpetans li, mete bon jan griy ak sipevisyon koripsyon. Mwen dako ak ou net al kole!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mer 27 Avr 2011 - 16:58

Bon sak pase maximo met w dilibon pale de taks sou chif dafè se yon taks regresif epi se sou mwen ou voye kritik la.Mwen ta renmen li eksplike ki jan sale taxe la se yon taks regresif.Li se yon taks regresidf nan Florida. ki pa genyen income taks?

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  revelation Mer 27 Avr 2011 - 18:26

Maximo di: Gen on pakèt travay ki pou fèt pou mete transparans nan tout sa kap fèt nan peyi ya. Pou mete tout moun an konfyans, men fok nou kolabore, fok se pa pale anpil mete la, men fok nou mete men a la pat, e kote nou wè bagay yo pa bon rele anmwey pou yo chanje.
Mwen renmen tout bel mo sa yo! Mwen te gen yon zanmi'm papa'l te chef bossmason nan kontriksyon Airoport MaizGate sou PapaDoc.
Pandan 5 an konstriksyon saa avek emplyoye Leta e materyo Leta, misye bati 3 kay. yon pouli, yon pou metress li e yon pou'l mete nan lwaye e fe guesthouse.

Si yon simp bossmason kap fe sa, a le vwa mesye enginye, noter, mezon materyo de konstriksyon, forman, gadyen depot yo komptab, kap kontrole lajan kap fe 6 tounnen 9 etc..

Kote gen lajan gen koripsyon e fok gen 2 ou 3 moun pou koripsyon an fet.
Depi indepandans, Kilti peyi Dayiti repoze e bati sou yon form de koripsyon.
Grate dô'm, m'ap grate dô pa w!!
Dessalines vinn Emperer, answit se tou pa Petion, Christophe, Boyer, Guerrier e tout lot hero indepandan nou yo. Se apre plis ke 100 tan ke civil ap vinn pran pouvwa komm chef Leta nan peyi sa.

$11 Billion Dolla gen asse lajan laa pou plizye generasyon jwen!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mer 27 Avr 2011 - 22:13

Genyen yon bagay ke dilibon di ki enpotan mwen pa refize peye taks non sim rele ayiti ou byen sim voye yon ti kob an ayiti men fok se pa nan poch politisyen li ale.Gouvenman koute two chè.Twop kontwolè pou ti mache ya.Zafè met kay pa peye taks saa se yon dezod.eske yon moun ka genyen kay o Zeta Zuni pou pa peye lete taks ou dwe.chak kay dwe peye taks pa rapò a gwosè kay la. e ki jan de kay li ye.Nanpren tolerans menm nan bagay saa.sitou pou moun ki ka peye yo. epi tè leta yo tou fok yo takse moun ki ap jwi yo tou.Chak karo tè nan peyi ya dwe resanse pou met tè ya peye taks sou li.si w pa ka peye taks la se pou leta vann tè sa yo a la kriye pibilik pou moun ki beswen tè nan peyi ya ka achte yo.Mwen beswen yon 20 karo achte nan zonn Nò a.

men se pa taks selman pou gouvenman vle ke dyaspora peye ;lè yap likide byen leta tankou teleco fok yo pemet dyaspora bid pou yo tou.menm jan o zeta zuni genyen T-bill genyern saving s bon fok gouvenman mete bon sa yo nan dyaspora pou moun ki genyen moyen ka achte yo.Fok mwen ta ka achte bon rekonstriktyon natyonal direktemnan de bank santral nan peyi ya emnm jan mwen ka achte bon nepot minisipalite direkteman de Lehmann brothers.epi tou fok Ucref la ka odite DGI e la dwann tou pou konnen kote tout lajan taks sa yo pase. eske se nan tresò piblik la li ale.Fok yo pemet moun peye ak personel chek pou kote yo peye yo ba yo resi.Fok yo mete bion jan oditè kontab nan UCREF la, se pa kreye yon paket birokrati epi ou pa ba yo moyen pou yo ranpli funktyon w di ou kreye yo pou yo ranpli.Mwen tande martelly ap pale de lame sa ke ayiti beswen vre koulyè ya se yon organism tankou FBI ki pa depann de la polis la ki pou envestige koriptyon ki genyen nan peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Thunder Mer 27 Avr 2011 - 23:50

Pa genyen moun ki di pou taks yo ale nan pòch politisyen malonèt. E si se ta sa ke Martelly genyen kòm plan, mwen se premye moun ki pral denonse l sou plas piblik. E mwen te di nou tou ke takse dyaspora ap mache ak tout dwa ki revyen a yo.

Asyèt fiskal lan pa dwe selektiv, se pou l pase men pran tout Ayisyen. Okipe fanmi ak peye leta taks se 2 bagay diferan malgre ke moun ka di ke ede fanmi se ede Ayiti, men fondamantalman yo diferan.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Mer 27 Avr 2011 - 23:59

Men mezanmi wo nonm saa mwen pap ka janm dakò ak li .ki donk lè mwen te genyen yon piti fi an ayiti e ke mwen te kon voye kob pouli chak mwa kote li te peye lekol prive san li pat beswen ale nan lekol piblik ,kote tou sa li te konn achte ak pouvwa dacha ke lajan sa te ba li leta te fè l peye taks sa pat ede peyi ya?

ki moun ki di se yon sel kategori moun ki pou peye taks la?Mwen di mwen pap peye taks nan oken peyi sim pa genyen menm dwa ak tout moun.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Thunder Jeu 28 Avr 2011 - 0:10

Mwen pa di ke l pa ede peyi nan yon sans non, gade sa mwen te ekri: "Okipe fanmi ak peye leta taks se 2 bagay diferan malgre ke moun ka di ke ede fanmi se ede Ayiti, men fondamantalman yo diferan".

Si se konsa vre jan ke w di an, se pou moun nan peyi an pa peye taks nonpli depi ke yo okipe fanmi yo?

Kote nou jwenn ak jan de lojik sa yo menm? Alò depi tout moun peye lekòl prive pou pitit yo, peyi an pral develope? Ki peyi ke nou panse Ayiti ye menm la?

Yon peyi kote ke tout bagay se enpòte ke yo enpòte sa, men Roseau li menm ap pale de pouvwa dacha? Oh! ...Mwen manke bliye, wou genyen rezon, leta te jwenn taks li nan tarif dwanye ke li te chaje enpòtatè yo. Problèm nan rezoud dapre Roseau...

Wi mesye!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Jeu 28 Avr 2011 - 0:18

Pa vinn pase sa nan rizib.si lè yon moun malad li genyen yon paran ki ka voye yon ti kob poul ale ka doktè epi poul ka achte medikaman eske sa se pa yon chaj ki soto sou do gouvenman an?ki jan pou fè di ke sa pa ede peyi ya?Lè yon ayisyen nan dyaspora al pase vakans nan otel an ayiti sa pa ede peyi ya?Genyen bankye ayisyen ki te di ke valè goud la pwoportyonel ak kantite lajan ke dyaspora voye an ayiti. wi.yo di ke goud la ta ka pi devalye si se pa lajan ke dyaspora voye an ayiti.sa se pa voye monte map fè non.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Thunder Jeu 28 Avr 2011 - 0:30

Mwen p ap pase anyen nan rizib, se lojik wou an ki rizib nan li menm.

Definitivman, wou pa konprann kreyòl paske mwen panse ke mwen ekri yon kreyòl ki ase konpreyansib pou tout moun te ka konprann.

Mwen pa di ke l pa ede peyi an, men mwen di ke li diferan de ranpli devwa antan ke sitwayen. Kote sa ke Roseau pa ka konprann laa mezanmi?

Tout moun, tout nasyonalite kapab vinn fè touris nan peyi an, men li rete sèlman a yon Ayisyen pou ranpli devwa sivik li kòmsadwa.

M ap fè yon desen pou wou: VOYE LAJAN AN AYITI POU OKIPE FANMI NOU, EDE PEYI AN NAN YON SANS, MEN SA PA SIFI.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  ainsi ne soit-il Jeu 28 Avr 2011 - 0:34

alex jacques a écrit:This is just the begining!

Konpayi telefon yo t'ap voye 'robocall' gratis pou Martelly; Martelly mande nou nan dyaspora-a pou peye pou kanpay prezidansyel li-an.

Se nou nan Diaspora, ki ap touye ve nan vant pi fo ayisyen an Ayiti. Kob diaspora se you "inflow' direk ki al nan poch moun ki pi bezwen-l: Fanmi nou ki nan chomaj an Ayiti, paske tout lajan leta-a al nan poch politisyen!

Politisyen finn mete peyi a a zero, koulye a yo vle mete Diaspora-a a zero tou.

Yo gen lè voye on eskro tèt kale vin kale tèt moun. W se youn lan eksepsyon neg ki p'ap domi lan sit sa a...

Prezidan Mickey te byen di: ''le problème d'Ayiti, ce n'est pas (de) l'argent''. Ainsi, sa nouvelle taxe mesquine sur les transferts d'argent par les travailleurs Ayitiens à l'étranger va régler ses problèmes. Hum!

Mwen seye suiv diskisyon a. Li enteresan pou nèg ap diskite de taksasyon amwenske lobbyiste gwo tèt la trouve ke sa pa antre lan konpreyansyon'l de sa ki rele polilitik lan sit bon dye'l la. (lol)

Cela dit, j'ai réfléchi un peu sur la proposition de l'ex-musicien. Pour moi, cette idée retenue par Mickey est sortie tout droit de la calebasse de Baby Doc.

Oups! dènyèman, nou t'ap di ke se lajan Ayisyen tout kote ki pou ta rebati palais national la si vrèman li gen yon valè senbolik pase sa. W kwè se ta sa ki met entansyon lan zorèy nèg yo? (lol)

Gen lè gen yon gwo valv ki definitivman fèmen. Vanpi yo byen ekipe pou detekte kote k'gen sang. Y'ap seye enpresyone itou, y'ap chèche konfyans blan a...

Cette taxe, c'est du vol! (lol)


Dernière édition par martine la tourmente le Jeu 28 Avr 2011 - 0:44, édité 1 fois
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Jeu 28 Avr 2011 - 0:39

devwa yon sitoyen se pran swen fanmi li tou.si chak ayisyen te ka pran swen pitit yo nou pa ta ka genyen tout ti moun wap rele kokorat yo nan la ri ya.mwen diw ankò mwen pap peye taks oken kote mwen pa genyen menm dwa ak tout moun.Si wap fè yon anket wap wè ke 3 milyon ayisien ki nan dyaspora fè plis lajan rantre nan peyi ya ke tout lot kantite moun ki nan peyi ya. alò yo pa fè ase toujou.Dyaspora se yon welfare system li ya an ayiti.depi nan fen ane 60 yo genyen anpil moun an ayiti si se pat dyaspora se chen ki ta tranpe kasava ba yo.se pousa lè ayisyen engra ap pale dyaspora mal yo te dwe sonje sa ki te konn retire yo nan grangou kloroks la.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Thunder Jeu 28 Avr 2011 - 0:58

Byensi ke okipe fanmi fè pati de devwa sitwayen, men sa pa rete la. Sa ke w bliye, se ke se pa tout moun ki ka okipe fanmi yo, e se ka majorite Ayisyen. Alò kisa pou nou fè ak moun sa yo yo menm?

Mwen pa di pou w pa genyen dwa menm jan ak tout moun, konstitsyon an genyen pou l amande e tout Ayisyen lokal kou dyaspora ap genyen menm dwa.

An nou fè yon ti kanpe, paske mwen wè ke n ap vire anrwon. M ap eseye abòde problèm nan sou yon lòt ang. Bliye dyaspora a pou yon moman, eske w panse ke si tout moun an Ayiti, sa ki kapab yo, ta senpleman okipe fanmi yo, yo pa ta oblije peye taks? Di pou kisa.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Invité Jeu 28 Avr 2011 - 7:21



Zanmi Thunder,

Fe atansyon! Depi w di "kob" lanmou diaspora pou Ayiti a pedi chaleu li .Pawol anpil wi .Fe ti choy ?Mwin vle fe min...si ke ...eske ..pqatati ..patata Sa fe'm sonje yon mon per katolik ki te mande'm poukisa aysyen vinn la mess yo jwi de tout saki la a min depi yo mande yo kontryibye peson pap bay sink kob .

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Jeu 28 Avr 2011 - 7:54

Se manti lè Presidan Estime te beswqen peye la frans kob yo di nou te dwe yo chak ti moun lekol te konn pote 10 kob sa yo genyen.Si jodya ayisyen pa vle bay kob ankò se volè dwet long ki la koz sa.O lye ou ap kritike se ankouraje pou te dwe ankouraje yo pou montre yo ke se pa tout ayisyen ki genyen dwet long se lajan selman ki bon dye pou yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Thunder Jeu 28 Avr 2011 - 7:58

deza a écrit:

Zanmi Thunder,

Fe atansyon! Depi w di "kob" lanmou diaspora pou Ayiti a pedi chaleu li .Pawol anpil wi .Fe ti choy ?Mwin vle fe min...si ke ...eske ..pqatati ..patata Sa fe'm sonje yon mon per katolik ki te mande'm poukisa aysyen vinn la mess yo jwi de tout saki la a min depi yo mande yo kontryibye peson pap bay sink kob .

Zanmi Deza,

Se pa manti, tout "lanmou" ke w tande ti nèg genyen pou peyi saa se nan dyòl sèlman. Lè li lè pou yo pote kontribisyon yo, yo pran nan lagratèl (lol).
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Thunder Jeu 28 Avr 2011 - 8:01

Le gros roseau a écrit:Se manti lè Presidan Estime te beswqen peye la frans kob yo di nou te dwe yo chak ti moun lekol te konn pote 10 kob sa yo genyen.Si jodya ayisyen pa vle bay kob ankò se volè dwet long ki la koz sa.O lye ou ap kritike se ankouraje pou te dwe ankouraje yo pou montre yo ke se pa tout ayisyen ki genyen dwet long se lajan selman ki bon dye pou yo.

Men lòt moun ki an Ayiti ki petèt panse konsa se "tilolit" ke w rele yo pa vre? Alò se nan zye pa w ke piman an pike sèlman?
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Le gros roseau Jeu 28 Avr 2011 - 8:27

Yon moun dwe mande pou mare tout volè a kravat nan peyi ya men sa pa dwe ba w dwa pou pa peye taks ou dwe leta. ni pou koromp anploye DGI ki vinn fè odit nan biznis w.Si w fè sa ou dwe pran prison pou sa.Se la ke mwen pa renmen diskite ak w ,se pa jodya map ekri sa marc bazin ekri anvan li mouri kote li di 75% kay ak tè an ayiti pa anrejistre nan kadas leta;se pa joidya map montre ki jan o Zeta zuni menm yo moso tè ou genyen ki pa bati ou peye leta taks pou li.ki jan pou ta fè di ke se ti lolit yo selman ke mwen blame?nanpren ki ka mande pou yon chomè peye taks ni pou moun ki ap viv ka mwen ke 2 dola pa jou yo, men tout moun ki ap touche yon ti kob dwe peye yon taks selon apwentman yo menm jan sa fet nan lot peyi.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  revelation Jeu 28 Avr 2011 - 12:39

Deza di: Zanmi Thunder, Fe atansyon! Depi w di "kob" lanmou diaspora pou Ayiti a pedi chaleu li
Nou pa dako ak sa w di laa Deza!!
Tout Diaspora travay di pou lajan, yo remen fanmi yo avan, answit peyi yo apre!
Nou pa fe la charite gratis konsa!!

Si Martelly offri Diaspora karo te gratis pou bati kay, li te met mete tax sou kay saa.

Si martelly offri la douane gratis pou tracter, e machin indistryel, li te met mete tax son prodiksyon ke nou fe.

Diaspora pa pedi chaleu!! Chaleu a la!!

Se Martelly kap voye dlo fret sou li pou touye'l avek zafe tax saa
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Jeu 28 Avr 2011 - 13:43

revelation a écrit:
Deza di: Zanmi Thunder, Fe atansyon! Depi w di "kob" lanmou diaspora pou Ayiti a pedi chaleu li
Nou pa dako ak sa w di laa Deza!!
Tout Diaspora travay di pou lajan, yo remen fanmi yo avan, answit peyi yo apre!
Nou pa fe la charite gratis konsa!!

Si Martelly offri Diaspora karo te gratis pou bati kay, li te met mete tax sou kay saa.

Mwen ta renmen konen si o USA ou o Kanada lè nou achte on kay yo fè'n kado tè ya? Poukisa se an Ayiti nou vle pou yo fè'n kado, eske se Ayiti nou vle chanje e ede ou se piyay nou bezwen pwan.

Si martelly offri la douane gratis pou tracter, e machin indistryel, li te met mete tax son prodiksyon ke nou fe.

Tout machinn indistriyel ou agrikol deja pa peye dwann an Ayiti se TCA selman yo peye, nou ka goumen pou retire TCA.

Diaspora pa pedi chaleu!! Chaleu a la!!

Li parèt ke chalè la si yo ka jwenn piyay, men depi pa gen piyay chalè ya pèdi. Se swivan jan on moun pale ou wè kote li gad.

Se Martelly kap voye dlo fret sou li pou touye'l avek zafe tax saa

Mwen pa wè sa mwen menm, dayè taks sou telefòn pèsòn pa menm
wè lè yo peye'l, e taks sa ekziste nan tout peyi sou la tè. Taks sou transfè ekziste tout kote
tou, mwen pa ko wè pwoblèm nou.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  dilibon Jeu 28 Avr 2011 - 14:25

Maximo,

Mwen konnen ke ou konnen ke mwen pa genyen pwoblem ak chak sitwayen pou yo peye fare share yo nan taks. Men mwen di takse nan transparans men bay sevis. Komesan an ap peye taks epi mashann sou twotwa li ki ap vann menm bagay ak li pap peye taks.

Mwen di takse men ak entelijans ak kreyativite! Youn trakte se youn byen nasyonal paske li pap ale transpote maryaj, ni fe lawout pou plezi... Zafe takse ekipman pa fe sans - men TCA pa fe sans - se takse anyelman kom ekipman kap rann sevis - e total sevis lap rann ka kalkile fasilman - Passons...

Mwen rete kwe si leta ta chaje enpo lokatif ak rezon, chaje gro kay plis ke ti kay, menm si tout moun dwe peye. Retire zafe de kay ki pa pentire poko fini men depi youn kay abite li taxab! Lage enspekte byen antrene pou fe tout moun peye enpo lokatif pa rapo ak grose ak kantite chanm ki nan kay la! Sa'a selman tap pi bon ke rantre nan endistir telefoni ki deja tro ro pa rapo ak mashe rejyonal la!

Tranfe yo reprezante san nan venn peyi Dayiti mwen tap tre rezistan al manyen li kounyea nan ogmante taks! Malgre ke tout peyi chaje taks sou transfe men mwen pa tap ale la kounyea la'a. I would not go there now!

Mwen tap prefere al manyen tafia, sigaret ak bolet ki represente vis pito! Se youn opinion selman sa ye!

Tout sak fe refleks tout gwo chef aysien se kouri chaje taks men sa yo vle se ogmantasyon revenu pou yo ka rann sevis ou byen redistribye riches! Koman leta ka rive ogmante revnu li, eske se nan ogmantasyon taks ou byen nan elaji asyet fiskal, nan ankouraje plis anploye pou anboche plis moun, ankouraje nouvo biznis ?

li se youn fait endiskitab le wap ogmante taks revenu leta bese aloske le ou desann taks nan kek sekte ak entelijans revenu ki rantre ogmante. An nou imajinen ke leta ta di tout moun ki genyen lajan nan main yo ke goumen kont komes pepe nan peyi a ka ede tout moun: 1) sekte prive tap vini ak lajan ak ekipman ak jesyon ki tapreprezante 50% denvestisman 2) leta tap bay avantaj fiskal, te ak pwoteksyon (sekirite ke li dwe yo deja) - sa tap reprezante 30% (remake ke leta pa majorite) 3) anploye yo tap genyen 20% ke yo tap resevwa kom dividand ak bonis nan fen dane an plis de sale nomal yo. Jan de sosyete sa yo tap rekomanse mete fabrike andedan peyi Dayiti sou sifas nan manifakti rad tout kalite pou konsomasyon lokal ak pou letranje. Manifakti soulye ak lot bagay konsa! Nonselman leta kom partne tap jwenn pati profi pa li pendan youn tan donne, li tap takse sale ak pwofit lot partne yo. Se youn win win sityasyon!

Nan mande tout biznis gro tankou piti pou genyen youn adres e pou anrejistre nan depatman komes, kontribisyon, sante e latriye ak youn modik frais de 50 goud pou ti biznis e plis pou SA se lajan kap rantre, men fok ou bay sevis tankou fomasyon biznisman e direktion nan ranje zafe finansye yo, bay kredi ak ede yo laji chiuf dafe yo. Ti biznis ka pa peye taks a youn seten barem pendan nap ede yo depase barem nan, men leta tap konnen kote tout biznis ye e nan ki zonn yo ye!

Nan fe konkou pou travay leta ak transparens leta ka rantre lajan! Imajinen pou 500 polisye te genyen 3500 aplikan si chak te peye 50 goud ou we kisa sa tap reprezante? Men fok se nan konkou a postilan yo soti vre!

Men kouri deye diaspora ki poko genyen okenn dwa ak reprezantasyon, ki deja genyen tout peyi sou zepol li anvna tout lot konsiderasyon se youn amalgam dapre mwen!

dilibon
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2205
Localisation : Haiti
Opinion politique : Entrepreneur
Loisirs : Plages
Date d'inscription : 17/05/2009

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Contributeur

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Maximo Jeu 28 Avr 2011 - 15:23

Dilibon,

Diaspora ap mande finalman yap bali, li te vle doub sitwayennte, lap jwenn li, li te vle vote lap kapab, li te vle ka ranpli nenpot fonksyon nan peyi, yap akode'l li, men fok li pa konpwann ke fok li vini pwan piyay, tout dwa vini ak devwa yo, e mwen konen ou konn sa.

Lè on nèg rete li di'm fok yo fè'l kado on karo tè pou li bati on kay apre la peye taks sou li, mwen di sa se pa piyay sèlman li vle, si pou yo ta bay chak Ayisyen nan diaspora on karo tè pou li bati on kay pa tap rete tè anko, e anpil ladan yo pa tap jwenn, ki grosè Ayiti? Se sa mwen rele nèg kap pale pou grandi e ki pa reflechi.

Afè taks la ou konen mwen byen e ou konen ke mwen vle on taks a lechel swivan reveni chak sitwayen, ke se komèsan ak adrès ou san adrès. Fok leta detèminine konbyen kob on moun bezwen pou li viv nan peyi ya, e takse sou siplis la sèlman. On moun ki fè jis de kwa pou li viv pa ka peye taks.

Mwen pwale pi lwen, pèsòn pa dwe peye taks si leta pa gen transparans nan kob taks sa e ka bay sitwayen yo kont randu de sa yo fè avè'l, mwen bouke peye taks e pi mwen pa wè anyen fèt, a pa de politisyen nou yo kap roule bèl machinn, gen plizyè kay, youn pou chak fanm yo, ap menen la bèl vi, pandan ke pèp la nan mizè, pa ka manje, pa gen lopital, pa gen lekol.

Martelly pwomèt tout sa pwal chanje, mwen di an nou tann pou nou wè, e si sa pa chanje, pa gen rezon pou pèsòn peye taks.

Kounye ya nen pot nèg ki vle envesti nan peyi ya gen bagay yo ka mande, e si yo bezwen konsey mwen ka bayo, e ou konen Dili ke mwen ka konseye yo byen.

On nèg vle envesti nan nenpot ki bisniz ki pwal kreye anplwa, sipoze jwenn on seri de avantaj, tel ke pa peye taks sou antrepriz sa pandan on nonb dane, evite yo dwa de dwann si sa yo pwal fabrike ya se pou expotasyon, fok yo jwenn elektrisite pou fè antrepriz la fonksyone a on pri rezonab ect..... Men pou on nèg ap vini di pou leta fè'w kado tè pou bati kay, se ri mwen oblije ri. Leta ta ka afème tè a on to ba, si on nèg pwal devlope agrikilti nan on zòn, la mwen ta ka konpwan.

Sa mwen pwal di la se pa pou'w li ye Dili, mwen konen ou envesti nan peyi ya.

Mesye si nou vle vini ede e envesti nan peyi ya pèp la ap byen kontan, men si nou konpwann se piyay nap vini pwan pito nou rete kote nou ye ya, paske peyi ya pa ka mete absè sou klou.
Maximo
Maximo
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3182
Localisation : Haiti
Loisirs : football - Gagè
Date d'inscription : 01/08/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle:

Revenir en haut Aller en bas

Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti. - Page 2 Empty Re: Martelly: Tax Sou Cellphone ak Money Transfer Pou Konstwi Lekol an Ayiti.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 2 sur 2 Précédent  1, 2

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum