Ann aprann kreyòl ansanm
+6
gwotoro
OBSERVER KEEN
jackoti01
Joel
Rodlam Sans Malice
genevieve
10 participants
Page 2 sur 2
Page 2 sur 2 • 1, 2
Ann aprann kreyòl ansanm
Rappel du premier message :
Eske li pa ta bon pou kèk volontè ta ede nan bay kèk ti kou kreyòl sou fowòm lan? Nou renmen korije lè moun fè fot an franse, men lè se kreyòl nou aksepte ninpòt bagay.
Eske li pa ta bon pou kèk volontè ta ede nan bay kèk ti kou kreyòl sou fowòm lan? Nou renmen korije lè moun fè fot an franse, men lè se kreyòl nou aksepte ninpòt bagay.
genevieve- Super Senior
- Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
San Malis,
Sa gen kèk ane ,te gen yon gwoup entelektyèl Giyàn ,matinik,Gwadloup ki te mande pou yo te fè yon "Conseil Général de la Langue Créole".
Yo te envite Ayiti ,pou yo lanse groupman sa a,paske lè w ap pale de Kreyòl se Ayiti ki Toro.
Monchè,mwen pa kwè ke entelektyèl ayisyen yo te pete ba yo santi nan koton.
Eske si ministè La Kilti ayisyen yo,te pran yon inisyativ envite mesyedam sa yo,sa pa t ap yon bon bagay.
Ak pi gwo popilasyon sou tè an,ki pale kreyòl,nou ta ka ize lang sa a pou etabli enfliyans nou.
Men adye!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
"ministè la kilti"kisa yap regle;se mete ministè epi yo pa ka ba yo moyen lajan pou yo fè anyen.Se kopye sa blan franse fè lakay li epi se sak move yo ke yo plis kopye. pase blan fanse li menm li genyen akademi ki ap pwoteje lang li.nou nou rayi pa nou an.Genyen twop shef pa ase endyen se sak fè anyen pa ka regle nan peyi ya.
Lotrejou nap fè youn ti diskisyon sou zafè maladi pwostat la nanpren anyen nou te beswen di nou pat ka di li an kreyol.men tilititi yo di w ke kreyol pa ka eksprime panse syantifik yo.Yo pito prive 99.9% popilatyon de moyen pou yo eksprime e konprann byen ki jan pou yo viv paske yo pa ka edike yo an franse ,men yo refise konprann se nan lang youn moun pale se ak li pou edike li.An verite mwen kwè si minis edikatyon natyonal te fè yo enseye ti ayisyen an kreyol yo pa ta beswen pase 12 a 13 zan lekol pou yo genyen menm konesans ke yo ba yo an franse.ki preske anyen.

Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Yon ti atik enteresan.
Mesye yo,ki ekri atik lan,ap pale sitou de kreyòl lakay yo,men nou gen dwa aplike sa yo di yo ap Kreyòl lakay nou:
http://www.potomitan.info/articles/internet.htm
Mesye yo,ki ekri atik lan,ap pale sitou de kreyòl lakay yo,men nou gen dwa aplike sa yo di yo ap Kreyòl lakay nou:
http://www.potomitan.info/articles/internet.htm
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Pou mwen ki te nan lekol CCf and St louis de Bourdon kreyol se te pinition si pale mwen bezwen anpil ed sa a fe plezi si nou corrigem.
ginou- animatrice
-
Nombre de messages : 315
Age : 93
Localisation : USA
Loisirs : Internet et lecture
Date d'inscription : 06/02/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'irresistible
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Joel
sa fè plesi lè ou wè genyen kreyolist ki ap travay pou amelyore e fè tout moun pale e ekri menm jan.Mwen pa pka konprannki jan yon moun pa renmen sa ki pou wou ;sa ki pi fasil pou wou.Mwen byen kontan mesye yo fè yon rale sou difikilte ke krelolist genyen pou yo eksprime mo nouvo ki kreye nan angle a kos dekouvert teknoloji yo.Mwen kwè menm jan tout lot lang ka jwen mo pou eksprime teknik sa yo ;mop syantifik sa yo kreyol tou ap modernise tou tan ke genyen moun ki genyen kapasite pou fè lang la evolye.
ginou
reli sa w ekri ya epi wap wè ke genyen anpil mo ke w ka korije ou menm ,kote w jwen "and " saa ma chè.nanpren "and " nan kreyol;se wou ki mande pou nou korije ,tankou mwen mande sa tou pase se lè nap ekri anpil e pale anpil ke na jwen kapasite pou nou eksprime tou sa nou vle di an kreyol.
sa fè plesi lè ou wè genyen kreyolist ki ap travay pou amelyore e fè tout moun pale e ekri menm jan.Mwen pa pka konprannki jan yon moun pa renmen sa ki pou wou ;sa ki pi fasil pou wou.Mwen byen kontan mesye yo fè yon rale sou difikilte ke krelolist genyen pou yo eksprime mo nouvo ki kreye nan angle a kos dekouvert teknoloji yo.Mwen kwè menm jan tout lot lang ka jwen mo pou eksprime teknik sa yo ;mop syantifik sa yo kreyol tou ap modernise tou tan ke genyen moun ki genyen kapasite pou fè lang la evolye.
ginou
reli sa w ekri ya epi wap wè ke genyen anpil mo ke w ka korije ou menm ,kote w jwen "and " saa ma chè.nanpren "and " nan kreyol;se wou ki mande pou nou korije ,tankou mwen mande sa tou pase se lè nap ekri anpil e pale anpil ke na jwen kapasite pou nou eksprime tou sa nou vle di an kreyol.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
ginou a écrit:Pou mwen ki te nan lekol CCf and St louis de Bourdon kreyol se te pinition si pale mwen bezwen anpil ed sa a fe plezi si nou corrigem.
[b]Ginou,
Men yon ti règ ou pa respekte nan ti Fraz ou ekri an.
Mo yo ekri jan w pwononse yo.
Pa egzanp mo pinition an,te dwe ekri pinisyon;paske son "s" lan se "s",son t an se "t",epitou ak "io" ou gen de vwayèl ,se poutèt sa li preferab pou ize "y" pito!
Mo "corrijem" lan tou.
An kreyol ,son ou ta bay "c" an se "k" li ye.
Ou ize de (2) "r" tou.
Mo corrijem lan ,te dwe ekri "korije m"
Mwen separe m,lan de rès mo an,paske m lan se yon abrevyasyon de mo "mwen"
Dr MICHEL DE GRAFF (lengwis MIT) rekòmande pou jis separe lèt "m" lan de rès mo an,men gen moun ki ize "trèdinyon" ou byen "apostròf"
Mwen espere ti nòt sa a ede w ekri bèl lang nou an pi byen.
ADYOVA!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Joel
mo Adyova saa men sonje ke grann mwen te konn itilize l men se te nan yon fraz tankou adyova la caserol yon bay konsa ;eske se konsa li ye nan fraz la mwen pa finn sonje l byen se komsi pou mwen se te yon fraz li te konn itilise tankou" c'est fini ".
mwen renmen korektyon ou fè nan ti fraz Ginou ekri ya .mwen kwè si nou kontinye konsa chak fwa yon moun fè yon fot nou korije li san fè pedan pou nou desann li e byen nou tout ap vinn maton nan kreyol la.
mo Adyova saa men sonje ke grann mwen te konn itilize l men se te nan yon fraz tankou adyova la caserol yon bay konsa ;eske se konsa li ye nan fraz la mwen pa finn sonje l byen se komsi pou mwen se te yon fraz li te konn itilise tankou" c'est fini ".
mwen renmen korektyon ou fè nan ti fraz Ginou ekri ya .mwen kwè si nou kontinye konsa chak fwa yon moun fè yon fot nou korije li san fè pedan pou nou desann li e byen nou tout ap vinn maton nan kreyol la.
Rodlam Sans Malice- Super Star
-
Nombre de messages : 11114
Localisation : USA
Loisirs : Lecture et Internet
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Stock market
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
San Malis,
Gen anpil mo Kreyòl mwen vin aprann ,se nan gran moun mwen.
Mwen kwè se Jafrikayiti ki se yon maton ke mwen wè ki te ize mo sa a,e mwen renmen l.
Se konsa pou nou kontinye ize mo sa yo,pou yo pa pèdi.
Kou w disa a,mwen pral tcheke pou m wè ,nan youn nan diksyonè sou Entenèt lan ,si m ka jwenn mo sa a e kisa li vle di ekzakteman!
Gen anpil mo Kreyòl mwen vin aprann ,se nan gran moun mwen.
Mwen kwè se Jafrikayiti ki se yon maton ke mwen wè ki te ize mo sa a,e mwen renmen l.
Se konsa pou nou kontinye ize mo sa yo,pou yo pa pèdi.
Kou w disa a,mwen pral tcheke pou m wè ,nan youn nan diksyonè sou Entenèt lan ,si m ka jwenn mo sa a e kisa li vle di ekzakteman!
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Gen yon lòt mo ki sanblel yo konn di tou se "adyewidan" . Mta renmen konnen ki sal vle di. Men mwen konn wè yo sèvi avèl nan sans " a le wè si se vre" ou byen "ou tande bèf ale wè kòn". Eske se sa?
genevieve- Super Senior
- Nombre de messages : 145
Localisation : Port-au-Prince
Loisirs : Lecture
Date d'inscription : 13/02/2007
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Men yon tèks Dr Raphael Confiant,yon etno-lengwis Matinikè.
misye rele l:Dictionnaire des Titim (Timtim) -Bwasèk
Misye di ke gen de pratik sa yo,se nan Nòdwès la frans ke yo sòti.
Pratik pou di Krik Krak anvan yo bay kont ou byen Timtim-Bwasèk ,byen ke yo pa si kote mo Timtim lan sòti;nou tout ansyen koloni franse nan Karayib lan ize l.
Tèks lan long anpil ,ak anpil enfòmasyon,donk mete l nan "favorites " nou ,pou si nou vle nou kapab retounen sou li:
http://www.potomitan.info/travaux/titim1.html#1
misye rele l:Dictionnaire des Titim (Timtim) -Bwasèk
Misye di ke gen de pratik sa yo,se nan Nòdwès la frans ke yo sòti.
Pratik pou di Krik Krak anvan yo bay kont ou byen Timtim-Bwasèk ,byen ke yo pa si kote mo Timtim lan sòti;nou tout ansyen koloni franse nan Karayib lan ize l.
Tèks lan long anpil ,ak anpil enfòmasyon,donk mete l nan "favorites " nou ,pou si nou vle nou kapab retounen sou li:
http://www.potomitan.info/travaux/titim1.html#1
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Joel,
Mesi anpil pou koreksyon yo mwen ekri kreyol jan mwen sispet mwen pale li mwen pat jam apran li lekol, se pa de pwoblem mwen genyen pou li koze yo le yo an kreyol, mwen gen chans papa ak maman la poum pose question sou mo pa konnen.
Mesi anpil pou koreksyon yo mwen ekri kreyol jan mwen sispet mwen pale li mwen pat jam apran li lekol, se pa de pwoblem mwen genyen pou li koze yo le yo an kreyol, mwen gen chans papa ak maman la poum pose question sou mo pa konnen.
ginou- animatrice
-
Nombre de messages : 315
Age : 93
Localisation : USA
Loisirs : Internet et lecture
Date d'inscription : 06/02/2007
Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'irresistible
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
http://kreyol.masterches.net/
Bonjou,
mwen etidyan Strasbou, frans e mwen kreye yon diksyonè kreyòl ayisyen "Online" : http://kreyol.masterches.net/
Li pwopoze :
#Yon diksyonè : definisyon ak sinonim, istwa, tradisyon, etimoloji, pwovèb
#Yon gramè : yon paj wiki ; gramè ak lengwistik
M'ap fè yon konpil de tout enfomasyon m'ap twouve e sa nou ap ban mwen.
Ki jan pou nou patisipe :
1.ay anlè http://kreyol.masterches.net/
2. Si ou vle mete yon definisyon, yon ekspresyon, yon pwovèb, yon moman istwa, yon moun enpotan nan istwa peyi a : "proposer une definition" oubyen "add a definition"; nou pe mete imaj, map mete-l nan baz de done mwen ni
3. Si ou vle korije yon definisyon : mete koreksyon ou tap fè nan komantè wap twouve anba mo ou vle modifye an.
4. Ou pe pwopoze definisyon nan lang kreyol karayib (mete nan definisyon an ki orijin kreyol li ye, kreyol gwadloup, matinik, giyan, reyinyon...etc )
5. M'ap valide definisyon an e m'ap mete li an paj si nesesè.
6.Nan pati "gramè kreyol ayisyen" : si ou vle patisipe nan kreasyon'l, klike anlè "Compte" anlè a goch nan meni-a e enskri w ; apre wap retounen nan gramè-a e ou pe edite li. Kote administrasyon an, mwen tini yon sovgad de paj-la avan'l te modifye.
Mwen se yon Ayisyen de la dyaspora e mwen ta renmen tini yon imaj korèk anlè lentènet. Se pou sa mwen ta renmen nou korije e nou kontribiye nan elaborasyon diksyonè sa a, ansiklopedi sa-a.
M'ap chache tout enfomasyon ki ofisyel ou ki veritab nan listwa d'ayiti (nou pa bizwen yon kreolizasyon kreyol ayisyen si nou genyen yon ekivalan nan lang pa nou )
Mèsi pou tout kontribisyon nou.
Korije'm si mwen fè fot.
Mèsi anpil.
Diksyonè-a kapab ay lwen lwen.
MasterChes

Mwen ta renmen nou di m sa nou panse de projè sa-a.
An ka poze m an lo kesyon anlè sèten mo nan kreyol an nou.
Mèsi.
Diksyonè Kreyol ayisyen "online" ak gramè e lengwistik :
http://kreyol.masterches.net/
Mwen ta renmen nou di m sa nou panse de projè sa-a.
An ka poze m an lo kesyon anlè sèten mo nan kreyol an nou.
Mèsi.
Diksyonè Kreyol ayisyen "online" ak gramè e lengwistik :
http://kreyol.masterches.net/
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Patisipe nan projè diksyonè kreyol ayisyen an : http://kreyol.masterches.net/
Mi yon bagay m'trouve enteresan ke W. Vedrine mete nan limyè :
Mi yon bagay m'trouve enteresan ke W. Vedrine mete nan limyè :
************* CreoLIST posting **************
Date: Fri, 03 Mar 2000 02:19:42 GMT
From: "E Vedrine" <[log in to unmask]>
Subject: On HC Dictionaries
"TI KòMANTè SOU 'DIKSYONè KREYòL' AK ENTèPRETASYON NATIF"
(E. W. Vedrine)
"An Kreyòl mo kontribisyon an vle di yon biwo leta kote moun al peye enpo
epi kote moun al achte papye tenbre oswa al fè katdidantite (Haitian Creole
Dictionary; Valdman-1981 paj 304). Bonjan mo kreyòl la ta ka kotizasyon, se
mo sa a ki sèvi pou kòb moun ap ranmase pou yon bon kòz". (Lionel Hogu)
Diksyonè Valdman nan (Haitian Creole, English, French Dictionary - 1981) bay
yon sèl definisyon:
"n/n loc. F bureau de Contributions E tax office. M pral nan Kontribisyon, m
pral peye dwa lokatif" (pp. 304). Nan diksyonè Bryant C. Freeman ak Jowel
Laguerre (Haitian - English Dictionary, ed. 1998, pp. 315), men sa yo di sou
mo 'kontribisyon': "tax office, internal revenue service; pledge;
contribution" epi yo ban nou "soutit" (sub entry): ajan kontribisyon (tax
collector); biwo kontribisyon (tax office)"
Pwoblèm Hogu, sèke li jis baze definisyon "kontribisyon" sou sa diksyonè
Valdman nan di ak kèk fi ransèyman li ajoute men ki pa fin nan plas yo olye
li reflechi sou tout semantik mo a (ta ka genyen) epi kisa l gen pou di etan
natif ak sa lot diksyonè ta di tou pou l ta analize yo. Donk la a, si Hogu
ta panse pibliye yon diksyonè kreyòl fò l ta pran koze sa yo an
konsiderasyon; sètadi, nou tout etan natif ki te fè yon pase Pòtoprens
oubyen ki te viv la, nou konnen gen yon gwo bilding leta ki rele
"Kontribisyon" (nan lang kreyòl) ki okipe l de koze enpo elt. Men, ki lòt
fason natif yo itilize mo "kontribisyon" lè y ap pale? Donk, si n ap ekri
yon diksyonE kreyòl men kijan nou ta ka defini mo "kontribisyon":
KONTRIBISYON (1). n.p [non pwòp] Biwo leta ki okipe l de revni entèn, enpo.
Yo se anplwaye Kontribisyon. 2. n. biwo kote moun peye enpo. M pral peye
enpo lokatif la nan Kontribisyon. 2. n. kotizasyon. Yo mande pou chak moun
bay yon kontribisyon pou achte teren an. 3. n. kolaborasyon. Anpil kreyolis
pote kontribisyon pa yo nan lang kreyòl la.
Nan yon ti bout paragraf, Hogu mande moun soulve yon dal pwen. Pòl Dejan di:
"sèl moun ki vrè pwofesè lang kreyòl la se pèp la". Albert Valdman, ak sajès
li nan rechèch leksikografik, repete menm fraz la nan Konferans HAS (Haitian
Studies Association) nan eta Wisconsin (oktòb 1995).
Sou koze diksyonè a, se bagay ki fè m grate tèt mwen lè y ap pale de li.
Bryant C. Freeman ak Jowel Laguerre (F/L) te gen chans pou ta mete yon
bonjan diksyonè deyò nan dezyèm edisyon yo pibliye a (1998) men domaj, nivo
rechèch yo a montre youn nan yo pa ni lengwis ni leksikograf. Se petèt youn
nan rechèch ki pran plis tan pou analize depi "A" jiska "Z" (38,00 antre)
pou analize bazdone pou nenpòt diksyonè. Donk, diksyonè Valdman 1981 (AV81),
toujou rete la kòm sèl kòk chante nan fason rechèch la te fèt ak kijan
ilistrasyon chak kontèks chita nan plas yo. Rayi chen, di dan l blan;
diksyonè F/L la ke m rele yon "leksik avanse sou kreyòl" pito, kouvri plis
valè mo nan lang kreyòl la ke nenpòt diksyonè ki ta pibliye sou kreyòl anvan
Lan 2000 pase F/L itilize yon gwo volim "corpus" ekri, jwenn ak sa yo pran
nan Enstiti Lengwistik Aplike (sou direksyon Pierre Vernet), plis majorite
zèv kreyòl F/L te ka ranmase nan ane 60 yo an kreyòl. Men gwo pwoblèm
diksyonè F/L la se "absans kontèks", "kèk newolojis" ki glise ladan (atravè
koleksyon zèv ekri, kote kèk otè envante yon seri mo natif pa konnen, pa
janm tande), kèk "kreyòl fransize" majorite natif pa janm tande, "varyasyon
dyalektal" ki pa eklèsi...
Sous tout pwoblèm sa yo montre yon seri prensip ki pa respekte nan ekri
diksyonè e ki konkli ke de otè yo pa ni lengwis ni leksikograf men kanmèn,
yo pote yon gwo kontribisyon nan lang kreyòl la pase kèlkeswa diksyonè yon
moun ap ekri kounyeya oubyen rechèch k ap fèt sou diksyonè li enposib pou l
pa ta gen diksyonè F/L la nan corpus li.
Yo te ka amelyore travay la si apre yo te fin trete bazdone a epi yo t al
sou teren an (Ayiti) pou fè yon tès (sètadi teste yon seri mo [ki soti nan
corpus ekri a] ak yon gwoup natif pou wè sa yo konnen byenke l enposib pou
ta konn tout (si n ap antre nan nannan 'etid dyalektolojik') amwenke nou ta
repati ak travay Dominique Fattier a (tèz doktora deta li prezante desanm
1999 sou 20 kominote lengwistik li chwazi, 6 volim tèz); se yon travay ki
pran l 15 lane men se vrèman premye gwo rechèch oral ki fèt sou kreyòl. La
a, pa gen dout pou itilize okenn mo nan rechèch sa a epitou li chwazi elèv
li nan fakilte a (Faculté de Linguistique Appliquée, Université d'Etat
d'Haiti) ki natif natal pou te kondi anrejistreman yo pase li menm li se yon
fransèz.
Donk nenpòt vrè diksyonè kreyòl-kreyòl ou menm yon bonjan bileng ki ta gen
pou soti, fò l ta gen yon reflè teyori ak pratik sa yo (corpus ekri + corpus
oral). Finalman, si n ap pase an revi diksyonè F/L la, nou wè pa gen yon vrè
edisyon (travay final) ki fèt apre yo ta fin monte tout bazdone a; sètadi pa
gen yon triyay final (ki ta sipoze baze sou corpus oral la dekwa pou rejte
kèk leksèm nan corpus ekri a) de "A" - "Z" nan tretman ipèbaz la
(hyperbase), teste tout referans kwazman, sinonim (mo tokay), ak mo aparante
[globalman, "ipewonim"] ("cross reference").
Si n ap fè yon resansman aktyèl, lis diksyonè sou kreyòl aysiyenl rive nan
yon ventèn (enkli kèk leksik) men bonjan kesyon an se: ki pwa yo apre AV81
ki fè yon gwo diferans nan Etid Leksikolojik. Fò n pa janm bliye tou
kontribisyon konpatriyòt Jules Faine (prix de l'academie française) ki mouri
kite yon maniskri diksyonè "Editions Lemeac" (Kanada) met deyò an 1974 kòm
premye diksyonè sou lang kreyòl (gras a devouman e rapidite lengwis kanadyen
Gille Lefebvre) byenke Valdman te okouran rechèch sa a avan men pye kout
pran devan. Malgre Faine konsidere kòm yon filològ pito (pa anpil Lengwis),
men li fè gwo michan travay nan domèn filoloji ak diksyonè kreyòl la epi nou
pa ka bliye defen Pradel Pompilus ki kaze kòd semèn pase (konsidere kòm yon
tòp lengwis Ayisyen dapre Albert Valdman e dapre plizyè lòt kreyolis).
Sa gen kèk mwa depi m te pase an revi yon atik enpòtan Pompilus te prezante
nan yon konferans an Frans (nan ane 70 yo) nan kad "elaborasyon diksyonè
kreyòl" kote mwen wè l ouvè tout yon chemen ide nan yon ti atik dis paj epi
de tèz li prezante nan "Sorbonne" ("La langue française en Haiti" Université
de Paris pibliye an 1961 [278 p.]; "Lexique du patois créole d'Haiti" (246
p, inédit) Thèse complémentaire présentée à la Facultée des Lettres de
l'Université de Paris en vue de l'obtention du titre de 'Docteur ès
Lettres', sous la direction du professeur. G. Gougenheim' ) pou tèz doktora
l gen anpil valè, anpil pwa pou kreyolis ki nan domèn leksikografik la.
Kesyon diksyonè a rete yon "travay an sispan", yon bwalong toujou nan kad
"pi bon diksyonè" (sou tout fòm) malgre mwen konnen gen anpil travay sipriz
ki nan wout, travay ki pa janm mansyone men an gwo travay diksyonè a se yon
travay san bout ki mande bonjan konesans ak rechèch nan domèn sa a plis
metodoloji pou aplike yo.
(E. W. Vedrine)
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Bonjou,
Mwen tra renmen post la sa mache byen byen, mwen ta renmen nou poste tout ekspresyon nou konèt ki natif natal nan lang kreyol ayisyen an.
M ap mete yo nan diksyonè a, li ke devlope l pou l vini yon ansiklopedi ilistre.

se sèl nan lakou lakay ou ou gen fòs
Ou genyen plis fòs lè ou lakay ou ki lè ou dewò.
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Nan Bouske ,mwen vin tonbe sou yon sit Kreyòl Lwizyàn.
Mwen sezi wè ki similarite ki genyen ant Kreyòl ayisyen ak Kreyòl Lwizyàn lan.
Pa ekzanp ,annou pran vèb "kouri",ak vèb "vini"
Nou konjige vèb yo menm jan :
Pou "tan enpafè" se menm jan:
M ap kouri
T ap kouri
L ap kouri
N ap kouri
Zòt ap kouri
Y ap kouri
Konjigezon sa a preske idantik ak pa nou an:
http://learnlouisianacreole.wordpress.com/
Mwen sezi wè ki similarite ki genyen ant Kreyòl ayisyen ak Kreyòl Lwizyàn lan.
Pa ekzanp ,annou pran vèb "kouri",ak vèb "vini"
Nou konjige vèb yo menm jan :
Pou "tan enpafè" se menm jan:
M ap kouri
T ap kouri
L ap kouri
N ap kouri
Zòt ap kouri
Y ap kouri
Konjigezon sa a preske idantik ak pa nou an:
http://learnlouisianacreole.wordpress.com/
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ann aprann kreyòl ansanm
Bonjour,
Je reviens à nouveau sur le forum ...
Les projets ont évolué depuis et nous demandons encore une grande participation de la diaspora et des natifs natals ...
Nous avons :
* encyclopedie libre : http://ht.wikipedia.org/
*dictionnaire en developpement : http://incubator.wikimedia.org/wiki/wt/ht/
* Google haitien : http://www.google.ht
traduction des pages restantes :
http://www.google.com/transconsole/giyl/chooseActivity?project=gws&langcode=ht
/ http://www.google.com/transconsole/
*site perso : http://www.m
Merci de votre intérêt
Mèsi pou enterèsman nou.

Sujets similaires
» Aprann pale Kreyol
» Pou ki sa MOUN dwe aprann KREYÒL AYISYEN?
» Aprann Kreyol lan Inivèsite lan Florid
» Leson pou aprann oubyen pèfeksyone lang Kreyòl nou an
» Diksyonè kreyòl-kreyòl ayisyen ak gramè epi lengwistik

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum