Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Réassort du coffret Pokémon 151 Électhor-ex : où l’acheter ?
Voir le deal

Aprann pale Kreyol

+2
Joel
Sasaye
6 participants

Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Aprann pale Kreyol

Message  Sasaye Mer 31 Mar 2010 - 14:41

Gen ayisyen ki sou FowomAyiti ki ekri kreyòl byen, gen lòt ki ap trimen, gen lòt ki ekri yon lang ki pa kreyòl.

Se pou nou konnen ke kreyòl se yon lang konplè e ki rekoni kounyea lan tout sik inivesitè.
Li gen òtograf li e gramè li ak sentaks, menmjan ak tout lòt lang.

Pandan etranje rekonèt Kreyòl kòm yon lang totalkapital, gen ayisyen toujou ki poko rive lan stad saa. Yo eseye fransize yon lang ki finn etabli.

Eske n konnen ke ou gendwa li MSN oubyen CNN an kreyòl?

Mwen prezante nou yon teks ki ekri pou moun ki pale angle aprann pale kreyòl, men li kapab sevi ayisyen paske li montre kijan pou ekri lang nan.

Pou mopun ki enterese, bònn lekti.


http://www.ngohaiti.com/disaster/downloads/kreyol.pdf
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Joel Mer 31 Mar 2010 - 16:29

Sasaye,

GOOGLE ap fè sit rechèch an kreyOl tou.Li an fOmasyon.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Invité Mer 31 Mar 2010 - 16:55

Google gen " Google Traduction " pour tradwi teks en Kreyol. Bing tou

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Joel Mer 31 Mar 2010 - 18:14

Ant parantèz.Nou poko janm tande anbasadè ameriken an KEN MERTEN ki ap pale kreyOl ?

Seryezman ,misye pale kreyOl pi byen ke de politisyen tankou MANIGAT yo ou byen VICTOR BENOIT ki pale kreyOl fransize,lè y ap pale kreyOl.
Kelkelanswa sa yon moun gen dwa panse de misye ,men se pou admire respè misye bay lang lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  grandzo di Mer 31 Mar 2010 - 18:45

SASSAYE

mwen dako avek ou... me mwen pa ginyin aksen poum fe e mie...ce pa paseke mwen pa vle.. ce kom si yon izarelien ka reproche yon juif ki va viv lot bo... ke li pa konet pale ebre... mwen pa janmin tande juif kritike juif pale almen, franse, tchek.. komen yon moun pe ekri yon lang sil pa appran li... sa mwen vle di.... se ke nou pa gen dwa kritike aysien ki pa kabab ekri kreol... se yon ere.... fok nou kompran ke sa se yon reaksyion plis ke se yon aksyion... lang kreol se yon lang nouvel... .. mwen ginyen yon kesyon pou mwen pozew sassaye... es ke yon moun pe ekri yon lang korrektemen si li pa janmin appran li... ? mim le yon moun apran yon lang lekol yo pa kapab ekril... donk map di fok nou pa stigmatize moun paseke... sa ka capab genyen yon effe peve.... Joel Korige tout fot mwen fe pou mwen kapab apran

grandzo di
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2244
Localisation : VIhja
Opinion politique : centre
Loisirs : full contact
Date d'inscription : 22/10/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le crapaud sans pattes

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Joel Jeu 1 Avr 2010 - 9:56

Sasaye,
mwen wè ke gen yon ti paragraf sou sit ou mete an ,a pwopo de konferans wOtpote FREDERICK DOUGLASS te pwononse sou AYITI le 2 Janvye 1893 ,lan CHICAGO.
Etidyan lan depatman "Black Sudies" lan Inivèsite Ameriken yo konnen diskou sa a sou non "Until Haiti Spoke" (Jiskaske Ayiti te pale).
Pou "koudetayis" pase e te pral vini ,men 2 zou 3 ti paragraf lan diskou an.petèt si yo te tradwi diskou sa a e fè timoun nou yo aprann li ,ti nèg ta sispann bay koudeta.
Pa bliye se le 2 Janvye 1993 ,nèg (nwa) sa a ke yo rekonèt pami petèt 5 pi gran oratè lan istwa Etazini an te pwononse pawOl sa yo.

"Haiti has all the natural conditions essential to a noble prosperous and happy country .Yet there she is ,torn and rent by revolutions,by clamorous factions and anarchies ,floundering her life away from years in a labyrinth of social misery.Every little while we find her convulsed by civil war,engageg in the terrible work of death,frantically sheddingher own blood and DRIVING HER BEST MENTALMATERIAL INTO HOPELESS EXILE....

The common people of Haiti are peaceful enough.They have no taste for revolutions.THE FAULT IS NOT WITH THE IGNORANT MANY,BUT WITH THE EDUCATED AND AMBITIOUS FEW.TOO PROUD TO WORK,AND NOT DISPOSED TO GO INTO COMMERCE,THEY MAKE POLITICS A BUSINESS OF THEIR COUNTRY.GOVERNED NEITHER BY LOVE NOR MERCY FOR THEIR COUNTRY,THEY CARE NOT INTO WHAT DEPTHS SHE MAY PLUNGED.NO PRESIDENT ,HOWEVER VIRTUOUS WISE AND PATRIOTIC EVER SUITS THEM WHEN THEY THEMSELVES HAPPEN TO BE OUT OF POWER.

I wish I could say these are the only conspirators against the peace of Haiti but I cannot.THEY HAVE ALLIES IN THE UNITED STATES ...I t so happens that we have men in this country who to accomplish their personnal and selfish ends,will fan the flame of passion between the factions in Haiti and will otherwise assist in setting revolutions afoot....
(Pa bliye se le 2 Janvye 1893 ke F.D t ap pwononse pawOl sa yo)

http://webster.edu/~corbetre/haiti/history/1844-1915/douglass.htm

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Sasaye Jeu 1 Avr 2010 - 10:16

Karl,
Mwen regrèt ke w panse ma p kritike ayisyen ki pa konn ekri Kreyòl.
Okontrè, se yon ankourajman ke m vle bay pou fè lang nou an vinn pi itilize lan kominote ayisyènn nan.

Premyeman, tout ayisyen pale kreyòl.
Sa pran yon ti efò sèlman, paske kreyòl se veyikil panse majorite ayisyen, sètadi, yo panse an kreyòl e yo traduy l an franse oubyen lòt lang.

Si m vini avèk yon zouti ki kapab ede lan aprantisaj kreyòl se ede ma p eseye ede.

Karl, mwen genyen plis ke karant (40) an depi m kite Ayiti.

Pèsonèlman, mwen aprann li ak ekri kreyòl an 2007.
Odebi li on ti jan difisil, men depi w konprann mekanis lang lan, menmjan ak tout lòt lang, li vin natirèl.

Si w gade byen, Marc-Henri fè yon gwo pwogrè lan ekri kreyòl, ane pase an 2009.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Amoph Jeu 1 Avr 2010 - 11:05

Se pa yon " poisson d'avril " bagay sa a !!!


Amoph

Amoph
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 601
Date d'inscription : 24/08/2006

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Joel Jeu 1 Avr 2010 - 11:35

Amoph,

Ki sa ki "Pwason Davril" lan?

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  revelation Jeu 1 Avr 2010 - 13:58

R39. Concevoir des programmes scolaires utilisant des critères fondés sur des résultats et reflétant les normes nationales. Ces programmes devraient être culturellement pertinents (utilisation du créole) encourager des programmes différents (selon l’âge et l’aptitude), favoriser les programmes STIM (sciences, technologies, ingénierie, mathématiques), utiliser des outils et méthodes d’emploi facile (téléenseignement, médias, internet, etc.), favoriser des stages après l’enseignement secondaire pour avoir une main-d’oeuvre disponible, et des programmes de préparation aux études par le biais d’une approche communautaire conduisant à des études supérieures et à une formation professionnelle.

Rekomandasyon R39 Diaspora nan konferans lOEA nan Washington, DC rekomande e pale de inpotans kreyol la nan system developman e edikasyon peyi d'Ayiti.

Men neg ti koulout, ponyado, mesken ipokrit prefere femen je yo pou yo pa we. Fok nou sispand itilize lang kreyol sa pou anbisyon politik. Yo toujou kontiniye ap pale e reve de koudeta, koudetaiysm, yon band fenomemm ki finn passe deja.

Mande yo ki jan ke yo we Ayiti nan 10 zan ou 15 zan, yo pap fonti repond paske se dan le passe ke yo ap viv.
Yo pa fonti di kija ke yo ta renmen we peyi yo e ki fason ke yo ta renmen we sa rive.

Men paranoiya koudeta finn manje sevo yo.

Yo tounnen "zombies" yon pati politik kap vejete sou sije kankou vodou, kreyol, koudeta etc...
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Joel Jeu 1 Avr 2010 - 17:29

Mwen pa konn a kilès Revelasyon ap pale.Nèg ki ap di w pou yo sispann itilize KreyOl ak Vodou lan "fen politik" se yomenm ki si se yo ki pran bagay yo an men yo pre pou yo di ke KreyOL pa lang ou byen Vodou se relijyon "Satan"

Gen menm moun ki konn di sou sit sa a ke Vodou pa relijyon;se pa relijyon tankou sa ki sOti lan Mwayen Oryan yo ,tankou krisyanism ak Islam.

Tankou zafè koudeta a ,se kOmsi, sa dan le pase.Retire mesye LONI yo sou teren an e pi n a tande.
Maten an mwen ta p tande sou Radyo Signal FM ,yon nonm ki ap di de MONREYAL etan ,pou manifestasyon fèt pou jete PREVAL.
Bagay kont KreyOl ,kont Vodou ,koudetayis pèmanan ,se pa bagay ki dan le pase ,se bagay ki lan "ADN" ti nèg!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Sasaye Jeu 1 Avr 2010 - 18:10

Wi Joel,

Yon nèg ki komanse avèk kwotasyon saa:

R39. Concevoir des programmes scolaires utilisant des critères fondés sur des résultats et reflétant les normes nationales. Ces programmes devraient être culturellement pertinents (utilisation du créole) encourager des programmes différents (selon l’âge et l’aptitude), favoriser les programmes STIM (sciences, technologies, ingénierie, mathématiques), utiliser des outils et méthodes d’emploi facile (téléenseignement, médias, internet, etc.), favoriser des stages après l’enseignement secondaire pour avoir une main-d’oeuvre disponible, et des programmes de préparation aux études par le biais d’une approche communautaire conduisant à des études supérieures et à une formation professionnelle.

Ki etabli klèman ki wòl kreyòl kapab jwe lan kilti ayisyen, lan tout matyè, lan tout disyplin atravè tout medya epi entènèt.
Epi apre sa, li vinn fè kontadiksyon sou sa li mete a.

Se sa sèlman pou l te mete sou sit la, epi sa ta p souliyen enpotans aktyèl e fiti lang lan.

Ou mèt blye rès sa msye di yo.</STRONG>
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  ginou Jeu 1 Avr 2010 - 18:26

Sasaye,
Fok ou gen yon ti tolerans pou nou, yon moun tankoum kite lekol CCF epi Me bourdon kote sim pale kreyol map pran pinition mwen bezwen tan pou aprann kreyol pi byen, poum ekri tou. Bonne fete de paques.
Aprann pale Kreyol Mn8exu6c
ginou
ginou
animatrice
animatrice

Féminin
Nombre de messages : 315
Age : 93
Localisation : USA
Loisirs : Internet et lecture
Date d'inscription : 06/02/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'irresistible

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  revelation Jeu 1 Avr 2010 - 18:44

Joel di: Tankou zafè koudeta a ,se kOmsi, sa dan le pase.Retire mesye LONI yo sou teren an e pi n a tande
Joel, nou fe memm refleksyon sa tou!
Moun te met pale de koudeta jan yo vle!! Pale de sa se yonn, fe'l toutbon vre, se yon lot koze.

Paske nou pa kwe ke gen politisyen ki tap vinn fe je chech e vinn pran you pouvwa "par la force des armes" granjounen jodiya??

Nou pa kwe ke sa kap fet pou pliziye rezon.

Oganizasyon ki sou terren an e ki investi lajan yo nan jwet la pap kite sa rive e pap sipote yon koudeta "gwoponyet".
Pep la aprand leson yo!
Yo pap pran nan popilist anko!
20 tan de gouvernans ki sot passe la se yon kochmar pou peyi d'Hayiti alarondbade, se pa yon rev!!

Fok nou rebat kat la pou prochen gouvernans nou chita sou yon baz natiyonal e non sou yon baz partizan'n.

Le yon moun prezidan fok li prezidan tout moun(malere kou granneg)! Konsa pap gen koudeta!

Pou zafe comminikasyon an kreyol la sa pap mouri!!

Blan yo pli cho e plis anvi pale kreyol nan lakou potoprins!

Se yon lang ke etranje aprand e pale pli fasilman ke tout lot lang! Se nou memm Ayitisyen ki vle itilize lang sa a de fin politik olye ke nou sosyalize lang nan!

Tout politisyen le yo vle fe rally politik se an kreyol. Men le yo ap diskite zafe inpotan ki konsene pep la, se an franse ke yon vle fe'l!!
Le partisipan Diaspora yo te reyini nan l'OEA nan Washington, DC anpil rekomandasyon te fet an kreyol malgre ke delegasyon frankofon e kanadyenn ayisyen an te pale franse kou rat . Anpil ladan yo se ekriven e professe iniversite.

Anpil moun te bay zide yo an kreyol epi neg ki pi fo an angle e france pran note sou papiye.
Pat gen pa'nn nan sa!

Men sosyalman se an kreyol ke nou diskite le nou ap pale ou byen le nou ap manje. Konsa peson pa jennen, ni intimide, pou bay opinion yo.
Si gen etranje pami nou, par politess, nou pale yon lot lang pou yo sa konprand.

Malediksyon ke nou gennyen se ke nos peres de la patrie se an franse ke yo te deklare independans nou an.

Map mande'm si band indijenn yo ki te reyini sou pls Gonaives la pou vinn tande general yo si yo te konprand sa heroes independans nou yo tap di nan gwo papiye sa.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Sasaye Jeu 1 Avr 2010 - 19:01

Ginou,

Mwen pa konprann poukisa gen moun ki konprann se mal ma p pale yo.
Tande byen, mwen sèlman ta renmen ke ayisyen ekri epi li kreyòl paske
se lang nou pale.

Donk se yon ti feblèss si nou kapab ekri ak li lan tout kantite lòt lang:
Franse, Angle, Panyol, Alman, menm Chinwa; epi nou pa konn li ak ekri lang pa nou.

Anpil ayisyen pase pa pinisyon ak entèdiksyon paran nou ki te mal avize. Mwenmenm tou.

Pou repete, gen sèlman 3 zan depi mwen deside aprann li ak ekri kreyòl.
Kote mwen aprann pi fò lan sa m apran se sou FowomAyiti.
Lè m wè de neg tankou Joel epi San Malis te konn fè gwo diskisyon.
Lè saa, mwen te gen anpil difikilte pou m te swiv mesye yo.

Se sak fè mwen pran tout bèt ke m te jwenn pou aprann.
Jiskounyea manman m paka konprann kijan mwen kapab li kreyòl, lè mwen li tèks kreyòl pou li.
Mwen konnen ke li genyen yon blokaj mantal ki fè l pa vle aprann.
Li de lansyèn ekòl.

Antouka, mwen vle kle sou motivasyon m.
Mwen pa p eseye stigmatize konpatriot.
Mwen louvri sije saa paske mwen konnen gen moun ki enterese lan sa.
Sasaye
Sasaye
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8252
Localisation : Canada
Opinion politique : Indépendance totale
Loisirs : Arts et Musique, Pale Ayisien
Date d'inscription : 02/03/2007

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Maestro

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Joel Jeu 1 Avr 2010 - 19:17

Zafè n ap di ke nou pa vle popilis lan,se pawOl lan dezè.Pèp yo jounen jodi an ,lan tout Amerik Latin lan,depi w bayo chwa ,se popilis yo eli.
Toutotan nèg ki di yo pa vle gouvènman popilis yo pa chanje,se sa n ap toujou jwenn!

Epitou sou zafè koudeta a ,se pou gen pwenn fè pa.Si genyen yon eleksyon e yon gouvènman monte e gen nèg ki ap monte sou radyo pou mande kapote gouvènman sa a;se pou yo non sèlman arete moun sa yo pou sedisyon ,se pou yo fèmen estasyon radyo sa yo tou.
Sou bagay sa a ,mwen dakO jan CHAVEZ ap aji an.Misye fèmen 31 estasyon radyo.Bagay koudeta sa a se minen l ap minen peyi Dayiti.
Epitou ,pinga moun vin pale de tikoulout jan w tande nèg ap rele gouvènman PREVAL lan sou radyo.
Leta pa dwe nèg djOb Leta.Si yon moun vle patisipe lan konstriksyon ou byen rekonstriksyon fonde konpayi prive ,se pa tann djOb Leta!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  revelation Jeu 1 Avr 2010 - 21:54

Joel di:Toutotan nèg ki di yo pa vle gouvènman popilis yo pa chanje,se sa n ap toujou jwenn!
Nou dako avek w! Fok nou jwen yon lot mwayen pli sosyal e ekonomik pou nou konbat mouvman popilist.
Popilist fe promess, pale anpil mete la!!
Vizione kweye job!!

Joel di: Epitou sou zafè koudeta a ,se pou gen pwenn fè pa.Si genyen yon eleksyon e yon gouvènman monte e gen nèg ki ap monte sou radyo pou mande kapote gouvènman sa a;se pou yo non sèlman arete moun sa yo pou sedisyon ,se pou yo fèmen estasyon radyo sa yo tou.
Sou bagay sa a ,mwen dakO jan CHAVEZ ap aji an.Misye fèmen 31 estasyon radyo.Bagay koudeta sa a se minen l ap minen peyi Dayiti.
Epitou ,pinga moun vin pale de tikoulout jan w tande nèg ap rele gouvènman PREVAL lan sou radyo.
Joel w pale memm jan ak yon diktate milite ou bien konsevate de dwat yo!!
Sel diferans se ke w se yon diktate de goch ki anko pli danjere!!
Se sak fe ke mwen pito rete centris. Mwen kap kalonnnen roch ni a dwat ni a goch. Mwen pa gen redevans ak peson ni okenn klass sosyal.
Joel di: Leta pa dwe nèg djOb Leta.Si yon moun vle patisipe lan konstriksyon ou byen rekonstriksyon fonde konpayi prive ,se pa tann djOb Leta!
Konpayi prive yo fet pou jwen kontra nan men Leta tou!!
Si'm gen yon konpaniy ki vand blok, ciment, fe, fok se Leta ki pou ban'm gwo kontra pou'm viv!
Pou kisa se Vorbes & Fils, Delatour & Co. Cineas & Associates, ou byen Brun Materiyo de konstrisyon kap pede jwen gwo kontra leta yo?
Bay yon malere yon chans tou!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Joel Jeu 1 Avr 2010 - 22:38

revelation a écrit:
Joel di:Toutotan nèg ki di yo pa vle gouvènman popilis yo pa chanje,se sa n ap toujou jwenn!
Nou dako avek w! Fok nou jwen yon lot mwayen pli sosyal e ekonomik pou nou konbat mouvman popilist.
Popilist fe promess, pale anpil mete la!!
Vizione kweye job!!

Joel di: Epitou sou zafè koudeta a ,se pou gen pwenn fè pa.Si genyen yon eleksyon e yon gouvènman monte e gen nèg ki ap monte sou radyo pou mande kapote gouvènman sa a;se pou yo non sèlman arete moun sa yo pou sedisyon ,se pou yo fèmen estasyon radyo sa yo tou.
Sou bagay sa a ,mwen dakO jan CHAVEZ ap aji an.Misye fèmen 31 estasyon radyo.Bagay koudeta sa a se minen l ap minen peyi Dayiti.
Epitou ,pinga moun vin pale de tikoulout jan w tande nèg ap rele gouvènman PREVAL lan sou radyo.
Joel w pale memm jan ak yon diktate milite ou bien konsevate de dwat yo!!
Sel diferans se ke w se yon diktate de goch ki anko pli danjere!!
Se sak fe ke mwen pito rete centris. Mwen kap kalonnnen roch ni a dwat ni a goch. Mwen pa gen redevans ak peson ni okenn klass sosyal.
Joel di: Leta pa dwe nèg djOb Leta.Si yon moun vle patisipe lan konstriksyon ou byen rekonstriksyon fonde konpayi prive ,se pa tann djOb Leta!
Konpayi prive yo fet pou jwen kontra nan men Leta tou!!
Si'm gen yon konpaniy ki vand blok, ciment, fe, fok se Leta ki pou ban'm gwo kontra pou'm viv!
Pou kisa se Vorbes & Fils, Delatour & Co. Cineas & Associates, ou byen Brun Materiyo de konstrisyon kap pede jwen gwo kontra leta yo?
Bay yon malere yon chans tou!!


AlOs Rev. ,ou konprann ou ka al lan radyo pou di w ap manche pran OBAMA ?
Fè sa e wa wè sa k ap pase.Ou ta ka pran 5 an prizon e FCC ta ka retire lisans radyo an lan men l.
kididonk etazini se yon diktati de goch?
zafè menas kont prezidan an ,se yon lwa yo te pran apre sasinay KENNEDY an.

Mwen te tande ak zorèy mwen ,sou yon cho sou Radyo Vizyon 2000 an 2001, ke yon nèg yo rele DALY VALET t ap monitore;yon moun ki di kareman li t ap mache pran ARISTIDE.DALY VALET t ap ankouraje nèg lan .
AlOs si gouvènman ARISTIDE LAN te fèmen radyo sa a e arete moun ki te fè menas lan ,se t ap diktati?
E nou konnen sa ki te rive apre,se te akizasyon sou akizasyon;se te menas sou menas sou gouvènman ARISTIDE jis tan sa te ankouraje "vyolan" yo e yo te pase a laksyon.
An palan de konpayi konstriksyon yo,nèg m ap pale de yo an ,pa enterese lan bid pou konstriksyon.Mwen konnen mesye BRUN yo,yo gen konpayi konstriksyon sa a ,depi mwen po t ko fèt.
Se DANIEL BRUN ,ki te marye ak yon pitit fi prezidan BORNO ki te fonde konpayi sa a.Se pitit li e kounye an pitit pitit li ki ap opere konpayi an.
Gen yon seri de nèg ,se djOb Leta yo vle ,pou yo kage dèyè oto.
Wi se pou yo ouvri bid yo,se pou fOse gouvènman an fè sa men kanta politisyen parazit ki ap rele PREVAL tikoulout yo ,se pou l pa menm pete lan koton ba yo.
Se pou y al chache yon aktivite pwodiktif!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Aprann pale Kreyol Empty Re: Aprann pale Kreyol

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum