Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Nike : Jusqu’à 50% sur les articles de ...
Voir le deal

Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)!

3 participants

Aller en bas

Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)! Empty Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)!

Message  jafrikayiti Dim 14 Aoû 2011 - 8:05



220 ane depi gwo leve kanpe BWA KAY IMAN an (14-15 Out 1791)
Jodi a, 14 Out 2011, se jou pou nou di zansèt yo mèsi
Mèsi pou lavi! Mèsi pou libète! Mèsi po diyite! Mèsi pou memwa!
Mwen dedye ti montaj videyo sa a pou tout sila yo k ap goumen pou sa ki byen, depi sou tan Bembo.

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)! Empty Re: Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)!

Message  Rico Dim 14 Aoû 2011 - 13:55

Ayayyyy se vre wi annou venere papa Boukman pou gwo leve kanpe, voye signal , trase chimin pou te kwape blan sanginè yo.

Men se veye , wi mwen di se toujou veye bann Kon go, ansyen ak nouvo yo ki toujou nan konbinn ak blan yo.

Bann Kongo tankou Aristide ak Preval ki te toujou kenbe litani anti blan ak anti enperyalis. Poutan se te 2 jouda ki trayi gran zideyo sayo,


Yo retounen ak 100 000 twoup byen ame sou tè Desalinn lan, mande mete anbago sou peyi a ki te deja nan grangou.

Men nouvo Kon go sayo vann nou, brade nou , rantre nan tout konbinn ak blan bliye nasyonalis yo te toujou preche,

Jounen jodyè se lokazyon pou nou reflechi, mande papa Boukman veye sou pitit li yo, pa lese nou tonbe anba bann lougarou, fo profèt, vandè peyi kap pase ti pèp nan tenten
.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)! Empty Re: Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)!

Message  jafrikayiti Dim 14 Aoû 2011 - 16:39

Yon ekzanp ki montre se pa bagay lontan: Maria do Carmo Jeronimo te fèt esklav, jiska laj 17 an li te esklav toujou. Poutan nan ki ane ou panse Maria Jeronimo mouri?

http://news.bbc.co.uk/2/hi​/americas/793515.stm


Si nèg ak nègès pat leve kanpe kont malsite - Ayiti, Boriken (Puerto-Rico), Brazil, toupatou....jiskaske kè kolon esklavajis te kase, yo te dyare nan pantalon yo epi, finalman, yo te sispann fè krim sa yo, ak Bib yo nan men yo...ki moun ki konnen jouk ki lè sa ta sispann?

Wi, nou di tout grandèt sa yo mèsi, daprèzavwa yo te konn reyini, san entènèt, san telefon selilè....yo te konn danse pou yon bon koz, yo te konn goumen ak men, ak zam, ak sèvo....

jodi a, ak tout resous ki nan men nou yo...ki sa n ap tann pou nou reyini pou koz ki vo lapenn?

Jaf
"n ap kase chenn yo, youn pa youn, jouk sa kaba isiba!"

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)! Empty Re: Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)!

Message  jafrikayiti Lun 22 Aoû 2011 - 21:20



Samdi 20 out ki sot pase a, mwen te patisipe nan yon chita pale ak kèk konpatriyot ki ap feraye nan vil Atlanta. Yo kreye yon oganizasyon ki rele The Haitian Alliance. Gen anpil bon diskisyon ki tanmen nan mitan konpatriyot sa yo ki ta ka enterese nou sou forumhaiti.com

Sit entènèt yo se http://transformhaiti.org/ epi sou paj facebook yo, gen yon seri refleksyon ki espesyalman sou tèm verite ak rekonsilyasyon. Nan sans pa mwen, n ap pale osijè GERIZON nanm Ayisyen an. Kontribisyon pa mwen se ede detere yon latriye verite osijè listwa pèp nou an, zot te eseye toufe demannyè pou yo te ka pèpetye dezod oganize n ap viv jounen jodi a. Nou kwè verite sa yo ka ede nou REKONSILYE ak pwop tèt nou, ak zansèt nou yo, ak listwa nou, ak pèp nou, ak reyalite nou.....e pandan n ap pran fos, pandan n ap kase chenn nan tèt, nou va jwenn mwayen rekonsilye ak zot - sizoka zot fè demach ki nesesè pou li sispann kanpe an kwa sou chimen bon lavi n ap bouske a.

Bilolo!

Jaf



jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)! Empty Re: Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)!

Message  Joel Mar 23 Aoû 2011 - 11:47

Sa a se yon atik ki parèt jodi an sou THE GUARDIAN.
Sanble se yon ANGLÈZ NWA ki ap mande poukisa 23 DAWOUT pa yon evènman ki selebre sou tout tè an.
Se konsa ayè sou youn lan estasyon radyo ki te notwa lan kanpay destabilizasyon 2003,2004 lan mwen te tande yon ""ekspè"" ap di poukisa yo pa selebre gwo evènman sa yo ann AYITI.
Menm moun ,pou ti de enterè mesken ki pa gen anyen pou l wè ak enterè peyi an te fè tou sa ki te posib pou yo te fòse bòykotaj 200yèm anivèsè endepandans peyi an:
An tou ka se yon atik enteresan:

AFRICAN SLAVERY MUST NOT BE FORGOTTEN:

http://www.guardian.co.uk/commentisfree/2011/aug/23/african-slavery-abolition-slave-trade

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)! Empty Re: Mèsi Granpa Boukman! Mèsi Grann Iman (Cécile Fatiman)!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum