Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
-39%
Le deal à ne pas rater :
Pack Home Cinéma Magnat Monitor : Ampli DENON AVR-X2800H, Enceinte ...
1190 € 1950 €
Voir le deal

L'éducation du Résident de la République.

Aller en bas

L'éducation du Résident de la République.  Empty L'éducation du Résident de la République.

Message  ainsi ne soit-il Mar 27 Sep 2011 - 23:53

M'ap mande'm lan tout vire ron sa a si se pa chanboule y'ap chanboule plis yon peyi ki deja tèt an ba. Pi gwo problèm peyi a se koken' lakin ak yon popilasyon ki mal enstrui ou ki pa konn li. Mwen gen respè pou tout endividi lakay ki chèche yon vye metye pou yo ka siviv. An mèm tan m'admire sa, m'toujou gen lapèn lè'm konstate ki jan y'ap ekzèse metye yo ak mwayen ridimantè menm jan ak peyi zan k'ap bay san yo ak pikwa ak manchèt lan kondisyon tè arabl ki fin epuize. De tou tan, se lan debouyadiz ke majorite Ayisyen ap viv ke sa k'konn li ke sa k'pat al lekól. Lè n'byen sonje, sa ki pa konn li yo par konsekan ki pi defavorize yo pi prodiktif ke majorite moun k'ap kale wès lan PAP.

M'pa wè ki progrè k'ap fèt si tout popilasyon mal pati sa a rete abandone a yo menm si l'Eta Ayisyen pa travay pou ankadre jenès dezeuvre a. Debrouyadiz pa yon opsyon etan done ke se lan move mès, lan aktivite ilisit Ayisyen fin lage menm lè yo ak kravat lan kólèt yo. M'pa dakó ak mantalite endividyalis kote lan yon peyi tankou Ayiti pou nèg ki chape vle pase pou modèl pou sa yon sistèm lage sou bó chemen.

Se pou yo jwenn yon fason pou moun sispand aprand li an Ayiti pou yo ka al grate papye lan administrasyon piblik chaje ke peyi a pe pa menm sipóte, kote anplwaye bije lan konbin grese pat, kote fo papye fè pay.

Se atake problèm la a la baz. Nou pe pa lage edikasyon lan men televisyon ak ódinatè. Malgre tout progrè teknoloji, sa ap toujou pran zouti pou moun travay. Dayè, menm pou brikole, sa pran zouti, sa pran yon minimum konesans de sa n'ap fè. Donk, lè moun ap pale de edikasyon se pa de yon bagay machinal y'ap pale, sa pran fómasyon. Ayisyen pa mwens entèlijan ke lót pèp pou yo pa aprand nenpót kèl metye pou valorize tèt yo ak yon peyi yo pwal konstrui.

Se menm jan itou nou pa'p janm vale koze ke se etranje ki pou fè demokrasi lakay sou pretèks ke nou pa pare pou sa. Nou pa vle tande maryonèt k'ap ekzekite lód yo bay yo apre ke yo fin destabilize yon peyi kote yo rayi vrè reprezantan pèp la chwazi ki te premye ki te blayi devan je tout malpouwont problèm peyi a ki se edikasyon, fómasyon.

Non, ki ès nèg sa a ye pou l'ap lanse livr ak tit "Tout moun se moun"? Depi tout tan sa a, sa ki di ke yo se la krèm yo chita jis ap boule pou y'al kanpe sou kote ou dèyè etranje. Sa vin pi tris ankor, jodi a, nou pran anba yon monkonpè grossier personnage, san substans ki pwal pale devan Asanble Jeneral ONU san ke li pa menm konprand bout sa l'ap di, yon ransè pachiman k'ap soti vye pawól "tèt kale" sou moun serye.

Nou pa wè yo fè ekspre mete'l chita sou kote Paul Kagame ki se yon lót bout di men ki pa yon woywoy endisipline, malapri men ki byen atikile e ki gen yon pakou byen striktire. Nou tout wè itou jan Brosnan fini diskisyon a. Ouais, nou te peye endepandans ak kafe... pandan ke lót la ak peyi a te sibi imilyasyon paske l'tap reklame dedomajman pou Ayiti.

Bèl koze, nou pwal voye ti moun lekól san profesè. Ke se lan nivo primè jiska inivèsite, sa pran pedagog, sa pran bon bós, sa pran yon curriculum, sa pran yon objektif final donk sa pran yon ankadreman sinon se lajan jete. Si pa gen enstisisyon pou verifye konpetans, se menm koze lekol borlèt la ki pwal kontinye. Se yon jenès ki pwal gaspiye dotanplis ke pótre ki devan zye'l jodi a, sè ke w ka prezidan Ayiti menm ak yon panye (sèvèl) crack.

Ayiti pa ka rete yon laboratwa pou tout kalite eksperyan sinistr. Mwen bouke tande itou kretyen vivan ki pwal pote tèt yo bay tout kalite reken. Gen reken ki ap manje w san ezitasyon tankou gen k'ap refoule'w. Pa janm blye yon rejim sanginè ki pou anpil lan eta peyi a ye a. Si nou pa kenbe baboukèt la rèd lan tèt bourik sangle k'ap jwe pyano programe a, nou pwal tande l'kap rani chak 8 è di maten, chak lanjelis. Se kaban' li l'ap ranje pou pi devan. Tèt kale bobis mèsi pè... trompette mal embouchée.

Que la paix du Saigneur soit avec vous!
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum