Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cdiscount : -30€ dès 300€ ...
Voir le deal

Ayiti S.E.N, Sant entelijans nasyonal

Aller en bas

Ayiti S.E.N, Sant entelijans nasyonal  Empty Ayiti S.E.N, Sant entelijans nasyonal

Message  grenadye16 Lun 21 Nov 2011 - 11:52

Ensekirite se manke kontwòl sou aktivite endividi yo ape mennen nan yon peyi. Kontwole yon moun se aprann mouvman antre soti li yo ak ki kote yo branche. Lapolis kòm yon kò sivil genyen pou misyon pou bare wout ak tout tandans ki vize simen twoub nan sosyete a. Li marye ak anpil lòt enstans tankou legliz, lekòl, radyo, lame, sant ransèyman pèsonèl pou idantifye moun ki pa kòrèk epi devanse aksyon yo panse komèt.
Malgre koperasyon ak enfliyans li sou gouvennman an yon sant ransèyman rete yon enstitisyon endepandan ak karaktè prive ki pa fòseman sou kontwòl lapolis oubyen lame. Li kapab genyen yon santral fiks men biwo kominal, kazèn, komisarya ou soukomisarya yo se pwen estratejik pou ranmase done. Ak laverite yon sant ransèyman pa la sèlman pou detekte moun. An 1996 nan eta kalifòni genyen yon dife ki pran nan yon forè. Nan mwens ke 1 nè yo kontakte, evakye plis ke 112.000 moun. Kouman? Gras ak enfòmasyon otorite yo genyen sou moun ki ape viv nan lokalite yo. Tout enstitisyon konsève yon achiv sou pèsonèl ki afekte yon pozisyon defini. Chak fèmti yon ane fiskal yo desann ou, yo ta dwe desann yo nan achiv nasyonal pou konsèvasyon. Yo baze sou lay, non, estati sosyal, adrès, ki sa ou deja fè swa nan sosyete a ou byen nan enstitisyon an menm, swa byen ou mal. Avèk sa li ape fasil pou yo repere ou lè yo bezwen.
Nan peyi ki òganize yo itilize anpwent dijital ak jès vizyèl yon moun. Se 2 metòd ki pi efikas yo itilize pou idantifye yon moun. Sonje nou ape viv nan yon monn astisye kote chaje falsifikatè. Pou evite yo pran yon moun pou yon lòt, yo kopye bagay sa yo, afiche yo ak done pèsonèl chak sitwayen.
Genyen tou sa yo rele sant jeneyalojik. Li se yon baz ki konsève tout jenerasyon ki pase yo. Sa ede leta nan kolekte enfòmasyon sou moun li ape dirije yo.
Pa genyen yon fason fiks pou chache konnen. Anplis, chak sosyete bati konpòtman yo sou nivo edikasyon yo. Li kapab varye sou plizyè fòm. Sa ki bèl la, tout moun se yon ajan enfòmasyon dirèk ou endirèkteman. An nou pran yon ti egzanp. Chany ki devan travay la kapab di ou a ki lè patwon an vini nan biwo li. Ti machann pistach la konnen kouman sèvant ou an rele. Ou wè sa? Mwen pa voye ou ale kouri dèyè moun yo bò lari a non. Men sèlman konpòte ou byen.
Se yon bon inisyativ leta ayisyen konte pran pou kanpe sistèm ransèyman ayiti an. Li pa yon nesesite ankò. Se yon ijans. Mwen espere nan transparans, disiplin ak karaktè pwofesyonèl yo ape rive genyen kontwòl nasyon an, e pou ki pa elimine move je yo nan sen nou. http://lagepeyim.blogspot.com/2011/11/kite-mwen-di-ou-vle-kou-pa-vle-lame-ape.html

grenadye16
Senior

Féminin
Nombre de messages : 40
Localisation : HAITI
Opinion politique : DEMOCRATE
Loisirs : INTERNET
Date d'inscription : 09/04/2011

http://bit.ly/hOt3Nl

Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum