Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Jeux, jouets et Lego : le deuxième à ...
Voir le deal

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

+2
Le gros roseau
revelation
6 participants

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Ven 3 Fév 2012 - 18:12

Nou rejete atitid Prezidan Martelly anver mamb Parleman e Premye Minist lan.

Sepandan, nou konnen ke Martelly gen repitasyon regle problem li nan di betiz!! Moun ki pa konnen di betiz ke'l leve men'l an le??
Nou si ke Parleman yo repond li back tou!! Si sete Duvalier e lot moun ke nou konnen, Parleman sa yo ak tout Premye Minist lan tap 6 pye anba te ou byen nan kacho Fort Dimanche!!

Mesye pa vinn pran poz sofistike nou laa tande! Tout moun di betiz e voye kout poin monte!

Kite demokrasi mache nan peyi aa.




Dernière édition par revelation le Sam 4 Fév 2012 - 22:44, édité 1 fois
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Ven 3 Fév 2012 - 23:10

Tout moun di betiz men yo pa presidan.Ni yo pa rantre ka moun al di betiz.Mo gwo soulye,gwo zotey pa menm aplikab piou Martelly fok se yon lot mo pou yo ta kreye pou Martelly.martelly pankor genyen moyen poul fizye paske patron l yo pankor ba li kat blanch .Tann li finn mete restavek FADH li yo sou pye wa tande sak pral pase.

pa genyen Sovyet Unyon ankor.Yo pap tolere martelly.Men si se pou martelly li tap pase ni Moise jean Charles ni Arnel belizaire a linfinitif lontan deja.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Joel Sam 4 Fév 2012 - 11:23

ROZO;

Pwoblèm REVELATYON,li konprann li lan 20yèm syèk ,li lan1980,1990 kote se sa AMERIKEN ak sa BOUJWAZI an vle ,se sa ki la LWA.
Ebyen men nou ,men grenn nou kraze.Nou an 2012 kote gen yon pakèt ansyen aktivis ak geriya EKSTRÈM GOCH ki sou pouvwa yo lan de peyi tankou BREZIL,AJANTIN ak IRIGWE.

DILMA ROUSSEF pa p kite JCD ap paweze;MWEN GARANTI NOU SA.
Li soufri anba DIKTATI.Se chans li pa t mouri.
Gade FOTO sa a anvan yo te tòtire l an1970;li te gen sèlman 22 zan

http://revistaepoca.globo.com/Brasil/noticia/2011/12/foto-inedita-mostra-dilma-em-interrogatorio-em-1970.html


Dernière édition par Joel le Sam 4 Fév 2012 - 12:18, édité 1 fois

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Sam 4 Fév 2012 - 11:43

Joel di: DILMA ROUSSEF pa p kite JCD ap paweze;MWEN GARANTI NOU SA.
Li soufri anba DIKTATI.Se chans li pa t mouri
Nou dako avek w Joel!
Moun ki gen paran yo ki mouri sou Duvalier te fet pou mete tet yon amsamb pou mande jistis.

Mwen gen yon zanmi, preske tout fanmi li disparet sou Duvalier paske yon soeur li marye yon offisye l'armee ke yo te akize de atanta pou tye JC Duvalier le li te college Byrd.

Offisye saa ap banbile nan lakou PotoPrins san di anyen ni fe yon deklarasyon de protestasyon.
Nou ta souwete ke si offisye saa gen respe pou madam li, pou fanmi'l e pou rest vikti, yo deside yon jou pou offisye saa fe atanta saa tout bon vre.
Fwa saa pap gen nanti ladan'n.
Fok jistis fet e se viktim yo ki pou fe premye jest la pou yo sa jwen sipo pep la!!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Joel Sam 4 Fév 2012 - 12:46

Se pa jwèt non .ATIK lan di ke militè yo fè 22 jou ap tòtire DILMA.
Si nou pa konprann ize GOOGLE TRANSLATE ,AN KREYÒL ,AN FRANSE OU ANN ANGLE.

Menm LULA paka relate ak bagay sa a ;paske yo pa t janm arete LULA.
Se rezon sa a ,JENERAL BREZILYEN KOUDETAYIS yo ,sa k vivan yo ,lan 80s e y ap mande pou yo poze la pat sou yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Sam 4 Fév 2012 - 14:37

Revelatyon

ofisye wap pale se yon gwo malpwop.Fok ou pa bliye se li ki te Anbasadè ayisyen Washington sou Propsper Avril.kote li tap ba Avril glwa e louanj.Se pa fanmi madanm li selman yo te touye yo te touye Manmanl papal, pitit li e menm bonn ki tap travay lakay li.Men se pa li sel kote Pierre Clitandre ki tap mande Roger lafontant:"Ou est mon père."Kote gabriel Herard ke yo te mete nan television apre ke yo te fin bat li nan kasern Dessalines ak tout lot jounalis petit samedi soir yo?.Non tout moun ki mouri sou Jean Claude duvalier yo la.se tou tan yap pibliye sou enternet la. Si jij la pat genyen GNB ase se poul te rekise tet li.Menm sou sit saa genyern yon moun ki konn pibliye non ayisyen ki mouri nan Fort dimanche e nan penitansye national.

Diktatè ayisyen pap janm respekte vi e dwa moun an ayiti tou tan yo konnen yo pa genyen anyen yap peye lè yo touye moun e volè lajan peyi ya.Se sak fè Prosper Avril apre JCD te fè bat K-plim , Serge Gilles ak Marineau Etienne.Yon pep san memwa ap toujou sibi menm abi pouvwa yo.Apre na ekri liv ap denonse sak te pase sou Tonton Nord ou byen sou Florville Hyppolite. poukisa boujwasi patripoch la te ka pase Dessalines, Salnave, Cincinatus leconte Villebrun Guillaume Sam a lenfinitif e Avril ak JCD ap bwè chanpagne yo nan tout restoran menm yon piga seren yo pa ka bali?

martelly pa ka enpose padon pou JCD paskel se yon ansyen makout.fok genyen moun ki pou dil ranni nan patiraj li kom bourik mal donté

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Sam 4 Fév 2012 - 22:55

ofisye wap pale se yon gwo malpwop.Fok ou pa bliye se li ki te Anbasadè ayisyen Washington sou Propsper Avril.kote li tap ba Avril glwa e louanj.Se pa fanmi madanm li selman yo te touye yo te touye Manmanl papal, pitit li e menm bonn ki tap travay lakay li.
Men se pa li sel kote Pierre Clitandre ki tap mande Roger lafontant:"Ou est mon père."Kote gabriel Herard ke yo te mete nan television apre ke yo te fin bat li nan kasern Dessalines ak tout lot jounalis petit samedi soir yo?.Non tout moun ki mouri sou Jean Claude duvalier yo la
Mesye sa yo soufri anpl fizikman e mantalman e nou kwe ke si yo poko fe deklarasyon pa yo sou koze JC Duvalier kap bambile nan lakou PotoPrins a se paske se prepare ke yo ap prepare ka yo pou prezante devan la jistis e devan la press..
Nou ta souwete ke yo oganize yon konferans de press e prezante yo bay piblik la le plito posib.


Men explikasyon ke Martelly bay sou koze problem ke'l te gennyen ak Parlemante yo kay Premye minist lan.



Dernière édition par revelation le Sam 4 Fév 2012 - 23:01, édité 1 fois
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Sam 4 Fév 2012 - 22:59

pandan konbyen tan yap prepare dosye sa yo?Mwen di genyen lis tout moun ki mouri Fort Dimanche e nan penitansye natyonal ki ap sikile sou internet la depi pli de 25 lane. Si jij saa pa o kouran sak te pase an ayiti diran rey diktati ya ke li demisyonen.Li se yon wont pou tit li pote ya.Si yon jij ka kite yon moun tankou Reynold Georges kraponenen w ou pa merite fonktyon ke w okipe ya.nanpren oken lot peyi Reynold Georges te ka fè yon deklaratyon konsa san ke yo pat fout li yon kote pou li al reflechi.Li genyen rezon di ;here shit happens.


Dernière édition par Le gros roseau le Sam 4 Fév 2012 - 23:06, édité 1 fois

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Excel Sam 4 Fév 2012 - 23:05

Il faut dechouker cette sall-uperie.

Excel
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 272
Localisation : Léogane
Opinion politique : denonse diktateu
Loisirs : manger di riz ak pwa
Date d'inscription : 10/07/2011

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Sam 4 Fév 2012 - 23:14

ki donk se pa vre li pat joure Steven benoit massissi vre.se manti Steven Benoit ap fè;se manti presidan Sena ap fè sou li.Ki les ki pi kredib ant 3 moun sa yo? li di ke nanpren oken ensitutyon ki genyen dwa mandel sil se sitoyen yon lot peyi ki donk li pa rekonet egalite twa pouvwa yo li o desi lwa peyi ya?Se komsi Richard Nixon ta di nanpren enstitutyon ki ka impeach li.Byen ke se moun ki akise li yo ki genyen obligatyon paret ak prev ke li genyen paspor lot peyi paske kom li di li te deja ba CEP tout pyes ke yo te beswen e desisyon CEP san apel.se la ke mwen di Konstitutyon 1987 se yon dokiman ki kreye plis pwoblem nan peyi ya paske genyen yon paket fonktyonè li mete o desi lwa peyi ya.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Sam 4 Fév 2012 - 23:23

pandan konbyen tan yap prepare dosye sa yo?Mwen di genyen lis tout moun ki mouri Fort Dimanche e nan penitansye natyonal ki ap sikile sou internet la depi pli de 25 lane. Si jij saa pa o kouran sak te pase an ayiti diran rey diktati ya ke li demisyonen.Li se yon wont pou tit li pote ya.
Jij Carves Jean se yon employe Leta ki tap defand intere Leta sou zafe JC Duvalier ki volo Leta e koripsyon nan gouvenman li a ki se yon ka ki pou fet devan yon tribinal korreksyonel memm jan ak volo ki volo kabrit ak bef. Si JC Duvalier kwiye fayit se 26 mil goudes selman ke li kap remet Leta sou $800 million dolla ke'l te volo e depanse pandan 25 annee de jouyisans.

Pou zafe violasyon dwa himen se yon lot ka ki pou fet devan yon tribinal kriminel pou intimidasyon, touye inosan, torti, detensyon bastonad e arrestasyon illegal.

Nou dako avek w Rozo, gen ase evidans e ase moun viktim nan peyi a, Kanada e France ak Etazini ki te pase Fort Dimanche e nan Caserne Dessalines, Penitentier Nasyonal etc.. Men se yo ki pou fe premye pa.

Nou tande ke si presyon lokal e internasyonal yo tro cho pou JC Duvalier lap travese St Dominque ou byen Panama. Demand yo poko fet men 2 peyi sa yo sou list li. He can run, but he can't hide!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Sam 4 Fév 2012 - 23:40

Rev

Tande non mwen pa jurist ni mwen pa beswen oken jurist vinn dim ke krim kont limanite yo ke yo repwoche JCD yo impreskritib.Mwen pa genyen chef dakisatyon ki devan jij la nan menm men jan ou ekri la dosye ki devan jij la se pa dosye koruptyon selman li ye. epi se pa yon kestyon de 26 000 dola ke jean claude Duvlaier di li genyen se yon kestyon de koruptyon ki te eksiste sou gouvenman l kote kob regie du tabac et des allumettes yo te pase ?poukisa yo pat fiskalise kob sa yo?Ki jan fè neg ki te nan dech nwa anvan yo te okipe pos super minis sou JCD vinn genyen tout milyon sa yo?Roger lafontant kite yon fortune nan men chofè Taxi ayisyen nan New York ,Roger lafontant tout moun te konen ki janl tap viv anvan Duvalier. kote lafontant jwen fortune saa?Si Jij la te yon moun onet li ta ka rele ansyen anpolye Bank natyonal ki ta ka dil ki jan Duvalier yo te konn volè lajan leta.Li ta ka rele moun tankou jean Claude Sanon si li la toujou poul te di kobyen fwa jean Claude Duvalier te konn voye chache lajan la bank lan?Genyen moun ki tap travay Bank natyonal ki la toujou ki te ka eksplikel ki jan Duvalier yo te konn volè lajan leta.

Ki premye pa ou vle pou yo fè ankor genyen moun ki te pase Fort dimanch ki te deja depose plent kont JCD>genyen ki pa vle perdi tan yo paske yo konnen depi se martelly ki presidan anyen pap rive JCD si kominote enternatyonal la pa foure bouch li nan kose ya.men lè nou tande deklaratyon anbasadè franseuu ya nou wè ke peyi ki tap lite pou liberte. egalite, fraternite, ya se pi gwo sitirez volè e kriminel peyi afriken yo.se peyi saa ki voye JCD tounen poul vinn fini ak peyi ya net pou imilyatyon nou te fè yo sibi.retou JCD ak elektyon malfektè delenkan yo rele Michel martelly se yon konplo byen monte pou perpetye esklavaj modern lan an ayiti.Moun ki pa vle konprann saa se bagay ki gade yo.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  jafrikayiti Dim 5 Fév 2012 - 6:37

clown!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Dim 5 Fév 2012 - 11:04

Sanble bizniss vand CD "La Fimen" an pa mache, konnyen la w se manaje band hippop raper!
Good luck mon fre!

Pou kisa ke w pa ankouraje yo al lekol de preferans?
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  jafrikayiti Dim 5 Fév 2012 - 11:14

Rev, sispann di tenten non monkonpè. Atis Hip-Hop ou ap mande pou nou ankouraje voye lekol yo se Doktè k ap pratike lamedsin, se moun ki gen bakaloreya nan travay sosyal .....se pa moun k ap di "lyo pa renmen liv" epi k ap desann pantalon yo pou bay MINUSTAH ekzanp non.

E sila yo ki po ko osnon ki pat gen chans pase sou ban lekol yo, se moun ki ap bay tèt yo disiplin pou yo aprann. Se pa menm jan "clown" ou ap defann alatèt Vaudeville y ap jwe nan peyi a semenn sa a.

Nou kwè nan edikasyon tout bon vre ! Pa yon edikasyon pachiman, yo veritab edikasyon pou transfome lavi sou latè!

Wi biznis vann CD a se yon GWO GWO komès! Se katafal benefis mwen fè....ojis mwen pwofite ofri ou yon ti djon demachè pou ede pawol wet lasi nan je a fè chimen li pi vit. Ou va tou pwofite fè soustraksyon sou GWO papa benefis m ap fè yo....Men mwen avèti ou, bwodè sa a fè tout afè li legal...Nou vann CD nou pa vann vye bagay ki pa bon pou sante moun k ap voye moun nan dezentokisikasyon. Paske nou pa gen anbisyon vin prezidan pi devan!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Dim 5 Fév 2012 - 11:34

Jaf di: Nou kwè nan edikasyon tout bon vre ! Pa yon edikasyon pachiman, yo veritab edikasyon pou transfome lavi sou latè!
Sip pa trompe'm, nou gen koleksyon tout CD w yo deja! Nou te memm panse fe copi CD sa yo e distribye yo nan tout lekol piblik e kominote provins yo. Nou pa fe'l paske nou pa gen permissyon pou fe sa e li illigal tou akoz de dwa copyright. Itilize imajinasyon w e vini avek lot materyal nouvo. Monte yon pies theatral ak travay w yo.
Chache prodiser e direkte pou travay w yo.

Paske nou we konnyen la ke w lague 2 guidon bisiklet w nan deye tout peyi ki ta vle ede Ayiti ekonomikman. Mache di ke se kolonizasyon modern all over again!

W ap andoktrine e monte tet tout jeunn nan peyi a e nan Kanada.
Kontinye travay w jen ke w te konn fe a, montre etranje e pep Ayisyen vre istwa peyi Dayiti mon fre!

Paske andoktrine jeunn tro danjere c'est jour-ci sitou nan epoq rekonstriksyon saa kote ke tout investise tre sou pingua yo pou lajan kap soti nan poch yo.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Rico Dim 5 Fév 2012 - 21:25

revelation a écrit:Nou rejete atitid Prezidan Martelly anver mamb Parleman e Premye Minist lan.

Sepandan, nou konnen ke Martelly gen repitasyon regle problem li nan di betiz!! Moun ki pa konnen di betiz ke'l leve men'l an le??
Nou si ke Parleman yo repond li back tou!! Si sete Duvalier e lot moun ke nou konnen, Parleman sa yo ak tout Premye Minist lan tap 6 pye anba te ou byen nan kacho Fort Dimanche!!

Mesye pa vinn pran poz sofistike nou laa tande! Tout moun di betiz e voye kout poin monte!

Kite demokrasi mache nan peyi aa.




Ala koze w tande kidonk joure di betiz sal se demokrasi. Mezanmiro annou serye eske di koze konsa se byen reflechi. Joure ak di betiz se vyolans ki derape, se yon fom totalitè pou di an fas pa gen dyalog, pa gen echanj. Twichhhpppe sa vle di ki te mele m avè w, mwen pa gen kont pou rann.

Se vreman terib pou fè konprann se koko makak ak touye moun selman ki danjere. Non mezanmi joure di betiz se komasman pou resevwa bon pataswel. E pwi chans nou Martelly pa gen kontrol la polis tankou Aristide pou voye maspinen ou koze lanmo moun.


Alos kote demokrasi sa chita ki vle dwe gen echanj konstriktif, dwe gen respè non refize tande lot an fas. Yon moun kap joure sitou kap rantre nan manman moun vle di pa gen dyalog, alouvouzan. Meznmiro koman demokrasi sa pral fèt.
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Dim 5 Fév 2012 - 22:29

Rev

si martelly ta desann pantalon w ka Premye Minis la pou montre saw konnen yan ou tap di se pa anyen kite demokrasi mache tou.Mon chè jeneratyon w lan ki leve pandan revolutyon kann kale yo pat montre nou savoir-vivre ni sak rele byenseyans se pousa wap defann mal degrossi ya.Si se te yon lavalsyen jan nou ta kritikel.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Dim 5 Fév 2012 - 22:47

Rico di: Joure ak di betiz se vyolans ki derape, se yon fom totalitè pou di an fas pa gen dyalog, pa gen echanj
Prezidan Martelly deplase'l li memm pou konstate reynion premye minist li ak parleman yo. Tout prezidan peyi Dayiti tap sispek de reynion klandestin sa yo.

Li pa voye kamion leopard al fizye yo pou konplotaj.. Li rete byen kalm e byen explike san kache lonbrit ke reyinion an komanse tre byen answit echanj ak joure mete pye.

A la fin reyinion an tout parlemante ak prezidan bay lan men san zam pa tirè san kalot pa voyè!

Ki sa ke w pa konprand la boss papa??

An nou retounen deye 50 a 40 tan kote diktate te fe sa yo vle. Mesye sa yo tap 6 pye anba terre ou byen tap pourri fô Dimanche.

Band Duvalierist Chimere paranoik assasin! Nou vle we sang! Nou gen nostalji touye chretien vivan! Nou gen nostalje pe lebrun? Se sak fe ansyen diktate ap sikile nan peyi a konsa. Nou pa gen nen nan figui nou.

Nou pa gen lestomak a kouraj pou di lide nou yo sispand touye oppozan yo. Nou pa we yon grenn viktim JC Duvalier, JB Aristide, ak Preval yo al crache nan figui yo!ni trennen yo devan la jistis!

Martelly pap banou plezi saa pou nou we sang anko. Lap kontante di nou betiz de preferans!
Depi kile ke Duvalierist ak Chimere te gen bonne maniere et savoir faire?
Band kapon e assasin, lach, denonser, tret, vander patri pou intere personel, tribal, ras, koule, klass sosyal, e partizaneri??

An atandan equip Martelly a ap fe peyi a mache.
Chita pedi tan nan tripotaj Martelly!!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Dim 5 Fév 2012 - 23:08

ou komanse rive two lwen.nou deja diw manje ti zo martelly ap voye ba w la ak tout fanmi w men pa vinn defann mal degrossi sa sou moun.Se pa ansyen frapist la wap vinn defann la?se pa neg yo di kite nan touye Pè Vincent an?Mon chè martelly pat ka touye Arnel belizaire ni MJC paske li pankor genyen lod met li yo.dapre mwen martelly tap pi red ke francois Duvalier si se li ki te prezidan nan epok kote komilis la te yon menas pou sekirite moun ki di yo se zanmi nou yo.Ou pa ka di nou ke martelly pa menm jan ak lot Presidan ki te konn voye arete depite nan plaman se pal te fè arete Arnel belizaire, se pal te di Arnel belizaire nanpren moun ki ap soti vivan nan palè ya si yo manke presidan an dega.

'gen lè ni wou ni martelly pa janm li konstitutyon ki ba tout moun dwa dasanblaj kote yo vle a lè yo vle.eske genyen yon lwa ki di Senatè ak depite pa genyen dwa al ka premye minis la pou yo diskite zafè peyi ya.Li toujou ap montre ki le se yon mal degrossi apre pou li ap fè manti di se pa vre nanpren anyen mal ki te pase.Se manti Steven benoit ak presidan Sena ap fè?Wap plede di martelly ap fè peyi ya mache men ou pankor janm di ki gwo reyalisatyon martelly ke mache fè touris poul domi nan gwo otel ak fanm li yo.Mon chè souse ti zo w ke martelly ba w tande.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Rico Dim 5 Fév 2012 - 23:21

Wou sanble yon ti novis, yon apranti an politik, si w konnen byen istwa w Duvalier an 57 se sayo rele bon ti medsen kanpay ki renmen malere anpil. Saki rive se move tosyonè ki komanse joure, di betiz . Apre li pase vitès siperyè pou di li AVI. Answit li komanse bastonnen, fèmen dyol opozan , zigouye yo.

Li pa te janm komanse nan vyolans se sitou nan vye betiz jan li te di komandan meriken Heinel koulangyèt manman li. Se depi la tout moun sispek se yon mechan malad tankou Sweet Micki.

Kanta Martelly saki fè li pa kakab rive la, li pa gen ase kontrol fos polis la pou fè dezod, mande arete. kwapwonnen opozan tankou Aristide. Li pa menm gen fos Preval ki te gen kinan l nan polis la. Martelly rekipere kèk ansyen polisye an diskras pou flanke nan sekirite l.

Menm ti ansyen polisye sayo li gen kontrol yo, pap pran chans ,yo pa vreman solid pou jwe frekan. Se byen sa pou konprann. Martelly pa gen lotorite pou voye koko makak, kwapwonnen moun

Men se pou fè atansyon tout prezidan ki tonbe nan joure di betiz. pa gen anyen ki enposib, si li vreman an difikilte.E SI W KWÈ M LI FRENK AN DIFIKILTE. PRESYON AP MONTE, PREPARE W POU TANDE LOBEY
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Dim 5 Fév 2012 - 23:34

Rozo di: ou komanse rive two lwen.nou deja diw manje ti zo martelly ap voye ba w la ak tout fanmi w men pa vinn defann mal degrossi sa sou moun.
Mon cher Rozo!! Sispand di betiz!! Moun serye ap konprand ke w fou e egri.
W pakab mennen yon konversation nan salon forumhaiti san di betiz, ni fe atak personel e intimide moun serye!
Malgre ti lajan ke w travay di pou fe e nou respete sa! Sanble ke w pa jamb antre nan yon club kankou Rotary, Lion, Toastmaster etc. pou aprand bonne maniere.

Sanble se kote w ke Martelly pran. Li di betiz le li we sanzafe kankou vinn danse bal sweet mickey.

Le Martelly nan salon moun de byen li oblije konpote'l an moun de byen. Jan nou pale ak li, li pakab pemet vinn di betiz devan nou.

Rico, nou konprand inkyetid w mon fre. le jou ke Martelly ta vle fe wout kwochi, nou ap premye moun kap rele chwal barre deye'l.

Lite met defoule'l nan di betiz!! Se pa yon zak anti-demokratik mon fre!
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Le gros roseau Dim 5 Fév 2012 - 23:54

"

Band Duvalierist Chimere paranoik assasin! Nou vle we sang! Nou gen nostalji touye chretien vivan! Nou gen nostalje pe lebrun? Se sak fe ansyen diktate ap sikile nan peyi a konsa. Nou pa gen nen nan figui nou. "

ki moun ki di li se makout?e ki moun ki komanse akise moun nan diskisyon saa.?Mwen deja di w nou konnen rasinn w.ou pa ka twonpe tout moun sou forum lan.Kote w di yo se pa kote map janm frekante.ni yo pa enteresem paske mwen konnen se kote ki genyen tout vis.Ni mwen se pa moun ki janm ap chache relatyon san koutya. mwen pa tap janm al nan bal sweet mickey.dayè misk li jwe yo pa jan de misik ki fem plesi.apranti misysyen tankou mickey pa tap janm jwen aplodisman nan menm.se lakay moun mwen konen mal nan fet e fet ke yo konn invitem nan travay mwen.Mwen konn al nan kek restoran ayisyen nan queens mwen konn danse la men se pa yon bagay mwen fè tou tan.se chak fen dane mwen konn al nan bal nan restoran manhattan ke nou te konn fè nan travay mwen.Mwen pa alez kote genyne moun mwen pa konen.

mwen twouve li drol pou ap defann yon moun tankou Michel martelly ki se yon wont pou peyi ya akoz de komportman li.Mwen mande w ankor si martelly te desann pantalon l griyen dèyel sou depite nan salon ka premye minis la si se ta demokrasi tou.yo di zwazo menm plimaj benyen menm kote se vre.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  jafrikayiti Lun 6 Fév 2012 - 12:18

Rev ekri: "le jou ke Martelly ta vle fe wout kwochi, nou ap premye moun kap rele chwal barre deye'l. "

Tradiksyon: - depi blan an lage l, m ap lage l tou!

Gen yon zanmi m ki rele patriyot tankou Rev yo "ke kOk". Se selon direksyon van an yo panche...Kidonk, ekip ke kOk toujou chanpyon!

Moralite, jistis, tout se detay!

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  revelation Lun 6 Fév 2012 - 13:04

Rev ekri: "le jou ke Martelly ta vle fe wout kwochi, nou ap premye moun kap rele chwal barre deye'l. "

Jaf di: Tradiksyon: - depi blan an lage l, m ap lage l tou!
Gen yon zanmi m ki rele patriyot tankou Rev yo "ke kOk". Se selon direksyon van an yo panche...Kidonk, ekip ke kOk toujou chanpyon!
Moralite, jistis, tout se detay!
Tradiksyon an mal fet. vre tradiksyon an Jaf se si pep lage Martelly, Blan pap gen lot chwa ke lage'l tou.

Examp. Apre retou Aristide an 1994, kor diplomatik la e tout sosyete a sezi pou we ke yon prezidan popile kap fe diskou'l deye yon "bullet proof" glass ak 20,000 Marines eparpye nan tout kwen peyi a.

Enswit li armee yon group de chimere e ba yo acces nan Palais National e bayo dwa intimide malere kou granneg.

Le tout ansyen Lavalasyen de premiere heur yo proteste li pa tchippee ba nou. Pou nou fe istwa kout, Bill Clinton ak equip Black Caucus yo roule Aristide nan farine!! Ayiti vinn pi gwo inpotate diriz nan eta Jesse Helms, Caroline di Nô e eta Bill Clinton, Arkansas.

Deal konpagny telefone fe kenken.
Rantre e soti lajan ap fet san comptabilete.
Depite ak Senate pati Lavalas domine Parleman nan magouille ak fô vote fô mamit.
Rest la, nou konnen'l.

Bill Clinton rekonet ke li fet erre anve Ayiti. Li lakoz ke agrikilti peyi tombe byen ba.
Li di sa ap prop bouch li.

Pou kisa ke leader nou yo pa admet ke yo komet errer grave kont sosyete a.??

Joel di li memm ke Ayiti pa les Eta Zini!! Zafe konfessyon prezidan ayisyen yo se yon piege e evidans ke viktim yo kap itilize kont yo si yo rele yo devan la jistis.

Gen anpil Lavalasyen konvenkan ki nan prizon, an Ayiti e nan Miami, Floride akoz de move magouille.
Si konfessyon sa yo fet anpil viktim ap jwen soulajman.
revelation
revelation
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 3086
Localisation : Washington, DC
Opinion politique : Senior Financial Analyst
Loisirs : walking, jogging, basket, tennis
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: L'analyste

Revenir en haut Aller en bas

Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo Empty Re: Pito Martelly di Parleman betiz Olye ke'l fe Fizye yo memm jan Ak Lot yo

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Page 1 sur 2 1, 2  Suivant

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum