Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le coffret Collection Alakazam-ex ?
Voir le deal

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

+2
Le gros roseau
Thunder
6 participants

Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Dim 4 Mar 2012 - 16:19

Mwen remake ke anpil moun isit lan toujou nan site yon kesyon de yo pa "rayi ras" yo. Yo mete patwon yo Aristide tankou reprezantan yon "ras", depi yon moun pa tchoul Aristide, se kòmsi ke moun saa rayi "ras" li. Mwen pral eseye fè yon ti limyè pou moun sa yo ki bouche nan sèvèl yo.

Pou mwen, genyen sèlman 2 ras moun sou latè: Bon moun ak move moun. Pa genyen yon sosyete, yon klas sosyal, yon gwoup moun, ak yon fanmi ki pa genyen 2 ras sa yo ladann. Se rezon saa ki fè genyen bon Mevs, epi genyen move Lamadieu; genyen bon Acra, epi genyen move Saint-Vil, e vise vèsa. Genyen menm ansyen prizonye Nazi yo ki di ke yo konn jwenn Nazi ki pi bon moun ke Jwif parèy yo pandan ke yo fèmen nan menm kan de konsantrasyon avèk Jwif sa yo. Fè sa yo ke mwen site la yo, se prèv ke yon moun ki genyen yon sèten nivo de konpreyansyon, ta sipoze kapab konprann ke se pa sou koulè po ak nivo klas sosyal pou ti nèg reklame tèt yo sèlman. Genyen lòt bagay ki pi enpòtan pase bagay sa yo, tankou diyite ak respè.

Se pa paske Aristide te pòv ki fè ke pou m ofri figi m kòm papye chak fwa ke li ale wè Madan Viktò. Se pa paske nen l plat, dyòl li gwo, cheve l grenn... pou m konprann ke li se ras mwen. Donk, si mwen kont li, mwen "rayi" ras mwen. Michel Francois genyen menm karakteristik sa yo, eske yo menm se ras pa yo tou ke yo rayi ki fè ke yo pa renmen misye?

M ap kite pou yo reponn kesyon saa, men se yon sèl bagay ke mwen konnen se ke idyosi se yon bagay ki ine. Yon idyo te mèt ale Yale oubyen La Sorbonne, nan fen jounen an l pa rete yon idyo. Idyosi pa prejije li menm, li antre nan tout klas ak nan tout "ras".
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Le gros roseau Dim 4 Mar 2012 - 18:41

Men lè wap fè manti di ke yon moun ki soti nan menm klass ak w mete ti bebe nan pilon poul pilel; lè wap di ke li te vann leta kay epi apre li rete ladann pou denigrel ;lèwap di ke li se sanginè paske ou pat bor tab;lè w di se li ki touye Jean dominique alor moun ki konnen jan jean do mouri konen Aristide pa genyen anyen puol wè nan lan mor jean dominique la e byen mon chè fok you moun pa pè diw ke w se yon spade.genyen kritik e difamatyon;wou se pa kritike selman ou kritike.ou bay manti pou difame se yon bagay nan lot peyi ke yo pini.

mwen pa janm di tout moun ki genyen po klè an ayiti ou blan se mechan non.mwen konnen genyen Conze pami moun nwa tou.Lè map pale de lelit ayisyen se wou ak ti servo zandolit w la ki konprann se de milet selman map pale.e ou pa fouti dim ke pat genyen prejije koulè an ayiti yon lè.mwen pa blije renmen moun ki pa renmenm paske mwen nwa.mwen pa blije renmen moun ki te rete nan menm katye ak mwen e ki te tandem ap rele O sekou lan nwit pou grann mwen ki te fè yon endisposityon epi yo pat menm ouvri pot pou gade sa nou genyen,,mwen pa blije renmen yo si yo pat kite nou pran menm yon bokit dlo lakay yo.Si w pa konn peyi w la byen se pa mwen ki repsonsab sa.al li poem Francois Duvalier ekri ki rele "le cri d'un exilé" wa konprann sa ki fè sak pase jeremie ya pase.Byen ke se yon zak kondanab men la haine et le mepris envers un groupe social engendrent la violence. Sak pase o Rwanda genyen yon rezon ki fel pase.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  ainsi ne soit-il Lun 5 Mar 2012 - 14:58

Pouki sa pet du bon dieu bay opiniyon sa a? Zafè vin di ke te gen bon nazi sa a, kote w soti ak sa? E pi neg di ke lan tout ras gen de janr de moun: bon ak move. Sa se yon gwo vitès nou vle pase sou moun pou jistifye chwa politik nou.

Pet du bon dieu, avan pale koze mix up sa yo al gad lan glas e pi di ki sa w wè. Ala kote neg odasye. Komsi la a, neg ap ekri konsa e pi y'ap trete moun de idyo. Men pet du bon dieu mon chè, se sèl pou w oui Sweet Mickey se yon model. Kom si la a, w vlw di ke Sweet mickey se yon model kiltirel, entelektyel, imen pou jenès Ayisyèn la.

Gen yo pwol ki di, dis-moi qui tu hantes, je te dirai qui tu es. Si w gen kouraj pou afiche'w kom yon admiratè Sweet Mickey, ki sa ankor w ka aprand moun? Chak moun gen dwa a pozisyon politik yo, men gen de drapo neg ap brandi ki montre ke yo se jis jwisè ki pa konprand anyen lè moun ap pale en termes de collectivité, ki enkli tout moun.

Nou pa janm ede moun konprand pou ki sa nou pa vle wè Aristide konsa. Menm si li te yon advèsè, gen yon lè pou 'ta mache (move on) olye ke n'ap yon bout bwa ap trye lan kk pou vin agimante hèn nou.

Lè byen gade, w pa ka pi bon ke Sweet Mickey. Ede moun konprand, di ekzakteman poukisa nou rayi JBA konsa. Jiska prezan, tout agiman nou yo pa anyen ke moun pa't tande deja.

Sa rèd nèt. Tout sa nou reprezante se yon lót rezon ki fè Ayiti konsa. De tout fason, nou pa la pou ede peyi a, pou ede mantalite chanje paske nou se yon band otomat, machine, dimansyon nou asez restren. Moun ap goumen pou sosyete chanje, e pi neg ap vin regle problem pesonel yo ak JBA.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Mar 6 Mar 2012 - 9:04

Le gros roseau a écrit:Men lè wap fè manti di ke yon moun ki soti nan menm klass ak w mete ti bebe nan pilon poul pilel; lè wap di ke li te vann leta kay epi apre li rete ladann pou denigrel ;lèwap di ke li se sanginè paske ou pat bor tab;lè w di se li ki touye Jean dominique alor moun ki konnen jan jean do mouri konen Aristide pa genyen anyen puol wè nan lan mor jean dominique la e byen mon chè fok you moun pa pè diw ke w se yon spade.genyen kritik e difamatyon;wou se pa kritike selman ou kritike.ou bay manti pou difame se yon bagay nan lot peyi ke yo pini.

mwen pa janm di tout moun ki genyen po klè an ayiti ou blan se mechan non.mwen konnen genyen Conze pami moun nwa tou.Lè map pale de lelit ayisyen se wou ak ti servo zandolit w la ki konprann se de milet selman map pale.e ou pa fouti dim ke pat genyen prejije koulè an ayiti yon lè.mwen pa blije renmen moun ki pa renmenm paske mwen nwa.mwen pa blije renmen moun ki te rete nan menm katye ak mwen e ki te tandem ap rele O sekou lan nwit pou grann mwen ki te fè yon endisposityon epi yo pat menm ouvri pot pou gade sa nou genyen,,mwen pa blije renmen yo si yo pat kite nou pran menm yon bokit dlo lakay yo.Si w pa konn peyi w la byen se pa mwen ki repsonsab sa.al li poem Francois Duvalier ekri ki rele "le cri d'un exilé" wa konprann sa ki fè sak pase jeremie ya pase.Byen ke se yon zak kondanab men la haine et le mepris envers un groupe social engendrent la violence. Sak pase o Rwanda genyen yon rezon ki fel pase.

Mwen pa fè manti sou pèsòn, ti bebe Nanoune nan te pèdi vre e lavalas pa t fè anyen serye pou l te jwenn li. Se moun andan ki te vann nou, se pa mwen. E mwen pa menm konn repete sa menm.

Les Parents du Bébé Disparu Poursuivent Leur Combat

Après avoir été délogé contre leur gré de l'Hôpital Général, c'est à la chambre 83 de l'Hôtel le Palace au Champs-de-Mars que Claudy Zéphir et Nanoune Myrtil mènent désormais le combat pour retrouver leur bébé disparu. C'est la Présidence Haïtienne qui prend en charge les frais d'hébergement de la famille Zéphir à l'hôtel Le Palace, pour une dizaine de jours. Claudy et Nanoune se déclarent prêt à mener la lutte jusqu'au bout pour obtenir satisfaction. Ils condamnent la façon dont le dossier est géré par les responsables de la Santé Publique et de la Justice. A quelques jours de la célébration de la Fête des Mères, Nanoune Myrthil se déclare frustrée de la persistence de cette situation. Le Porte-parole de la famille qualifie d'irresponsables les autorités sanitaires du pays. Le beau-frère de Nanoune Myrthil affirme qu'il fait l'objet de menaces en raison de ses prises de positions. Les responsables du Ministère de la Santé se sont gardé de commenter le dossier de la disparition du bébé depuis le déguerpissement de la famille Zéphir à l'Hôpital Général. Me Reynold Georges, l'avocat des Zéphir réaffirme son engagement à poursuivre le combat pour le triomphe de la justice l'affaire du bébé disparu.


Aristide te vann leta Ayisyen kay li an vre an, se kòkòday wou yo kite w nan fè nwa se pa fòt mwen. Se pa t yon bagay ki te fètb an sekrè. Poukisa nou pa kenbe silans sou bagay ke nou pa konnen, olye ke n ap fè moun griyen dan sou nou? Kay lan te pou Aristide, li fè leta peye l li preske 2 fwa valè l paske, pou li, leta te dwe l kay menm jan ak Preval, Cherestal elatriye...

Si se pa ta nou menm ki ta touye Jean Dominique vre, malgre ke tout evidans montre sa, konnen ke nou fè yon ekselan djòb nan asire nou ke yo pa janm jwen moun ki fè l lan. Se nou menm ki bloke tout aveni ankèt lan pou li pa t janm jwenn jistis.

Si mwen ta ti sèvèl zandolit devan w, mwen ta pito antere tèt mwen nan yon twou. Mwen pa konnen kote ke w jwenn sa ke w ap pale an, men mwen enkli ni milat, ni nivo sosyal nan sa ke mwen ekri anlè an: "Fè sa yo ke mwen site la yo, se prèv ke yon moun ki genyen yon sèten nivo de konpreyansyon, ta sipoze kapab konprann ke se pa sou koulè po ak nivo klas sosyal pou ti nèg reklame tèt yo sèlman."

Mwen ta renmen wè w Ayiti konyea Roseau... pou jan w di ke w pè pou w pa pran jèm nan men malere, wou kwè si se yon lòt moun ki te di sa wou t ap aksepte ak li?

Reponn mwen ti kesyon saa anvan ke w blabla san ke w pa di anyen: Si wou menm ak fanmi w ta desann Ayiti nan moman ke n ap pale laa, kisa ke nou t ap reprezante nan zye majorite pèp lan? Viktim? Oubyen bouwo? Eske si yo ta jennen w nan yon kwen, e pase w anba vyolans lan tou, w ap aksepte sa san kondisyon? Pinga ke w di ke w te travay di non, se pa sèl wou menm ki te travay di.

Konsèp ke mwen p ap janm kapab aksete nan men nou an ki fè ke n ap pale de radòt "rayi ras" lan. Se le fè ke depi yon moun kapab manje, voye pitit li lekòl, achte yon machin desan pou fanmi l roule, e menm vini milti milyonè, pou nou menm ti egri yo, fòk se san pèp lan pou l te souse, fòk se meprize pou l te meprize pèp lan.

Manyè desann anba lavil pou nou wè kote ke papa ak manman pitit sa yo ap fè degouden pou voye pitit lekòl nan gran peyi. Sa k ap souse san pèp la lan yo, se yon minorite nan yon minorite.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Mar 6 Mar 2012 - 9:22

Sa m ta reponn Sisi laa mezanmi? Si li pa menm ka konprann nosyon relativite ke mwen anplwaye nan fraz saa:

Genyen menm ansyen prizonye Nazi yo ki di ke yo konn jwenn Nazi ki pi bon moun ke Jwif parèy yo pandan ke yo fèmen nan menm kan de konsantrasyon avèk Jwif sa yo.

Bon, si li pa menm ka konprann ke se pa rapò ak move Jwif ke m fè referans lan laa, kisa pou m di l ankò?

Ni se pa mwen ki di l, se moun ki te siviv olokòs lan menm ki di sa. Ni moun nan pat di l de fason pou l denigre Jwif parèy li, se te jis pou l ilistre ke genyen bon ak move moun tout kote, nan tout sektè, nan tout group.

Mwen di nou sa deja, se dwa nou pou nou mete tèta nou tout kote, menm kote ki pa fèt pou sa. Men, de gras pa konprann ke se tout moun ki pral swiv nou.

Idyosi se yon bagay ki ine vre. Anpil nan idyo yo ale lekòl, yo dechwoche diplòm menm jan ak anpil lòt moun. Men, y ap rete idyo. IQ an pa p ni monte, ni desann.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  ainsi ne soit-il Mar 6 Mar 2012 - 16:10

Non enbesil, si gen yon sisi se w-menm, boy. Pa blye ke se apre Sweet Mickey ke w pale donk w ak li se menm bagay yo ki deklare ke yo manje lan tout chodye e pi k'ap trete ansyen patron Club ki t'ap fe yo viv de bagay konsa.

Pa gen okin relativite le moun ap pale de nazi. Se pa paske yon moun bon pou yopun ke li bon pou yon lot. Si w te vle fomile pense a w avek pli elegans w ta di ke pafwa l'enfer est pave de bonnes intentions. Lan lang manman a w ki pa sa w frenk aprand la, yo ki menm lan lanfer gen moun pa. Men sa pa vle di ke lanfer se kote moun bezwen chita.

Eske w te we film Le pianiste? Si w te we'l e pi w konprand w pa ta vin pale de nazi konsa.
Si m'ta di ki moun ke mwen te rekonet de pre. Gade ti-mal, mwen domi leve kay gwo divalyeris ki respektabl men etan done ke m'pense diferaman, mwen pran distans mwen depi m'te gen 16 ane. Kote m'soti nou pa janm tande gran moun ap rele viv Duvalier. Se jenn gason malprop ki te gen anbisyon pouvwa atoufe tankou Sweet Mickey ki te kon fe bagay konsa. Le moun ap mande jistis se pa yon zafe pesonel ke yo neseseman vin regle, ke yon moun te zanmi w, ke li te fe w di byen, si li fe mal li dwe peye sa. yon byen pa ka efase mil mal.

Ala neg stupid, mezanmi. Ah bon, sa kle net, tout santimantalite sa se pou regroupman kriminel. Continuez a astiquer vos revolvers.

Mwen pi jen ke 2-3 moun lan sit la, men m'ka pale de eksperyans menm poukisa depi yon neg ap manifeste tandans lapolis ou cow-boy devanm, mwen jis anvi demaske yo.

Si m'ta sou pouvwa an Ayiti e ke m't'ap baze sou relativite, se vre ke m'tonbe antoure'm ak tret patripoch. E pa se sa ki te rive JBA le'l t'al fe Cedras ak Philippe konfyans.

Se pa 2 -3 unit ke w komanse koleksyone lan college USA pou komanse pense ke w se Einstein non. Espece de mikiste! Vye neg vagabon, bouch sal, w pa gen kote pou pran kalot ak savat. Si se pou lot koze, al we Sweet Mickey. Sorry, wrong number. Baya! retire sa lan san a w.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  jafrikayiti Mar 6 Mar 2012 - 18:58

Pou patizan "bon Nazi" yo...ale li refleksyon yon Ayisyen konsekan:

http://www.forumhaiti.com/t4590-selon-l-ecrivain-frank-laraqueil-n-y-a-pas-de-bons-duvalieristes

Un peuple sans mémoire ou démémoiré est condamné à répéter les mêmes erreurs, à subir les mêmes dictatures du passé. C’est la mission que s’assignent les intellectuels, jouisseurs du terrorisme d’Etat duvaliériste lorsqu’ils faisaient partie de la camarilla qui empochait les fonds publics avec droit de vie et de mort sur la population.


jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Oiax-demokos Mar 6 Mar 2012 - 19:55

Two prese pa fè jou louvri

Oiax-demokos
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 121
Localisation : Vertieres
Opinion politique : Louverturien
Loisirs : Tennis
Date d'inscription : 12/02/2012

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Le gros roseau Mar 6 Mar 2012 - 23:55

se chak jou ti moun ap disparet o Zeta Zuni nan lopital, nan la ri, tou patou mwen pankor janm tande yon ameriken di se Presidan ki fè pile ti moun lan nan pilon non.avwe ke w malonet paske menm si yon bagay konsa ta fet an ayiti fok nou ta lave lenj sal an fanmi pou yo pa di nou se yon bann anthropophage. ,Cannibal..sim te bet tankou w e byen mon che se pa touye mwen ta touye tet mwen selman non.ah ah ah aha ah .

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Mer 7 Mar 2012 - 19:17

Le gros roseau a écrit:se chak jou ti moun ap disparet o Zeta Zuni nan lopital, nan la ri, tou patou mwen pankor janm tande yon ameriken di se Presidan ki fè pile ti moun lan nan pilon non.avwe ke w malonet paske menm si yon bagay konsa ta fet an ayiti fok nou ta lave lenj sal an fanmi pou yo pa di nou se yon bann anthropophage. ,Cannibal..sim te bet tankou w e byen mon che se pa touye mwen ta touye tet mwen selman non.ah ah ah aha ah .

Ban mwen montre w nan ki eta ke w sòt. Se pa premye fwa ke ti moun ap disparèt an Ayiti nonplis, donk se pa le fè ke timoun nan disparèt lan ki ide prensipal lan laa. Se pito sa ki vini pase apre yo ki konte. Lè sa te konn fèt deja, eske yo janm te konn di ke se entèl entèl ki te fè pile l nan pilon?

Menm si ke sa pa ta verite, menm fòk wou konprann fristrasyon moun yo. Lè ti Boris te disparèt nan peyi an, Preval te pèsonèlman monte nan elikoptè solda U.N. yo pou l fè rechèch pou jwenn ti nònm nan. Men, kou se pitit Nanoune nan, se pèsekisyon politik ke yo sibi nan men lavalas. Se menas ak entimidasyon jis mwen kwè ke moun sa yo te oblije pran lekzil si m sonje byen.

Si w benyen kò w ak labou, yo pote son de ble pou wou, wou manje l, yo rele ko-chon! Wou reponn, se pa p fòt moun si yo ta pran w pou sa ke w pa ta ye. Anyway, sa k konnen sa k te pase pitit Nanoune nan? Men, sèl bagay lavalas te montre endiferans li san okenn krent.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Le gros roseau Mer 7 Mar 2012 - 21:18

Se wou ki pa konprann poukisa yo di se Aristide ki te fè Sor ann pile ti moun lan nan pilon.nanpren oken Presidan nou janm rayi tankou Aristide paske se li ki te retire paradi nan dyol nou.nou pa renmenl paske li pat dwe Presidan paskel se pitit sor yet ,menm nou menm ki soti nan labou nan site Simone duvalier nou rayil ;tout vye berger alman restavek duvlaier rayil ;nanpren anyen nou pap di sou li paske se li ki te konn ap denonse krim ak vol nou te konn ap fè nan peyi ya ki fè pep la te dechouke nou;donk nanpren anyen nou pap di pou montre ke li pat pi bon pase nou.Nou touye moun nou metel sou dol pou nou montre ke li tou se asasen, volè, vyolè, kriminel.Nou pito fè konplo ak blan pou nou dechoukel menm si se peyi nou mete anba okipatyon ;genyen nan lot peyi kote anpil nan nou tap pase a lenfinitif wi pou haute trahison.Men fout jou va jou vyen mwen di nou yon jou ap genyen rel ka makorel.jousaaaaaa nap peye pou sa nou fè pep la pase wi.bann apatrid malpouwont.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Jeu 8 Mar 2012 - 0:09

martine la tourmente a écrit:
Non enbesil, si gen yon sisi se w-menm, boy. Pa blye ke se apre Sweet Mickey ke w pale donk w ak li se menm bagay yo ki deklare ke yo manje lan tout chodye e pi k'ap trete ansyen patron Club ki t'ap fe yo viv de bagay konsa.

Pa gen okin relativite le moun ap pale de nazi. Se pa paske yon moun bon pou yopun ke li bon pou yon lot. Si w te vle fomile pense a w avek pli elegans w ta di ke pafwa l'enfer est pave de bonnes intentions. Lan lang manman a w ki pa sa w frenk aprand la, yo ki menm lan lanfer gen moun pa. Men sa pa vle di ke lanfer se kote moun bezwen chita.

Eske w te we film Le pianiste? Si w te we'l e pi w konprand w pa ta vin pale de nazi konsa.
Si m'ta di ki moun ke mwen te rekonet de pre. Gade ti-mal, mwen domi leve kay gwo divalyeris ki respektabl men etan done ke m'pense diferaman, mwen pran distans mwen depi m'te gen 16 ane. Kote m'soti nou pa janm tande gran moun ap rele viv Duvalier. Se jenn gason malprop ki te gen anbisyon pouvwa atoufe tankou Sweet Mickey ki te kon fe bagay konsa. Le moun ap mande jistis se pa yon zafe pesonel ke yo neseseman vin regle, ke yon moun te zanmi w, ke li te fe w di byen, si li fe mal li dwe peye sa. yon byen pa ka efase mil mal.

Ala neg stupid, mezanmi. Ah bon, sa kle net, tout santimantalite sa se pou regroupman kriminel. Continuez a astiquer vos revolvers.

Mwen pi jen ke 2-3 moun lan sit la, men m'ka pale de eksperyans menm poukisa depi yon neg ap manifeste tandans lapolis ou cow-boy devanm, mwen jis anvi demaske yo.

Si m'ta sou pouvwa an Ayiti e ke m't'ap baze sou relativite, se vre ke m'tonbe antoure'm ak tret patripoch. E pa se sa ki te rive JBA le'l t'al fe Cedras ak Philippe konfyans.

Se pa 2 -3 unit ke w komanse koleksyone lan college USA pou komanse pense ke w se Einstein non. Espece de mikiste! Vye neg vagabon, bouch sal, w pa gen kote pou pran kalot ak savat. Si se pou lot koze, al we Sweet Mickey. Sorry, wrong number. Baya! retire sa lan san a w.

Relax Sisi!

Mwen pa genyen tan pou m nan hing hang ak wou kounyea, men se yon sèl bagay ke m ap di w, se pa 2 ou 3 unit k ap fè ke mwen ekri sa ke mwen ekri yo. Mande nèg ki konnen mwen sou web lan depi lontan pou wè. Wou menm tou ta sipoze konnen paske mwen konn pèsonaj wou an de pi lè li te rele "Marianne", "Samya", "Webmestre", "Frankie-Talkie"...

Fòk mwen di w tou ke mwen pa kwè ke w ap kapab konprann konsèp moral saa fasil konsa. Si mwen ta vle rezime l pou wou, mwen ta di ke li vle ke tout moun se moun, pa genyen "ras" sou latè ki plis ou mwens pase yon lòt, yo tout genyen bon moun ak move moun ladan yo. Dayè, syantifikman pa genyen plizyè "ras" moun sou latè. Si w se moun, wou menm k ap radote an, wou pataje plis pase 95% ADN ak yon ko-chon, mwen pa bezwen di w pou yon lòt moun.

Mwen pral netwaye zam mwen yo, wou menm mwen swete ke w lave pantalèt bastengal wou yo.


Dernière édition par Thunder le Jeu 8 Mar 2012 - 0:55, édité 1 fois
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Jeu 8 Mar 2012 - 0:30

Le gros roseau a écrit:Se wou ki pa konprann poukisa yo di se Aristide ki te fè Sor ann pile ti moun lan nan pilon.nanpren oken Presidan nou janm rayi tankou Aristide paske se li ki te retire paradi nan dyol nou.nou pa renmenl paske li pat dwe Presidan paskel se pitit sor yet ,menm nou menm ki soti nan labou nan site Simone duvalier nou rayil ;tout vye berger alman restavek duvlaier rayil ;nanpren anyen nou pap di sou li paske se li ki te konn ap denonse krim ak vol nou te konn ap fè nan peyi ya ki fè pep la te dechouke nou;donk nanpren anyen nou pap di pou montre ke li pat pi bon pase nou.Nou touye moun nou metel sou dol pou nou montre ke li tou se asasen, volè, vyolè, kriminel.Nou pito fè konplo ak blan pou nou dechoukel menm si se peyi nou mete anba okipatyon ;genyen nan lot peyi kote anpil nan nou tap pase a lenfinitif wi pou haute trahison.Men fout jou va jou vyen mwen di nou yon jou ap genyen rel ka makorel.jousaaaaaa nap peye pou sa nou fè pep la pase wi.bann apatrid malpouwont.

Kounyea, w ap kakaye nèt al kole.

Mwen sòti nan labou Site Simòn, e mwen fyè de sa. Mwen se youn nan rare moun isit lan ki di ekzakteman kote l sòti. Sa sèlman ta dwe sifi pou fè w vale salopri trayi "ras" ke w ap repete tout tan an. Mwen si e sèten ke zafè m te pi bon pase pa tout kòt fanmi w kote ke mwen te ye an.Kisa ke w te fè nan lavi w an Ayiti? Ki lekòl ke w te frekante? Ki moun ki konnen w? ... Nad marinad! Se pa USA non ki mete m laa mwen. Ni, se pa pou grangou ke mwen kite Ayiti pou yon ti bout tan.

Pa kite non "Site Simòn" nan fool you. Bon w pa wont pou se yon pitit Site Simòn k ap montre jan ke w sòt pase panye pese? Se pa chita resite liv non, se fè tèt wou travay.

Pou enfòmasyon w, lè JDC te ale, mwen te genyen mwens ke 8 lane sou tèt mwen. Donk, radotaj wou yo, kenbe yo pou wou. Mwen genyen dwa pou m rayi Offisyèl B menm jan ke w genyen dwa rayi Ti Guy oubyen nenpòt ki fè w plezi.

Haute trayizon an se boss wou an ki te dwe pran l. Konstitisyon 1987 lan defini kisa ki Haute trayizon an byen:

Ti Talbè ka p vann leta kay yo pou kòb ke l pa vo e se yo ankò ki rete ladann, se trèt.

Dwèt long siperyè k ap pran lajan anba tab pou vann ti minit Teleco yo eksklisivman bay yon konpayi etranjè, se trèt.

Vòlò ki te disparèt 20 milyon dola ke Taiwan te bay pou refè Wout ak lopital K-Fou an, se trèt.

Asasen ki te voye manje Christine Jeune paske li p at bay solda l yo nan Lame Wouj akolad, se trèt.

Rèsèlè ki te konn ap pran 500.000 dola nan men Ketant pou lese pase pou dwòg, se trèt.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Joel Jeu 8 Mar 2012 - 7:23

Mwen pa konprann THUNDER.Lè JCD te kite AYITI ,ou te gen mwens ke 8 ane sou tèt ou?

SE YON ""TYPO""?
Sa ta vle di ou gen mwens ke 34 an ;ak sa ta enplike pa rapò ak tout evènman ou di ou te temwen de yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Le gros roseau Jeu 8 Mar 2012 - 9:58

Bon ou di ki moun ki konnem an ayiti.Banm ba w moun ki konnem al mande tout ti moun ki te lekol ka frè o cap ant 1945 e 1952.al mmande sa ki te rantre lise philippe guerrier an 1952.al mande sa ki te lekol lyse petyon nan 1953 jiska 1957.al fouye archiv le nouvelliste nan ti ribrik Aubelin jolicoeur te genyen ki te rele entrees et sorties pou wè siw pap wè nonm an 1962 et an 1963 lem te retounen an ayiti.si Francois Duvalier ta la al mande l sil pat konnem.JCD ka pa sonjem men mwen edel monte servolan nan palè ya wi.al mande anpil lot ansyen ofisye lame swa mwen te lekol ak yo ou byen mwen te rankontre yo pandan ke mwen te nan lame si yo pa sonjem ,mwen pa beswen site non yo.Mwen genyne zanmim ki te minis de lagrikilti an ayiti se pa moun map achte kom zanmi non.se moun nou te leve nan menm katye e nou te al nan menm lekol.Mwen se moun O cap ,mwen se yon moun ki pa janm mande moun favè depi a laj de 17 lane se travay map travay jis mwen pran retret mwen a 61 lane. depim rantre o Zeta Zuni se premye bagay mwen te fe se retounen lekol.e se sak fè mwen pran plisyè pwomotyon nan karyè mwen.Si m ta sot tankou w mwen di w mwen tap touye tet mwen.ou telman bet ou rayi tet w e tout moun ki sanble ak w.se sou enternet la selman pou m ta pale ak moun tankou w pase mwen te pov se vre men mwen pa janm frekante delenkan.souflantyou .se rayi ou rayi tet w ki fè w rayi Aristide konsa.Ou pa ka konprnan sa li te vle reyalisé an ayiti menm si li echwe.se poul te retire moun tankou w nan sita katon.nan liyorans, nan maladi, nan grangou kloroks,anba tiberkiloz, malarya,kolera.engra pa fout reponn sa mwen ekri ankor .Paske w pa genyen fakilte pou fè diferans ant difamatyon ke press restavek oligarchi ya ta fè pou destabilise peyi ya paske yo vle mentni esklavaj modern lan ayiti ak verite se sak fè jodya nou anba bot solda etranje.Se zonbi tankou w yo ki fè se yon moun tankou martelly ki pa pè nan yon interview poul di mwen te konn volè poum pran crack ki jodya se li ki presidan an ayiti.Nou te dwe fèmen dyol nou jodya.bann sankoutya malpouwont.asasen. volè.crack head.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  ainsi ne soit-il Jeu 8 Mar 2012 - 15:03

Sevel w fin pete ak crack e pi w kwe ke w ka ranse ak djol a w tankou Swett Mickey. W se denye klas san sal yo konn ap itilize pou bay moun pot move nom an Ayiti, pou al fe move kou. Le yo fin fimen move zeb ak crack konsa, nan pwen le yo soti yo gen fos konsa. SMACK!

Tou dabor, mwen pa bezwen li sa w ekri, premye mo w deja di ki sa ki lan kalbas pet du bon dieu.

Lan titAlbert sa a gen foli polisye si byen ke travay li se ak yon bout bwa ap trye lan kk.
Sa se yon vre obsesyon pou pet du bon dieu sa a konfond mwen ak tout moun sou Entenet la. Se pa fot w, e pa gen moun ki bezwen lan ranse ak yon neg tankou pet du bon dieu. W se menm janr de orijinal tankou Sweet Mickie, espece de baya. W se sel neg k'ap vante ke pastan w se fizi ak revolver. Ki sa ki gen de serye ankor ke w ka vin di.

Se w-menm ak lot konpayel la ki gen problem ak pseudo Martine la tourmente, etan done ke mse yon gason sa bay'n problem paske nou fache ke m'ap jwe ak bagay ki serye lakay nou, mesye. W va padone'm si m'ap pase koze ak pwen w la lann tenten.

Si w te kapab w ta takse'm deske m'ap jwe ak koze w, atoufe.

Se sel lan liv pa w la ke gen bon nazi. W gen yon sel problem jodi a la: Sweet Mickey panko ka blayi bouda'l jan li ta vle la a anvan pou l'rele'w vin fe dega lan peyi a pou li.

W se yon neg bouche anpil, se toujou ak lonye ke w'ap mache. Tande konpa a w ti-mal e al douman. Tout sa w ka fe se ensitasyon alavyolans le w'ap ensinye ki moun ki lote moun y'ap tiye an Ayiti.

Pou yon enbesil fanatik, bayakou tankou w, menm si w ta tande ke se patne w la yo kembe lan move zafe, w frenk kare kanpe pou di nse pa vre.

Se pa fot w mon che, se pwen w pran pou chita ap kiltive manti ak foste, you don't know better. Gen le se w ki bay moun Site Soley pote move non konsa wi.

Je quitte votre plancher. Kite'm al li sa k'ap pase an Ayiti. Si w te renmen fe lekti, w ta tande ki jan moun ap poze yo kestyon sou Sweet Mickey. Ayayay, sa li te swete pou bel-me li ya, ka se manman'l sa san le rive wi.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Jeu 8 Mar 2012 - 17:08

Le gros roseau a écrit:Bon ou di ki moun ki konnem an ayiti.Banm ba w moun ki konnem al mande tout ti moun ki te lekol ka frè o cap ant 1945 e 1952.al mmande sa ki te rantre lise philippe guerrier an 1952.al mande sa ki te lekol lyse petyon nan 1953 jiska 1957.al fouye archiv le nouvelliste nan ti ribrik Aubelin jolicoeur te genyen ki te rele entrees et sorties pou wè siw pap wè nonm an 1962 et an 1963 lem te retounen an ayiti.si Francois Duvalier ta la al mande l sil pat konnem.JCD ka pa sonjem men mwen edel monte servolan nan palè ya wi.al mande anpil lot ansyen ofisye lame swa mwen te lekol ak yo ou byen mwen te rankontre yo pandan ke mwen te nan lame si yo pa sonjem ,mwen pa beswen site non yo.Mwen genyne zanmim ki te minis de lagrikilti an ayiti se pa moun map achte kom zanmi non.se moun nou te leve nan menm katye e nou te al nan menm lekol.Mwen se moun O cap ,mwen se yon moun ki pa janm mande moun favè depi a laj de 17 lane se travay map travay jis mwen pran retret mwen a 61 lane. depim rantre o Zeta Zuni se premye bagay mwen te fe se retounen lekol.e se sak fè mwen pran plisyè pwomotyon nan karyè mwen.Si m ta sot tankou w mwen di w mwen tap touye tet mwen.ou telman bet ou rayi tet w e tout moun ki sanble ak w.se sou enternet la selman pou m ta pale ak moun tankou w pase mwen te pov se vre men mwen pa janm frekante delenkan.souflantyou .se rayi ou rayi tet w ki fè w rayi Aristide konsa.Ou pa ka konprnan sa li te vle reyalisé an ayiti menm si li echwe.se poul te retire moun tankou w nan sita katon.nan liyorans, nan maladi, nan grangou kloroks,anba tiberkiloz, malarya,kolera.engra pa fout reponn sa mwen ekri ankor .Paske w pa genyen fakilte pou fè diferans ant difamatyon ke press restavek oligarchi ya ta fè pou destabilise peyi ya paske yo vle mentni esklavaj modern lan ayiti ak verite se sak fè jodya nou anba bot solda etranje.Se zonbi tankou w yo ki fè se yon moun tankou martelly ki pa pè nan yon interview poul di mwen te konn volè poum pran crack ki jodya se li ki presidan an ayiti.Nou te dwe fèmen dyol nou jodya.bann sankoutya malpouwont.asasen. volè.crack head.

Ki fè se kras ke w t ap mache ranmase anba dyòl Duvalieris? Epi se sa ke w genyen pou w prezante kom sa ke w te reyalize nan lavi w anvan ke w te kite Ayiti? Wou genyen rezon rayi yo an... Se wou ki rayi tèt wou, se wou ki pa t renmen lavi w ti kòk.

Wou tèlman idyo, menm ak pwòp tèt pa w wou kontradiksyon. Wou fenk sòti vante restavèk ki moun ke w te ye, tou swit apre wou di ke w pa janm frekante delenkan? Epoutan, lè se pou joure JDC, menm mo ki pa ekziste yo li fòje yo. Kisa pou m kwè nan 2 sa yo? Moun sòt lan se evenman.

Alò, se nou menm ki genyen dwa denonse sa ke makout ak militè te fè nan peyi an? Se nou ki genyen dwa pou di nenpòt moun sa ke nou vle? Se nou ki konnen ki lè moun vyole konstitisyon ak lè yo vòlò eleksyon? Se nou ki konne lè ke yo merite pou yo jwenn "Justice Divine"?

Men, pa genyen moun ki genyen dwa mete ti vòlò Tabarre lan nan lo an paske li sanble ak yo...?

Mwen ta renmen konnen kisa ke Aristide bay, kou di Kakakok, salle up sa yo bwè? Se pa lajan paske li peye Ira Kurzban milyon dola pou plede pou li. Men Kurzban pa janm di ke Offisyèl B pa archi milti milyonè, li jis eseye "jistifye" fortune lan nan vann liv ak fè konferans.

Se pa pou granmèsi ke Jean Barbeau di : "Le fanatisme est l’apanage des ignorants." Menm si ke yon monstre ta pase kòd nan kou yo e mennen yo labatwa, ya p toujou ap repete: "Bèèèè...! Pwoletè mwen te fèt, pwoletè m ap mouri bèèèè...!" Sèl karakteristik pou monstre lan genyen se jis "sanble" ak yo, epi yo good to go. Mezanmi! Pito yon moun fou ke l sòt.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Thunder Jeu 8 Mar 2012 - 17:47

Sòti nan Roseau ki genyen yon pwoblèm sosyal, li rayi tout moun paske li estime ke yo pa t fè ase pou li pou te aprann li renmen pwòp tèt li, mwen tonbe sou Sisi ki li menm sanble genyen menm pwoblèm nan sou yon echèl ki pi piti, ki se familyal.

Sisi! Mwen pa janm pran dwòg, laj pou m ta genyen foli sa yo pase deja

Sisi! Wou preezante symptoms moun ki genyen yon konfli de pèsonalite. Pèmèt mwen mande w eske wou genyen yon "father figure" ki te konn abize w seksyèlman lè ke w te timoun? Sa vle di petèt papa w (si w te konnen l), petèt yon tonton, oubyen yon manman's boyfriend, oubyen nenpòt lòt moun ki te reprezante yon otorite nan lavi w?

Paske sa ka vin kreye yon konfli nan tèta w li fè ke w pa konnen si w fanm oubyen gason. Se pa paske se yon eta nòmal pou yo abize fanm non, se pito paske ròl fanm ak gason diferan nan zafè fè sex, sa ke kreye konfizyon nan tèta w.

Anplis, wou pa bezwen jistifye tèta w pou non "Martine Latourmente" ke w chwazi an. Se pa premye fwa ke w chwazi non fanm kòm pseudo , ekzanp: Marianne ak Samya. Mwen pa genyen problèm ak sa non, se dwa w pou mete sa ke w vle nan nenpòt ki twou ki nan kò w.

Ti Sisi kote w te ye?
Se nan jet la m te ye
Kisa ke w t ap fè nan jet la?
Se kafe m yo t ap pile
Montre m kijan ke yo pile kafe w
Se konsa! Se konsa! Se konsa...!
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Le gros roseau Jeu 8 Mar 2012 - 20:36

Bon mwen kwè se dernye fwa map reponn poum eksplike w nan ki sikonstans mwen te rankontre ak Dr Francois Duvalier li pat menm kor Presidan mwen kwè mwen di sa deja .jCD li menm li te ti moun li pat genyen 10 zan mwen te an servis o Palè kom operatè kominikatyon anvan machine servis transmisyon te vin chachem nan palè ya JCD tap monte servolan nan lakou kom mwen pat genyen anyen kont li e se te yon ti moun mwen renmen tout ti moun kom mwen toujou di mwen tap eseye monte servolan pou li.Men sa se te o debi manda Francois Duvalier ;kom mwen toujou di tout moun mwen te kont tantativ kou deta ke militè yo te fè an Juillet 1958.paske mwen pa janm bliye sak te pase 10 mai 50.kont Estime.Zafè jandam deboulonen Presidan mwen pa janm dakor ak sa.

Zafè di mwen rayi tout moun lan paske yo pat fè ase pou mwen retire sa nan san w.mwen pa rayi pèson ke egoyis pretansye ridikil egoyis ki se poch yo selman yo wè men yo pa wè enterè kolektif la.depi a 16 zan mwen te vle pa depann de moun.Alor mwen pa ta ka rayi moun pase yo pat fè ase pou mwen.Mwen rayi moun ki te genyen posibilite pou fè plis pou peyi ya men ki te pito ap volè lajan leta ;kom mwen toujou di si map pale de ayiti toujou se pa pou mwen ,map pale pou moun ki ab bwè dlo kk nepalè ke wou ak bizawel ou yo lakoz sa rive paske nou pat wè pi lwen pase pwent nen nou.Mwen rayi moun ki vinn nan peyi ya e ki ap meprise ayisyen ki te resevwa yo a 2 bra ouvè.Mwen kwè nan solidarite nanpren kote mwen ta rete poum ta tande yon ti moun ap rele o sekou lan nwit poum pa ta louvri pot mwen poum gade sa li genyen.epi mwen pa bet tankou w poum jeneralise.

Lè Martelly di ak bouch li nou pa yon pep ,nou pa yon sosyete menm si li pat dwe di sa an piblik men li pa two lwen la verite non.Genyen yon zanmim ki sot an ayit dernyèman ki ap rakontem ki jan moun ki genyen kamoyonet nan zonn o kay la ap toupizi malere ki ap mouri ak kolera yap fè yo peye sa yo pa genyne pou mennen yo lopital lè kolera preske touye yo.Nou pa janm wè peyi vre menm si nap plede di nou renmen ayiti se toujou enterè personel nou nou wè.Renmen ayiti se nan bouch selman nou dil men li pa soti nan kè nou. depi nou pa bor tab la peyi ya met disparet.se pwoblem saa mwen genyen ak nou.bann apatrid, san wont.

Le gros roseau
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 9664
Localisation : Usa
Loisirs : sport ,internet,stock market
Date d'inscription : 21/08/2010

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Oiax-demokos Jeu 15 Mar 2012 - 18:50


Oiax-demokos
Super Senior

Masculin
Nombre de messages : 121
Localisation : Vertieres
Opinion politique : Louverturien
Loisirs : Tennis
Date d'inscription : 12/02/2012

Revenir en haut Aller en bas

Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo. Empty Re: Moun ki wè po ak ran sosyal anvan tout bagay yo.

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum