Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le deal à ne pas rater :
Bon plan achat en duo : 2ème robot cuiseur Moulinex Companion ...
600 €
Voir le deal

Obama courtise l'électorat haïtien

2 participants

Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Invité Mer 20 Juin 2012 - 12:52

https://s3.amazonaws.com/obama.3cdn.net/7cb4e173463e8956fc_uibmvya0y.pdf

Invité
Invité


Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Joel Mer 20 Juin 2012 - 14:50

Pa gen dout ke ELEKTORA AYISYEN an genyen pou l vin de plizanpli enpòtan pou non sèlman OBAMA men pou DEMOKRAT yo an JENERAL.
Se pa lan yon ETA tankou NOUYÒK non ki solidman DEMOKRAT men lan yon ETA ""swing"" tankou FLORID.KIBEN lan FLORID dikte politik AMERIKEN a pwopo de KIBA.A koz de DOUB NASYONALITE an AYISYEN lan FLORID yo ap kapab gen kapabilite sa a.Se sa ki posib kapab klete definitivman zafè KOUDETA sa a.
Pa bliye tou ke se yon AYISYEN AMERIKEN ki an chaj KANPAY OBAMA a lan CHICAGO,katye jeneral kanpay lan!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Thunder Mer 20 Juin 2012 - 17:10

Se pa sèl koudeta non ki ka klete, men bounda ti diktatè sanginè ka pran nan mera tou. Dènye konpòtman Obama nan politik eksteryè pou Ayiti montre klèman ke ti nèg dwe pran anpil prekosyon nan renmen konte ze nan bounda poul.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Joel Jeu 21 Juin 2012 - 7:31

Pale pou wou;zafè moun ki ap konte ze lan bounda poul.Se noumenm ki ap fè sa ;paske nou refize chanje.Nou genyen pou nou disparèt sou sèn lan ;nou pa ranpli okenn fonksyon pou enperyalis yo ankò.E menm si reyaksyon OZETAZINI an pa ta vle chanje politik li vizavi de nou ;peyi AMERIK LATIN yo ap fòse nou chanje.
Se pou nou wè ki kritik PATI o pouvwa lan DOMINIKANI an te fè de koudeta 2004 lan.Menm yomenm gen dwa kontribye a trangle EKSTRÈM DWAT AYISYEN an ;byen ke yo lan KONFYOLO ak MATELI.
EKSTRÈM DWAT AYISYEN an ap RAKLE;se inevitab.Nou pa p ka siviv!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Thunder Jeu 21 Juin 2012 - 17:18

Wou gen lè pa konprann ekspresyon "konte ze nan bounda poul" lan? Se nou menm ki toujou wè espwa depi nou tande "demokrat". Wi, mwen konprann ke se demokrat ki te mennen nou tounen sou moun, men sonje ke se demokrat tou ki te kòmanse mouvman GNB an nan degwann nou. 2 dènye administrasyon demokrat ki pase nan tèt Etazini la yo pa t danse kole ak nou, malgre ke genyen kèk ti White ak Black Koken ki kontinye defann enterè yo. Men, an jeneral, pa genyen moun ki pete nan koton ba nou santi ankò.

Wou toujou nan yon zafè Amerik Latin... Se laa ke mwen di ke nou renmen konte ze nan bounda poul twòp . Depi nou tande "lagòch!" zizye nou bat. Epoutan, nou menm kapitalis koronpi pase nou nanpren. Vrè mesye ekstrèm gòch yo k ap fonksyone tou prè yo laa, nou pa tande non yo nan tout voksal. Aktyèlman laa, pifò peyi ke w genyen lespwa sou yo laa kenbe malpwòprete lavalas yo ak yon ti bwa. Men, wou menm, kòm wou panse ke tout moun ki kont Aristide ak bizango l yo se "EKSTRèM DWAT"; alò, w ap toujou panse ke peyi sa yo pral goumen ak tout moun ki pa lavalas pou nou. N ap kk ti grenn! N ap gade nan mont nou l ap fè 13 zè.

Pou enfòmasyon w, se pa sa ke w rele "ekstrèm dwat" lan ki te fè 2004, mesye sa yo pa genyen ase pouvwa saa. Si w pa kite fanatism bouche zye ak zòrèy wou, mwen pa bezwen fè yon desen pou wou pou w ka wè sa.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Joel Jeu 21 Juin 2012 - 19:57

Se toujou yon zafè ARISTIDE.
Si pa t gen MINISTA sou teren an ;nan pwen jan ,nou pa t ap bay PREVAL yon koudeta.Nou te koumanse di ke l ap vyole konstitisyon an ,GEORGE MICHEL ak RHEBU TWONPETIS EKSTRÈM DWAT yo te gen tan t ap mande MOBILIZASYON.
Nou t ap gen tan di ke l vyole ATIK 34768 KONSTITISYON .Nou t ap envante atik si pa t genyen ;li t ap vyole pwosedi kwekmakwèk;li t ap DIKTATÈ e nou t ap rele TEWORIS PHILIPPE ak CHAMBLAIN yo pou nou kapote l.
Pa gen dout lan sa.
Se pa yon zafè ARISTIDE ;paske li se yon moun e pa gen moun ki endispansab men noumenm si yo pa mete yon fren lan nou ;peyi sa a pa p janm fè yon pa kita yon pa nago!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Thunder Ven 22 Juin 2012 - 0:51

Joel,

Avèk "si" nenpòt moun ka ouvè lamè rouj 2 bò. Konstitisyon an pa sèlman genyen ke le president est élu pour cinq ans ladann. Konstitisyon an di tou nan ki kondisyon pou yon moun eli e ki jan pou moun saa dirije peyi an. Sa pou w ta mande pito, se pou n fè jefò pou anpeche ke prezidans lan kontinye genyen enfliyans sou lòt 2 pouvwa yo, e mande pou chak pouvwa yo pran responsabilite yo an men. Konsa, pa p bezwen genyen koudeta. Men, depi moun ki pou fè travay yo pa fè l, sitwayen yo genyen devwa pou yo pran destine yo an men e mate tout ti diktatè ki konprann ke peyi an se byen prive yo.

Wi w ap toujou tande yon kesyon de Aristide nan diskite avè w, paske wou mete etikèt "ekstrèm dwat" sou do tout moun ki kont li. Mwen konnen moun ki tèlman panche a gòch, ke yo vire tèt anba menm jan avè w, men ki kont Aristide. Mwen pa kwè ke w kwè Obama se yon "ekstremis dwat" pa vre? Retire vye konsèp saa nan tèta w.
Thunder
Thunder
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 4692
Localisation : Planet Earth (Milky Way Galaxy)
Loisirs : Target Practice, Sports Cars, Konpa...
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le gardien

Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Joel Ven 22 Juin 2012 - 6:31

Mwen pa konprann THUNDER.Poukisa OBAMA ta kont ARISTIDE e moun ke w rele BLAK KOKEN yo te pou ARISTIDE?
Pa vin di ke yo te sou pewòl ARISTIDE non ;se yon bagay ki enposib.
Poukisa OBAMA pa t fè anyen kont KOUDETA kont ZELAYA lan ONDIRAS lan.Gen yon DINAMIK ki an je e noumenm ekstrèm dwat ann AYITI pa konprann DINAMIK sa a e se sa ki ap fè pèt nou.
Pou koudeta lan ONDIRAS lan ,OBAMA te kont li vre jiska s ke EKSTRÈM DWAT REPIBLIKEN an te antre lan won ;SENATÈ OKLAHOMA a JIM DE MINT ,yon reyaksyonè notwa te ale lan ONDIRAS pou l di DWAT ONDIRYEN an pa okipe OBAMA e misye menase pou l bloke tout nominasyon ANBASADÈ lan SENA a si OBAMA te koute BREZIL pou l te defèt KOUDETA a.

Non THUNDER ,OBAMA pa pi anti-ARISTIDE ke sa;gen anpil prezidan lan AMERIK lan ki pi a goch ke ARISTIDE ki mil fwa pi anti-ameriken ke li ,ki ap BOLOZE.
Sa ki rive e ann AYITI e lan ONDIRAS se sa yo rele ""target of opportunity"".
Dwat DOMINIKEN an ki vin konprann ke jan MOND lan chanje te vin chanje atitid ak dènye administrasyon BALAGUER an ;men noumenm nou refize chanje e se sa ki ap koze disparisyon nou.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Obama courtise l'électorat haïtien  Empty Re: Obama courtise l'électorat haïtien

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum