Konstitisyon Enperyal 1805 lan - yon dokiman ekstraodinè
2 participants
Page 1 sur 1
Konstitisyon Enperyal 1805 lan - yon dokiman ekstraodinè
Atik 12: Okenn blan, kèlkeswa nasyonalite l, pa gen dwa pile tè peyi a kòm mèt esklav oswa propriyetè epi blan pa gen dwa janm gen propriyete nan peyi a.
Atik 13: Atik 12 la pa kenbe pou fanm blanch ki natiralize Ayisyen ak pitit yo genyen oswa yo pral genyen. Atik 12 la pa kenbe tou pou Alman ak Polonè yo ki natiralize Ayisyen.
Atik 14: Chèf leta a se papa fanmi Ayisyen. Pa dwe gen okenn distenksyon koulè nan mitan fanmi an. Apati jodi a nou konsidere tout Ayisyen se moun nwa nou ye.
http://www.forumhaiti.com/t14816-konstitisyon-enperyal-1805#122910
Esans ideyal Dessalines tabli pou nasyon an, depi nan fondasyon li se bati yon sosyete ki baze sou 2 gran prensip: 1) Tout moun se moun, pa gen moun ki pi moun pase moun epi 2) Renmen frè ou ak sè ou menm jan ou renmen pwop tèt ou"
Se sa nou remake nan fomilasyon atik 12, 13 ak 14 Konstitisyon 1805 lan. Atik 12: daprèzavwa blan ki t ap viv sou zile a te pwouve aklè yo refize respekte prensip sakre #1 an, nasyon revolisyonè anti-esklavajis la pran mezi ki nesesè pou anpeche yo detounen sosyete nou an. Atik 13: paske nou gen anpil lanmou nan kè nou, se pa revanj ki enspire nou men yon santiman pouse pou jistis ak verite, nou louvri bra nou pou nou akeyi frè ak sè nou ki blan epi ki chwazi aklè pou yo respekte prensip sakre#1 an, kidonk, yomenm tou yo kapab jwi privilèj poti tit AYISYEN. Atik 14: Daprèzavwa yon moun pa ka renmen pyès lot moun si li pa renmen pwop tèt pa li, nasyon pitit Lafrik ki kase chenn lesklavaj rasyal yo, di tout linivè yomenm yo RENMEN tèt yo kom MOUN NWA. E, jisteman, yo asosye, bèlte yo, lespri jistis ak fratènite yo genyen nan nanm yo an, ak orijin yo nan zantray tè orjinal limanite a, Manman Lafrik. Kidonk, yo voye jete tout vye ideyoloji enbesil ki t ap boloze sou defen koloni esklavajis la. Kounye a, keseswa sou kontinan Ayisyen an fèt osnon gen majorite ADN li, sa pa anpeche nasyon revolisyonè a rekonèt li kom MOUN NWA - sa vle di yon moun ki renmen si ki bon, sa jis. Ou te mèt te gen zansèt Polonè, ou te mèt pa gen ase melanin anba po ou, se pa grav, AYITI adopte ou kom pitit li dimoman ou aksepte respekte viv selon 2 prensip sakre yo 1) Tout moun se moun, pa gen moun ki pi moun pase moun epi 2) Renmen frè ou ak sè ou, menm jan ou renmen pwop tèt ou!
RESPÈ POU GRANDÈT YO POU TOUT TAN GEN TAN! AYIBOBO!

jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: Konstitisyon Enperyal 1805 lan - yon dokiman ekstraodinè
Pou yon MOUN di lan tan sa a ;ke tout moun kote y ap viv lan se NWA ,dwe konsidere yo kòm NWA ;se youn lan REZON yo konsidere KONSTITISYON sa a tankou youn lan pi gwo zak revolisyonè lan tan sa a.
Mete sou ke KONSTITISYON sa a di ke pa gen okenn relijyon ki gen plis DWA ke yon lòt relijyon.
Konpare sa ak KONSTITISYON 1801 an ,kote TOUSEN te mete relijyon KATOLIK devan tout lòt relijyon.
E bagay ekstrawòdinè ke mwen wè yo pa mete ANFAZ sou li e ke si sa te respekte AYITI pa t ap jan l ye an se kote KONSTITISYON an di se pou yo ouvri YON LEKÒL POU TIMOUN yo lan tout DIVIZYON MILITÈ yo.
KRISTÒF te respekte aspè KONSTITISYON sa a ;men sanble se dènye moun ki te respekte l ;byen ke KRISTÒF te gen KONSTITISYON pa l.
DESSALINES se pa t moun ki te lan voye monte ;si l pa t mouri ,petèt li t ap enplemante ATIK KONSTITISYON sa a e nou ta ka gen yon peyi konplètmen diferan de sa nou vin genyen!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Konstitisyon Enperyal 1805 lan - yon dokiman ekstraodinè
Deklarasyon sa a ki nan finisman premye konstitisyon peyi a se youn, pami plizyè lot ekzanp, ki montre Dessalines ak zansèt ki te bannou nasyon an te gen yon lide klè nan tèt yo osijè BONDYE. Menm jan ak Boukman ki te deja fè sa nan ane 1791, Dessalines di nou nan Konstitisyon 1805 lan, li annafè ak "BONDYE KI BON TOUT BON" an.
Sa vle di ekip esklav mantal k ap klewonnen vye pwopagann blan rasis esklavajis yo t ap plede voye monte osijè yon swadizan "Satan" ki ta fè yon "deal" ak Ayisyen pou nou jwenn libète a, se nan erè yo ye.
Noumenm ki gen chans li sa zansèt yo te di ak pwop volonte yo, se responsablite nou, pou nou ede laverite pote laviktwa sou manti.
Nou pa bezwen fè sa ak mechanste, ni awogans. Fok nou admèt kolon esklavajis la te mete anpil resous deyo pou kore vye pwopagann rasis li a. Kidonk, nou ka konprann pou kisa anpil nan fanmi nou yo antotye nan nas enpostè a jiskaprezan.
Wi! BONDYE ki te fè linivè a, se limenm menm ki BONDYE ki ekziste tout bon an, e se limenm menm ki BONDYE BOUKMANN, BONDYE SANITE BELAIR, BONDYE DESSALINES NAN!
Kontrèman ak enpotè ki montre Nèg priye 2 je fèmen pou yo ka volè zafè nou yo, BONDYE DESSALINES nan aprann nou fè tout sa n ap fè 2 JE KALE!
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Sujets similaires
» MASAK JEAN-RABEL - Dokiman Istorik Enpòtan!!!!
» J AI TOUS LES DOCUMENTS DE LA VIE DE MICHEL MARTELLY SE PUBLIC RECORD..SURPRISE
» Lan enterè ENFÒMASYON -BON JAN dokiman sou TOUT HAITI
» Dokiman enpòtan ki disponib sou nèt lan an Kreyòl
» Amnesty entènasyonal bay gouvènman an 100 dokiman sou vyolasyon dwa de l

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum