Nou gen lè pa p li menm bagay ki ekri an.
BOYER te mefye l de edikasyon.Se yon bagay ki ap vin yon KONSTAN pou preske tout gouvènman ki vin siksede misye yo.
Pou BOYER ,edikasyon te sibvèsif.
Nèg ki pwononse konferans lan pa t ka pi eksplisit:
"" Ses idées personnelles semblent avoir été défavorables à l'instruction des classes populaires.On pretend qu'il disait ""Semer l'instruction,c'est semer la révolution""
Et mesye 1843 lè yo te pran pouvwa te di ""L'instruction publique est à récréer toute entire parmi nous ,elle n'existait que de nom sous le régime passé"".
E yo di tou ke HONORÉ FERRY apre BOYER tonbe ""créa un lycée au CAP HAITIEN ouvert le 1er JUIN 1844 et un autre aux CAYES ouvert je 8 FÉVRIER 1845.
Sa vle di se pa t yon zafè de LAJAN sèlman ,jan BOYER panse an ,vin antre lan nannan klas dominant nou yo.
Ou wè jan lòt peyi konsidere ANALFABETISM konpare ak NOU.Se pa pa aza non?
Nèg sa yo ;ti krik ti krak y ap di w pèp lan ANALFABÈT.
Lan tout peyi ,se toujou yon PRIYORITE pou aprann moun yo li ak ekri ;pa ann AYITI e se de BOYER sa sòti.