Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment :
Cartes Pokémon 151 : où trouver le ...
Voir le deal

Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname

2 participants

Aller en bas

Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname Empty Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname

Message  ainsi ne soit-il Mar 27 Aoû 2013 - 12:27

Mwen pa di pou tout moun pran menm pozisyon ke mwen men tankou Dominikani pa janm di'm an-yen kom peyi pou m'ta al vizite, se menm jan an mwen pa gen dwa met pye lan peyi Sweet Monkey. Tan e osi lontan li prezidan se pa pwent tèt mwen Ayiti va wè amwenske mwen ta debake al kase dyèl li kom mwen tande misye renmen retrouse manch chemiz li pou met pon-yèt sou moun.

Mezanmi, ki malpwoptwe sa a? Ki sa ki anpeche tout lejislatè, reprezantan sa yo, chase misye pou li sispand avili peyi a e pase moun lan kk. Nou wè danje lè ti Ayisyen deboche sa yo vin gen lajan ak pouvwa. Wyclef Jean prezante tèt li kom yon Moyiz ki li-menm rive lan la Tè Promiz. Sa kanpe an kwa sou kapo machin ap distribye bol manje lan katye defavorize pou di li pwal prezidan. Sweet Mickey fè menm bagay la... Tout se pitit ak produi Divalyeris Janklodis an patikilye ki gen yon kilti fè wè (la culture du faire-voir). Yon fason pou epate rega etranje ki ap toujou manfouben lè nèg ekzotik bezwen senje yo.

Sweet Monkey ap toujou rete yon bluff lan tout sa li fè. Sèlman lè yo bay w fè yon job, si w pa ka fè'l, w sipoze remèt demisyon a w. Tout sa ki te enterese Sweet Monkey, se te vin prezidan d'Ayiti a tou pri, par tous les moyens. Le reste, il s'en fout éperdument si bien qu'il peut compter sur des politiciens et des individus crasseux attirés par la vénalité port-au-princienne pour le maintenir au pouvoir, pour le seconder dans l'accomplissement du travail sale pour lequel il a été sélectionné.

Ki reyaksyon nou lè n'ap li ke ignoramus la ap pavane sou char ak Wyclef ak prop pitit li lan Carifiesta Suriname pandan ke li a lorijin de kriz politik k'ap pase lan peyi a. Sa vle di ke Sweet Monkey pa redevabl anvè pèson, li pa responsabl e li pa bay pèsonn regle anyen pou li. Ki bagay sa a? Nèy yo pa fouti pa siyen yon kontra ak Satan pou yo pa ka choute misye depi li te komanse ap fè dezod li yo. Pa gen yon peyi sou tè a kote moun ap asiste a spektakl malpwopte Ayisyen sa a. Ouais, moun Surinam yo se aryere, yo pwal brat bravo yo gen Wyclef ak prezidan Ayiti ki fè gran lonè vin apiye yo...

Kote vye nèg sa a bezwen menen jenès peyi a? Men ki sa Ayisyen ap fè, ki sa ki anpeche yon rache peyi a lan main ti visiyeu sa a, yon nèg ki kimile tout vis ki gen sou tè a. Avan tou, ki sa pou misye di ankor, ki jès pou l poze pou di nou ke li pran lan Satan, ke li ta vle jete'l men li pa kapab ale tou sèl e ke se nou ki pou pouse'l, ede'l ale.

Si misye fini manda 5 ane li a, sa vle di mwen pa gen dwa met pye ankor an Ayiti. Se pa jis a koz de jis li-menm non, men paske Ayisyen lan peyi a tró lach e ke yo bay degoutans.

Ale, mesye dam, debarase peyi a de madigra pay sa a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname Empty Re: Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname

Message  Joel Mar 27 Aoû 2013 - 12:52

Mwen wè ke mesye lan OTÈL MONTANA yo monte yon KOMISYON ki gen 2 DIVALYERIS KÒLÒWÒCH ladan l;se HIMLER RHEBU ak OSNER FEVRY.
M ap mande ki sa yon KOMITE konsa gen dwa espere ki ap sòti lè 2 NÈG sa yo MANM KOMITE an.
Yo di ke gen MOUN ki te pwoteste ,men mesye sa yo rete MANM KOMITE an.
Mwen pa konprann kòm si 2 MOUN tankou RHEBU ak FEVRY ap janm pou ELEKSYON LIB.
Mesye sa yo se DIVALYERIS ;sa pa lan ADN yo.Yo pa pou ELEKSYON LIB pou tout MOUN patisipe!


Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname Empty Re: Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname

Message  ainsi ne soit-il Mar 27 Aoû 2013 - 14:04

Ki rezon d'èt komisyon sa a? E pi lan ki sa yon lót trètr tankou Rébu ap fè la? W siyale prezanns Divalyeris lan tout kestyon yo. M'ap mande'm si pa gen yo problèm an Ayiti ki depase menm Divalyeris sa yo. Sèl sa m'konen, apa ke yo solidè lan koze sanginè, yo jis kanpe sou ensètitid peyi a. Yo te mèt di'm ke y'ap oganize mwen pa'p kwè paske prensip Divalyeris la se entimidasyon, youn pè lót, e enterè yo se bagay mesken ki pa gen an-yen pou wè ak avansman peyi a.

Tan sèlman pito nèg yo al dousman wi. Ou sitou, pito kominote entènasyonal sa a ki pa fouti pa o kouran sa k'ap pase an Ayiti, pito yo kalkile byen pou pa repete koze anpeche moun yo ekzèse dwa de vót yo. Yo pa vle Ayiti avanse lan anyen e se rezon sa a menm ki fè ke yo vin fè enjerans tout tan pou enpoze nou yon yon restan demokrasi. Lè se Ayisyen ki t ap deside zafè yo, nou pa t kwè lan trenen. Tout sa k'ap fèt jodi a, se yon ló chapitr lan yon plan pou fin pouri sosyete nou a pou n'al aplike menm salopri ki lan livr droit lakay yo. Se sèl Satan enperyalis ki vle pou tout moun sanble ak li.

Ekzakteman. Paske si gen eleksyon lib pouvwa yo pwal diminye. Si gen eleksyon lib, y'ap kwaze kontrent ki pou anpeche yo fè abi, volè, konplote kontr gouvènman popilè e kontr l'Eta. Si gen eleksyion lib, se yon premye pa pou fini ak koripsyon. Depi lontan, yo te dwe destitye Divalyeris la, li te poze yon seri de jès klè an patikilye ak lide lame ''pèsonèl'' li ya.

Se pa de troublan ke mwen pa t trouve sa troublan lè endividi a vin lan televizyon ap pale de aki demokratik apre tout zak mesken, kras, despotik ke li te fin poze. Mon chè, mwen fin pa remake ke Ayisyen sou bluff tande, yo pa serye. Se jis yon jwèt y'ap jwe anba a.

Misye toujou gen chwa retounen lan karyè chantè popilè, tout moun wè ke nostalji ap bat li. Bwat betiz ak devègondaj li pa fini men se pa lan tèt peyi pou li vin defoule'l. E ankor, si mwen byen konprand, aksyon ak zak misye yo plis sanble ak yon apèl a l'èd paske li pa ka siye kajou a ankor. Si li pa kapab ale pou kor'l donk se pou nou ede'l pati si nou gen yon sans responsabilite anvè peyi a. Peyi apa ka kontinye lan atmosfè kriz sa a depi misye antre sou pouvwa a.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname Empty Re: Le président d'Haïti et Wyclef Jean, reines de la Carifiesta à Suriname

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum