Ayiti Vs Dominikani (referans istorik ki esansyèl pou konprann konfli a)
2 participants
Page 1 sur 1
Ayiti Vs Dominikani (referans istorik ki esansyèl pou konprann konfli a)
Konpatriyot, mwen louvri chenn diskisyon sa a pou nou ka pataje kèk dokiman ak refleksyon ki ka ede nou konprann konfli ki ekziste ant moun ki ap respire sou zile nou an.
Mwen tanmen ekzèsis la ak yon dokiman ki pote dat 1805 men, sa pa vle di pot la fèmen. Pa ezite pataje tout dokiman oumenm ou panse ki enpotan nan kad analiz sa a.
6 JANVYE 1805
Gen moun jiskaprezan k ap kritike desizyon Dessalines te pran pou li degèpi blan yo sou pati Lès zile a, nan koumansman ane 1805. Annou fè yon koudèy sou fèy papye listwa pou nou konprann kontèks kanpay Lanperè te mennen nan moman an. Men, kèk liy nan yon dekrè Jeneral Louis Ferrand te pibliye 6 janvye 1805. Annou li sa blan an te di ak pwop lang li:
Ferrand klè wi sou objektif li, li vle diminye popilasyon nèg ki sou zile a... "une de celles les plus efficaces pour arriver à ce but est d'en diminuer la population". Annou kontinye li sa ki te nan lide Ferrand ak kinan l yo...
Kidonk, daprèzavwa odepa Dessalines pat lage chalbari dèyè tout blan Panyòl ki te kontinye okipe teritwa sou bò kote solèy leve a; epi, daprèzavwa blan franse ak blan panyòl te kòkòt ak figawo nan moman an, Jeneral Ferrand te santi li alèz pou li dekrete: «tout blan ki sou teritwa Lozama ak Sibawo gen dwa layite kò yo sou tout teritwa nèg Afriken revòlte yo », kidonk sou teritwa Ayisyen te okipe yo; epi, Jeneral Ferrand kontinye, «depi se ti moun yo jwenn ki gen mwens pase 14 lane, blan yo mèt fè dapiyanp sou yo epi pran yo kòm esklav yo »
Blan frekan an te deklare nan lang li: "les enfants mâles agés de 10 à 14 ans, et les négresses et les mulatresses de 12 à 14 ans seraient expressement vendus pour êtres exportés".
Annou kontinye li sa blan an te di ak pwop lang li:
Nan liv li "Études sur l'histoire d'Haiti", istoryen Beaubrun Ardouin fè yon remak enpotan sou dispozisyon atik 1 dekrè Ferrand an. Li mande ki sa blan an te gen nan tèt li pou moun ki depase 14zan yo?
(Et que feraient-ils des ceux qui passeraient cet âge? Les immoler, c'est sous-entendu, afin de diminuer cette population)
Se nan kontèks sa a Dessalines te sele chwal li epi li mache sou Ferrand pou li degèpi kolon jenosidè sa a sou zile a. Moun ki vle kondane Dessalines pou aksyon sa a, se dwa yo, e se sitou privilèj yo. Men, mwenmenm se mèsi, mèsi, mil fwa mèsi mwen kwè papa nasyon an merite pou aksyon kouraj ak entèlijans sa a li te poze pou sove lavi ak lavni nou.
E pa bliye, twa ka sa nou li osijè Dessalines, se moun ki pa te vle wè li ki ekri yo. Menm liv Beaubrun Ardouin kote mwen pran sitasyon nou wè la yo, se zèv yon anti-Dessalinyen. Men, laverite se tankou lafimen, ou te mèt fou ap eseye toufe l, kanmenm l ap fè chimen l.
Sous sitasyon yo: "Études sur l'histoire d'Haiti", Beaubrun Ardouin, 1860

jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: Ayiti Vs Dominikani (referans istorik ki esansyèl pou konprann konfli a)
Se yon lòt sòt de LEKÒL ki pou genyen ann AYITI ,JAF.
Pandan preske tout 14 ZAN lekòl PRIMÈ ak SEGONDÈ kote yo ANSEYE timoun yo ISTWA DAYITI ;yo pa anseye yo bagay sa yo.
Se lan GRANMOUN mwen ;mwen vin aprann MASAK FRANSE yo te fè lan GWADLOUP ak MATINIK ;sitou lan GWADLOUP kote yo te fè sa JULES FERRAND t ap mande pou fè an .
KOTE yo te sasinen plis ke mwatye POPILASYON NWA ak MILAT lan;pitit a la manmèl tankou yo di.
An pasan ;mwen te tande yon FWA ;sipozeman 3 ""gran"" istoryen t ap diskite sou ISTWA DAYITI sou yon RADYO.Se te LESLI MANIGAT,MICHEL HECTOR ak yon lòt ,mwen pa sonje NON li.
Mesye yo te fè 2 zè d tan ap pale ;men youn ladan yo pa t mansyone sa k te rive lan GWADLOUP lan.Masak sa a te chanje dòn lan ;paske gen NÈG ak milat LIB ki te ka kwè sa FRANSE yo ap di ;men lè nouvèl sa k te pase lan GWADLOUP lan kòmanse ak rive lan ZÒRÈY yo ;tout NÈG wè pa gen ALTÈNATIV se mete tèt ansanm.
Vakabon FRANKOFOU yo ki toujou ap pale de ""MASSACRE DES FRANÇAIS"" ke DESSALINES ta fè ;yon sèl MO pou yo:
F..K YOU!
Epitou mwen te tande yon ""istoryen"" di ke NAPOLEON te gen pwojè pou l te anbake JENERAL MILAT yo e egzile yo lan MADAGASCAR.
FRANKOFOU sa yo ap eseye bay FRANSE yon ""jenerozite"" ke yo pa t genyen.
NAPOLEON pa t AJI konsa .Misye te pwenn fè pa kont EWOPEYEN parèy li .LÈ misye te konkeri LESPAY ,misye te mete 3 a 400 MIL PANYÒL lan KAN konsantrasyon kote dè dizèn de MILYE ladan yo te mouri.
Alòs yon moun ta ka espere pou FRANSE yo ta mete MOUN lan BATO pou yon vwayaj long kon sa?
Apre LECLERC te mouri ;anvan li te nonmen ROCHAMBEAU se RICHEPANCE ke NAPOLEON te nonmen pou pran KÒMAND twoup FRANSE yo lan SENDOMENG.
RICHEPANCE te mouri anvan pou l te pran BATO soti GWADLOUP pou l ale SENDOMENG.
Se menm RICHEPANCE sa a ki te fè KANPAY EKSTÈMINASYON lan GWADLOUP lan.
RICHEPANCE te tèlman depeple GWADLOUP ke FRANSE yo te rekòmanse TRÈT lan ,an 1808 ;pou repeple GWADLOUP ak ESKLAV!

Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ayiti Vs Dominikani (referans istorik ki esansyèl pou konprann konfli a)
Joel, se ekzakteman sa ou di a ki dwe fèt e se sou sa menm pou nou travay san pran souf - YON LOT LEKOL! E chans pou nou lekol sa a pa bezwen rete tann kofesyon lafwa Frères de la destruction chrétienne yo.
Teknoloji nan men nou pou ede nou pataje lakonesans jouk nou trepase.
Eksperyans Gwadloup la se kichoy mwen masyone nan Lafimen. Kanmarad Tiecoura Dorleans Dessalines Jean-Baptiste fè anpil bon rale sou sa. Mwen kwè chanjman an ap oblije fèt - e youn nan gwo zouti ki aladispozisyon nou se LANG KREYOL la.
Ou va remake lè dokiman istorik yo tradui ak Kreyol fos yo dedouble.... e ak radio ki gaye nan peyi a, ak nan diaspora a, san nou pa bilye entènèt....LEKOL la deja nan chantey.
Mèsi pou gwo kontribisyon ou deja ap fè ladan l!
Ankouraje!
Jaf
Teknoloji nan men nou pou ede nou pataje lakonesans jouk nou trepase.
Eksperyans Gwadloup la se kichoy mwen masyone nan Lafimen. Kanmarad Tiecoura Dorleans Dessalines Jean-Baptiste fè anpil bon rale sou sa. Mwen kwè chanjman an ap oblije fèt - e youn nan gwo zouti ki aladispozisyon nou se LANG KREYOL la.
Ou va remake lè dokiman istorik yo tradui ak Kreyol fos yo dedouble.... e ak radio ki gaye nan peyi a, ak nan diaspora a, san nou pa bilye entènèt....LEKOL la deja nan chantey.
Mèsi pou gwo kontribisyon ou deja ap fè ladan l!
Ankouraje!
Jaf
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Re: Ayiti Vs Dominikani (referans istorik ki esansyèl pou konprann konfli a)
Wi se pou gen yon lòt jan pou ""narasyon"" an fèt.
Ou ta ka tande ;ou byen pou mwen ,mwen te konn tande gen MOUN ki ap di ke AYITI pran endepandans li twò bonè ;ke nou pa t prepare pou sa.
Gen anpil bagay pou yo ta di moun sa yo ;byen ke se youn lan bagay ki pi inyoran pou yon moun ta di ;men kanmenm ou konn wè ke gen MOUN ki ap di sa.
Pou MOUN sa yo ,se konpare yo konn konpare AYITI ak GWADLOUP ou byen MATINIK jounen jodi an;san yo pa konprann ke san AYITI ,sa AYITI te fè an LESKLAVAY te ka ekziste an GWADLOUP ak MATINIK rive lan 20 yèm syèk lan.
Pa bliye se lan LANNE 1880s yo ke KIBA ak BREZIL te aboli LESKLAVAY e ""BLAN"" BREZILYEN ak KIBEN yo te toujou ap panse de sa k te rive ann AYITI an ;e malgre sa.
Pou FRANSE yo ;se sou presyon yo te aboli LESKLAVAY lan GWADLOUP ak MATINIK an 1848 e yo di ke ant 1804 apre AYITI te endepandan e 1848 ;LESKLAVAY LAN TE TERIB LAN TERITWA FRANSE YO,e apre FRANSE yo te aboli LESKLAVAY ,se te de NON sèlman;se te yon SISTÈM NEO ESKLAVAJIS ki te ekziste lan GWADLOUP ak MATINIK.
Se lan lanne 1850s yo ke GWADLOUPEYEN ak MATINIKÈ yo te kòmanse ap pran SIYATI ;paske ESKLAV pa t gen SIYATI se te PRENON sèlman yo te genyen.
Pou yon MOUN ta doute ke si pa t gen AYITI ke LESKLAVAY ta ka ekziste lan 20 yèm syèk ;al etidye sa BÈLJ yo te fè lan CONGO lan kòmansman 20yèm SYÈK lan.
Ayisyen toujou ap gade FRANSE a kèk konsiderasyon ;se paske yo pa konnen sa LESKLAVAY te ye vre:
Gen yon FIM ki ap fè SANSASYON se ""12 years a slave"" ;se yon istwa VRÈ .Se istwa yon NÈG yo te kidnape lan NÒ ETAZINI e vann li kòm esklav lan SID ETAZINI anvan GÈ SIVIL lan.
Direktè STEVE MC QUEEN di li plizoumwen fidèl a LIV JEREMY NORTHRUP lan ki te pibliye an 1853.
Se bagay NORTHRUP te viv .Yo di MOUN pa ka kenbe lè y ap gade FIM lan .
Epi menm si JAF pa renmen lè NÈG ap fè konparezon ant ESKLAVAY blan franse ak ANGLE ak eritye yo AMERIKEN ;LESKLAVAY sou PLANTASYON pou fè SIK yo te pi TERIB ke sou PLANTASYON KOTON yo.
Pou anplwaye mo FRANSE an ;plantasyon SIK yo se te ""MOUROIR"":
www.nytimes.com/2013/10/13/movies/a-discussion-of-steve-mcqueens-film-12-years-a-slave.html?pagewanted=all

Mwen konnen se yon lòt ""thread"" pou m ta ize ;men jan DOMINIKEN NWA yo ap aji ak AYISYEN NWA parèy yo ;se yon travay terib ke EWOPEYEN yo fè lan SÈVO yo.
An menm tan ,moun ki ap vin pale de la FRANS yo ;se pou m ta di yo sa KASAYÒL te di BÈF lan.
Mwen te pale de SIYATI ke yo te bay moun lan ANTIY FRANSE yo apre 1848.
Apre FRANSE yo te aboli LESKLAVAY an 1848 ;sou papye;paske MOUN yo pa t LIB konplètman vre;RAYISMAN te lan KÈ BLAN FRANSE ki t ap dirije KOLONI an ,paske yo pa t dakò ak bagay ABOLISMAN LESKLAVAY lan.
Yo di MWA anvan ke ABOLISMAN an te OFISYÈL ;yo touye ESKLAV yo anba BATON.
Na sonje ke MILITÈ AYISYEN yo lè yo te tande BRI t ap kouri yo t ap leve DIKTATI MILITÈ an ;se sa yo t ap fè PÒV MALERE yo ann AYITI.
BLAN FRANSE yo te pouse RAYISMAN an ;apre 1848;lè li te vin TAN pou bay ansyen ESKLAV yo siyati.
Esklav pa t gen SIYATI paske yo te tankou BÈT ,e ou te ka bay CHEN w NON men yo pa t gen SIYATI pou sa.
Men yon seri de SIYATI ke FRANSE yo te chwazi pou ansyen ESKLAV yo e ke DESANDAN yo pote toujou:CRÉTINOIR,TROUABAL,VULGAIRE,GROS-DÉSIR
www.unige.ch/communication/Campus/campus92/extramuros/6EM.pdf
ABA FRANKOFOU
An menm tan ,moun ki ap vin pale de la FRANS yo ;se pou m ta di yo sa KASAYÒL te di BÈF lan.
Mwen te pale de SIYATI ke yo te bay moun lan ANTIY FRANSE yo apre 1848.
Apre FRANSE yo te aboli LESKLAVAY an 1848 ;sou papye;paske MOUN yo pa t LIB konplètman vre;RAYISMAN te lan KÈ BLAN FRANSE ki t ap dirije KOLONI an ,paske yo pa t dakò ak bagay ABOLISMAN LESKLAVAY lan.
Yo di MWA anvan ke ABOLISMAN an te OFISYÈL ;yo touye ESKLAV yo anba BATON.
Na sonje ke MILITÈ AYISYEN yo lè yo te tande BRI t ap kouri yo t ap leve DIKTATI MILITÈ an ;se sa yo t ap fè PÒV MALERE yo ann AYITI.
BLAN FRANSE yo te pouse RAYISMAN an ;apre 1848;lè li te vin TAN pou bay ansyen ESKLAV yo siyati.
Esklav pa t gen SIYATI paske yo te tankou BÈT ,e ou te ka bay CHEN w NON men yo pa t gen SIYATI pou sa.
Men yon seri de SIYATI ke FRANSE yo te chwazi pou ansyen ESKLAV yo e ke DESANDAN yo pote toujou:CRÉTINOIR,TROUABAL,VULGAIRE,GROS-DÉSIR
www.unige.ch/communication/Campus/campus92/extramuros/6EM.pdf
ABA FRANKOFOU
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ayiti Vs Dominikani (referans istorik ki esansyèl pou konprann konfli a)
Franchman se DOMINIKEN ki vwayaje yo ;sitou se yon bann ak yon pakèt ki abite NOUYÒK;se yomenm ki pou chanje bagay ""hispanidad"" lakay DOMINIKEN yo
Joel- Super Star
-
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote
Re: Ayiti Vs Dominikani (referans istorik ki esansyèl pou konprann konfli a)
Konpatriyot,
si ou po ko fè sa, pa neglije siyen petisyon sa a ki kore pozisyon vètikal Edwidge Danticat, Koralen (Jean-Claude Martineau) ak kanmarad Lakou New-york yo pran sou dosye dominikani an:
https://secure.avaaz.org/en/petition/End_apartheid_in_the_Dominican_Republic
Nou ka jwenn li tou sou paj sa a:
http://lakounewyork.com/
si ou po ko fè sa, pa neglije siyen petisyon sa a ki kore pozisyon vètikal Edwidge Danticat, Koralen (Jean-Claude Martineau) ak kanmarad Lakou New-york yo pran sou dosye dominikani an:
https://secure.avaaz.org/en/petition/End_apartheid_in_the_Dominican_Republic
Nou ka jwenn li tou sou paj sa a:
http://lakounewyork.com/
jafrikayiti- Super Star
-
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006
Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen
Sujets similaires
» Gade pozisyon Prezidan Maduro lan konfli ant Ayiti e Dominikani an.
» Si nou konprann ke EFE MIZE ann AYITI genyen sou DOMINIKANI se PLEZANTRI
» Pou nou byen konprann sak pase Ayiti. Klintonn pi gwo poizon Ayiti.
» Aspè istorik lamizè Ayiti e Plan rekonstriksyon ekspoze lan MIT
» Gwo nouvèl! Moman istorik. Kreyòl ofisyèlman lang edikasyon ann Ayiti.

Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum