Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -20%
Ecran PC GIGABYTE 28″ LED M28U 4K ( IPS, 1 ms, ...
Voir le deal
399 €

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

5 participants

Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Mar 26 Nov 2013 - 19:16

La FRANS gen yon pakèt AKTIVITE soudènman ann AYITI.
RFI ,ki se ògàn gouvènman FRANSE an,ap vin fè EMISYON ESPESYAL ;gen yon MISYON BIZNISMANN ,semèn sa a.
Mwen mefye m.
Eske se SEKTÈ MINYE an ki ap fè yo vini?
Gen de MILYA e dè MILYA DOLA ki pou fèt lan SEKTÈ sa a.
La FRANS se peyi ki gen plis SOUSOU ann AYITI ke nenpòt lòt peyi.
Si nou pa veye zòt y ap bay la FRANS PIYAY lan peyi sa a.
`La FRANS pa janm pale di anyen de pozitif de AYITI lan PRÈS li an.AYITI se EPOUVANTAY FRANSE yo kanpe pou GWADLOUP,MATINIK ak GIYÀN.
Tankou m di se veye.Mwen pa wè ENTERÈ sa a ak yon bon JE menm:

http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/124399/RFI-transporte-ses-antennes-en-Haiti.html

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  haitimere Mar 26 Nov 2013 - 19:56

Joel a écrit:La FRANS gen yon pakèt AKTIVITE soudènman ann AYITI.
RFI ,ki se ògàn gouvènman FRANSE an,ap vin fè EMISYON ESPESYAL ;gen yon MISYON BIZNISMANN ,semèn sa a.
Mwen mefye m.
Eske se SEKTÈ MINYE an ki ap fè yo vini?
Gen de MILYA e dè MILYA DOLA ki pou fèt lan SEKTÈ sa a.
La FRANS se peyi ki gen plis SOUSOU ann AYITI ke nenpòt lòt peyi.
Si nou pa veye zòt y ap bay la FRANS PIYAY lan peyi sa a.
`La FRANS pa janm pale di anyen de pozitif de AYITI lan PRÈS li an.AYITI se EPOUVANTAY FRANSE yo kanpe pou GWADLOUP,MATINIK ak GIYÀN.
Tankou m di se veye.Mwen pa wè ENTERÈ sa a ak yon bon JE menm:

http://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/124399/RFI-transporte-ses-antennes-en-Haiti.html
--------------------------------------------------------

Attention: la montée nationaliste en Haïti !!!!!!!!!

haitimere
Star
Star

Masculin
Nombre de messages : 646
Localisation : 000
Opinion politique : analyse
Loisirs : lecture
Date d'inscription : 12/02/2011

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Mer 27 Nov 2013 - 0:31

haitimere ,ou pa deal an konpleksite.Sa m di an ,ki sa l genyen pou l wè ak nasyonalism.
Sitou ,gen yon gwoup MOUN depi y ap pale de la FRANS e se pa pozitivman tout PLIM LAN DO YO monte.
haitimere;
mwen konn listwa LA FRANS yon pti pe.
Se pou m poze tèt mwen kesyon .Pou ki sa enterè souden sa a?
M ap di nou kote nou ka estipid ak zafè LA FRANS nou an.

Mwen sonje ke te gen yon FANM ki te rele RAMA YADE ki te ASISTAN SEKRETÈ DETA pou DWA MOUN sou SARKOZY ;manmzèl te fè yon VIZIT ann AYITI.
Sa k sonje ,sonje ;yo te resevwa l ak GRANN PONP.Akèy yo te bay MANMZÈL se pa t tout chèf deta yo te bay li.

An menm tan sa a ;nou konnen ki lès ki te ASISTAN SEKRETÈ DETA pou DWA MOUN OZETAZINI lan menm epòk lan?
Se te RENE PROSPER.PITIT AYISYEN ,papa l ak manman l se AYISYEN ;ki fyè dorijin AYISYEN l ;misye se te menm MANM òganizasyon ÈD AYISYEN ki rele NOAH a.
Ou pa t janm menm yo nonmen misye sou JOUNAL AYISYEN yo ,ale wè pou RADYO.
Mwen sonje tou ,JACQUES CHIRAC te an vizit an DOMINIKANI.Yo te mande misye pou ki sa li vizite DOMINIKANI e li pa t vizite AYITI ?
CHIRAC te reponn AYITI se ISTWA ANSYEN ke la FRANS pa gen LYEN ak AYITI depi 200 zan.

Nou fout renmen la FRANS ,la FRANS pa renmen nou e kòm li wè nou se yon bann SOUSOU e ke yo ka fè KÒB lan SEKTÈ MINYE an e lan REKONSTRIKSYON an ;y ap vini.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Rico Mer 27 Nov 2013 - 18:42

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  ainsi ne soit-il Mer 27 Nov 2013 - 23:24

Mwen ta renmen tande ki moun sa yo ki ka pi renmen Ayiti ke Lafrans. Mezanmi, tout se vilen. Depi tout tan yo toujou ap di Ayiti gen resous souteren sa yo, se konplote tout mechan an dedan ak deyor t'ap konplote pou febli w, bloke w, poze antrav pou pa afranchi tet a w de depandans yo.

Tout moun mixed up tankou Sweet Mickey. Ameriken bay'l pouvwa e pi li rele Viv Lafrans. Sa dwol. Sanble ke menm Ameriken a paka sipote pat pachidem la do'l.

Antouka, Dominiken ap vanen Ayisyen depi kelk semen' e nou pa ka leve yon dwet pou proteje yo. Remonte lan Listwa e nou va konprand ke se Ameriken ki detrui Ayiti e non pa Lafrans.

Mezanmi, soyons serieux. Alor ki moun ki pwal kwe ke Ameriken travay an Ayiti pou kite Lafrans vin galonen. Ayiti lan ka net ak peyi vwazen li yo. Si sa n'ap di yo se sel sa k'ap pase, rezon d'pli pou yo ta vle revoke misye. Koli endezirabl la vin pi ankonbran pou dyabl yo. Men sa ta etone'm paske bet sovaj yo pa janm admet ke yo pa gen rezon.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Jeu 28 Nov 2013 - 7:01

Sa mwen pa konprann ,sè ke depi gen MOUN ki ap kesyone ENFLIYANS la FRANS ann AYITI gen lòt ki pran sa pèsonèlman.
ENPERYALIS se ENPERYALIS.
Se pou nou ka poze kesyon tou.Pouki sa PEYI an kote li ye an.
N ap pale de DOMINIKEN yo ;ENPERYALIS AMERIKEN an pa gen pouvwa an DOMINIKANI ke li genyen ann AYITI an ,se sèten.
POU KI SA?
Mwen t ap swiv ,yon bagay ekstrawòdinè lan PRÈS DOMINIKEN an.Se te kanpay ke GOUVÈNMAN AMERIKEN an t ap mennen kont PLD ,pati o pouvwa a .Pandan administrasyon FERNANDEZ lan ,se chak jou AMERIKEN yo t ap akize mesye FERNANDEZ yo ke yo ta lan kòmès DWÒG.
Yo te akize MINIS,yo akize la POLIS ,yo akize LAME ;men nou sonje ke lè ameriken yo te ap akize kèk NÈG lan gouvènman ARISTIDE ke yo te lan DWÒG ki sa k te pase?
Se pa sa k pase an DOMINIKANI.FERNANDEZ te di AMERIKEN yo ale yo la VOUM e pati OPOZISYON an PRD te apiye l tasitman.
Gen yon KOURAN FÒ anti-ameriken lan RD.
Ou te ka wè lan JOUNAL DOMINIKEN yo ke youn lan bagay yo te akize MEJIA sè ke l te alye ak AMERIKEN yo ,ou byen li te kite yon kouran pro-AMERIKEN alye ak POUTCHIS AYISYEN yo pou yo te jete ARISTIDE.

Kanta MIN yo ,genyen vre ;si w al lan NÒDWÈS lan w ap wè y ap ekstrè bò fwontyè DOMINIKEN an tandis ke ou pa preske wè okenn aktivite bò AYISYEN an.
Se dè MILYA e dè MILYA ke DOMINIKEN yo ap fè lan zafè MIN lan.
Kanta ENPERYALIS yo.ABA tout ENPERYALIS ;ke yo te AMERIKEN ou byen FRANSE.Youn pa pi bon pase lòt.
Si gen MOUN ki vle minimize aktivite FRANSE yo ;ki sa sèvis ENTELIJANS FRANSE yo t ap fè lan SENMAK ak GONAYIV ,lan kanpay pou ranvèse ARISTIDE lan?
Jeff SPRAGUE lan liv li an ak PETER HALLWARD lan liv pa li an dekri AKTIVITE FRANSE yo lan VIL sa yo!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  ainsi ne soit-il Jeu 28 Nov 2013 - 9:27

Moun ki pran koze sa yo oserye ou pesonel se moun ki ap chanje metr. Neg pa di on mo, neg pa fe yon refleksyon san ke deye tet yo yo p'ap sonje ke Ameriken pa ka pa la.

Mwen toujou di ke tout moun sa yo se menm. Jodi a Dominiken ap asasinen Ayisyen men kontinye al chita depense lajan lakay yo. Sa le mond ap gade se jan Dominiken ap gade mal ti salopri Yankees yo lage lan fal nou.

Mwen pa lan chita joure Lafrans jis paske business people ap profite lan piyay la. Nou rive lan point pou sispand akize. Le yo mete'w sou titel sa vle di ke yo pa fe'w konfyans. Alor ki es ki metr Ayiti jodi a, nou redui a yon band troupo bet yo jis ap jere.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Jeu 28 Nov 2013 - 10:00

Nou pa bezwen lan joure pèsonn.
Nou kapab poze kesyon.
Zafè ke AMERIKEN yo paka pa la a;mwen pa kwè se fin vre.
Yo mete PYE LAN DENGONN ENPERYALIS AMERIKEN an ,lan preske tout peyi lan AMERIK lan.Gen 2 peyi kote yo kontinye ap dikte se ONDIRAS ak AYITI.
ONDIRYEN yo ap goumen pou yo mete fen ak yo e y ap soufri anpil pou sa.
Pa gen benefis kote ENPERYALIS yo ap dikte ;eksepte pou ti gwoup LEPANDYÈ SOUSOUPANDAN yo ki anpeche peyi yo avanse.

Gade jan peyi lan AMERIK yo ap fè pwogrè depi yo mete PYE LAN DENGONN ENPERYALIS yo e di yo KITE YO AN REPÒ.

Pa gen okenn AVANTAJ ki pou genyen ak okenn ENPERYALIS keseswa FRANSE ou AMERIKEN.
Gen MOUN ki ap di ke w ou ka balanse ENPERYALIS AMERIKEN an ak ENPERYALIS FRANSE an.
Pa gen sa pyès ,paske FRANSE yo pa p ka janm jwe WÒL sa a.Yo pa gen pouvwa ekonomik pou fè l e nou ka wè tou ke yo te men lan men ak AMERIKEN yo pou destabilize ARISTIDE.

An 1928 ,JEAN PRICE MARS te di youn lan MALÈ peyi an vini de yon fè ke anpil MOUN lan ELIT ENTELEKTYÈL ak EKONOMIK lan te lan jan yo te aji ,te pi FRANSE ke yo te AYISYEN e misye t ap chache etidye pou ki sa.

http://classiques.uqac.ca/classiques/price_mars_jean/ainsi_parla_oncle/ainsi_parla_oncle.pdf

Bagay yo yon ti jan evolye de sa PRICE MARS t ap di an 1928 lan men yo pa tèlman diferan

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  jafrikayiti Ven 29 Nov 2013 - 8:53

Si ou koute Direktris RFI ki sou Kiskeya maten an, ou ka wè poukisa Leta Franse ap asire miki l.

Frankofoni an alagoni. Yo bezwen ba li piki pou li pa peri. Depi kèk ane se Nèg k ap genyen pri literè. Toudenkou, yo metrize lang Molière lan pi byen pase tout blan franse, kanadyen ak bèlj. Se menm jan lè Miss America te Black pou premye fwa a.

Nan menm moman an, y ap fè bri kouri sou kandidati Danny Laferrière sou Akademi Franse. Bridsoukou, nou aprann Michaelle Jean kandida pou li ranplase Abdou Diouf alatèt oganizasyon neyokolonyal yo rele OIF (Frankofoli) a.

Pitit Napoleon yo pran sant trezo sou tè Dessalines nan tande!

Zafè nèg enbesil ki kontinye ap fèmen 2 je yo pou yo lapriyè pandan volè ap paweze nan lantiray!

Jaf

jafrikayiti
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2236
Localisation : Ottawa
Date d'inscription : 21/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Bon neg guinen

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Rico Ven 29 Nov 2013 - 10:27

Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Ven 29 Nov 2013 - 10:48

Se sa menm wi JAF.
Pou NÈG se yon KONPLIMAN y ap fe yo lè yo di yo pale FRANSE byen.
Ti AYISYEN yo ekri FRANSE byen ,paske se sa yo fè tan yo aprann lekòl;se pa yon bagay ki gen priyorite an FRANS ankò.

Gen de FRANSE ou wè NÈG ap voye monte sou sit diskisyon FRANSE yo ;sou de JOUNAL tankou LE MONDE ou byen LIBERATION si se te sou yon SIT AYISYEN yo t ap rele dèyè yo.
AYISYEN ap padonnen w tout bagay ;ou gen dwa ""masakre"" tout LANG ,eksepte FRANSE(lol)!

Depi w ekri yon LIV an FRANSE ,ou te gen tan te ENTELEKTYÈL ,menm si se ou ak FANMI w ki li LIV sa a.
Si AYISYEN te bay SYANS menm ATANSYON ke yo bay lang FRANSE an ;nou pa ta kote nou ye la a.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Ven 29 Nov 2013 - 12:52

Epi JAF ;Zòt ta vle pou nou swiv yon ansyen PWISANS ENPERYAL an DEKONPOZISYON alòs ke de NÈG tankou EDOUARD GLISSANT ap di ann esans ke li lè ke AYITI jwe wòl ke l DWE jwe ;ZETWAL KARAYIB lan.
Mwen sonje yon ENTÈVYOU ke PREMYE MINIS KONSÈVATÈ JAMAYIK lan t ap bay CCTV televizyon CHINWA a.
Pou mwatye entèvyou an ;premye minis JAMAYIKEN an se de AYITI li t ap pale li t ap mande CHINWA yo pou yo enfòme yo sou sa AYITI ye ;pou sinifikans ti peyi sa a e ki lan JE KARAYABEYEN yo se yon GWO PEYI.
Nou pa bezwen swiv okenn peyi ke pi BON JOU yo ,dèyè yo.
Kite EDOUARD GLISSANT ki se yon sitwayen FRANSE(MATINIKÈ) ,pale ak ZÒT:

www.potomitan.info/ayiti/glissant.php

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  ainsi ne soit-il Ven 29 Nov 2013 - 13:58

On dirè ke plis nèg fin goute siwo blan ki gen gou fyel se plis yo fè bri. Koze Michaelle Jean pou Frankofoni a, sa gen plis tan y'ap pale'l ke Dany Laferrière ki pressenti pou Akademi Franse a. Ke mwen renmen ke mwen pa renmen Etazini, Kanada, ou menm blan an jeneral, nou mal plase pou n'ap sèvi de reyisit pèsonèl moun pou nou ramne sa a yon kestyon de politik enperyalis lè tout moun fin prete sèman à la reine...

Forum sa a komanse sonen tankou Farrakan. Poutan se pa admire mwen admire blan tèlman. An reyalite, mwen se youn lan moun blan vrèman pa vle wè.

Mwen-menm, lè mwen te konstate ke mwen ak blan pa ka antand yo so anpil kestyon e ke se te yon erè de par ma nature spirituelle, de par mon essence haïtienne même ke mwen te natiralize. Donk, mwen t'al rezide lan yon lót peyi pou m'te ka repudye sitwayènte yo te bay'm la. Hum!

Syen
Moun libr
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Rico Ven 29 Nov 2013 - 17:39

Avec la candidature de Dany Laferrière, notre Dany national qui brigue le fauteuil d’un Immortel à l’Académie Française, je ne saurais garder le silence. C’est la quadrature du cercle dans l’historicité haïtienne. Si Dany brise la glace, nos congénères pourraient crier en chœur : France, O France! Impossible n’est pas Haïtien.


dixit Max Dorismond
Rico
Rico
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 8954
Localisation : inconnue
Loisirs : néant
Date d'inscription : 02/09/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: dindon de la farce

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Ven 29 Nov 2013 - 20:29

Ou pa bezwen pa renmen yon peyi pou w kite l.
Lan ETAZINI kote n ap viv lan te gen yon IMIGRASYON MASIV de ALMAN vè ETAZINI lan 2zyèm MWATYE 19yèm syèk lan.
Te tèlman gen ALMAN ke lang ALMAN an te manke siplante ANGLE lan MIDWEST lan.
Lan ETA ,tankou WISCONSIN,MINNESOTA,WYOMING,DAKOTA NÒ,DAKOTA SID,YON PATI ILLINOIS,yon PATI KANSAS se te ALMAN sèlman yo te pale ,LEKÒL te fèt ann ALMAN.
Anpil lan ALMAN sa yo se te OTTO VON BISMARCK ki te fòse yo kite LALMAY.
Sa k fè yo vin adopte ANGLE se akòz de konplikasyon PREMYE GÈ MONDYAL lan lè te gen konfwontasyon ant moun ki pale ANGLE ak desandan MOUN sa yo .Se yon lòt ISTWA.
Se pa t rayi yo te rayi LALMAY.
Kanta ILANDÈ yo ,yomenm ;yo kòmanse IMIGRE an fòs depi lan kòmansman 18yèm syèk lan ;bagay ki ap vin kilmine lan lanne 1840s yo;yo te KOURI LITERALMAN pou GRANGOU ;ant 1847 ak 1849 ,preske 1 MILYON te emigre OZETAZINI;lè REKÒT PÒM DE TÈ an te gate ann ILAND e menm ann ILAND te gen anviwon 1 milyon ki te mouri GRANGOU.
Anpil ladan yo te lan REZISTANS kont ANGLE yo lan LIT pou ENDEPANDANS.
Ant PARANTÈZ anpil lan LIDÈ REBELYON kont ANGLE ki te bay IRLAND ENDEPANDANS li ,de MOUN tankou EAMON DE VALERA ;premye prezidan REPIBLIK IRLAND ,se OZETAZINI yo te grandi.
Yon bagay pou IMIGRE IRLANDÈ yo ;yo te mèt OZETAZINI pandan 4 ,5 JENERASYON yo pa t janm sispann apiye LIT pou ENDEPANDANS lan IRLAND.
Tou sa pou di ,ke w gen dwa kite yon PEYI ;sa pa vle di ke w pa renmen l pou sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  ainsi ne soit-il Ven 29 Nov 2013 - 23:44

2 peyi enperyalis ap fe konpetisyon pou Ayiti e pi nou chita ap jwe jwet divizyon paske tou senpleman se pa entere Ayiti otan ke endividyalism ki motivasyon anpil neg.

Pa okipe'n, le pou yo debake prezidan ki montre retisans yo met ansam pou ranvwaye'l lan fon Lafrik pou fe w konprand ke w pa t' menm gen dwa ap viv an maitre sou te yo te sezi lan eksteminasyon premye abitan yo. Ayisyen lage kor yo lan kipidite ki plis prop a kolon ki fe nou abouti ak yon popilasyon dezevre net. Non selman ti peyi a ret make men lespwa moun trouve lan main prop oppresseurs yo paske yon vwazen mamouth deklare ke w kanpe lan lakou'l.

Le w te kale bounda Lafrans, pa t' gen byenfete ki te kanpe pou di ke det enpoze a te mal. Tan byen ke mal nou te fe prev nou e nou te bay bet la sa li te mande. Men le pou ta komanse konsantre sou devlopman ak sa w te genyen, ak enstitisyon w te reyisi met sou pye, gen yon vampire ki te debake pou sezi trezor peyi a e ki te soumet tout ministe a karakte ekonomik. Donk tout sa pou ta antreprand pa pwal abouti. Depi yo te fin ale, nou pa janm gen yon prezidan progresis men de preferans chef ki soumi par definisyon. Eksepsyonelman te gen yon prezidan progresis men li te mouri lan sikonstans ki bay dout.

Sa mwen vle sonje, se ke se pa t' Lafrans ki t'ap tire fisel yo pandan trois quarts de siecle e jiska jodi a. M'ap di ankor ke nou te sue sang men nou te kan mem montre ke nou kapabl travay pou debarase'n de vye det aloufa yo. Men lan livr lot gwo visye a, neg pa gen dwa a self-determination.

Si tout moun lot peyi ka konveje ver Etazini ki promet yo paradi teres se pa nou ki pa ta tounen yon faktori sevo pou yo. Sa menm ankre net lan tet Ayisyen si byen ke semaine sa a gen yon lot anbakasyon ki debake e moun ap mouri lan sikonstans ki pa menm nofraj.

Pa gen espwa. Lan yon sityasyon kote nou pi mal ke ti moun, mwen pa di pou nou aksepte kondisyon chaje ak devegondaj moun sa yo men nou ka itilize entelijans nou. Nou pa bezwen ti visye ki ap pran poz ke yo bay'l carte blanche men ka di yo ke politik entenasyonal kraze zo a pa p' janm vini a bou yon pep bout di konsa. Le yon moun pi for e pi gwo pase w, fe li konprand ke w ta plis renmen li proteje w ke li kraze w. Si li pa konprand, se ke li se Satan.

Fuck Sweet Monkey ale! Se iresponsabilite yo ki fe Sweet Mickey met pepl Ayisyen an danje. Manifestasyon k'ap fet yo panko anyen si moun lan tout kwen peyi a leve. Mwen pa kwe MINUSTAH sel ka sye korn sila.

Poutan Ayisyen se yon pepl pezibl pou se lan vyolans mechan yo ap antrene'l. Yo pa bouke bwe sang inosan?

Kote ti vagabon sa a soti ak vye pouvwa prejije li a e pi li avegle anpil neg ak sa. Malprop renmen louvri maleng konsa. Pourriture.

ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Sam 30 Nov 2013 - 5:50

N ap pale!
Yon LIT anti-enperyalis enpòtan anpil lan moman n ap viv.
Se lan bagay sa a ,mwen pa vle wè mesye ki t ap goumen pou jete ARISTIDE yo.M ap pale de OPL ak lòt .Mwen pa p pale de ENBESIL tankou GUY PHILIPPE ak mesye ansyen LAME DAYITI yo ;m ap pale de MOUN tankou GERARD PIERRE CHARLES ,JEAN CLAUDE FIGNOLE elt.
JEAN CLAUDE FIGNOLE limenm te ale pi lwen.N a wè ki wòl misye te jwe lan liv JEB SPRAGUE lan.
KELKELANSWA diferans mesye sa yo te genyen ak ARISTIDE lè yo te wè men EKSTRÈM DWAT KÒLÒWÒCH ENPERYALIS lan lan RANVÈSMAN ARISTIDE lan ,yo te dwe FÈ BAK.
Pri pouvwa sa a ,yo te vle pran lan men ARISTIDE lan te TWÒ,TWÒ CHÈ.
An DOMINIKANI ,pati PRD ak PLD pa fè kado lan LIT pou pouvwa.Lè eleksyon se rarman pa gen MOUN ki mouri;men depi ENPERYALIS AMERIKEN an vle foure BOUCH yo lan KONT ke yo genyen ;yo kanpe an KWA.
Kont ke PLD genyen ak PRD pa twò diferan de LIT ant FANMILAVALAS ak OPL ak ASOSYE li yo.

Gen yon kouran anti-ENPERYALIS fò lan RD.Se petèt ke se paske yo peye lan SAN yo ajisman ENPERYALIS AMERIKEN an;tankou ENTÈVANSYON MILITÈ 1965 lan ;kote dè santèn MANM PLD (lè sa a PATI an pa t ko divize ant PRD ak PLD) yo te MOURI.

Se rezon sa a LIT anti-enperyalis ke Senatè MOYIZ JAN CHAL vle mennen an fò k nou pa minimize l.An menm tan tou se pou misye mennen l ak DWATE.Se pou misye di e kontinye di ke li pa anti-AMERIKEN men li anti-ENPERYALIS.
Se pa tout AMERIKEN ki pro ENPERYALIS ;MAJISTRA eli vil NOUYÒK lan BILL DE BLASIO fè tout jenès li ap goumen kont liy ENPERYALIS AMERIKEN an ,lan AMERIK SANTRAL.

Pou retounen ak ENPERYALIS an jeneral.Se pou nou kont tout ENPERYALIS EKONOMIK ou KILTIRÈL.Ke yo te ENPERYALIS AMERIKEN,FRANSE ou menm CHINWA!

Sou CHINWA yo ;mwen sonje yon bagay mwen te li sou ENFLIYANS CHINWA yo lan KORE lan premye MWATYE 19YÈM syèk lan.
Enflitans CHINWA yo te total lan KORE.POU yo te gen aksè a KONESANS ,se LANG CHINWA yo ke KOREYEN yo te ize ;lè ANPERÈ KOREYEN an te wè sa ;misye te komisyone NÈG SAVE li yo pou yo devize yon ALFABE ESPESYAL pou KORE.
Nou ka wè ki sa de peyi ka fè pou yo soustrè yo de ENFLIYANS ke yo twouve ki pa BON pou yo.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Sam 30 Nov 2013 - 8:53

Jis pou note.
Mwen konn tande gen de moun sou RADYO ann AYITI ki konn ap pale de ""ANGLISISM"" san moun sa yo pa reyalize ke si yo ale an FRANS e y ap pale yon FRANSE san ANGLISISM sa yo ;jèn jenerasyon an gen dwa pa fin twò konprann yo:

http://fr.wikipedia.org/wiki/Franglais

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Joel Dim 1 Déc 2013 - 13:17

jafrikayiti a écrit:Men koze!

DÉCLARATION DU PRESIDENT JACOB ZUMA A PROPOS DU SOMMET FRANCEAFRIQUE :

"Je ne trouves pas l’intérêt d'aller à un sommet France-Afrique, alors que la France n'encourage pas la démocratie que veut les peuples de ses colonies.

En effet la France renforce et consolide que ses intérêts dans ses colonies; dès qu'on veut la rappeler à l'ordre, elle n'hésite pas de déstabiliser les nationalistes qui trouvent gênant qu'après le soit disant indépendance, que les richesses du colonisé continu de nourrir l'économie du colonisateur.

Nous voulons une Afrique forte et qui doit avoir un leadership encourageant; et non une Afrique que la France initie dans un processus de continuer à renforcer le pillage des ressources d'Afrique."


Bali boulova!
[b]

Koumanman !
Mwen pa t okouran DEKLARASYON sa a.
Mèsi anpil JAF!
Sa fè m sonje VOYE PYE CHIRAC t ap fè lè te gen KRIZ lan KOTDIVWA a, e THABO MBEKI te di la FRANS kanpe LWEN pou kite AFRIKEN regle zafè yo.
CHIRAC te di ,konprann byen wi ,ke AFRIK DI SID pa konprann pwoblèm KOTDIVWA menm jan ak la FRANS.
MBEKI te di ke youn lan repons yo se yon NIJERYA FÒ ak enplikasyon pou yo mete PYE lan BOUNDA ansyen pwisans kolonyal yo.AFRIK DI SID kòmanse yon transfè TEKNOLOJI ak KONESANS bay NIJERYA.

Sa fè m sonje tou sa LULA te di lan yon rankont ak CHÈFDETA ak lidè EKONOMIK AFRIKEN ,imediatman apre PREZIDANS LI.
LULA ki gen repitasyon pa manaje BOUCH li ,lè l ap pale di ke pa gen sekrè lan sa ke BREZIL ap fè .Misye di lè peyi afriken pa bese ,kenbe JENOU yo pou kite sa yo rele peye yo rele peyi OKSIDANTAL yo ap fè ou vle fè y ap gen siksè menm jan ak BREZIL b]

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?  Empty Re: Kouman nou konprann AKTIVITE FRANSE yo ;brid sou kou lan PEYI an?

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum