Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti


Rejoignez le forum, c’est rapide et facile

Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Forum Haiti : Des Idées et des Débats sur l'Avenir d'Haiti
Vous souhaitez réagir à ce message ? Créez un compte en quelques clics ou connectez-vous pour continuer.
Le Deal du moment : -40%
-40% sur le Pack Gaming Mario PDP Manette filaire + ...
Voir le deal
29.99 €

Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo!

2 participants

Aller en bas

Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo! Empty Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo!

Message  Joel Dim 23 Mar 2014 - 9:21

Pran FIM sa a pou sa li ye.Se FRANSE ki ap fè potre TOUSEN.
Byen ke FIM lan gen yon ti KREYÒL ladan l ;men pou verite istorik pa t preske gen MOUN ki te pale FRANSE lan KOLONI an ,an 1791.
Preske tout MOUN ,se yon sèl lang yo te pale ,se te KREYÒL!

Epitou yo pa montre ESKLAVAY pou sa li te ye.Yo pa kapab fè sa!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo! Empty Re: Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo!

Message  ainsi ne soit-il Dim 23 Mar 2014 - 10:32

Mèsi pou film la, m'ap chwazi lè pou chita gade'l. Men antre nou, piga n'al tro lwen lan kestyon lang sa a non. Ke film la fidèl a lIstwa ke film la pa ta montre jis pwen de vi yon camp, men se pa propagand lang film la ap fè.

M'ap mande'm pou ki sa nou irascible. Kantite èvr sinematografik k'ap trete de Listwa mond la, se toujou lan lang peyi ki produi yo. Se pa angle yo te pale ni Ejip ni a Róm parekzanpl, ni an Amerik, elatrèy. Nou pa janm gen pwoblèm a sa, men pouki sa antiz lang sa a?

Film sa pa vize yon piblik kreyól mezanmi men si moun vle yo gen dwa tradui li an kreyól tankou tout film lan peyi ki pa pale angle ou franse. Ou byen itilize sou-titraj.

M'ale.
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo! Empty Re: Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo!

Message  Joel Dim 23 Mar 2014 - 11:04

Ainsi

Se pa okenn ANTIZ a LANG.Fim sa a te fè SANSASYON an FRANS.Li fè JIMMY JN LOUIS vin yon ""star"".

Lè m ap pale de LANG lan se yon bagay ki NOUVO lan jan yo fè MOUN yo pale LANG ORIJINAL lan .
FIM tankou ""THE PASSION OF THE CHRIST"" ki fèt ak LANG AMARIK ke yo di JEZIKRI te pale an e ki ant paratèz ekziste lan MWAYENNORYAN toujou.
Ou gen yon FIM sou MAYA yo ki te gen yon sèten siksè ,preske tout FIM lan se lan LANG yo an ak SOUTIT!

Mwen fè remak sa a ,pou yon lòt FIM ki ap fèt sou DESALIN pa egzanp ,ke mwen ta swete se noumenm ki fè l ap plis an KREYÒL ak SOUTIT!

Yo tradwi FIM sou TOUSEN LOUVÈTI an ,lan plizyè LANG deja ak SOUTIT!
Se pa kont m ap chache.
Se pou TIMOUN nou yo ki kapab ak gade FIM lan ,pa gen enpresyon ke mesyedam nou yo te konn pale FRANSE.
Se absoliman pa vre!

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo! Empty Re: Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo!

Message  ainsi ne soit-il Dim 23 Mar 2014 - 14:30

Pa gny komt.

Apa li. Si y'ap fè yon film sou Maya, sou Inca, li toujou posibl pou yo jwen moun sa yo pou kanpe wól yo. W'ap pale de sivilizasyon endijèn aloske nou-menm bor isit nou se sitou transplante sou yon tè ki pa gen vestij afriken. Lan peryód kolonyal, si kreyól te lang vènakilè, franse te lang veyikilè (langue d'administration). Se pa Ayisyen ki kenbe kle listwa Sen-Domeng.

Mwen resiye'm ak koze Toussaint sa a. Franse fin rekipere misye pou yo nèt menm jan yo te voye Napoleon al kreve sou zile Sent-Elèn, si mwen pa tronpe'm, apre les services rendus, dont l'enlèvement de Toussaint... Lafrans di klèman ke Toussaint Louverture fè part entegral istwa fransèz. Mwen pa ka enpoze yo anyen lan film ke y'ap produi pou tèt yo, pou difizyon prop kilti yo.

E pi, puiske film la se sou Toussaint Louverture, lan korespondans misye se te franse li te itilize byen ke franse a te mal ekri. Sonje adrès Toussaint a Napoleon: Du premier des Noirs au premier des Blancs.

Mwen pa kwè ke moun met lan tèt yo ke se angle yo te pale a Róm, an Oryan ou an Amerik. W kwè nou pa al tro lwen lan zafè lang sa a?
ainsi ne soit-il
ainsi ne soit-il
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 2404
Localisation : terre-neuve
Loisirs : chiquer du tabac, molester les molosses
Date d'inscription : 03/05/2010

Feuille de personnage
Jeu de rôle: l'hallucinogène

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo! Empty Re: Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo!

Message  Joel Lun 24 Mar 2014 - 6:46

Zafè ke TOUSEN te ekri NAPOLEON an FRANSE an ,se te la nòm.Se menm jan an 15zèm,15zyèm syèk an FRANS lè w t ap ekri yon MOUN ,se an LATEN ou te ekri.
Bagay ke FRANSE se te LANG ADMINISTRASYON an ,te relatif.Yo jwenn plis 40 DOKIMAN an KREYÒL lan BIBLIOTÈK NASYONAL FRANSE an.
Apre REVOLISYON 1789 lan ,lè GOUVÈNMAN FRANSE an te vle kominike ak ak KOLONI SENDOMENG lan ,li te fè 2 DOKIMAN ;youn pou li ,lòt lan an KREYÒL pou KOLONI an.
Lang FRANSE an pa t gen PRESTIJ ke yo vin bali apre 1804,sitou apre 1806;menm apre.
AYISYEN lan EPÒK sa a pa t kominike ak AYISYEN an FRANSE.Se te malseyan.
Se tankou ou konn tande lan RADYO ann AYITI gen MOUN ki ap fè AYISYEN parèy yo ENTÈVYOU an FRANSE .
Se MALELVE.
Ou gen dwa wè yon AYISYEN ap tatonnen ,sa pa vle di ke li paka pale lang FRANSE an.Se yon kesyon de ABITID.
Konn pale ak konn ekri yon LANG ,se 2 bagay diferan.

Kanta ke FRANSE yo vle pran TOUSEN lan men nou an ;FRANSE yo gen dwa fè sa yo vle ,yo GRANMOUN;men tou nou pa p ba yo li!

Si nou ap swiv bagay yo alalèt ,TOUSEN PA TA KA MOURI SITWAYEN FRANSE.
An 1802,pandan ke EKSPEDISYON LECLERC an te sou DLO ,li te lan direksyon SENDOMENG ;NAPOLEON te pran yon DEKRÈ pou l di ke yon MOUN NWA pa ka SITWAYEN la FRANS.

Kididonk ,TOUSEN ta FRANSE ,si l pa t NWA e limenm menm di l ke l te NWA.E li te mouri an 1803.

Joel
Super Star
Super Star

Masculin
Nombre de messages : 17750
Localisation : USA
Loisirs : Histoire
Date d'inscription : 24/08/2006

Feuille de personnage
Jeu de rôle: Le patriote

Revenir en haut Aller en bas

Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo! Empty Re: Youn lan FIM sou TOUSEN LOUVÈTI yo!

Message  Contenu sponsorisé


Contenu sponsorisé


Revenir en haut Aller en bas

Revenir en haut

- Sujets similaires

 
Permission de ce forum:
Vous ne pouvez pas répondre aux sujets dans ce forum